BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 21
  • Ki jan nou rive preche bon nouvèl la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan nou rive preche bon nouvèl la?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Annou preche bon nouvèl Wayòm nan
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “ Preche pawòl la ”
    Ann chante louwanj pou Jewova
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 21
Leson 21. Yon mesye ki nan lari k ap pale ak de Temwen Jewova ki kanpe toupre yon charyo piblikasyon.

LESON 21

Ki jan nou rive preche bon nouvèl la?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Talè konsa, Jewova pral sèvi ak Wayòm li an pou l retire tout pwoblèm nou yo. Se yon bon nouvèl e nou pa ka kenbe l pou nou sèl. Jezi vle pou moun k ap suiv li yo pataje mesaj sa a ak tout moun (Matye 28:19, 20). Ki jan Temwen Jewova yo obeyi kòmandman sa a Jezi te bay la?

1. Ki jan Matye 24:14 ap reyalize jodi a?

Jezi te fè konnen yo t ap “preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a”. (Matye 24:14.) Temwen Jewova yo kontan patisipe nan travay enpòtan sa a. Nou preche bon nouvèl la toupatou sou tè a nan plis pase 1000 lang! Kokennchenn travay sa a mande anpil efò e l mande pou n byen òganize. Nou pa t ap ka fè l si Jewova pa t ede nou.

2. Ki efò nou fè pou nou rive preche moun yo?

Nou preche tout kote nou ka jwenn moun. Menm jan ak kretyen yo nan premye syèk la, nou preche “kay an kay”. (Travay 5:42.) Metòd sa a ban nou posiblite pou nou pale ak plizyè milyon moun chak ane. Kòm nou pa toujou jwenn moun yo lakay yo, nou preche anpil lòt kote nou ka jwenn moun. Nou toujou ap chèche okazyon pou n fè lòt moun konnen Jewova ak objektif li yo.

3. Kiyès ki gen responsablite pou yo preche bon nouvèl la?

Tout vrè kretyen yo gen responsablite pou yo fè lòt moun konnen bon nouvèl la. Nou bay responsablite sa a anpil valè. Nou fè tout sa nou kapab pou nou preche selon sitiyasyon nou, paske nou konnen lavi moun yo an danje. (Li 1 Timote 4:16.) Yo pa peye nou pou travay sa a paske Labib di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” ​(Matye 10:7, 8). Se pa tout moun ki enterese nan mesaj nou an. Men, nou kontinye preche paske sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a e sa fè kè l kontan.

FOUYE PLIS

Aprann plis sou efò nou menm Temwen Jewova yo fè pou nou preche toupatou sou tè a. E gade ki jan Jewova ede nou.

A. De Temwen Jewova k ap preche yon mesye sou yon ti mòn ki chaje zèb nan Kostarika. B. Kat Temwen Jewova k ap preche pechè pwason sou yon waf Ozetazini. C. De Temwen Jewova k ap preche yon mesye nan yon vil an pwovens nan peyi Benen. D. Yon Temwen k ap preche yon dam nan yon mache ki sou dlo nan peyi Tayilann. E. De Temwen Jewova k ap preche yon dam devan yon seri gwo wòch nan peyi Yap. F. De Temwen Jewova k ap preche yon dam sou yon twotwa ki chaje nèj bò yon kouran dlo nan peyi Lasyèd.

Predikasyon k ap fèt toupatou nan monn nan: A) Kostarika, B) Etazini, C) Benen, D) Tayilann, E) Yap, F) Lasyèd.

4. Nou fè anpil efò pou nou rive jwenn tout moun

Temwen Jewova yo fè gwo efò pou yo fè moun toupatou sou tè a tande bon nouvèl la. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Y ap preche nan “zòn ki pi lwen sou tè a” (7:33)

  • Ki sa k touche w nan efò Temwen Jewova yo ap fè pou yo preche?

Li Matye 22:39 ak Women 10:13-15, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan travay predikasyon nou an montre nou renmen pwochen nou?

  • Ki jan Jewova konsidere moun k ap preche bon nouvèl la? — Gade vèsè 15.

5. Nou se konpayon travay Bondye

Gen anpil eksperyans ki montre Jewova ap dirije travay nou an. Pa egzanp, nan Nouvèl Zelann, gen yon frè ki rele Paul ki te rankontre yon dam pandan l t ap preche kay an kay yon aprèmidi. Nan maten, dam nan te priye Bondye, li te sèvi ak non Bondye, Jewova, e l te mande l pou yon moun vizite l. Paul di: “Twazèdtan apre, mwen te devan pòt li a.”

Li 1 Korentyen 3:9, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan eksperyans tankou sa ki te pase nan Nouvèl Zelann nan montre Jewova ap dirije travay predikasyon an?

Li Travay 1:8, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè nou bezwen Jewova ede nou pou n rive fè travay predikasyon an?

Èske w te konnen?

Nan reyinyon nou fè lasemèn nan, nou jwenn fòmasyon pou nou preche. Si w te deja asiste reyinyon sa a, ki sa w panse de fòmasyon sa a?

De Temwen Jewova k ap fè demonstrasyon sou fason pou n preche bon nouvèl la nan yon reyinyon kongregasyon an.

6. Nou obeyi kòmandman Bondye te bay pou nou preche a

Nan premye syèk la, opozan yo te eseye fè disip Jezi yo sispann preche. Premye kretyen yo te defann dwa yo genyen pou yo preche bon nouvèl la, lè yo te “fè rekonèt li devan lajistis”. (Filipyen 1:7.) Temwen Jewova yo fè menm bagay la jodi aa.

Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Fason nou defann bon nouvèl la devan lajistis (2:28)

Li Travay 5:27-42, epi reponn kesyon sa a:

  • Sa k fè nou pap sispann preche? — Gade vèsè 29, 38 ak 39.

SI YON MOUN TA MANDE W: “Poukisa Temwen Jewova yo preche kay an kay?”

  • Ki jan w t ap reponn?

SA W TE APRANN

Jezi te bay moun k ap suiv li lòd pou yo preche moun tout nasyon bon nouvèl la. Jewova ap ede pèp li a fè travay sa a.

Revizyon

  • Ki fason nou preche bon nouvèl la nan lemonnantye?

  • Ki jan travay predikasyon nou an montre nou renmen pwochen nou?

  • Èske w panse travay predikasyon an ka fè nou gen kè kontan? Poukisa?

Objektif

APRANN PLIS

Gade ki jan Temwen Jewova yo preche moun nan gwo vil yo.

Temwayaj an piblik espesyal nan gwo vil yo: Pari (5:11)

Ki efò Temwen Jewova yo fè pou yo peche refijye yo?

Yo satisfè bezwen refijye yo (5:59)

Tande ki jan yon moun ap esplike sa k fè l kontan lefètke l te pase tout vi l ap preche bon nouvèl la.

M kontan m te chwazi karyè sa a (6:29)

Gade desizyon kèk tribinal te pran ki fè l pi fasil pou nou preche.

“Pwoklamatè Wayòm nan prezante ka yo devan tribinal” (Wayòm Bondye a ap dirije!, chapit 13)

a Se Bondye ki bay lòd pou nou preche bon nouvèl la, se sa k fè Temwen Jewova yo pa bezwen otorizasyon nan men otorite lèzòm yo pou yo preche.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje