BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Rezirèksyon Jezi a ap fè nou jwenn lavi!
    Toudegad — 2013 | 1ye mas
    • REZIRÈKSYON Jezi a se pa premye rezirèksyon ki te fèt e li pa yon senp evènman ki te fèt nan tan lontan ki prèske pa vle di anyen pou nou jodi a. Men sa apot Pòl te ekri pou l fè konnen enpòtans rezirèksyon an genyen: “Kris leve sot nan lanmò, li menm ki resisite an premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo. Paske, etandone se yon moun ki fè gen lanmò, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon. Paske, menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou, nan Kris, yo tout pral retounen jwenn lavi.” — 1 Korentyen 15:20-22.

  • Rezirèksyon Jezi a ap fè nou jwenn lavi!
    Toudegad — 2013 | 1ye mas
    • Pawòl apot Pòl di annapre a ede nou konprann byenfè rezirèksyon Jezi a ka fè nou jwenn. Men sa Pòl te di: “Paske, etandone se yon moun ki fè gen lanmò, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon.” Akoz peche ak enpèfeksyon nou eritye nan men Adan, nou tout mouri. Men, lefètke Jezi te bay vi pafè li a kòm ranson pou limanite, li vin posib pou moun leve sot nan lanmò e konsa y ap ka soti anba esklavaj peche ak lanmò. Nan Women 6:23, men ki jan apot Pòl ede nou pi byen konprann sijè sa a: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje