BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 3. Ki sa yon moun dwe fè pou l batize?

      Pou w ka prepare w pou w batize, ou bezwen aprann konnen Jewova e w bezwen fè efò pou w gen plis lafwa nan li. (Li Ebre 11:6.) Tank w ap gen plis konesans sou Jewova e w ap gen plis lafwa nan li, se tank w ap vin pi renmen l. Konsa, w ap santi w anvi pale de li e w ap viv selon prensip li yo (2 Timote 4:2; 1 Jan 5:3). Lè yon moun ap viv “yon fason ki diy devan Jewova, yon fason pou [l] fè l plezi nèt”, li ka pran desizyon pou l vwe lavi l bay Jewova e pou l batize. — Kolosyen 1:9, 10a.

  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • a Menmsi yon moun te deja batize nan lòt relijyon, l ap bezwen batize ankò. Poukisa? Paske nan relijyon li te ye a, yo pa t anseye verite ki nan Bib la. — Gade Travay 19:1-5 ak leson 13.

  • Èske w pare pou w batize?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 1. Ki kantite konesans ou bezwen genyen anvan w batize?

      Pou w ka batize, ou bezwen gen “yon konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:4.) Men, sa pa vle di ou oblije gen repons pou tout kesyon yon moun ka poze sou Bib la. Menm kretyen ki gen lontan depi yo batize kontinye aprann nan Bib la (Kolosyen 1:9, 10). Men, ou bezwen gen yon konesans debaz sou sa Bib la anseye. Ansyen yo ap ede w wè si w gen ase konesans pou w batize.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje