BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ‘Ala anpil sajès Bondye anpil!’
    Toudegad — 2011 | 15 me
    • 17. Ki sa k fè sa Jewova te fè a “pa yon bagay ki natirèl”?

      17 Jewova te fè yon bagay anpil moun pa t ap janm atann. Pòl te di sa Jewova fè a “pa yon bagay ki natirèl”. (Wom. 11:24.) Poukisa l te di sa? Sanble se yon bagay ki pa fèt souvan oswa menm ki pa natirèl pou yo grefe branch ki soti nan pyebwa mawon sou pyebwa yo kiltive nan jaden. Epoutan, gen kèk moun ki gen jaden ki te konn fè sa nan premye syèk lab. Jewova te fè yon bagay estrawòdinè tou. Nan lespri Juif yo, moun nasyon yo pa t kapab pwodui fwi Jewova t ap aksepte. Sepandan, Jewova te fè moun sa yo fè pati “yon nasyon” ki pwodui fwi Wayòm nan (Mat. 21:43). Nan ane 36 epòk nou an, Kònèy se premye moun pami moun nasyon yo ki te vin kretyen Bondye te chwazi pou l al viv nan syèl. Depi lè sa a, moun ki pa Juif yo te vin gen posiblite pou yo grefe yo sou pye oliv senbolik lac. — Tra. 10:44-48.

      18. Ki posiblite Juif selon lachè yo te genyen apre ane 36 epòk nou an?

      18 Èske sa vle di apre ane 36 epòk nou an pa t gen posiblite ankò pou Juif selon lachè yo fè pati desandans Abraram nan? Non. Men sa Pòl te di: “Yo menm tou [Juif selon lachè yo], si yo pa rete nan pa gen lafwa yo a, y ap grefe yo, paske Bondye kapab grefe yo ankò. Paske, si yo te rache w sou pye oliv mawon an pou y al grefe w sou pye oliv yo plante nan jaden and, alòske se pa yon bagay ki natirèl, alewè pou branch ki sot nan li yo, y ap grefe yo ankò sou pwòp pye oliv pa yo a!” — Wom. 11:23, 24.

  • ‘Ala anpil sajès Bondye anpil!’
    Toudegad — 2011 | 15 me
    • d Prefiks grèk yo mete “jaden” pou li nan Women 11:24 la soti nan yon mo ki gen sans “bon, ekselan” oubyen, “ki atenn objektif yo te vle l atenn lè yo te fè l la”. Prefiks grèk sa a, yo itilize l sitou pou yon bagay ki jwe wòl li dwe jwe a byen.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje