BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Rezirèksyon Jezi a: Èske l te fèt vre?
    Toudegad — 2013 | 1ye mas
    • Nan tan lontan, gen kèk kretyen ki t ap viv Korent ki pa t fin konprann rezirèksyon an, e gen lòt ki pa t kwè ditou nan rezirèksyon an. Nan premye lèt apot Pòl te ekri kretyen Korent yo, li te pale sou plizyè konsekans ki t ap genyen si pa gen rezirèksyon vre. Men sa l te ekri: “Si se vre moun mouri pap resisite, ebyen menm Kris pa t leve. E si Kris pa t leve, se sèten se pou granmesi n ap preche, e se pou granmesi nou gen lafwa. Anplis de sa, se fo temwayaj n ap bay sou Bondye [...] lafwa nou pa itil anyen, e peche nou yo toujou la [...] E anplis moun ki te ann inyon ak Kris e k ap dòmi nan lanmò yo peri.” — 1 Korentyen 15:13-18.

      “Li te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan [...] Apre sa, li te parèt devan Jak, ansuit devan tout apot yo. Men, apre yo tout, li te parèt devan m tou.” — 1 Korentyen 15:6-8.

  • Rezirèksyon Jezi a: Èske l te fèt vre?
    Toudegad — 2013 | 1ye mas
    • T ap gen lòt konsekans si pa gen rezirèksyon vre. Si Kris pa t leve sot nan lanmò, se t ap pou granmesi Kretyen yo gen lafwa, yon lafwa ki t ap chita sou manti. Anplis de sa, se pa ta sou rezirèksyon Jezi a apot Pòl ak lòt disip yo ta bay manti sèlman, men tou yo ta bay manti sou Jewova Dye, Moun ki te resisite Jezi a. Sa k pi rèd la, pawòl nou jwenn nan Bib la ki di Kris te “mouri pou peche nou” yo t ap yon manti kri. Konsa, si Sovè nou an pa t ka leve sot nan lanmò, se pa lòt moun li t ap ka fè leve sot nan lanmò (1 Korentyen 15:3). Sa t ap vle di kretyen ki te mouri yo, menm sa ki te mouri akoz lafwa yo, te mouri ak yon fo espwa, anpalan de espwa yo te genyen yo t ap ka resisite.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje