“Kriye ak moun k ap kriye”
“Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt.” — 1 TES. 5:11.
1, 2. Ki sa k fè n bezwen pale sou fason nou ka konsole moun ki nan lapenn akoz moun pa yo ki mouri? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
MEN sa Susi te di: “Nou te santi yon gwo soufrans pandan prèske ennan apre lanmò pitit gason nou an.” Gen yon lòt kretyen ki fè konnen l “pa ka esplike doulè” l te santi apre madanm li te fin mouri bridsoukou. Malerezman, gen yon pakèt lòt moun nou pa ka konte ki viv kalite soufrans terib sa a. Anpil moun nan kongregasyon an ka pa atann moun pa yo ap mouri anvan Amagedon. Kit ou gen yon moun pa w ki mouri oswa w konn yon moun ki nan lapenn akoz moun pa l ki mouri, ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki jan moun ki nan lapenn yo ka jwenn èd pou yo fè fas ak soufrans y ap andire yo?’
2 Petèt ou konn tande yo di pa gen anyen tan pa geri. Men, èske se vre tan ka geri yon kè ki fann? Men sa yon dam ki te gen mari l mouri fè konnen: “M vin rann mwen kont li pi bon pou m di se sa yon moun fè avèk tan l ki ede l geri.” Vrèmanvre, menm jan ak yon blese yon moun gen nan kò l, blese yon moun genyen nan domèn afektif ka geri tikras pa tikras tank tan ap pase si moun nan byen pran swen l. Ki sa sitou ki ka geri moun ki gen moun pa yo ki mouri e k ap soufri nan domèn afektif yo?
JEWOVA SE “BONDYE TOUT KONSOLASYON AN”
3, 4. Poukisa n ka gen asirans Jewova konprann yon moun k ap soufri bezwen konsolasyon?
3 Pa gen dout nan sa, Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki gen konpasyon, se prensipal sous konsolasyon an. (Li 2 Korentyen 1:3, 4.) Men ki asirans Jewova, Sila a ki bay pi gwo egzanp antanke moun ki konn mete l nan plas lòt moun, bay pèp li a: “Se mwen menm k ap konsole nou.” — Eza. 51:12; Sòm 119:50, 52, 76.
4 Papa nou an ki gen kè sansib te gen moun pa l ki mouri tou, pa egzanp Abraram, Izarak, Jakòb, Moyiz ak wa David (Nonb 12:6-8; Mat. 22:31, 32; Tra. 13:22). Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova pa ka tann oswa l gen gwo anvi pou l wè moman kote l pral fè moun sa yo retounen viv ankò (Jòb 14:14, 15). Yo pral viv ak kè kontan e yo pral gen bonjan sante. Fè yon ti reflechi tou ak jan Pitit Gason Bondye te renmen anpil la, sila a “ki te ba l plis kè kontan” an, te mouri nan gwo soufrans (Pwo. 8:22, 30). Pa gen mo ki ka esplike soufrans Jewova dwe te santi lè sa a. — Jan 5:20; 10:17.
5, 6. Ki jan Jewova ban nou konsolasyon?
5 Nou ka gen bonjan konfyans Jewova ap aji an favè n. Se sa k fè n pa dwe ezite ouvri kè n ba li nan lapriyè konsènan soufrans n ap andire yo. Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan lefètke n konnen Jewova konprann doulè nou e l ban nou konsolasyon nou tèlman bezwen an! Men, ki jan l fè sa?
6 Youn nan fason Bondye ede nou se pa mwayen “konsolasyon [li ban nou] grasa lespri sen”. (Tra. 9:31.) Fòs aktif Bondye a se yon sous konsolasyon ki pisan anpil. Jezi te fè konnen Papa nou ki nan syèl la t ap chofe pou l “bay moun lespri sen si yo mande l li”. (Lik 11:13.) Men sa Susi, nou te pale de li pi wo a, di: “Anpil fwa, nou te konn annik met ajenou epi n sipliye Jewova pou l konsole n. Nan chak moman sa yo, lapè Bondye bay la te vrèman pwoteje kè n ak lespri n.” — Li Filipyen 4:6, 7.
JEZI SE YON GRAN PRÈT KI GEN KÈ SANSIB
7, 8. Poukisa n ka gen konfyans Jezi ap ban nou konsolasyon?
7 Fason Jewova demontre konpasyon avèk tandrès te parèt aklè nan pawòl Jezi, Pitit Gason l lan ki gen konpasyon, te konn di ak nan fason l te konn aji lè l te sou tè a (Jan 5:19). Bondye te voye Jezi pou l konsole “moun kè yo ap fann yo” ak “tout moun ki nan lapenn” yo (Eza. 61:1, 2; Lik 4:17-21). Se sa k fè tout moun te konnen Jezi kòm yon moun ki gen anpil konpasyon, sa vle di l te sansib anpil pou moun k ap soufri e l te gen gwo anvi pou l soulaje yo anba soufrans. — Ebre 2:17.
8 Lè Jezi te jèn, sandout li te fè fas ak lanmò moun nan fanmi l oswa moun li konnen. Sanble Jozèf, papa adoptif Jezi, te mouri lè Jezi te plizoumwen yon jèn gasona. Imajine jan Jezi, yon moun ki gen kè sansib, e petèt ki te adolesan oswa ki te nan kòmansman ventèn li, te gen pou l andire pwòp chagren pa l, chagren manman l ak chagren frè l ak sè l yo.
9. Ki fason Jezi te demontre konpasyon lè Laza te mouri?
9 Lè Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a, li te montre l vrèman konprann moun yo e l te gen konpasyon pou yo. Pa egzanp, ann konsidere moman kote Laza, bon zanmi l lan, te mouri. Menm lè Jezi te konnen l t apral resisite Laza, li te santi tout lapenn Mari ak Mat te gen nan kè yo. Sa te tèlman touche l, li te santi kè l ap rache e sa te fè dlo koule nan je l. — Jan 11:33-36.
10. Poukisa n ka gen konfyans Jezi gen konpasyon jodi a?
10 Ki jan konpasyon Jezi demontre ak fason l konsole moun kapab ede n jodi a? Men ki asirans nou jwenn nan Ekriti yo: “Jezi Kris se menm moun nan, ni yè, ni jodi a, ni pou toutan.” (Ebre 13:8). Piske “Gid prensipal ki pèmèt moun jwenn lavi a” konprann sa sa vle di lè yon moun nan lapenn, “li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou”. (Tra. 3:15; Ebre 2:10, 18.) Kidonk, nou kapab gen konfyans sa toujou fè Kris mal lè l wè moun ap soufri, li konprann doulè yo e l ap fè yo jwenn konsolasyon “nan bon moman”. — Li Ebre 4:15, 16.
“KONSOLASYON NOU JWENN NAN EKRITI YO”
11. Ki vèsè sitou ou wè ki ka konsole moun?
11 Istwa Bib la rakonte konsènan kokenn doulè Jezi te santi lè Laza te mouri a se jis youn nan pakèt vèsè ki bay konsolasyon nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Nou pa sezi “paske, tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. (Wom. 15:4.) Si w nan lapenn, ou menm tou ou ka jwenn bonjan konsolasyon nan vèsè ki vin apre yo:
“Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” — Sòm 34:18, 19.
“Lè enkyetid te anvayi m, ou [Jewova] te konsole m, ou te soulaje m.” — Sòm 94:19.
“Se pou Jezi Kris li menm, wi, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki ban nou yon konsolasyon etènèl ak yon bèl esperans grasa favè san parèy la, konsole kè nou, e se pou yo fè nou vin fèm.” — 2 Tes. 2:16, 17b.
KONGREGASYON AN SE YON GWO SOUS KONSOLASYON
12. Bay youn nan fason enpòtan nou kapab vin yon sous konsolasyon pou lòt moun.
12 Kongregasyon an se yon lòt sous konsolasyon pou moun ki nan lapen yo. (Li 1 Tesalonisyen 5:11.) Ki jan w ka fòtifye moun ki “dekouraje nèt” yo epi konsole yo (Pwo. 17:22)? Ou bezwen sonje gen “yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale”. (Ekl. 3:7.) Men sa yon vèv ki rele Dalene esplike: “Moun ki gen moun mouri yo bezwen di sa yo panse ak sa yo santi. Kidonk, bagay ki pi enpòtan w ka fè pou yon moun ki gen moun mouri se koute l, san w pa entèwonp li.” Men sa Junia, ki te gen yon frè l ki touye tèt li, ajoute: “Menm lè l ka difisil pou w konprann tout soufrans moun yo, sa k enpòtan an se lefètke w vle konprann sa yo santi.”
13. Ki sa n bezwen sonje konsènan soufrans?
13 Anplis de sa, nou bezwen sonje se pa tout moun ki soufri oswa ki montre soufrans yo menm jan. Pafwa, se moun nan sèlman ki konnen jan l ap soufri e l ka difisil pou l esplike sa l santi. Pawòl Bondye a di: “Lapenn yon moun se nan kè l li ye. Konsa tou, pèsonn lòt moun pa ka konprann lajwa yon moun gen nan kè l.” (Pwo. 14:10). Menm lè yon moun di ki jan l santi l, li pa toujou fasil pou lòt moun konprann sa l ap eseye di a.
14. Ki jan n ka pale ak moun ki gen moun pa yo ki mouri pou n ka konsole yo?
14 Kidonk, nou konprann li ka difisil pou n konn ki sa pou n di yon moun ki nan gwo lapenn. Men, Bib la di “lang moun ki gen sajès la geri moun”. (Pwo. 12:18.) Gen anpil moun ki sèvi ak pawòl rekonfòtan ki nan bwochi Lè lanmò pase pran yon moun pa w la pou yo konsole lòt mounc. Men, byen souvan, pi bon bagay ou ka fè se “kriye ak moun k ap kriye”. (Wom. 12:15.) Men sa Gaby ki gen mari l mouri, fè konnen: “Kriye te vin tounen fason m fè konn sa m santi. Se sa k fè m konn santi m yon ti jan soulaje lè zanmi m yo kriye avè m. Nan moman sa yo, m prèske pa santi m poukont mwen nan soufrans mwen yo.”
15. Ki jan n ka konsole lòt moun si n twouve l difisil pou n fè sa fasafas? (Gade kare ki gen tit “Bon ti pawòl ki bay konsolasyon” an tou.)
15 Si w twouve l difisil pou w pale ak yon moun fasafas, li ka pi fasil pou w konsole l lè w ekri l yon kat, yon imel, yon mesaj tèks oswa yon lèt. Ou ka annik ekri l yon ti nòt ki gen yon vèsè ki rekonfòtan, ou ka fè l sonje kèk bagay sou moun ki mouri a oswa kèk kalite l te genyen, oubyen w ka fè l sonje yon bagay ki te fè w plezi. Men sa Junia di: “Lè m resevwa yon ti mesaj ki ankourajan oswa yon sè envite m pase yon ti moman avè l, sa ede m plis pase sa m te ka di. Jès sa yo fè m santi moun renmen m e yo enterese nan mwen.”
16. Ki youn nan fason nou ka bay bonjan konsolasyon?
16 Pa janm souzestime enpòtans sa genyen pou w priye ak yon kretyen parèy ou ki gen moun pa l ki mouri oswa pou w priye pou li. Menm lè l gendwa difisil pou w eksprime santiman w nan lapriyè akoz emosyon k ap travèse w, lè w sipliye Bondye ak tout kè w pou li, menmsi se ak dlo nan je e ak yon vwa k ap tranble, sa ka fè l jwenn gwo soulajman. Men sa Dalene sonje: “Pafwa, lè kèk sè vin konsole m, m konn mande yo si yo ka priye pou mwen. Byen souvan, lè yo kòmanse priye, li konn difisil pou yo jwenn mo pou yo di, men, apre yo fin di kèk pawòl, vwa yo konn vin pi djanm e yo konn fè priyè ki pi touchan an. Bonjan lafwa yo genyen, lanmou yo ak sousi yo demontre fè lafwa m vin pi solid.”
KONTINYE BAY KONSOLASYON
17-19. Poukisa l toujou nesesè pou n bay konsolasyon?
17 Kantite tan yon moun fè nan lapenn ka pa menm ditou ak kantite tan yon lòt moun fè nan lapenn. Se sa k fè n bezwen disponib nonsèlman nan premye jou yo, lè gen anpil zanmi ak anpil moun nan fanmi moun nan ki la, men tou, nan mwa k ap vin apre yo lè lòt moun yo tounen nan aktivite nòmal yo. “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” (Pwo. 17:17). Kretyen yo ka vin yon gwo sous konsolasyon pou yon kretyen parèy yo k ap soufri pandan tout tan l fè ap soufri a. — Li 1 Tesalonisyen 3:7.
18 Pa bliye, moun ki gen moun mouri a ka nan gwo lapenn nan moman anivèsè maryaj li, lè l ap tande kèk mizik, lè l ap gad kèk foto, lè l ap fè kèk aktivite, lè l pran sant yon bagay, lè l tande yon bri oswa lè l nan yon sezon nan ane a. Anpil bagay yon moun marye ki pèdi konjwen l fè poukont li pou premye fwa, tankou asiste yon asanble oswa Memoryal, ka fè l tris anpil. Men sa yon frè di: “M te konnen premye anivèsè maryaj m t ap pase apre madanm mwen fin mouri t ap terib anpil, e sa pa t fasil vre. Men, gen kèk frè ak sè ki te planifye yon ti rankont e yo te envite pi bon zanmi m yo yon fason pou m te ka santi m byen.”
19 Nou bezwen sonje se pa sèlman nan okazyon espesyal yo moun ki gen moun mouri a bezwen ankourajman. Men sa Junia esplike: “Byen souvan, èd frè ak sè yo ban mwen lè pa gen yon fèt espesyal konn bon pou mwen anpil. Ti moman sanzatann sa yo enpòtan anpil pou mwen e yo fè m jwenn anpil konsolasyon.” Se vre nou pa ka retire tout lapenn yon moun santi lè l gen moun pa l ki mouri oswa n pa ka konble tout vid moun sa a santi, men, nou ka rekonfòte l e n ka konsole l kanmenm lè n fè kèk bagay pou n ede l (1 Jan 3:18). Men sa Gaby di: “Mwen gen Jewova anpil rekonesans pou ansyen yo ki gen lanmou ki ede m travèse chak etap difisil mwen rankontre. Yo vrèman fè m santi men Jewova ki plen lanmou toutotou m.”
20. Poukisa pwomès Jewova fè yo se yon gwo sous konsolasyon?
20 Li vrèman rekonfòtan pou n konnen Jewova, Bondye tout konsolasyon an, pral retire tout soufrans e l pral konsole nou pou toutan lè “tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Kris], e y ap soti”! (Jan 5:28, 29.) Jewova, Seyè ki Souvren an, pwomèt l ap “detwi lanmò pou toutan. L ap siye dlo nan je tout moun”. (Eza. 25:8, nòt.) Lè sa a, olye n “kriye ak moun k ap kriye”, tout moun sou tè a pral “rejwi ak moun k ap rejwi”. — Wom. 12:15.
a Dènye fwa Bib la pale de Jozèf se lè Jezi te gen 12 an. Lè Jezi te fè premye mirak li, kote l te fè dlo tounen diven, yo pa t pale de Jozèf e yo pa pale de li nan okenn lòt okazyon. Lè Jezi t ap soufri sou poto a, li te mande apot Jan pou l pran swen Mari. Petèt Jezi pa t ap mande Jan sa si Jozèf te toujou vivan. — Jan 19:26, 27.
b Gen kèk lòt vèsè anpil moun twouve ki bay konsolasyon, tankou Sòm 20:1, 2; 31:7; 38:8, 9, 15; 55:22; 121:1, 2; Ezayi 57:15; 66:13; Filipyen 4:13 ak 1 Pyè 5:7.
c Gade atik ki gen tit “Konsole moun ki gen moun mouri yo, menm jan ak Jezi” ki te parèt nan Toudegad 1ye janvye 2011.