BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pèp Jewova a “sispann fè sa ki mal”
    Toudegad — 2014 | 15 jiyè
    • 9. Ki efè “diskisyon ki pa gen sans yo” te genyen sou kongregasyon kretyen an nan premye syèk la?

      9 Pawòl Bondye a ban nou bonjan avètisman konsènan ki kalite move bagay kretyen yo dwe sispann fè oswa yo dwe rejte. Pa egzanp, nan kontèks pawòl nou jwenn nan 2 Timote 2:19 la, Pòl te di Timote pou l “pa fè diskisyon sou mo”, e pou l “evite pawòl [ki] san valè”. (Li 2 Timote 2:14, 16, 23.) Gen kèk moun nan kongregasyon an ki t ap kore ansèyman aposta yo. Anplis de sa, sanble te gen kèk lòt moun ki te konn vin ak kèk ide ki fè moun fè diskisyon. Menm lè ide sa yo pa t depaman ak Ekriti yo dirèkteman, yo te lakòz divizyon. Kòm rezilta, sa te vin fè gen diskisyon sou yon seri mo ki lakòz moun fè kont, e sa te vin reprezante yon danje pou espirityalite moun yo nan kongregasyon an. Pou rezon sa a, Pòl te fè Timote wè jan l enpòtan pou l “rejte vye diskisyon ki pa gen sans yo”.

      10. Ki jan n dwe reyaji lè n ap fè fas ak ansèyman aposta yo?

      10 Jodi a, li ra pou pèp Jewova a fè fas ak apostazi anndan kongregasyon an. Sepandan, lè n jwenn yon ansèyman ki pa ann amoni ak Ekriti yo, nou dwe aji byen vit pou n rejte ansèyman sa a kèlkeswa kote l soti a. Nou pa t ap montre nou saj si n ta nan fè diskisyon ak aposta kit se lè n pale avè yo, kit se lè n reponn yo sou sit Entènèt yo genyen yo oswa nan nenpòt lòt fòm kominikasyon. Menm lè n ta gen entansyon ede moun sa yo, yon konvèsasyon konsa pa t ap ann amoni ak konsèy nou fèk sot egzamine yo ki soti nan Ekriti yo. Olye de sa, antanke pèp Jewova, nou evite tout kalite apostazi, wi nou rejte yo!

      Kèk aposta k ap eseye pran kontak ak Temwen Jewova yo.

      Nou pa dwe nan pale ak aposta! (Gade paragraf 10.)

      11. Ki sa k ka mennen nan “vye diskisyon ki pa gen sans”, e ki jan ansyen yo ka bay yon bèl egzanp?

      11 Se pa apostazi sèlman ki ka kraze lapè ki nan kongregasyon an, men gen lòt bagay ankò. Pa egzanp, lefètke chak moun pa wè zafè detant ak divètisman menm jan, sa ka mennen nan “vye diskisyon ki pa gen sans”. Nòmalman, si yon moun ap fè reklam pou yon divètisman k ap pase prensip moral Jewova yo anba pye, ansyen yo pa dwe tolere yon atitid konsa senpleman paske yo vle evite diskisyon (Sòm 11:5; Efe. 5:3-5). Sepandan, ansyen yo fè atansyon pou se pa opinyon pa yo y ap fè pase. Ansyen yo montre yo fidèl lè yo suiv konsèy apot Pòl te ekri tout siveyan kretyen yo. Men sa Pòl te di: “Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an. [...] Pa fè sa tankou se domine n ap domine sou moun ki se eritaj Bondye konfye nou, men se pou nou tounen egzanp pou twoupo a.” — 1 Pyè 5:2, 3; li 2 Korentyen 1:24.

  • Pèp Jewova a “sispann fè sa ki mal”
    Toudegad — 2014 | 15 jiyè
    • 13 Prensip biblik nou sot pale de yo la a pa sèlman gen rapò ak chwa n ap fè nan zafè detant ak divètisman. Fason nou chak konsidere zafè abiman ak kwafi, zafè sante ak fason pou moun manje ansanm ak kèk lòt bagay pèsonèl ankò, tout sa ka mennen nan gwo diskisyon. Nan ka sa a, depi pèp Jewova a pa vyole yon prensip nan Ekriti yo, yo montre yo saj lè yo evite fè diskisyon sou sijè sa yo paske “yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun”. — 2 Tim. 2:24.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje