BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ann ranvèse tout rezònman ki kont konesans Bondye
    Toudegad etid — 2019 | jen
    • 1. Ki avètisman apot Pòl te bay kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo?

      “SISPANN!” Pawòl sa a se yon avètisman apot Pòl te bay kretyen premye syèk yo. Ki sa yo te dwe sispann fè? Yo te dwe “sispann konfòme [yo] ak sistèm sa a”. (Wom. 12:2.) Sa k fè yon seri gason ak fi ki te vwe Bondye lavi yo e Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen pou al viv nan syèl te resevwa yon avètisman fèm konsa nan men Pòl? — Wom. 1:7.

      2-3. Ki jan Satan eseye fè n vire do bay Jewova, men ki jan n ka derasinen bagay ki “byen anrasinen” nan panse n yo?

      2 Pòl te enkyè paske sanble kèk kretyen te konn kite move rezònman oswa filozofi ki gen nan monn Satan an gen enfliyans sou yo (Efe. 4:17-19). Sa ka rive nenpòt nan nou. Satan, dye sistèm sa a, sèvi ak divès taktik pou l eseye fè nou vire do bay Jewova. Pa egzanp, si nou gen tandans pou nou vle parèt enpòtan oubyen pou moun konnen nou, l ap sèvi ak sa pou l eseye fè nou vire do bay Jewova. Li gendwa menm sèvi ak bagay nou aprann nan men moun lakay nou, nan lekòl nou ak nan men moun ki bò kote nou pou l fè nou panse menm jan avè l.

  • Ann ranvèse tout rezònman ki kont konesans Bondye
    Toudegad etid — 2019 | jen
  • Ann ranvèse tout rezònman ki kont konesans Bondye
    Toudegad etid — 2019 | jen
    • “BAY LESPRI NOU YON LÒT DIREKSYON”

      4. Ki chanjman anpil nan nou te oblije fè lè n te fèk aprann laverite?

      4 Fè yon ti reflechi sou chanjman w te oblije fè lè w te fèk aprann verite ki gen nan Pawòl Bondye a ak lè w te deside sèvi Jewova. Pou anpil nan nou, sa te mande pou n sispann pratike kèk bagay ki pa bon (1 Kor. 6:9-11). Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova te ede nou kite vye pratik sa yo!

      5. Ki de bagay Women 12:2 di pou nou fè?

      5 Men, nou pa dwe janm panse nou pa bezwen fè okenn chanjman ankò. Menmsi anvan nou te batize nou te sispann pratike yon seri peche grav, nou toujou bezwen fè gwo efò pou nou evite kèlkeswa bagay ki ta ka fè nou retounen nan move pratik sa yo. Ki jan nou ka rive fè sa? Men sa apot Pòl di: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.” (Wom. 12:2). Donk, gen de bagay pou nou fè. Premyèman, nou bezwen “sispann konfòme nou” ak monn sa a oswa sispann kite l enfliyanse nou. Dezyèmman, nou bezwen “transfòme tèt nou” lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.

      Transfòme oswa degize?

      Yon jèn gason bab li pa fèt e ki abiye yon fason ki neglije ki kenbe yon gwo foto l li dekoupe kote bab li byen fèt kote li gen chemiz ak kravat.

      Mo grèk yo mete “transfòme” pou yo tradui l nan Women 12:2 a montre gen yon chanjman total ki fèt nan yon bagay pou l vin yon lòt bagay, menm jan yon cheni vin tounen yon papiyon. Pou nou transfòme, nou bezwen chanje sa nou ye pa anndan an, tanperaman nou ak fason nou ye. Men, se pa menm ak chanjman y ap pale nan 2 Korentyen 11:13-15 lan, ki se yon chanjman ki fèt sou po sèlman, se aparans lan sèlman ki chanje.

      6. Ki sa nou aprann nan ide ki kache dèyè pawòl Jezi te di ki nan Matye 12:43-45 yo?

      6 Lè Pòl di pou nou transfòme tèt nou an, li pa vle di pou nou annik fè yon chanjman sou po. Chanjman l ap pale a se yon chanjman ki pwofon. (Gade kare ki gen tit “Transfòme oswa degize?”) Nou bezwen fè yon chanjman konplè nan lespri nou, nan fason nou wè bagay yo, nan santiman nou ak nan tandans nou. Donk, nou chak bezwen mande tèt nou: ‘Èske chanjman m fè pou m imite Kris yo se chanjman sou po, oswa m vrèman fè chanjman nan kè m ak nan lespri m?’ Se yon kesyon ki enpòtan. Nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 12:43-45, li te montre ki sa nou bezwen fè. (Li vèsè yo.) Ide ki kache dèyè pawòl sa yo atire atansyon sou yon verite enpòtan: Nou pa dwe annik elimine move panse nan lespri nou, nou bezwen ranpli lespri nou ak panse Bondye.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje