-
Ki sa sa mande pou yon moun kite lespri Bondye gide l?Toudegad etid — 2018 | fevriye
-
-
KI LÈ YON MOUN KITE LESPRI BONDYE GIDE L?
3. Ki jan Bib la montre diferans ki genyen ant yon moun ki kite dezi l mennen l ak yon moun ki kite lespri Bondye gide l?
3 Apot Pòl ede n konprann ki lè yon moun kite lespri Bondye gide l lè l te fè yon konparezon ant “yon moun ki kite lespri Bondye gide l” ak yon “moun ki kite dezi l mennen l”. (Li 1 Korentyen 2:14-16.) Ki diferans ki genyen? Bib la fè konnen “moun ki kite dezi l mennen l” lan pa aksepte “bagay ki gen rapò ak lespri Bondye, paske pou li, yo se bagay moun sòt, e li pa ka rive konnen yo”. Yon lòt bò, “moun ki kite lespri Bondye gide l” la se yon moun ki “egzamine tout bagay” e ki “gen panse Kris la”. Pòl ankouraje n pou n vin moun ki kite lespri Bondye gide n. Nan ki lòt domèn ankò moun ki kite dezi yo mennen yo pa menm ak moun ki kite lespri Bondye gide yo?
-
-
Ki sa sa mande pou yon moun kite lespri Bondye gide l?Toudegad etid — 2018 | fevriye
-
-
6. Ki jan n ka rekonèt yon moun ki kite lespri Bondye gide l?
6 Men, ki lè yon “moun [...] kite lespri Bondye gide l”? Yon moun ki kite lespri Bondye gide l se yon moun ki konte sou Bondye, li pa menm ditou ak yon moun ki kite dezi l mennen l. Moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl fè gwo efò pou yo “imite Bondye”. (Efe. 5:1.) Sa vle di yo fè efò pou yo gen menm panse ak Jewova e pou yo wè bagay yo menm jan avè l. Bondye reyèl toutbon pou yo. Kontrèman ak moun ki kite dezi yo mennen yo, yo eseye respekte prensip Jewova yo nan tout sa y ap fè (Sòm 119:33; 143:10). Olye moun ki fikse lespri l sou bagay espirityèl la konsantre l sou zèv lachè, li fè gwo efò pou l demontre “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Pou n pi byen konprann ekspresyon “fikse lespri sou bagay espirityèl la”, ann reflechi ak konparezon sa a: Lè yon moun maton nan fè komès, yo di li se yon moun ki gen lespri biznis. Menm jan an tou, lè yon moun bay bagay espirityèl yo anpil valè oswa l enterese anpil nan zafè relijyon, yo di li se yon moun ki fikse lespri l sou bagay espirityèl.
7. Ki sa Bib la di konsènan moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl?
7 Bib la pale an byen konsènan moun ki fikse lespri yo sou bagay espirityèl. Matye 5:3 di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, piske Wayòm syèl la se pou yo.” Nan Women 8:6, Bib la montre avantaj sa genyen lè yon moun fikse lespri l sou bagay espirityèl lè l di: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò, men moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè.” Lè n konsantre sou bagay espirityèl, nou vin anpè ak Bondye ansanm ak tèt nou depi kounye a e n gen espwa pou n gen lavi ki pap janm fini an alavni.
-