-
“Kouri pou imoralite seksyèl”“Rete nan lanmou Bondye”
-
-
3. Jis nan ki pwen pyèj Balaam nan te reyisi?
3 Èske pyèj sa a te mache? Nou ka di wi. Plizyè dizèn milye gason izrayelit te pran ladan l, yo te fè “imoralite seksyèl ak medam peyi Mowab yo”. Yo te menm kòmanse adore dye moun Mowab yo, san wete dye ki bay degoutans ki te rele Baal Peyò a, yon dye ki swadizan pèmèt moun fè pitit, oswa yon dye sèks. Te gen 24 000 Izrayelit ki te peri, alòske yo te toupre tè Bondye te pwomèt yo a. Ala sa te tris! — Nonb 25:1-9.
-
-
“Kouri pou imoralite seksyèl”“Rete nan lanmou Bondye”
-
-
4. Sa k fè plizyè milye Izrayelit te tonbe nan imoralite?
4 Ki sa k te mennen nan kalamite sa a? Anpil moun pami pèp la te vin devlope yon kè ki mechan, e sa te mennen yo lwen Jewova, Bondye ki te libere yo lè l te fè yo kite peyi Ejip la, Bondye ki te ba yo manje nan dezè a e ki t ap pwoteje yo pou l mennen yo nan tè li te pwomèt yo a (Ebre 3:12). Pandan apot Pòl t ap reflechi sou sa, men sa l te ekri: “Annou pa pratike imoralite seksyèl, menm jan kèk nan yo te fè imoralite seksyèl, sa ki te lakòz 23 000 nan yo tonbe nan yon sèl joua.” — 1 Korentyen 10:8.
-
-
“Kouri pou imoralite seksyèl”“Rete nan lanmou Bondye”
-
-
a Sanble chif yo bay nan liv Nonb lan gen ladan l “moun ki [te] alatèt” pèp la, moun jij yo te egzekite yo. Petèt yo te anviwon 1 000 gason, e kantite sa a ajoute sou kantite moun Jewova te egzekite dirèkteman yo. — Nonb 25:4, 5.
-