-
Ann aprann nan men yon ti frè JeziToudegad etid — 2022 | janvye
-
-
KONTINYE GEN IMILITE MENM JAN AK JAK
Jak te aji ak imilite lè Jezi te parèt devan l, e depi lè sa a li te vin yon disip Kris ki fidèl. (Gade paragraf 5-7.)
5. Ki jan Jak te reyaji lè Jezi te parèt devan l apre Jezi fin resisite?
5 Ki lè Jak te vin yon disip Jezi ki fidèl? Apre Jezi fin resisite, “li te parèt devan Jak, ansuit devan tout apot yo”. (1 Kor. 15:7.) Rankont sa a Jezi te fè ak Jak la te chanje lavi Jak nèt. Li te la lè apot yo t ap tann pou yo resevwa lespri sen nan yon chanmòt nan Jerizalèm (Tra. 1:13, 14). Annapre, Jak te kontan sèvi kòm manm kolèj santral premye syèk la (Tra. 15:6, 13-22; Gal. 2:9). Yon ti tan anvan ane 62 epòk nou an, Bondye te enspire l pou l ekri yon lèt pou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Lèt sa a itil nou jodi a, kit nou gen esperans pou n al nan syèl oswa pou n viv sou tè a (Jak 1:1). Selon Jozèf, yon istoryen nan premye syèk la, Anànyas, gran prèt juif la, pitit Àn ki te gran prèt, te bay lòd pou yo touye Jak. Jak te ret fidèl ak Jewova jiskaske l te fini lavi l sou tè a.
-