BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Montre nou apresye lavi ki se yon kado
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 3. Pran swen sante w

      Lefètke nou vwe lavi nou bay Jewova, nou ba l tout lavi nou pou nou sèvi l. Se kòmsi nou prezante kò nou kòm yon sakrifis ki fè Bondye plezi. Li Women 12:1, 2, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki sa k ta dwe ankouraje w pran swen sante w?

      • Bay kèk fason w ka fè sa.

      Yon fi ansent k ap pale ak doktè l.
  • Èske w pare pou w batize?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Leson 47. Yon etidyan Labib k ap reflechi sou batèm pandan l ap gade yon lòt mesye k ap batize nan yon asanble.

      LESON 47

      Èske w pare pou w batize?

      Pandan w ap etidye Bib la, ou aprann anpil bagay sou Jewova. Petèt ou fè kèk chanjman pou w ka aplike sa w aprann yo. Men, gendwa gen kèk bagay ki fè w santi w poko prè pou w vwe lavi w bay Jewova epi pou w batize. Leson sa a pral pale sou kèk bagay ki konn anpeche moun batize e l ap montre w sa w ka fè pou w pa kite bagay sa yo anpeche w batize.

      1. Ki kantite konesans ou bezwen genyen anvan w batize?

      Pou w ka batize, ou bezwen gen “yon konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:4.) Men, sa pa vle di ou oblije gen repons pou tout kesyon yon moun ka poze sou Bib la. Menm kretyen ki gen lontan depi yo batize kontinye aprann nan Bib la (Kolosyen 1:9, 10). Men, ou bezwen gen yon konesans debaz sou sa Bib la anseye. Ansyen yo ap ede w wè si w gen ase konesans pou w batize.

      2. Ki sa w bezwen fè anvan w batize?

      Anvan w batize, ou bezwen “repanti, e . . . kase tèt tounen”. (Li Travay 3:19.) Sa vle di ou dwe regrèt kèlkeswa peche w te fè e w dwe mande Jewova padone w. Mete sou sa, ou dwe sispann fè sa ki pa bon e w dwe pran detèminasyon pou w viv fason ki fè Bondye plezi a. Epitou, ou bezwen patisipe nan aktivite kongregasyon an lè w asiste reyinyon yo e lè w vin yon pwoklamatè ki poko batize.

      3. Poukisa w pa bezwen pè?

      Gen moun ki pè paske yo panse yo pap ka kenbe pwomès yo fè Jewova a. Se vre, pafwa w ap fè erè menm jan ak yon seri moun fidèl Bib la pale de yo. Men, Jewova pa atann pou moun k ap sèvi l yo pafè. (Li Sòm 103:13, 14.) Li kontan lè w fè tout sa w kapab pou w fè l plezi, e l ap ede w. Anfèt, Jewova ban nou asirans anyen “pap kapab separe nou ak lanmou” li gen pou nou. — Li Women 8:38, 39.

      FOUYE PLIS

      Gade ki sa w kapab fè pou w pa kite okenn bagay anpeche w batize, lè w aprann konnen Jewova pi byen e lè w aksepte èd li ba ou.

      Foto ki ansanm: Yon jèn fi ki pa kite anyen anpeche l batize. Foto ki montre eprèv li te jwenn yo.

      4. Aprann konnen Jewova pi byen

      Jèn fi a k ap etidye Labib ak yon Temwen Jewova.

      Nan ki pwen ou bezwen konnen Jewova pou w batize? Ou bezwen konnen Jewova ase pou w renmen l e pou w vle fè volonte l. Gade VIDEYO a pou w wè fason kèk etidyan Labib toupatou sou tè a fè sa, epi reponn kesyon ki vin apre a.

      VIDEYO: Chemen ki mennen nou nan batèm (3:56)

      • Nan videyo a, ki sa k te ede kèk moun prepare yo pou yo batize?

      Li Women 12:2, epi reponn kesyon sa yo:

      • Èske w gen dout sou sa Bib la anseye oswa sou sa Temwen Jewova yo anseye?

      • Ki sa w ka fè si w gen dout?

      5. Pa kite anyen anpeche w batize

      Jèn fi a k ap met yon Bib nan valiz li pandan manman l ap joure l.

      Tout moun ki deside vwe lavi yo bay Jewova epi batize ap jwenn difikilte. Pou w ka wè yon egzanp, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

      VIDEYO: Lanmou pou Jewova venk tout kalite obstak (5:22)

      • Nan videyo a, ki bagay Narangerel pa t kite anpeche l sèvi Jewova?

      • Ki jan lanmou l gen pou Jewova te ede l fè fas ak pwoblèm sa yo?

      Li Pwovèb 29:25 ak 2 Timote 1:7, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki sa k ka ban nou kouraj pou nou fè fas ak bagay ki ka anpeche nou batize?

      6. Ou mèt sèten Jewova ap ede w!

      Jèn fi a k ap preche yon dam aje. Moun k ap etidye Labib avè l la akonpaye l nan travay predikasyon an.

      Jewova ap ede w fè l plezi. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Jewova Dye ap ede w (2:50)

      • Nan videyo a, ki sa k fè etidyan Labib sa a te pè batize?

      • Ki sa li te aprann ki te ede l pou l gen plis konfyans nan Jewova?

      Li Ezayi 41:10, 13, epi reponn kesyon sa a:

      • Poukisa w mèt gen asirans ou kapab kenbe pwomès ou fè Jewova lè w vwe lavi w ba li a?

      7. Chèche gen plis rekonesans pou lanmou Jewova gen pou ou

      Jèn fi a k ap priye poukont li.

      Plis ou reflechi sou fason Jewova renmen w, se plis w ap gen rekonesans pou Jewova e se plis w ap anvi sèvi l pou toutan. Li Sòm 40:5, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki benediksyon Jewova ba w ou plis apresye?

      Pwofèt Jeremi te renmen Jewova, li te renmen Pawòl Jewova a e li te vrèman kontan pote non Jewova. Li te di: “Pawòl ou yo . . .  te fè kè m kontan anpil. Paske, mwen pote non w, o Jewova Dye, Chèf lame yo.” (Jeremi 15:16). Reponn kesyon sa yo:

      • Poukisa se yon gwo privilèj sa ye pou yon moun pote non Jewova?

      • Èske w vle batize antanke Temwen Jewova?

      • Èske gen yon bagay ki anpeche w fè sa?

      • Ki sa w panse w dwe fè pou w batize?

      Jèn fi a k ap batize.

      GEN MOUN KI DI: “Mwen pa panse m ap ka ret fidèl apre m fin batize.”

      • Èske w panse konsa tou?

      SA W TE APRANN

      Avèk èd Jewova, ou ka fè efò pou anyen pa anpeche w batize.

      Revizyon

      • Ki kantite konesans ou dwe gen nan Bib la pou w batize?

      • Ki chanjman ou ka bezwen fè anvan w batize?

      • Poukisa w pa dwe pè batize?

      Objektif

      APRANN PLIS

      Gade ki pi gwo rezon ou genyen pou w batize.

      “Èske w pare pou w batize?” (Toudegad mas 2020)

      Aprann sa w ka fè pou w pa kite okenn difikilte fè w pè batize.

      “Ki sa k anpeche m batize?” (Toudegad mas 2019)

      Gade ki sa yon mesye te fè pou l pa t kite kèk gwo difikilte l te jwenn anpeche l batize.

      ‘Ki sa ki anpeche w batize?’ (1:10)

      Okòmansman, gen yon mesye ki rele Ataa ki te pè batize, gade ki sa ki te konvenk li pou l batize.

      Èske m merite yon bèl bagay konsa? (7:21)

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje