-
Paran: Ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’Toudegad etid — 2017 | desanm
-
-
3. a) Nan ki sikonstans Timote te vin kretyen, e ki jan l te aplike ansèyman l te resevwa antanke kretyen an? b) Ki twa aspè ki gen rapò ak ansèyman Pòl te di Timote pou l suiv?
3 Sanble se nan ane 47 epòk nou an, pandan premye vizit apot Pòl te fè nan vil Lis, Timote te dekouvri ansèyman kretyen an. Byenke petèt Timote te yon adolesan lè sa a, li dwe te byen aplike sa l te aprann yo. Dezan annapre, li te vin konpayon vwayaj Pòl. Anviwon 16 an annapre, men sa Pòl te ekri Timote: “Rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo e se depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo [Liv ki te ekri ann ebre yo], ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi.” (2 Tim. 3:14, 15). N ap remake Pòl mansyone 1) konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, 2) yo te konvenk li pou l kwè sa l te aprann yo, epi 3) vin gen sajès k ap pèmèt li delivre grasa lafwa nan Kris Jezi.
-
-
Paran: Ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’Toudegad etid — 2017 | desanm
-
-
“YO TE KONVENK OU POU W KWÈ”
5. a) Ki sa ekspresyon “konvenk ou pou w kwè” a vle di? b) Ki jan n fè konnen yo te konvenk Timote pou l kwè bon nouvèl konsènan Jezi a?
5 Li enpòtan pou n konn sa ki ekri nan liv sakre yo. Men, bay timoun yo fòmasyon nan domèn espirityèl vle di plis pase annik anseye yo istwa konsènan moun ak evènman yo rakonte nan Bib la. “Yo te konvenk” Timote pou l kwè sa l te aprann yo tou. Nan lang orijinal la, ekspresyon sa a vle di “gen asirans” oswa “gen konviksyon epi sèten yon bagay se laverite”. Timote te konnen Liv ki te ekri ann ebre yo depi l toupiti. Men, rive yon lè, li te vin gen konviksyon lè l te jwenn bonjan prèv ki montre Jezi se Mesi a. Yon lòt bò, konesans li te genyen an te fè l vin gen plis konviksyon. Anfèt, konviksyon Timote te genyen konsènan bon nouvèl la te tèlman solid, li te vin yon disip ki batize e l t al jwenn Pòl nan travay misyonè a.
6. Ki jan n ka ede pitit nou pou yo kwè toutbon nan sa yo aprann nan Pawòl Bondye a?
6 Ki jan n ka ede pitit nou pou yo vin gen plis konviksyon menm jan ak Timote? Toudabò, montre n gen pasyans. Yon moun pap annik ret konsa l vin gen konviksyon, nitou nou pap ka fè pitit nou vin gen konviksyon senpleman paske yo te konvenk nou pou nou kwè. Chak timoun dwe sèvi ak “kapasite [yo] genyen pou [yo] rezone” pou yo vin gen konviksyon konsènan verite ki nan Bib la. (Li Women 12:1.) Antanke paran, ou jwe yon wòl enpòtan nan pwosesis sa a sitou lè pitit ou poze w kesyon. Ann pran yon egzanp.
7, 8. a) Ki jan yon papa ki kretyen te montre l gen pasyans pandan l ap anseye pitit fi l? b) Nan ki sans li nesesè pou w gen pasyans menm jan an?
7 Men sa Thomas, ki se papa yon tifi ki gen 11 an, fè konnen: “Pitit fi m nan gendwa mande m: ‘Èske petèt se pa t ak evolisyon Jewova te sèvi pou l fè vin gen lavi sou tè a?’ oswa: ‘Poukisa n pa patisipe nan aktivite k ap fèt nan zòn nan, pa egzanp eleksyon, pou n eseye amelyore bagay yo?’ Pafwa, m konn oblije bride lang mwen pou m pa di l sa l dwe kwè. Dayè, se pa lè yon moun konn yon pakèt gwo verite l ap vin gen konviksyon. Se yon pakèt prèv toupiti k ap fè l vin genyen l.”
8 Jan Thomas konn sa, yon moun dwe gen pasyans pou l anseye. Anfèt, li enpòtan pou tout kretyen gen pasyans (Kol. 3:12). Thomas rann li kont li ka bezwen pale ak pitit fi l la plizyè fwa e l ka bezwen fè anpil tan ap fè sa. Li bezwen rezone ak pitit fi l la sou Ekriti yo yon fason pou l vin gen konviksyon nan sa l aprann yo. Men sa Thomas di: “Lè se sitou sou pwen ki enpòtan yo n ap pale ak pitit fi nou an, mwen menm ak madanm mwen vle konnen si l kwè sa l ap aprann yo toutbon e si yo vrèman gen sans pou li. Si l poze kesyon, se yon bon bagay. Franchman, m t ap enkyè si l te aksepte yon bagay san l pa poze kesyon.”
9. Ki jan w ka fè Pawòl Bondye a antre nan kè pitit ou?
9 Lè paran yo anseye pitit yo avèk pasyans, tikras pa tikras timoun yo ap kòmanse konprann “lajè, longè, wotè ak pwofondè” lafwa (Efe. 3:18). Nou ka chèche sa k ap bon pou yo selon laj yo ak kapasite yo. Tank y ap vin gen konviksyon nan sa y ap aprann, se tank y ap ka pi byen defann kwayans yo devan lòt moun, san wete kamarad lekòl yo (1 Pyè 3:15). Pa egzanp, èske pitit ou ka sèvi ak Bib la pou l esplike sa k rive lè yon moun mouri? Èske sa Bib la esplike yo gen sans pou lia? Vrèmanvre, pou w fè Pawòl Bondye a antre nan kè pitit ou, sa mande pasyans, men, sa vo lapenn pou w fè efò. — Det. 6:6, 7.
10. Ki bagay enpòtan ki dwe parèt nan ansèyman w ap bay la?
10 Nòmalman, egzanp ou bay enpòtan tou pou w fè pitit ou vin gen plis konviksyon. Men sa Stephanie, manman twa pitit fi, fè konnen: “Depi lè timoun mwen yo toupiti, m konn mande tèt mwen: ‘Èske m konn pale ak pitit mwen yo sou rezon ki fè mwen gen konviksyon Jewova egziste, li renmen nou, epi fason l aji yo jis? Èske pitit mwen yo ka wè byen klè mwen renmen Jewova toutbon?’ M pa ka atann pou pitit mwen kwè yon bagay alòske mwen pa kwè ladan l.”
-