-
“Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
18. Ki sa moun ki te fè pati kongregasyon Jerizalèm nan te fè pou youn soutni lòt?
18 Kongregasyon an ki te fèk pran nesans Jerizalèm te grandi byen vit, li te gentan gen plis pase 5 000 moun ladan ld. Byenke disip sa yo pa t leve menm kote, yo pa t gen menm edikasyon e yo pa t gen menm kilti, yo “te gen tèt ansanm”. Yo te gen menm panse e yo te gen menm opinyon (Tra. 4:32; 1 Kor. 1:10). Disip yo pa t annik priye pou Jewova beni efò yo t ap fè. Youn te soutni lòt ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl, lè sa te nesesè (1 Jan 3:16-18). Pa egzanp, Jozèf, yon disip apot yo te rele Banabas, te vann yon tè li te genyen e li te bay tout kòb la pou yo te ka ede moun ki te sot lwen e ki te deside rete pi lontan Jerizalèm pou yo aprann plis konsènan bon nouvèl la.
-
-
“Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
d Nan ane 33 epòk nou an, sanble te gen sèlman 6 000 Farizyen Jerizalèm, e te gen mwens Sadiseyen pase Farizyen. Se kapab youn nan rezon ki fè, de jou an jou, de gwoup moun sa yo te plis konsidere ansèyman Jezi yo kòm yon menas pou yo.
-