BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 19
  • Èske Temwen Jewova yo se kretyen toutbon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Temwen Jewova yo se kretyen toutbon?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Ki jan nou ka rekonèt moun ki kretyen toutbon yo?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Kiyès Bondye ye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Poukisa nou pote non Temwen Jewova?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Ki jan nou rive preche bon nouvèl la?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 19
Leson 19. Temwen Jewova k ap pale youn ak lòt pa deyò yon Sal Wayòm.

LESON 19

Èske Temwen Jewova yo se kretyen toutbon?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Antanke Temwen Jewova nou kwè nou se kretyen toutbon. Poukisa? Annou egzamine sou ki sa kwayans nou yo chita, non nou pote a ki fè nou diferan an ak lanmou nou gen youn pou lòt la.

1. Sou ki sa kwayans Temwen Jewova yo chita?

Jezi te di: “Pawòl [Bondye a] se laverite.” (Jan 17:17). Menm jan ak Jezi, Temwen Jewova yo toujou baze kwayans yo sou Pawòl Bondye a. Pa egzanp, gade ki jan nou te fè sa nan kòmansman istwa nou nan epòk nou an jodi a. Nan zòn ane 1870 yo, te gen yon gwoup Etidyan Labib ki te pran tan pou yo egzamine Bib la. Yo te baze kwayans yo sou sa Bib la di, menm lè kwayans sa yo te diferan ak sa legliz yo te anseye. Apre sa, yo te kòmanse pataje sa yo jwenn nan Bib la ak lòt mouna.

2. Poukisa nou chwazi non Temwen Jewova a?

Jewova di moun k ap sèvi l yo se Temwen l, paske y ap di laverite sou li (Ebre 11:4–12:1). Pa egzanp, nan tan lontan, Jewova te di pèp li a: “Nou se temwen m.” (Li Ezayi 43:10.) Bib la rele Jezi “Temwen fidèl la”. (Revelasyon 1:5.) Se sa k fè, an 1931, nou te chwazi non Temwen Jewova a. Nou kontan pote non sa a.

3. Ki jan Temwen Jewova yo demontre lanmou menm jan ak Jezi?

Jezi te tèlman renmen disip li yo, li te konsidere yo kòm fanmi l. (Li Mak 3:35.) Menm jan an tou, Temwen Jewova yo se yon fanmi ki ini sou tout tè a. Se poutèt sa nou youn rele lòt frè ak sè (Filemon 1, 2). Mete sou sa, nou obeyi kòmandman Bib la ban nou ki di: “Renmen tout frè nou yo.” (1 Pyè 2:17). Temwen Jewova yo demontre lanmou sa a divès fason. Youn nan fason yo fè sa, se lè yo ede frè ak sè yo sou tout tè a lè yo nan bezwen.

FOUYE PLIS

Aprann plis sou istwa Temwen Jewova yo, epi gade lòt prèv ki montre nou se kretyen toutbon.

Foto ki ansanm: Temwen Jewova k ap preche. 1. Yon sè k ap li Bib la e k ap pale sou yon vèsè ak yon fi. 2. Yon frè k ap pataje verite ki nan Bib la ak yon mesye devan yon charyo piblikasyon.

Vrè kretyen yo baze kwayans yo sou Bib la e yo pataje yo ak lòt moun.

4. Nou baze kwayans nou yo sou Bib la

Jewova te anonse nou t ap vin pi byen konprann Bib la. Li Dànyèl 12:4, epi reponn kesyon sa a:

  • Toutpandan pèp Bondye a t ap kontinye egzamine Bib la, ki sa k t ap “vin anpil”?

Gade ki jan yon gwoup Etidyan Labib, ki te gen Charles Russell ladan l, te etidye Pawòl Bondye a. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Yo rejwenn verite ki nan Bib la (7:45)

  • Nan videyo a, ki jan Charles Russell ak lòt Etidyan Labib menm jan avèk li yo te etidye Bib la?

Èske w te konnen?

Pafwa nou fè kèk chanjman nan kwayans nou yo. Poukisa? Menm jan lè solèy la ap leve, se ofiramezi nou vin pi byen wè detay ki gen nan yon peyizaj, se konsa tou Bondye pèmèt nou pi byen konprann Pawòl li a tikras pa tikras. (Li Pwovèb 4:18.) Donk, menm lè Bib la pa chanje, nou konn fè kèk chanjman nan sa nou kwè tank nou vin pi byen konprann Bib la.

5. Nou viv ann amoni avèk non nou pote a

Poukisa nou te chwazi non Temwen Jewova a? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Yon non ki fè konnen kiyès nou ye (2:40)

  • Poukisa li nòmal pou nou pote non Temwen Jewova a?

Poukisa Jewova te chwazi moun pou yo temwen l? Jewova chwazi moun pou vin temwen l paske gen anpil moun k ap bay anpil manti sou li. Temwen sa yo t ap pèmèt lòt moun konnen li se vrè Dye a. Ann gade de nan manti yo bay sou li.

Gen relijyon ki fè konnen Bondye vle yo sèvi ak imaj pou yo adore l. Li Levitik 26:1, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Ki sa ki verite? Ki jan Jewova konsidere zidòl?

Gen chèf relijye ki fè konnen Jezi se Bondye. Li Jan 20:17, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa ki verite? Èske Bondye ak Jezi se menm moun nan?

  • Ki jan w santi w lè w konnen Jewova te voye Temwen l yo pou yo fè konnen laverite sou li ak Pitit li a?

6. Youn renmen lòt

Bib la konpare kretyen yo ak diferan manm ki gen nan kò yon moun. Li 1 Korentyen 12:25, 26, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan moun ki kretyen toutbon yo aji lè lòt kretyen ap soufri?

  • Ki sa w remake anrapò ak fason Temwen Jewova yo demontre lanmou?

Lè Temwen Jewova yo ap soufri yon kote sou tè a, tout rès Temwen Jewova yo chèche mwayen pou yo ede yo. Pou w ka jwenn yon egzanp, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Ayiti reziste anba Matthew (5:29)

  • Ki jan travay sekou Temwen Jewova yo fè a montre yo gen lanmou youn pou lòt?

De Temwen Jewova k ap ede yon manman ak pitit li ki fèk pase anba yon katastwòf. Yo vlope dam nan ak pitit li a ak yon dra e yo ba yo dlo pwòp pou yo bwè.

Vrè kretyen yo demontre lanmou pou moun ki nan bezwen.

GEN MOUN KI DI: “Relijyon Temwen Jewova yo se yon relijyon ki fèk parèt.”

  • Depi ki lè Jewova ap rele moun k ap adore l yo temwen l?

SA W TE APRANN

Temwen Jewova yo se kretyen toutbon. Antanke moun k ap adore Jewova, nou fòme yon fanmi sou tout tè a. Kwayans nou yo chita sou Bib la. Mete sou sa, nou fè lòt moun konnen laverite sou Jewova.

Revizyon

  • Poukisa nou te chwazi non Temwen Jewova a?

  • Ki jan youn aji ak lòt?

  • Èske w panse Temwen Jewova yo se kretyen toutbon?

Objektif

APRANN PLIS

Aprann plis sou istwa nou.

Les Témoins de Jéhovah — La foi en action, 1re partie: La sortie des ténèbres (1:00:53)

Gade yon egzanp ki montre fason yo te denonse yon seri fo ansèyman.

Pèp Bondye a bay non Bondye glwa (7:08)

Gade repons yon seri kesyon ou gendwa konn poze sou Temwen Jewova yo.

“Kesyon moun poze souvan sou Temwen Jewova yo” (Seri atik sou Entènèt)

Stephen te rasis e li te konn mete ak lòt moun pou l fè vyolans sou moun ki pa menm ras avèk li. Gade ki sa l te wè pami Temwen Jewova yo ki te fè l chanje.

“Lavi m te vin pi mal chak jou” (Toudegad 1ye jiyè 2015)

a Depi 1879, n ap pibliye Toudegad, ki se jounal prensipal nou, pou nou fè konnen verite ki nan Bib la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje