BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske w wè “Sila a ki envizib la”?
    Toudegad — 2014 | 15 avril
    • 10. a) Ki enstriksyon Jewova te bay Izrayelit yo nan mwa Nizan 1513 anvan nan epòk nou an? b) Poukisa Moyiz te obeyi enstriksyon Bondye yo?

      10 Nan mwa Nizan 1513 anvan epòk nou an, Jewova te mande Moyiz ak Arawon pou yo bay Izrayelit yo yon seri enstriksyon yo pa t abitye tande. Li te di yo pou yo te touye yon mal mouton oswa yon mal kabrit epi, pou yo pase san an sou lento pòt yo (Egz. 12:3-7). Ki jan Moyiz te reyaji? Men sa apot Pòl te vin ekri annapre konsènan Moyiz: “Grasa lafwa l te genyen, li te selebre Pak la, e li te pase san sou montan pòt yo, dekwa pou sila a ki t ap fè destriksyon an pa t fè premye pitit Izrayelit yo okenn mal.” ​(Ebre 11:28). Moyiz te konnen l te ka fè Jewova konfyans, e li te demontre lafwa nan pwomès Jewova te fè pou l touye tout premye pitit gason Ejipsyen yo.

      11. Poukisa Moyiz te avèti lòt Izrayelit yo?

      11 Sanble pitit gason Moyiz yo t ap viv Madyàn, byen lwen “sila a ki t ap fè destriksyon an”a. (Egz. 18:1-6.) Malgre sa, li te montre l obeyisan lè l te fè lòt fanmi Izrayelit yo, yo menm lavi premye pitit yo te an danje a, konnen enstriksyon Jewova te bay la. Lavi moun sa yo te an danje, e Moyiz te renmen frè l yo. Men sa Bib la di: ‘Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: Touye ti mouton an pou fèt delivrans lan’. — Egz. 12:21.

      12. Ki mesaj enpòtan Jewova ban nou lòd pou n bay?

      12 Anba direksyon zanj yo, pèp Jewova a ap bay yon mesaj enpòtan. Men sa y ap di: “Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. Epi, adore Moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo.” ​(Rev. 14:7). Kounye a, se moman pou n fè konnen mesaj sa a. Nou dwe avèti moun yo pou yo soti nan Gran Babilòn nan yon fason pou yo pa “resevwa yon pati nan kalamite l yo”. (Rev. 18:4.) “Lòt mouton” yo met ansanm ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la pou yo sipliye moun ki lwen Bondye yo yon fason pou yo “vin rekonsilye” ak Bondye. — Jan 10:16; 2 Kor. 5:20.

      Yon Temwen Jewova k ap prepare l pou l al preche toutpandan l ap imajine zanj yo ki kenbe van destriksyon yo.

      Lafwa w gen nan pwomès Jewova yo ap fè w vin plis anvi fè lòt moun konnen bon nouvèl la. (Gade paragraf 13.)

      13. Ki sa k ka fè w vin gen plis anvi pou w fè lòt moun konnen bon nouvèl la?

      13 Nou gen konviksyon ‘lè pou Jewova fè jijman l lan’ rive toutbon. Nou kwè tou, Jewova pa montre l egzajere lè l fè n konnen jan travay predikasyon an ak travay fè disip la se travay ki ijan. Nan yon vizyon, apot Jan te ‘wè kat zanj ki kanpe nan kat kwen tè a e ki kenbe kat van latè yo’. (Rev. 7:1.) Èske lafwa w genyen an fè w wè zanj sa yo ki pare pou yo lage van destriksyon gwo tribilasyon an sou monn nan? Si w wè zanj sa yo ak je lafwa w genyen yo, w ap kapab preche bon nouvèl la avèk kran.

  • Èske w wè “Sila a ki envizib la”?
    Toudegad — 2014 | 15 avril
    • a Li klè, Jewova te voye plizyè zanj egzekite jijman l sou Ejipsyen yo. — Sòm 78:49-51.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje