BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki sa k ap ede w kontinye etidye Bib la?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Ki sa k ap ede w kontinye etidye Bib la?

      Ou ka jwenn anpil byenfè lè w kontinye etidye Bib la. Men, li ka pa toujou fasil pou w etidye. Pafwa, ou ka ap mande tèt ou si w ap kapab kontinye etid la. Poukisa li enpòtan pou w kontinye etidye Bib la? Ki sa k ka ede w pèsevere menm lè w jwenn difikilte?

      1. Poukisa l enpòtan pou yon moun etidye Bib la?

      “Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” (Ebre 4:12). Bib la gen anpil valè paske l fè nou konnen fason Bondye panse ak santiman l gen pou nou. Nonsèlman li ede nou gen konesans, men tou li ede nou jwenn sajès ak esperans. Sa k pi enpòtan an, sèke Bib la ap ede w vin zanmi Jewova. Lè w etidye Bib la, ou kite pisans ki ladan l lan gen yon bon efè sou lavi w.

      2. Poukisa l enpòtan pou w rekonèt jan verite ki gen nan Bib la gen anpil valè?

      Verite ki nan Bib la tankou trezò. Se poutèt sa, men ankourajman Bib la bay: “Achte laverite e pinga w janm vann li.” (Pwovèb 23:23). Lè nou sonje jan verite ki nan Bib la gen anpil valè, n ap fè tout sa nou kapab pou nou kontinye etidye, menm lè n jwenn difikilte. — Li Pwovèb 2:4, 5.

      3. Ki jan Jewova ka ede w kontinye etidye Bib la?

      Jewova vle ede w aprann konnen l paske li se Kreyatè w, li toupisan e l se Zanmi w. Li “ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji”. (Li Filipyen 2:13.) Donk, si pafwa w bezwen plis ankourajman pou w etidye Bib la oswa pou w aplike sa w aprann, li ka ede w. Si w bezwen plis fòs pou w fè fas ak difikilte oswa ak opozisyon, li ka ba w fòs sa a. Toujou priye Jewova pou w mande l ede w kontinye etidye Bib la. — 1 Tesalonisyen 5:17.

      FOUYE PLIS

      Aprann ki jan w ka kontinye etidye Bib la menm lè w okipe anpil oswa lòt moun opoze avè w. Epi gade ki jan Jewova ap ede w kontinye fè sa.

      4. Bay etid w ap fè nan Bib la anpil valè

      Pafwa, nou tèlman okipe, sa fè nou santi n pa gen ase tan pou n etidye Bib la. Ki sa k ka ede nou? Li Filipyen 1:10, epi reponn kesyon sa yo:

      • Dapre ou menm, ki “bagay ki pi enpòtan” nan lavi a?

      • Ki jan w ka bay etid w ap fè nan Bib la priyorite nan lavi w?

      A. Foto ki ansanm: Sèn ki montre yon veso ki plen ak wòch ak sab. 1. Yon pil sab ak yon pil gwo wòch. 2. Yon veso ki prèske plen ak sab. 3. Gwo wòch yo chita sou sab la e gen kèk ki tonbe atè. B. Foto ki ansanm: 1. Menm pil sab la ak menm pil gwo wòch yo. 2. Menm veso a ki prèske fin plen ak gwo wòch yo. 3. Sab la glise nan mitan wòch yo e l plen veso a ra bouch. Yon ti kantite sab toupiti ki rete toupre veso a.
      1. Si w plen yon veso ak sab, apre sa ou eseye mete wòch ladan l, wòch yo pap antre nan veso a.

      2. Si w mete wòch yo anvan, w ap gen ase plas pou w mete pifò sab la. Menm jan an tou, si w mete “bagay ki pi enpòtan yo” an premye nan lavi w, w ap jwenn tan pou w fè lòt bagay.

      Nou bezwen Bondye e lè nou etidye Bib la, nou vin gen posiblite jwenn sa nou bezwen an, sa vle di aprann konnen Bondye epi adore l. Li Matye 5:3, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki byenfè n ap jwenn lè nou bay etid n ap fè nan Bib la anpil valè?

      5. Pèsevere lè w jwenn opozisyon

      Pafwa, gen moun ki ka eseye fè w sispann etidye Bib la. Ann pran egzanp Francesco. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon sa yo.

      VIDEYO: Li te jwenn benediksyon paske l pa t bay vag (5:22)

      Yon sèn ki soti nan videyo ‘Li te jwenn benediksyon paske l pa t bay vag.’ Francesco k ap deplase kot zanmi l yo apre l fin di yo li pap mele avèk yo ankò.
      • Nan videyo a, ki jan fanmi Francesco ak zanmi l yo te reyaji lè l te fè yo konnen sa l t ap aprann?

      • Ki rekonpans li te jwenn lefètke l pa t bay vag?

      Li 2 Timote 2:24, 25, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki jan fanmi w ak zanmi w konsidere sa w ap aprann yo?

      • Selon vèsè sa yo, ki jan w ta dwe reyaji lè yon moun pa kontan paske w ap etidye Bib la? Poukisa?

      6. Konte sou Jewova pou l ede w

      Tank n ap vin pi pwòch ak Jewova, se tank nou anvi fè l plezi. Men, nou ka santi l difisil pou nou fè kèk chanjman pou n rive viv jan Jewova vle a. Si w santi w konsa, pa dekouraje. Jewova ap ede w. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Jewova ka ede nou fè chanjman (3:56)

      • Nan videyo a, ki sa Jim te fè pou l fè Jewova plezi?

      • Ki sa k touche w nan egzanp li an?

      Li Ebre 11:6, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki sa Jewova pral fè pou moun k ap “chèche l toutbon yo”, sa vle di moun ki fè tout sa yo kapab pou yo aprann konnen l e pou yo fè l plezi?

      • Ki sa w aprann sou fason Jewova santi l lè l wè tout efò w ap fè pou w etidye Bib la?

      SI YON MOUN TA MANDE W: “Poukisa w ap etidye Bib la?”

      • Ki sa w t ap di?

      SA W TE APRANN

      Se vre li pa toujou fasil pou yon moun etidye Bib la, men si w fè sa, sa ap ede w viv pou toutan. Kontinye fè Jewova konfyans e l ap rekonpanse w.

      Revizyon

      • Poukisa verite ki nan Bib la gen anpil valè pou ou?

      • Ki jan w ka “verifye bagay ki pi enpòtan yo”?

      • Poukisa w dwe mande Jewova pou l ede w kontinye etidye Bib la?

      Objektif

      APRANN PLIS

      Gade kat bagay ki te ede anpil moun pou yo byen sèvi ak tan yo.

      “Fason pou w byen sèvi ak tan w” (Reveye n! fevriye 2014)

      Gade ki jan Jewova te ede yon dam mari l pa t dakò ak efò l t ap fè pou l fè Jewova plezi.

      Jewova ban nou fòs pou n pote chay nou (5:05)

      Gade ki jan pèseverans yon madanm te ede mari l.

      M te pase laverite yon tès (6:30)

      Pafwa, yo di Temwen Jewova kraze fanmi. Èske se vre?

      “Èske Temwen Jewova yo kraze fanmi oubyen èske yo ede fanmi yo vin pi djanm?” (Atik sou Entènèt)

  • Kontinye vin pi pwòch Jewova
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 3. Ki jan Jewova ap ede w fè pwogrè?

      Men sa Bib la di: “Bondye [...] ap fin fòme nou li menm, l ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid.” (1 Pyè 5:10). Nou tout ap jwenn tantasyon. Men, Jewova ban nou sa nou bezwen pou nou rete djanm (Sòm 139:23, 24). Li pwomèt l ap ban nou ni volonte, ni fòs pou nou sèvi l fidèlman.— Li Filipyen 2:13.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje