-
“ Pa rann pèsonn mal pou mal ”Toudegad — 2007 | 1ye jiyè
-
-
“ Pa vanje tèt nou ”
15. Ki rezon nou jwenn nan Women 12:19 pou nou pa vanje tèt nou ?
15 Pòl bay yon lòt rezon konvenkan ki fè nou pa dwe vanje tèt nou. Lè nou pa fè sa nou montre nou modès. Li di : “ Pa vanje tèt nou, byenneme, men bay kòlè a espas, paske men sa ki ekri : ‘ Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap peye anretou, se sa Jewova di. ’ ” (Women 12:19). Yon kretyen k ap chèche tire revanj se yon kretyen ki pran yon dwa ki pa pou li. Li pran yon plas ki pou Bondye (Matye 7:1). Anplis, lè l bay tèt li jistis poukont li, li montre li manke lafwa nan asirans Jewova bay, kote l di : “ Se mwen k ap peye anretou. ” Depreferans, vrè kretyen yo kwè Jewova pral “ fè yon fason pou moun li chwazi yo jwenn jistis ”. (Lik 18:7, 8 ; 2 Tesalonisyen 1:6-8.) Avèk modesti, yo kite Bondye vanje mal yo sibi yo. — Jeremi 30:23, 24 ; Women 1:18.
-
-
“ Pa rann pèsonn mal pou mal ”Toudegad — 2007 | 1ye jiyè
-
-
18. Poukisa nou montre nou aji avèk jistis, lanmou ak modesti lè nou pa vanje tèt nou ?
18 Nan analiz tou kout nou sot fè nan Women chapit 12 la, nou aprann plizyè leson enpòtan ki fè nou “ pa rann pèsonn mal pou mal ”. Premyèman, lè nou metrize nou pou nou pa vanje tèt nou, nou aji yon fason ki jis. Etandone Jewova demontre konpasyon anvè nou, se yon bagay ki jis e ki rezonab pou nou ofri tèt nou ba li e pou nou obeyi kòmandman l yo ak tout kè nou. Sa gen ladan l tou kòmandman ki di pou nou renmen ènmi nou yo. Dezyèmman, lè nou evite rann mal pou mal, nou aji yon fason ki demontre lanmou. Lè nou pa chèche vanje tèt nou e lè nou favorize lapè, nou montre ak tout kè nou nou vle ede menm moun ki opoze ak nou yon fason fewòs pou yo vin adoratè Jewova. Twazyèmman, lè nou pa chèche rann mal pou mal, nou montre nou aji yon fason ki modès. Si nou ta vanje tèt nou, sa t ap demontre nou pran yon dwa ki pa pou nou, piske Jewova di : “ Vanjans se pou mwen. ” Pawòl Bondye a ban nou avètisman sa a tou : “ Èske yon moun pran dwa ki pa pou li ? Ebyen, wont ap tonbe sou li. Men se lakay moun ki modès nou jwenn sajès. ” (Pwovèb 11:2). Nou montre nou modès lè nou aji avèk sajès, nou kite Bondye vanje pou nou.
-