BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 4 p. 28-35
  • “Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Se pa “ak pouvwa pa nou” (Travay 3:11-26)
  • “Nou pa ka sispann pale” (Travay 4:1-22)
  • “Yo priye Bondye” (Travay 4:23-31)
  • “Se Bondye” nou gen pou nou rann kont, “se pa lèzòm” (Travay 4:32–5:11)
  • Mèt la te aprann li sa padone vle di
    Annou imite lafwa yo
  • Mèt li te aprann li sa sa vle di padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Li te konbat dout ak laperèz
    Annou imite lafwa yo
  • Li te rete fidèl devan eprèv
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 4 p. 28-35

CHAPIT 4

“Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”

Apot yo te aji yon fason ki montre yo gen kran, e Jewova te beni yo

Travay 3:1–5:11

1, 2. Ki mirak Pyè ak Jan fè toupre youn nan pòt tanp lan?

LI APRÈMIDI, e solèy la ap klere foul moun ki nan zòn tanp Jerizalèm nan. Juif ki zele pou relijyon yo ak disip Kris yo ap antre nan tanp lan. Paske talè konsa, “lè priyè a” pral rivea (Tra. 2:46; 3:1). Pyè ak Jan ap mache nan mitan foul la pou y al nan zòn youn nan pòt tanp lan yo rele Bèl. Byenke gen bri moun k ap pale ak bri pye moun k ap mache, gen yon vwa moun byen tande, se vwa yon mesye ki pa twò granmoun, ki enfim nan pye depi lè l fèt k ap mande charite. — Tra. 3:2; 4:22.

2 Pandan Pyè ak Jan ap pwoche, mesye a kòmanse repete pawòl li konn di pou l mande charite a. Apot yo kanpe, mesye a gade yo ak espwa l ap jwenn yon bagay nan men yo. Men, Pyè di l: “Mwen pa posede ajan ak lò, men sa m genyen an m ap ba ou l: Nan non Jezi Kris, moun Nazarèt la, leve mache!” Eseye imajine jan moun yo sezi lè yo wè Pyè pran men mesye a e mesye a ki te enfim nan pye leve kanpe sou de pye l pou premye fwa nan lavi l (Tra. 3:6, 7)! Èske w ka imajine jan mesye a sezi lè l ap gade pye l ki geri e li kòmanse ap eseye mache? Nou ka konprann sa k fè l kòmanse vole anlè toutpandan l ap louwe Bondye ak tout fòs li!

3. Ki kado ki gen anpil valè ni mesye ki te enfim nan ni foul moun yo te gen posiblite pou yo jwenn?

3 Foul moun yo kontan anpil, yo kouri vin jwenn Pyè ak Jan sou galri ki rele Kolonad Salomon an. E pandan yo sou galri a, Pyè fè yo konnen ki sa sa ki sot pase a vle di toutbon. Se egzakteman menm kote sa a Jezi te kanpe yon lè pou l anseye moun yo (Jan 10:23). Pyè bay moun yo ak mesye ki te enfim ki geri a yon kado ki gen plis valè pase ajan ak lò. Kado sa a gen plis valè menm pase lasante mesye a vin genyen an. Li ba yo posiblite pou yo repanti, pou Jewova padone peche yo e pou yo vin disip Jezi Kris, li menm “ki se Gid prensipal” Jewova itilize pou “pèmèt moun jwenn lavi a”. — Tra. 3:15.

4. a) Ki opozisyon disip Jezi yo te jwenn apre Pyè ak Jan te fin fè mirak pou yo geri mesye ki te enfim nan? b) Ki kesyon nou pral reponn nan chapit sa a?

4 Ala yon bèl jou sa te ye! Yon mesye geri e li vin ka mache. Plizyè milye moun te jwenn posiblite pou yo vin gen konesans egzak ki nan Pawòl Bondye a e pou yo konprann li, konsa yo t ap ka mache yon fason ki diy devan Bondye (Kol. 1:9, 10). Men, sa ki te pase nan jou sa a te fè moun ki gen otorite pami pèp juif la vin opoze ak disip Jezi yo ki te fidèl, e yo t ap chèche anpeche yo akonpli misyon Jezi te ba yo pou yo preche mesaj Wayòm nan (Tra. 1:8). Ki sa nou ka aprann nan men Pyè ak Jan, de “moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”, lè nou egzamine metòd yo te itilize ak etadespri yo te demontre lè yo t ap bay foul moun yo temwayajb (Tra. 4:13)? E ki jan nou ka imite fason ni yo menm ni lòt disip yo te reyaji lè yo te jwenn opozisyon?

Se pa “ak pouvwa pa nou” (Travay 3:11-26)

5. Ki sa nou aprann nan fason Pyè te pale ak foul la?

5 Pyè ak Jan kanpe pou yo pale ak foul moun yo, byenke yo konnen ka gen ladan yo ki te pami moun ki te mande pou yo touye Jezi sa pa gen twò lontan (Mak 15:8-15; Tra. 3:13-15). Reflechi sou ki kalite kouraj Pyè te demontre lè l te di avèk kran se nan non Jezi mesye sa a ki te enfim nan te rive geri. Pyè te ba yo verite a jan l ye a, li pa t chèche fè yo plezi. Yon fason klè, Pyè te kondane foul moun yo paske yo te konplis nan lanmò Jezi. Men, li pa t gen rankin nan kè l, li te konnen se paske yo pa t ‘konnen ki fè yo te aji jan yo te aji a’. (Tra. 3:17.) Li te pale avèk yo antanke frè l e li te konsantre l sou bon nouvèl ki gen nan mesaj Wayòm nan. Si yo ta repanti e si yo ta montre yo gen lafwa nan Kris, Jewova t ap fè “tan soulajman an rive” sou yo (Tra. 3:19). Nou menm tou, nou dwe gen kran e nou dwe pale yon fason klè lè n ap fè moun yo konnen jijman Bondye yo. Anmenmtan, nou pa dwe janm pale rèd ak moun yo, ni nou pa dwe jije yo. Olye de sa, nou dwe konsidere moun n ap preche yo kòm moun ki pa lwen pou yo vin frè nou ak sè nou. E menm jan ak Pyè, annou plis konsantre sou bon nouvèl ki gen nan mesaj Wayòm nan.

6. Ki jan Pyè ak Jan te montre yo gen imilite e yo se moun ki rekonèt limit yo?

6 Apot yo se te moun ki te rekonèt limit yo. Yo pa t di se yo menm ki te fè mirak la. Pyè te di moun yo: “Poukisa n ap gade nou konsa, kòmsi se ak pouvwa pa nou nou fè mesye a mache?” (Tra. 3:12). Pyè ak lòt apot yo te konnen kèlkeswa bon bagay yo rive fè nan travay predikasyon an se grasa pisans Bondye yo fè l, se pa grasa pwòp fòs pa yo. Konsa, avèk imilite, yo te fè moun yo wè se Jewova ak Jezi yo bezwen louwe pito pou mirak sa a.

7, 8. a) Ki kado nou ka ofri moun yo? b) Ki jan pwomès Bondye te fè pou ‘tout bagay tounen jan yo te ye anvan an’ ap reyalize jodi a?

7 Nou dwe montre nou rekonèt limit nou tou lè n ap patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan. Lespri sen Bondye pa bay kretyen nan epòk nou an pouvwa pou yo fè mirak pou geri moun. Men, nou ka ede moun vin gen lafwa nan Bondye ak nan Kris e nou ka ede yo resevwa menm kado Pyè te ofri moun yo, anpalan de posiblite pou yo jwenn padon pou peche yo e pou yo jwenn favè Jewova. Chak ane, gen plizyè santèn milye moun ki aksepte posiblite sa a e ki vin batize antanke disip Kris.

8 An reyalite, n ap viv nan epòk Pyè te pale a, epòk “kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”. Jan “Bondye te di [sa] pa mwayen pwofèt tan lontan yo ki te sen”, Wayòm li an tabli nan syèl la nan ane 1914 (Tra. 3:21; Sòm 110:1-3; Dàn. 4:16, 17). Yon ti tan apre sa, Kris te kòmanse dirije yon travay sou tè a, travay sa a se fè tout bagay tounen jan yo te ye anvan an nan domèn espirityèl. Kòm rezilta, gen plizyè milyon moun ki vin antre nan yon paradi espirityèl, konsa, yo gen posiblite viv anba dominasyon Wayòm Bondye a. Yo retire ansyen pèsonalite a, ki kòwonpi, sou yo yo voye l jete e yo “abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye”. (Efe. 4:22-24.) Menm jan sa te ye nan ka mesye enfim ki t ap mande e ki te vin geri a, se pa grasa fòs lèzòm travay estrawòdinè sa a rive fèt, men pito se grasa lespri Bondye. Menm jan ak Pyè, lè n ap anseye moun yo, nou dwe byen sèvi ak Pawòl Bondye a e nou dwe fè sa yon fason ki montre nou gen kran. Kèlkeswa bèl rezilta nou ta jwenn lè n ap ede moun yo vin disip Kris, nou dwe sonje se grasa pisans Bondye sa rive fèt, se pa grasa fòs pa nou.

“Nou pa ka sispann pale” (Travay 4:1-22)

9-11. a) Ki jan chèf relijye yo te reyaji lè yo te tande mesaj Pyè ak Jan t ap preche a? b) Ki sa apot yo te detèmine pou yo fè?

9 Te gen anpil bri nan tanp lan, nonsèlman akoz diskou Pyè a, men tou akoz mesye ki te geri a ki t ap vole anlè e ki t ap rele ak kè kontan. Se poutèt sa, kapitèn tanp lan ki la pou l veye sou sekirite tanp lan ansanm ak prèt an chèf yo te kouri al chèche konnen sa k genyen. Sanble prèt an chèf sa yo se te Sadiseyen yo te ye, yon gwoup relijye ki te rich, ki te gen anpil pouvwa nan domèn politik e ki t ap travay pou yo toujou gen bon relasyon ak Women yo. Mesye sa yo te rejte lwa oral yo, lwa Farizyen yo te renmen anpil, e yo pa t kwè nan rezirèksyonc. Ala agase sa dwe te agase yo lè yo jwenn Pyè ak Jan nan tanp lan k ap fè moun yo konnen avèk kran Jezi resisite!

10 Opozan yo ki te fache anpil te fè lage Pyè ak Jan nan prizon e nan demen, yo te trennen yo devan pi gwo tribinal juif la. Mesye sa yo, ki te gen otorite e ki te panse yo siperyè tout moun, te konsidere Pyè ak Jan kòm “moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon” ki pa t gen dwa anseye nan tanp lan. Pyè ak Jan pa t etidye nan okenn gwo lekòl relijye. Men, yo te pale avèk kran, yo te pale byen e yo te pale avèk konviksyon, sa te fè moun nan tribinal la sezi. Ki sa k te fè Pyè ak Jan pale byen konsa? Youn nan rezon yo se paske “yo te konn avèk Jezi”. (Tra. 4:13.) Mèt yo a te anseye yo antanke moun ki gen otorite, li pa t anseye yo jan espè nan Lalwa yo te konn anseye moun. — Mat. 7:28, 29.

11 Tribinal la te bay apot yo lòd pou yo sispann preche. Nan sosyete juif la, tribinal la te gen anpil otorite. Kèk semèn anvan sa, lè Jezi te parèt devan menm tribinal sa a, manm yo te deklare: “Li merite mouri.” (Mat. 26:59-66). Malgre sa, Pyè ak Jan pa t pè. Yo te kanpe devan mesye rich sa yo, ki te gen gwo edikasyon e ki te gen anpil pouvwa, yo te di yo san yo pa pè, men avèk respè: “Si sa bon nan je Bondye pou nou koute nou olye nou koute Bondye, se nou ki konnen. Men, kanta pou nou menm, nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” — Tra. 4:19, 20.

GRAN PRÈT LA AK PRÈT AN CHÈF YO

Gran prèt la te reprezante pèp la devan Bondye. Anplis, nan premye syèk epòk nou an, se li ki te alatèt Sanedren an. Li te gen prèt an chèf yo, antanke dirijan pèp juif la, ki te konn kolabore avè l nan travay li. Pami prèt an chèf yo, te gen ansyen gran prèt yo, tankou Àn, e te gen lòt mesye ki te soti nan fanmi kote yo te konn chwazi gran prèt yo (petèt kat oswa senk fanmi sèlman). Gen yon biblis, Emil Schürer, ki fè konnen “sanble depi yon moun te annik soti nan fanmi sa yo ki te gen privilèj sa a, sa te fè l resevwa yon onè espesyal” pami prèt yo.

Gen vèsè nan Bib la ki fè nou wè gran prèt yo te konn sèvi nan fonksyon sa a pandan tout vi yo (Nonb 35:25). Men, pandan peryòd kote evènman yo rakonte nan liv Travay la te rive yo, gouvènè women yo ak wa ki t ap dirije anba dominasyon Wòm yo te nome gran prèt e yo te revoke yo lè yo vle. Sepandan, ta sanble dirijan payen sa yo te konn chwazi moun y ap nome kòm gran prèt yo pami desandan Arawon yo.

12. Ki sa ki ka ede nou vin gen plis kouraj ak plis konviksyon?

12 Èske w ka montre w gen kouraj menm jan an? Ki jan w santi w lè w gen posiblite preche moun ki rich, moun ki gen gwo edikasyon oswa ki gen otorite nan zòn ou an? E si manm fanmi w, kondisip ou oswa kòlèg travay ou ap pase w nan rizib akoz kwayans ou? Èske sa fè w pè e w anvi dekouraje? Si w santi w konsa, ou ka venk santiman sa yo. Lè Jezi te sou tè a, li te montre apot yo ki jan pou yo defann kwayans yo avèk konviksyon e avèk respè (Mat. 10:11-18). Apre l te resisite, li te pwomèt disip li yo l ap kontinye avèk yo “toulejou rive jis nan fen sistèm nan”. (Mat. 28:20.) Jodi a, anba direksyon Jezi, “esklav fidèl ki prevwayan an” aprann nou kòman pou n defann kwayans nou (Mat. 24:45-47; 1 Pyè 3:15). Li fè sa lè l ban nou enstriksyon pa mwayen reyinyon yo, tankou Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen, e pa mwayen piblikasyon ki baze sou Bib la, tankou ribrik “Repons Bib la bay” ki sou sit jw.org la. Èske w byen pwofite dispozisyon sa yo? Si w fè sa, w ap vin gen plis kouraj ak plis konviksyon. E menm jan ak apot yo, ou pap kite anyen anpeche w pale konsènan bèl verite ou te tande e w te aprann nan Bib la.

Yon sè k ap bay yon kòlèg travay li temwayaj pandan yo nan poz.

Pa kite anyen anpeche w pale konsènan bèl verite ou te aprann nan Bib la.

“Yo priye Bondye” (Travay 4:23-31)

13, 14. Ki sa n dwe fè si n rankontre opozisyon, e poukisa n dwe aji konsa?

13 Pyè ak Jan t al reyini ak lòt frè ak sè nan kongregasyon an tousuit apre yo te fin lage yo. “Yo [te] priye Bondye” ansanm, yo te mande l kouraj pou yo kontinye preche (Tra. 4:24). Pyè te byen konnen jan sa pa saj pou yon moun mete konfyans nan pwòp fòs li pou l fè volonte Bondye. Paske sa gen kèk semèn, li te montre li gen konfyans nan tèt li lè l te di Jezi: “Menmsi tout lòt yo kite w poutèt sa k pral rive w la, mwen menm, mwen pap janm kite w!” Epoutan, jan Jezi te fè Pyè konn sa a, Pyè te vin kite krent pou lòm anvayi l byen vit e li te nye Jezi, ki te zanmi l e ki te anseyan l. Men, Pyè te pran leson nan erè l te fè a. — Mat. 26:33, 34, 69-75.

14 Pou w akonpli misyon w genyen pou w bay temwayaj sou Kris la, se pa detèminasyon sèlman pou w genyen. Lè opozan yo eseye kraze lafwa w oswa yo eseye fè w sispann preche, ou dwe suiv egzanp Pyè ak Jan. Priye Jewova pou l ba w fòs. Chèche fòs bò kot frè ak sè w yo nan kongregasyon an. Pale ak ansyen yo e ak lòt kretyen ki gen matirite sou difikilte w ap rankontre yo. Priyè lòt moun fè pou ou ka ba w anpil fòs e sa ka ede w. — Efe. 6:18; Jak 5:16.

15. Poukisa moun ki te sispann preche pandan yon ti tan pa dwe kite sa dekouraje yo?

15 Si w te sispann preche pandan yon ti tan akoz presyon w t ap sibi, pa kite sa dekouraje w. Sonje, apre lanmò Jezi, tout apot yo te sispann preche pandan yon ti tan, men yo pa t pran tan pou yo te rekòmanse preche (Mat. 26:56; 28:10, 16-20). Olye w kite erè w te fè dekouraje w, èske l pa t ap pi bon pou w pran leson nan sa ki te pase a epi sèvi ak sa pou w fòtifye lòt moun?

16, 17. Ki sa nou ka aprann nan priyè disip Kris yo te fè nan Jerizalèm?

16 Ki sa pou n mande nan priyè nou lè moun ki gen otorite ap ban nou pwoblèm? N ap sonje, lè disip yo t ap rankontre eprèv, yo pa t mande Jewova pou l retire eprèv yo pou yo. Yo te kenbe pawòl Jezi te di yo nan lespri yo: “Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou.” (Jan 15:20). Se sa k fè, disip fidèl sa yo te pito mande Jewova pou l “koute” menas opozan yo fè yo (Tra. 4:29). Disip yo te wè pi lwen pase eprèv yo. Yo te konnen pèsekisyon y ap rankontre yo se kèk pwofesi ki t ap reyalize. Yo te konnen, jan Jezi te di yo sa lè l t ap montre yo priye a, volonte Bondye gen pou l “fèt sou tè a”, kèlkeswa sa dirijan yo fè. — Mat. 6:9, 10.

17 Disip yo te priye Jewova pou yo te ka fè volonte l, yo te di l: “Bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou a ak anpil kran.” Ki jan Jewova te reponn priyè yo a menm kote a? Ebyen, “kote yo te reyini an te pran tranble. Yo tout nèt te ranpli ak lespri sen, e yo t ap pale pawòl Bondye a avèk kran”. (Tra. 4:29-31.) Pa gen anyen ki ka anpeche volonte Bondye fèt (Eza. 55:11). Menmsi bagay yo ta difisil opwen nou pa wè devan nou pa wè dèyè, menmsi opozan yo ta gen anpil pouvwa, si nou priye Bondye, nou mèt gen asirans l ap ban nou fòs nou bezwen pou nou pale pawòl li avèk kran.

“Se Bondye” nou gen pou nou rann kont, “se pa lèzòm” (Travay 4:32–5:11)

18. Ki sa moun ki te fè pati kongregasyon Jerizalèm nan te fè pou youn soutni lòt?

18 Kongregasyon an ki te fèk pran nesans Jerizalèm te grandi byen vit, li te gentan gen plis pase 5 000 moun ladan ld. Byenke disip sa yo pa t leve menm kote, yo pa t gen menm edikasyon e yo pa t gen menm kilti, yo “te gen tèt ansanm”. Yo te gen menm panse e yo te gen menm opinyon (Tra. 4:32; 1 Kor. 1:10). Disip yo pa t annik priye pou Jewova beni efò yo t ap fè. Youn te soutni lòt ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl, lè sa te nesesè (1 Jan 3:16-18). Pa egzanp, Jozèf, yon disip apot yo te rele Banabas, te vann yon tè li te genyen e li te bay tout kòb la pou yo te ka ede moun ki te sot lwen e ki te deside rete pi lontan Jerizalèm pou yo aprann plis konsènan bon nouvèl la.

19. Poukisa Jewova te touye Anànyas ak Safira?

19 Anànyas ak Safira, ki te mari ak madanm, yo menm tou te vann yon tè yo te genyen e yo te fè yon ofrann nan kongregasyon an. Yo te pran pòz yo te bay tout lajan yo te vann tè a, epoutan yo te “sere yon pati nan kòb la”. (Tra. 5:2.) Jewova te touye yo. Se pa paske kantite kòb yo te bay la te twò piti, men se paske yo pa t gen bon entansyon e yo t ap chèche twonpe moun. Anfèt, ‘se pa lèzòm yo t ap chèche twonpe, men se Bondye’. (Tra. 5:4.) Anànyas ak Safira te aji menm jan ak moun Jezi te kondane kòm ipokrit yo, yo te plis ap chèche pou moun fè lwanj pou yo, olye yo te chèche pou Bondye apwouve yo. — Mat. 6:1-3.

20. Ki sa nou pa ta dwe janm bliye lè n ap bay Jewova yon bagay?

20 Jodi a, gen plizyè milyon Temwen Jewova ki montre yo se moun ki renmen bay, yo fè ofrann pou yo soutni travay predikasyon an k ap fèt nan lemonnantye, konsa yo imite disip fidèl ki t ap viv nan premye syèk la nan Jerizalèm. Se pa fòse yo fòse moun sa yo pou yo bay tan yo oswa lajan yo pou yo soutni travay sa a. Dayè, Jewova pa vle nou sèvi l ak de kè oswa nan fòse (2 Kor. 9:7). Lè n ap bay Jewova yon bagay, nou dwe sonje se pa kantite nou bay la ki enterese Jewova, men pito se ak ki entansyon nou bay li (Mak 12:41-44). Nou pa ta dwe janm vin tankou Anànyas ak Safira, pou nou ta kite se dezi egoyis oswa chèche laglwa ki pouse nou sèvi Bondye. Okontrè, menm jan ak Pyè, Jan ansanm ak Banabas, se bonjan lanmou nou gen pou Jewova e pou pwochen nou ki dwe pouse nou sèvi Jewova. — Mat. 22:37-40.

PYÈ, YON PECHÈ PWASON KI VIN YON APOT KI ZELE

Nan Bib la, yo itilize senk non diferan pou yo pale de Pyè. Ann ebre, yo rele l Simeyon, epi an grèk, Simon. Yo rele l Pyè tou, ki bay Sefas nan lang arameyen. Anplis, yo konn met de non ansanm, lè konsa yo rele l Simon Pyè. — Mat. 10:2; Jan 1:42; Tra. 15:14.

Apot Pyè k ap pote yon pànye pwason.

Pyè te marye, e bèlmè l te abite nan menm kay avè l. Andre, frè l la, te abite nan kay la tou (Mak 1:29-31). Pyè se te yon pechè pwason ki te sot Betsayida, yon vil ki nan nò Lanmè Galile (Jan 1:44). Pi devan, li t al rete Kapènawòm, yon vil ki te toupre Betsayida (Lik 4:31, 38). Se nan bato Pyè a Jezi te chita lè l t ap pale ak foul moun ki te rasanble bò Lanmè Galile a. E tousuit apre sa, Jezi te fè yon mirak ki te fè Pyè pran yon bann ak yon pakèt pwason nan yon sèl kout nas. Lè Pyè te wè sa, laperèz te anvayi l, li te met ajenou nan pye Jezi, men Jezi te di l: “Ou pa bezwen pè ankò. Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.” (Lik 5:1-11). Pyè te konn peche ak Andre, ki te frè l, ansanm ak Jak avèk Jan. Yo toule kat te abandone biznis lapèch yo te genyen an lè yo te aksepte envitasyon Jezi te fè yo pou yo vin disip li (Mat. 4:18-22; Mak 1:16-18). Anviwon ennan apre, Jezi te chwazi Pyè pou l te youn nan 12 mesye li te chwazi pou vin “apot” li (ki vle di “moun yo voye”). — Mak 3:13-16.

Jezi te chwazi Pyè, Jak ak Jan pou yo akonpaye l nan kèk okazyon espesyal. Yo te la lè aparans Jezi te chanje a, yo te wè lè l te resisite pitit fi Jayiris la e yo te la lè Jezi te nan gwo lapenn nan jaden Jetsemane a (Mat. 17:1, 2; 26:36-46; Mak 5:22-24, 35-42; Lik 22:39-46). Se twa mesye sa yo, ansanm ak Andre, ki te poze Jezi kesyon konsènan siy ki t ap montre l prezan antanke Wa nan Wayòm nan. — Mak 13:1-4.

Pyè te yon moun ki dirèk, ki zele, e pafwa li te konn aji sou kout tèt. Sanble, byen souvan, li te konn pale anvan lòt apot yo. Nan Evanjil yo, nou jwenn anpil pawòl Pyè te di, e yo plis pase tout sa lòt 11 apot yo te di. Pyè te konn poze kesyon menm lè lòt apot yo pa t di anyen (Mat. 15:15; 18:21; 19:27-29; Lik 12:41; Jan 13:36-38). Lè Jezi t ap lave pye disip li yo, li menm li pa t vle Jezi lave pye l, men li te dakò apre sa lè Jezi te fin reprimande l, e li te menm mande Jezi pou l lave ni men l ni tèt li. — Jan 13:5-10.

Gwo lanmou li te gen pou Jezi te pouse l eseye konvenk Jezi pou l fè l konnen li pa oblije soufri, ni li pa oblije kite yo touye l. Jezi te korije l yon fason ki fèm paske l te montre li manke bonsans (Mat. 16:21-23). Nan nuit anvan yo te kloure Jezi sou poto a, Pyè te fè l konnen menmsi tout lòt apot yo ta abandone l, li menm li pap janm fè yon bagay konsa. Lè ènmi Jezi yo te vin arete Jezi, avèk kouraj, Pyè te rale epe l pou l defann Jezi, e annapre li te suiv Jezi jis nan lakou gran prèt la. Epoutan, yon ti tan apre, Pyè te nye Mèt li a twa fwa. Apre sa, li te kriye anpil lè li te rann li kont sa l te fè a. — Mat. 26:31-35, 51, 52, 69-75.

Apre Jezi te resisite, yon ti tan anvan l te parèt devan apot yo nan Galile, Pyè te fè mesye yo konnen li pral peche pwason, e gen nan yo ki t al avèk li. Pandan Pyè nan bato a, li te vin wè se Jezi ki bò lanmè a, san reflechi, li lage kò l nan dlo a epi li naje sot nan lanmè a. Jezi te kuit pwason pou yo bò lanmè a. Pandan repa a, li mande Pyè si l pi renmen l pase pwason “sa yo” ki te devan yo a. Jezi t ap ankouraje Pyè pou l chwazi suiv li aplentan olye l chèche fè yon karyè nan lòt bagay, pa egzanp, nan biznis lapèch la. — Jan 21:1-22.

Ozanviwon ane 62 pou rive ane 64 epòk nou an, Pyè te preche bon nouvèl la nan Babilòn, sètadi nan zòn yo rele Irak jodi a, kote te gen yon pakèt Juif (1 Pyè 5:13). Pandan Pyè te Babilòn, Bondye te enspire l pou l ekri premye lèt ki pote non l lan, e petèt se la li te ekri dezyèm lèt la tou. Jezi te bay Pyè “kapasite li bezwen pou l travay antanke apot pou moun ki sikonsi yo”. (Gal. 2:8, 9.) Pyè te akonpli misyon l lan avèk konpasyon e li te zele.

JAN, DISIP JEZI TE RENMEN AN

Apot Jan se te pitit Zebede e se te frè apot Jak. Sanble manman l te rele Salome, e genlè Salome se te sè Mari, manman Jezi (Mat. 10:2; 27:55, 56; Mak 15:40; Lik 5:9, 10). Kidonk, genlè Jan te fanmi Jezi. Sanble fanmi Jan te rich paske biznis lapèch Zebede a pa t piti, li te menm gen moun k ap travay avè l (Mak 1:20). Salome te suiv Jezi, li te rann li sèvis lè l te Galile, e pi devan, lè Jezi te mouri, li te pote pwodui ki santi bon pou prepare kò Jezi pou yo antere l (Mak 16:1; Jan 19:40). Li posib pou Jan te gen kay pa l. — Jan 19:26, 27.

Apot Jan ki kenbe yon woulo.

Sanble Jan te disip Jan ki te konn batize moun nan. Li te kanpe avèk Andre lè Jan ki te konn batize moun nan te gade Jezi epi li te di: “Men Timouton Bondye a!” (Jan 1:35, 36, 40). Genlè apre sa, Jan, pitit Zebede a, te al nan nòs Kana a avèk Jezi e li te wè premye mirak Jezi te fè a (Jan 2:1-11). Jan tèlman bay yon seri detay ki vivan anrapò ak sa k te pase nan aktivite Jezi nan Jerizalèm, Samari ak Galile, sa fè nou wè sandout Jan te avèk Jezi nan moman sa yo. Nou ka wè aklè kalite lafwa Jan te genyen (menm jan ak Jak, Pyè ak Andre) nan fason li te abandone filè, bato ak biznis lapèch la lè Jezi te rele l pou l vin suiv li a. — Mat. 4:18-22.

Nan Evanjil yo, yo pa pale de Jan anpil tankou yo pale de Pyè. Sepandan, Jan pa t dou, sa parèt klè lefètke Jezi te rele li menm ak Jak, frè l la, Bwanègès, ki vle di “Pitit loray”. (Mak 3:17.) Okòmansman, Jan te vle gen gwo pozisyon, e li te tèlman vle sa, li menm ak frè l la te di manman yo pou y al mande Jezi pou l ba yo gwo pozisyon nan Wayòm li an. Byenke sa yo te mande a te montre yo egoyis, men kanmenm sa te montre yo gen lafwa nan Wayòm nan, li te reyèl pou yo. Anbisyon de frè sa yo te genyen an te bay Jezi posiblite pou l te tou avèti tout apot li yo pou l fè yo wè nesesite pou yo gen imilite. — Mat. 20:20-28.

Jan te montre li pa t dou nan lòt sitiyasyon ankò. Te gen yon mesye ki pa t disip Jezi ki t ap sèvi ak non Jezi pou l chase demon sou yon moun, Jan te eseye anpeche l fè sa. Nan yon lòt okazyon, Jan te tou prèt pou l mande pou dife sot nan syèl la pou detwi moun ki t ap viv nan yon ti bouk samariten ki pa t dakò ede Jezi lè l te voye kèk mesaje al fè kèk preparasyon pou li. Jezi te reprimande Jan pou reyaksyon li te genyen an. Jan te vin pi ekilibre e l te vin gen plis mizèrikòd, alòske okòmansman li te manke nan domèn sa yo (Lik 9:49-56). Men, malgre Jan te gen feblès sa yo, li te ‘disip Jezi renmen an’. Se sa k fè, lè Jezi t apral mouri a, li te kite Mari, manman l, nan men Jan pou l pran swen l. — Jan 19:26, 27; 21:7, 20, 24.

Jan te viv pi lontan pase tout apot yo, egzakteman jan Jezi te fè konnen sa (Jan 21:20-22). Jan te sèvi Jewova fidèlman pandan anviwon 70 an. Sou rèy anperè Domisyen, lè Jan te prèske rive nan fen lavi l, yo te egzile l sou zile Patmòs, poutèt li “t ap pale de Bondye e poutèt [li] t ap bay temwayaj sou Jezi”. Se la, nan ane 96 epòk nou an, Jan te resevwa vizyon li te ekri nan liv Revelasyon an (Rev. 1:1, 2, 9). Selon sa anpil moun kwè, apre yo te fin lage Jan, li t al Efèz, e se la li te ekri Evanjil li a ansanm ak lèt li te ekri yo, sètadi 1 Jan, 2 Jan ak 3 Jan. Se la Jan te mouri ozanviwon ane 100 epòk nou an.

a Yo te konn fè priyè nan tanp lan lè yo t ap ofri sakrifis nan maten ak nan aprèmidi. Sakrifis nan aprèmidi yo te konn fèt nan “nevyèm èdtan nan jounen an”, sa vle di ozanviwon twazè nan aprèmidi.

b Gade kare ki gen tit “Pyè, yon pechè pwason ki vin yon apot ki zele” ak kare ki gen tit “Jan, disip Jezi te renmen an”.

c Gade kare ki gen tit “Gran prèt la ak prèt an chèf yo”.

d Nan ane 33 epòk nou an, sanble te gen sèlman 6 000 Farizyen Jerizalèm, e te gen mwens Sadiseyen pase Farizyen. Se kapab youn nan rezon ki fè, de jou an jou, de gwoup moun sa yo te plis konsidere ansèyman Jezi yo kòm yon menas pou yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje