BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 3 p. 10-11
  • Chèche fè lòt zanmi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche fè lòt zanmi
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Pwoblèm nan
  • Prensib Bib la bay
  • Poukisa l itil pou n chèche fè lòt zanmi?
  • Men sa w ka fè
  • Yo te pot laviktwa sou prejije
    Reveye n! — 2020
  • Montre w gen lanmou
    Reveye n! — 2020
  • Èske m ta dwe gen plis zanmi?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Byen chwazi moun k ap zanmi w
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 3 p. 10-11
Kat fi ki sot nan diferan ras k ap pale e k ap ri pandan timoun yo ap jwe ansanm.

Chèche fè lòt zanmi

Pwoblèm nan

Si n evite moun nou gen panse negatif sou yo, nou ka vin gen plis prejije. Epi, si nou fè zanmi sèlman ak moun ki menm jan avè n, nou ka gen tandans panse fason nou ye a se sèl fason ki bon pou moun panse, pou yo santi yo e pou yo aji.

Prensib Bib la bay

“Ouvri kè nou.” — 2 KORENTYEN 6:13.

Sa sa vle di? Mo “kè” a ka fè referans ak santiman nou ak panse nou. Si se pou moun ki gen menm ras avè n sèlman nou gen afeksyon, kè nou ap vin fèmen oubyen piti. Pou n evite pwoblèm sa, nou dwe dispoze fè zanmi ak moun ki pa menm avè n.

Poukisa l itil pou n chèche fè lòt zanmi?

Lè n chèche konnen lòt moun, nou kòmanse konprann poukisa yo fè kèk bagay ki pa menm ak nou. Epi, tank n ap vin pi pwòch yo, se tank n ap wè nou se menm moun. N ap kòmanse ba yo plis valè, epi n ap gen kè kontan lè yo gen kè kontan e n ap soufri lè y ap soufri.

Ann pran egzanp yon fi ki rele Nazaré. Yon lè, li te gen prejije pou moun ki soti nan lòt peyi pou vin viv nan peyi l. Li esplike sa k te ede l, li di: “Mwen te pase tan ak yo e m te travay ak yo. Mwen te wè yo diferan nèt parapò ak sa moun nan peyi a te di sou yo. Yonfwa ou fè zanmi ak moun ki pa gen menm kilti avè w, w ap aprann pa mete yo nan yon sèl pànye, w ap vin pi renmen yo, epi w ap ba yo chak valè.”

Atansyon!

Gen kèk moun ki chwazi viv yon fason ki pa bon menm, ki fè ni yo menm ni lòt moun soufri. Se sa k fè, nou dwe fè atansyon lè n ap chwazi zanmi. Sa se pa prejije lè n evite fè zanmi ak moun ki imoral, ki devègonde oubyen ki aji yon fason pou choke lòt moun. Byenke w pa dwe chèche fè moun k ap vyole prensip moral w ap suiv yo mal, ni ou pa dwe chèche retire dwa yo, li saj pou w efase yo nan lis zanmi ou genyen. — Pwovèb 13: 20.

Men sa w ka fè

Chèche okazyon pou w pale ak moun ki pa soti nan menm peyi avè w, ki pa menm ras oubyen ki pa pale menm lang avè w. Ou ka:

  • Mande yo esplike w kèk bagay sou yo.

  • Envite yo manje avè w.

  • Koute yo lè y ap rakonte w istwa yo, epi chèche wè sa k enpòtan pou yo.

Si w eseye konprann ki jan sa yo te viv fè yo vin moun yo ye a, ou ka vin gen yon bon pwennvi sou moun ki soti nan gwoup sa a.

Egzanp ki pase toutbon: Kandasamy ak Sookammah (Kanada)

“Nou te grandi ann Afrik disid nan epòk apated la. Moun nan divès ras te oblije viv nan yon sosyete ki divize, sa te fè vin gen prejije nan mitan ras sa yo. Nou pa t blan e nou te rayi blan yo sitou, paske kèk nan yo te trete nou kòm moun ki pi ba pase yo. Nan moman sa a, nou pa t panse n te gen prejije. Nou te santi pito nou te sibi prejije.

“Pou n chanje mantalite nou, nou te pran inisyativ pou n ouvri kè nou, epi fè zanmi ak moun ki soti kèlkeswa kote a. Lè nou te kòmanse pase tan ak moun ki blan, nou te rann nou kont yo gen anpil bagay lakay yo ki sanble avè n. Nou fè fas ak menm sitiyasyon e ak menm pwoblèm nan lavi a.

“Nou te menm pwofite okazyon bay yon mari ak madanm li ki te blan abite lakay nou pandan yon bon bout tan. Nou te chèche byen konnen yo. Pi devan, nou te kòmanse wè youn lòt kòm yon zanmi e ki egal youn ak lòt. Kòm rezilta, nou te kòmanse wè tout moun ki blan pi byen.”

Yo se frè

Johny ak Gideon k ap salye kèk timoun pa deyò yon Sal Wayòm Temwen Jewova yo.

Malgre Johny ak Gideon pa t soti nan menm ras e yo pa t gen menm pwennvi politik, yo te vin bon zanmi.

Gade videyo ki gen tit Johny ak Gideon: Lontan yo te ènmi, kounye a yo se frè. Chèche tit videyo a sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje