Entwodiksyon
“Imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen.” — EBRE 6:12.
1, 2. Kòman yon siveyan sikonskripsyon te wè gason ak fi Bib la pale de yo ki te fidèl yo, e poukisa moun sa yo t ap ka vin bon zanmi w?
APRE yon sè te fin tande yon diskou yon siveyan sikonskripsyon ki aje te fè, men sa l te di: “Li pale de pèsonaj biblik yo kòmsi se zanmi l te genyen depi lontan.” Frè a te gen rezon pale konsa piske l te gen plizyè ane depi l ap etidye Pawòl Bondye a e l ap anseye l. Se sa k fè l te vin byen konnen gason ak fi Bib la pale de yo kòmsi se te ansyen bon zanmi l.
2 Èske gason ak fi sa yo pa t ap ka bon zanmi w tou? Èske yo reyèl pou ou? Imajine kòman sa t ap ye pou w ap mache e w ap pale avèk yo, pou w ap pran tan pou w aprann konnen yon seri moun tankou Noye, Abraram, Rit, Eli ak Estè. Reflechi ak bon enfliyans yo ka gen sou ou, bonjan konsèy yo ka ba ou ak ankourajman ou ka jwenn nan men yo. — Li Pwovèb 13:20.
3. a) Ki byenfè nou ka jwenn lè n aprann konnen gason ak fi Bib la pale de yo ki te gen lafwa? b) Ki kesyon nou pral egzamine?
3 Natirèlman, lè ‘moun ki jis yo fin resisite’, li pral posib pou n vin bon zanmi yo (Tra. 24:15). Sepandan, menm kounye a nou ka jwenn byenfè lè n aprann konnen pèsonaj biblik sa yo ki te gen lafwa. Kòman nou ka fè sa? Men repons apot Pòl ban nou ki ka itil nou: “Imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen.” (Ebre 6:12). Toutpandan n ap etidye lavi gason ak fi sa yo ki te gen lafwa, ann egzamine kèk kesyon pawòl apot Pòl te di yo ka fè vin nan lespri nou. Ki sa lafwa ye, e poukisa nou bezwen l? Kòman nou ka imite moun fidèl sa yo ki te viv nan tan lontan?
Lafwa: Ki sa l ye e poukisa nou bezwen l?
4. Ki sa anpil moun panse lafwa ye, e sa k fè yo nan erè?
4 Lafwa se yon kalite ki atiran ki te gen anpil enpòtans pou gason ak fi nou pral etidye lavi yo nan liv sa a. Anpil moun jodi a gen tandans pa bay lafwa anpil enpòtans, pou yo menm lafwa se lè yon moun kwè je fèmen tout sa yo di l, menmsi pa gen okenn prèv ki kore sa yo di yo. Sepandan, moun sa yo nan erè paske se pa lè yon moun kwè tout sa yo di l li gen lafwa, paske lafwa pa yon senp santiman e li ale pi lwen pase annik kwè yon bagay. Se yon danje sa ye lè yon moun kwè tout sa yo di l. Yon senp santiman ka la yon lè epi apre sa l ale. Li pa sifi pou yon moun annik kwè gen yon Bondye paske “demon yo kwè sa tou e yo tranble”. — Jak 2:19.
5, 6. a) Ak ki de bagay nou pa ka wè lafwa gen rapò? b) Sou ki sa lafwa nou dwe byen chita? Bay yon egzanp.
5 Lè yon moun gen bonjan lafwa, li pa jis kwè tout sa yo di l, ni li pa annik kwè yon bagay. Sonje sa Bib la di lafwa ye. (Li Ebre 11:1.) Apot Pòl te di lafwa gen rapò ak de kalite bagay nou pa ka wè. Premyèman, lafwa se kwè yon moun kwè nan bagay ki egziste moun “pa wè”. Nou pa ka wè sa k ap pase nan monn envizib la ak je nou. Pa egzanp, nou pa ka wè Jewova, Pitit li a ak Wayòm nan k ap dirije kounye a nan syèl la. Dezyèmman, lafwa se “espere” yon moun espere yon bagay, sa vle di evènman ki poko rive. Kounye a, nou pa ka wè monn nouvo Wayòm Bondye a pral fè n jwenn talè konsa a. Donk, èske sa vle di lafwa nou gen nan bagay ki egziste yo ak lafwa nou gen nan bagay nou “espere” yo pa chita sou anyen?
6 Okontrè! Apot Pòl te fè konnen bonjan lafwa a chita sou bonjan prèv. Lè l te di lafwa se “tann yon moun ap tann [...] avèk asirans”, li te itilize yon ekspresyon ki ka vle di “papye tè” tou. Imajine yon moun deside fè w kado yon kay. Li ka ba w papye a epi l di w: “Men kay ou”. Natirèlman, sa pa vle di se sou moso papye a ou pral viv, men, sa vle di papye sa a tèlman bay bonjan prèv kay la se pou ou se kòmsi se te kay la menm li lonje ba ou. Menm jan an tou, prèv ki fè nou gen lafwa yo tèlman konvenkan, yo tèlman klè, se kòmsi yo se lafwa nou menm.
7. Ki sa sa mande pou n gen bonjan lafwa?
7 Donk, bonjan lafwa a mande pou n gen yon konfyans total nan Jewova e pou n kwè toutbon nan li. Lafwa fè nou wè Bondye tankou Papa nou ki renmen nou, e sa fè n kwè tout pwomès Bondye fè yo ap reyalize. Men, bonjan lafwa a mande pou n fè plis pase sa. Nou dwe nouri l e n dwe fè aksyon ki montre nou gen lafwa paske si n pa fè sa, lafwa n ap mouri. — Jak 2:26.
8. Poukisa lafwa enpòtan konsa?
8 Poukisa lafwa enpòtan konsa? Apot Pòl ban nou yon bèl repons pou kesyon sa a. (Li Ebre 11:6.) Nou pa ka ni pwoche kot Jewova ni fè l plezi si n pa gen lafwa. Kidonk, li vrèman enpòtan pou n gen lafwa si n vle atenn objektif ki pi gwo e ki pi bèl tout kreyati entèlijan yo gen devan yo a ki se pwoche kot Jewova, Papa nou ki nan syèl, epi ba l glwa.
9. Kòman Jewova montre li konnen nou bezwen gen lafwa?
9 Piske Jewova konnen jan n bezwen gen lafwa, li ban nou egzanp anpil moun fidèl ki ka ede n vin gen yon lafwa solid e ki ka ede n wè kòman pou n demontre lafwa sa a. Li ede n vin gen lafwa grasa egzanp gason fidèl ki pran latèt nan kongregasyon an. Pawòl Bondye a ankouraje nou “imite lafwa yo”. (Ebre 13:7.) E se pa sa sèlman Jewova fè pou l ede n. Apot Pòl fè konnen gen “yon gwo nyaj temwen”, yon seri gason ak fi ki t ap viv nan tan lontan, ki kite yon bèl egzanp pou nou antanke moun ki te gen lafwa (Ebre 12:1). Gen anpil lòt moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman ki pa nan lis apot Pòl te site nan Ebre chapit 11 lan. Bib la chaje ak istwa sou lavi gason kou fi, jèn kou granmoun, ki soti nan tout kouch sosyal ki te viv yon fason ki montre yo gen lafwa e n ka aprann anpil bagay nan istwa moun sa yo nan epòk n ap viv la kote moun yo pa gen lafwa.
Kòman nou ka imite lafwa lòt moun?
10. Kòman etid pèsonèl ou fè ka ede w imite gason ak fi Bib la pale de yo ki te fidèl yo?
10 Nou pa ka imite yon moun toutotan nou pa byen gade ki jan l aji. Pandan w ap li liv sa a, w ap wè gen anpil rechèch ki te fèt pou ede n pi byen konnen gason ak fi sa yo ki te gen lafwa. Poukisa nou pa fè plis rechèch toujou sou moun sa yo? Nan etid pèsonèl ou, sèvi ak zouti w genyen pou w fè rechèch yo pou w ka fouye nan Bib la. Pandan w ap medite sou sa w ap etidye a, eseye imajine zòn kote evènman yo ap pase yo ak sa k ap pase yo. Eseye imajine w ap gade bagay yo k ap pase devan je w, ou tande bri ki te genyen yo e w pran sant yo. Sa k pi enpòtan an, eseye konprann jan moun sa yo te santi yo. Tank w ap mete w nan plas moun fidèl sa yo, se plis moun sa yo ap vin pi reyèl pou ou. W ap vin pi byen konnen yo. Gen kèk nan yo ou ka menm santi yo tankou bon zanmi w te gen depi lontan.
11, 12. a) Ki sa n ka fè pou n vin pi byen konprann Abram ak Sarayi? b) Ki byenfè n ka jwenn lè nou egzamine egzanp Ana, Eli oubyen Samyèl?
11 Lè w vin byen konnen moun sa yo, w ap anvi imite yo. Pa egzanp, imajine w ap reflechi sou yon nouvo asiyasyon ou resevwa. Òganizasyon Jewova a envite w fè plis nan travay predikasyon an. Petèt yo mande w al sèvi nan yon tèritwa ki bezwen plis pwoklamatè oswa yo envite w patisipe nan yon fòm predikasyon ou pa t abitye oswa w pa fin alèz ladan l. Pandan w ap reflechi sou nouvo asiyasyon w lan e w ap pale ak Jewova sou sa, èske l pa t ap bon pou w ta medite sou egzanp Abram? Abram ak Sarayi te dispoze kite bèl vi yo t ap mennen nan vil Ou a, e yo te jwenn anpil benediksyon nan men Bondye pou sa. Lè w suiv egzanp yo pye pou pye, se sèten w ap vin konnen yo pi byen pase jan w te konnen yo anvan.
12 Yon lòt bò, e si yon bon zanmi w ta fè espre li mal boule avè w e w ta santi w tèlman dekouraje, ou anvi ret lakay ou olye w al nan reyinyon? Si w reflechi sou egzanp Ana ansanm ak fason l te aji lè Penina t ap mal boule avè l, sa ka ede w pran bon desizyon an e sa ka ede w wè Ana tankou yon bon zanmi. Menm jan an tou, si w santi w dekouraje paske w panse w pa vo anyen, ou ka vin pi byen konprann Eli pandan w ap egzamine pwoblèm li te genyen yo ak fason Jewova te ankouraje l. Jèn ki jwenn anpil presyon nan men kamarad lekòl yo ki imoral ka vin pi byen konprann Samyèl apre yo fin egzamine kòman Samyèl te reyaji lè pitit Eli yo t ap bay move egzanp nan tabènak la.
13. Lefètke n ap chèche imite lafwa pèsonaj biblik yo, èske sa vle di lafwa pa nou pa tèlman gen valè nan je Jewova? Esplike.
13 Lefètke n ap chèche imite lafwa pèsonaj biblik yo, èske sa vle di lafwa pa nou pa tèlman gen valè nan je Jewova? Nou pa menm bezwen met sa nan tèt nou! Sonje, Pawòl Bondye a ankouraje nou pou n imite moun ki te gen lafwa yo (1 Kor. 4:16; 11:1; 2 Tes. 3:7, 9). Anplis de sa, gen kèk nan moun nou pral egzamine lavi yo ki te konn imite lafwa moun fidèl ki te viv anvan yo. Pa egzanp, nan chapit 17 liv sa a, li klè pawòl Mari te di yo sanble ak pawòl Ana te di yo. Konsa, sa montre aklè Mari te pran Ana kòm yon egzanp pou li. Èske sa vle di Mari pa t gen yon lafwa solid tankou pa Ana a? Okontrè, egzanp Ana te ede Mari vin gen yon lafwa solid ki te pèmèt li vin gen pwòp relasyon l ak Jewova.
14, 15. Ki sa liv sa a gen ladan l, e kòman nou ka byen sèvi avè l?
14 Yo fè liv sa a pou ede n vin gen yon lafwa solid. Chapit ki vin apre yo soti nan ribrik “Annou imite lafwa yo” ki te parèt nan Toudegad, soti ane 2008 pou rive ane 2013. Sepandan, gen kèk enfòmasyon yo met nan chapit yo ki pa t nan atik yo. Yo met kesyon yo pou ede nou egzamine atik yo e pou ede nou aplike sa nou aprann yo. Yo met anpil bèl foto nan liv sa a e yo fè foto ki te nan atik yo vin pi laj e yo vin pi bèl. Gen lòt aspè ankò nan liv sa a k ap ede n pi byen egzamine atik yo, tankou dat bagay yo te pase ak de kat ki montre kote moun yo te ye. Yo fè liv Annou imite lafwa yo a pou n ka fè etid pèsonèl nou, pou nou etidye nan adorasyon an fanmi an e pou n egzamine nan etid biblik kongregasyon an. Anplis de sa, gen anpil fanmi k ap kontan tande yon moun nan fanmi an k ap li istwa yo awotvwa.
15 Nou swete pou liv sa a ede w imite lafwa moun fidèl ki t ap sèvi Jewova nan tan lontan yo e n swete pou liv sa a ede w vin gen yon lafwa ki pi solid toujou, toutpandan w ap vin pi pwòch Jewova, Papa w ki nan syèl la!