-
Ki sa Bib la di sou sèks?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
4. Ou kapab lite pou w pa tonbe nan tantasyon
Ki sa k ka fè l difisil pou n lite pou nou pa tonbe nan imoralite seksyèl? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
Nan videyo a, ki sa frè a te fè lè l te rann li kont panse l ak aksyon l ka fè l pa fidèl ak madanm li?
Pafwa, menm kretyen ki fidèl yo oblije fè efò pou panse yo rete pwòp. Ki sa w ka fè pou w pa ret ap panse sou bagay imoral? Li Filipyen 4:8, epi reponn kesyon sa yo:
Sou ki bagay nou dwe reflechi?
Lè nou li Bib la e nou toujou okipe nan sèvis Jewova a, ki jan sa ede nou pou n pa tonbe nan tantasyon pou n peche?
-
-
Ki jan w ka fè Jewova plezi nan fason w pale?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
3. Ki sa k kapab ede nou pale yon fason ki ankouraje lòt moun?
Byen souvan, sa nou di montre sa k nan kè nou oubyen sa k ap trakase nou (Lik 6:45). Donk, nou bezwen fè efò pou nou konsantre sou bon bagay, bagay ki jis, bagay ki pwòp, bagay ki merite pou yo renmen yo ak bagay ki merite louwanj (Filipyen 4:8). Pou nou ka konsantre sou bagay sa yo, nou bezwen byen chwazi detant n ap pran ak zanmi nou (Pwovèb 13:20.) Yon lòt bagay ki ka ede nou, se lè nou reflechi anvan nou pale. Reflechi sou fason pawòl nou kapab gen efè sou lòt moun. Bib la di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe, men, lang moun ki gen sajès la geri moun.”— Pwovèb 12:18.
-