BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 2
  • Bib la bay espwa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bib la bay espwa
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Bib la bay espwa
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Premye leson pou w etidye Labib
  • Bonjan espwa pou lavni
    Kèk lòt sijè
  • Rezon pou n gen espwa an 2023 — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Ou ka gen espwa pou ane 2024 la — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 2
Leson 2. Solèy la k ap leve sou yon gwo jaden ble.

LESON 02

Bib la bay espwa

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Toupatou sou tè a, moun ap fè fas ak yon seri pwoblèm ki fè yo tris, ki fè yo strese e ki menm fè yo soufri. Èske w te janm fè fas ak sitiyasyon ki fè w santi w konsa? Petèt w ap soufri akoz yon maladi oswa akoz yon moun ou renmen ki mouri. E petèt w ap mande tèt ou: ‘Èske lavi a ap janm pi bon?’ Repons Bib la bay la ap ankouraje w.

1. Ki espwa Bib la bay?

Nonsèlman Bib la fè konnen pou ki rezon monn nan chaje ak pwoblèm men tou, li bay yon bon nouvèl, li fè konnen talè konsa pwoblèm sa yo pap la ankò. Pwomès Bib la fè a ka “ban nou yon avni ak yon espwa”. (Li Jeremi 29:11, 12.) Pwomès sa yo ede nou ak pwoblèm nou gen jodi a, yo ede nou wè bagay yo yon pi bon fason, e yo ede nou pou nou gen kè kontan toutbon.

2. Ki jan Bib la fè nou konnen lavi a pral ye?

Bib la fè nou konnen gen yon lè k ap rive “pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. (Li Revelasyon 21:4.) Pwoblèm ki fè lavi a parèt sanzespwa jodi a tankou povrete, enjistis, maladi ak lanmò pap la ankò. Bib la fè konnen lèzòm pral viv pou toutan sou tè a k ap vin yon paradi.

3. Ki jan w ka sèten pwomès Bib la fè yo ap reyalize?

Anpil moun espere bagay yo ap vin pi bon men yo pa sèten sa ap fèt vre. Men, se pa menm bagay la pou pwomès ki nan Bib la. Nou kapab gen konfyans nan sa l di yo lè nou “byen egzamine Ekriti yo”. (Travay 17:11.) Pandan w ap etidye Bib la, w ap vin rann ou kont ou kapab fè pwomès li fè konsènan lavni yo konfyans.

FOUYE PLIS

Egzamine kèk nan bagay Bib la pwomèt ki pral rive pi devan. Gade fason esperans Bib la bay ede yon seri moun jodi a.

Plizyè foto: Yon seri foto ki montre diferans ki gen ant kondisyon moun yo ap viv jodi a ak sa Bib la pwomèt pou lavni. Sèn yo reparèt pi ba a.

4. Bib la pwomèt nou ka viv pou toutan san okenn soufrans

Gade yon seri pwomès nou jwenn nan Bib la. Kiyès nan yo ou pi renmen? Poukisa?

Li vèsè ki parèt bò kote pwomès sa yo epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Èske w santi vèsè sa yo ba w espwa? Èske w panse yo ka bay fanmi w ak zanmi w espwa tou?

Imajine w k ap viv nan yon monn kote:

PÈSONN PAP...

TOUT MOUN AP...

  • soufri, vyeyi oswa mouri. — Ezayi 25:8.

  • wè moun pa yo ki mouri retounen viv ankò sou tè a. — Jan 5:28, 29.

  • malad oswa andikape. — Ezayi 33:24; 35:5, 6.

  • viv an sante e y ap jèn ankò. — Jòb 33:25.

  • soufri anba enjistis. — Ezayi 32:16, 17.

  • gen anpil manje pou yo manje, kay pou yo rete ak travay ki bay satisfaksyon. — Sòm 72:16; Ezayi 65:21, 22.

  • soufri akoz lagè. — Sòm 46:9.

  • viv nan lapè total. — Sòm 37:11.

  • soufri akoz yon seri move panse oswa yon seri move souvni. — Ezayi 65:17.

  • viv pou toutan nan bonjan kondisyon. — Sòm 37:29.

Yon ti gason ki te malad ki geri e k ap bay manman l yon akolad. Yon mesye ki te granmoun ki vin jèn ankò e l ap pouse yon bourèt ki chaje ak legim. Timoun ki te nan grangou e ki te konn fè travay fòse k ap fè jaden e k ap jwe foutbòl. Yon fi ki te chita atè tou tris e ki fè depresyon ki kanpe dwat kounye a e k ap souri.

5. Pwomès Bib la fè yo ka ede nou viv pi byen

Jodi a, pwoblèm yo fè anpil moun dekouraje e genyen ki menm fache. Gen nan yo k ap batay pou bagay yo vin pi bon. Gade pou w wè ki jan pwomès Bib la fè pou bagay yo vin pi bon an ede anpil moun jodi a. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

VIDEYO: Mwen t ap lite kont enjistis (4:07)

Foto ki ansanm ki montre kèk sèn nan videyo ‘Mwen t ap lite kont enjistis’ la. 1. Rafika k ap ranmase koton ak moun ki gen menm ras ak li lè l te piti. 2. Rafika kontan wè moun divès ras ki santi yo byen ansanm pandan l t al nan yon kongrè Temwen Jewova yo pou premye fwa.
  • Ki enjistis ki te bay Rafika pwoblèm?

  • Malgre enjistis li te wè yo toujou la, ki jan Bib la te ede l?

Lè nou met konfyans nou nan sa Bib la di sou lavni, nou ka lite ak dekourajman e nou ka vin gen kè kontan menm lè nou gen pwoblèm. Li Pwovèb 17:22 ak Women 12:12, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Èske w panse mesaj espwa ki nan Bib la ka fè w viv pi byen depi kounye a? Poukisa?

GEN MOUN KI DI: “Pwomès ki nan Bib la se bèl pawòl, men yo pap reyalize vre.”

  • Poukisa l enpòtan pou w fè rechèch pa w?

SA W TE APRANN

Bib la fè anpil bèl pwomès konsènan lavni, sa ban nou espwa e sa fè nou viv pi byen depi kounye a.

Revizyon

  • Poukisa moun bezwen espwa?

  • Ki pwomès Bib la fè pou lavni?

  • Ki jan espwa Bib la bay pou lavni ka ede w depi kounye a?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki jan espwa kapab ede w lè w ap fè fas ak pwoblèm.

“Ki kote w ka jwenn espwa?” (Reveye n! 22 avril 2004)

Gade ki jan espwa kapab ede moun k ap viv avèk gwo pwoblèm sante.

“Èske Bib la kapab ede m si m ap viv ak gwo pwoblèm sante?” (Atik sou Entènèt)

Imajine ou menm ak fanmi w k ap viv nan Paradi Bib la pwomèt la toutpandan w ap gade videyo mizik sa a.

Imajine jou sa a! (3:37)

Gade ki jan lavi yon moun ki t ap lite pou chanjman te vin chanje lè l te aprann espwa Bib la bay pou lavni an.

“Mwen pa panse m dwe chanje monn nan ankò” (Toudegad 1ye jiyè 2013)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje