BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Kriye ak moun k ap kriye”
    Toudegad etid — 2017 | jiyè
    • 14. Ki jan n ka pale ak moun ki gen moun pa yo ki mouri pou n ka konsole yo?

      14 Kidonk, nou konprann li ka difisil pou n konn ki sa pou n di yon moun ki nan gwo lapenn. Men, Bib la di “lang moun ki gen sajès la geri moun”. (Pwo. 12:18.) Gen anpil moun ki sèvi ak pawòl rekonfòtan ki nan bwochi Lè lanmò pase pran yon moun pa w la pou yo konsole lòt mounc. Men, byen souvan, pi bon bagay ou ka fè se “kriye ak moun k ap kriye”. (Wom. 12:15.) Men sa Gaby ki gen mari l mouri, fè konnen: “Kriye te vin tounen fason m fè konn sa m santi. Se sa k fè m konn santi m yon ti jan soulaje lè zanmi m yo kriye avè m. Nan moman sa yo, m prèske pa santi m poukont mwen nan soufrans mwen yo.”

  • “Kriye ak moun k ap kriye”
    Toudegad etid — 2017 | jiyè
    • 20. Poukisa pwomès Jewova fè yo se yon gwo sous konsolasyon?

      20 Li vrèman rekonfòtan pou n konnen Jewova, Bondye tout konsolasyon an, pral retire tout soufrans e l pral konsole nou pou toutan lè “tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Kris], e y ap soti”! (Jan 5:28, 29.) Jewova, Seyè ki Souvren an, pwomèt l ap “detwi lanmò pou toutan. L ap siye dlo nan je tout moun”. (Eza. 25:8, nòt.) Lè sa a, olye n “kriye ak moun k ap kriye”, tout moun sou tè a pral “rejwi ak moun k ap rejwi”. — Wom. 12:15.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje