-
Ki sa Bib la di sou sèks?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
LESON 41
Ki sa Bib la di sou sèks?
Anpil moun pa alèz pou yo pale de sèks. Men, Bib la pale de sèks e l fè sa yon fason ki klè e avèk respè. Sa l di yo bon pou nou. Sa nòmal, paske se Jewova ki kreye nou. Donk, li konnen sa ki pi bon pou nou. Li montre nou fason nou aji ka fè l plezi e li montre nou ki sa k ap ede nou viv ak kè kontan pou toutan.
1. Ki jan Jewova wè sèks?
Sèks se yon kado Jewova bay. Li vle se lè yon gason ak yon fi marye youn ak lòt pou yo fè sèks youn ak lòt. Nonsèlman kado sa a pèmèt moun ki marye yo fè timoun, men tou sa pèmèt yo demontre lanmou ak afeksyon yo genyen youn pou lòt. Se sa k fè Pawòl Bondye a di: “Se pou w pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan.” (Pwovèb 5:18, 19). Jewova atann pou kretyen ki marye yo fidèl youn ak lòt e pou yo pa janm fè adiltè. — Li Ebre 13:4.
2. Ki sa imoralite seksyèl ye?
Bib la di nou “moun k ap fè imoralite seksyèl [...] pap benefisye Wayòm Bondye a”. (1 Korentyen 6:9, 10.) Moun ki te patisipe nan ekri pati ki te ekri an grèk ki nan Bib la te sèvi ak mo pòneya a pou yo pale de imoralite seksyèl. Mo sa a gen ladan l: 1) relasyon seksyèla ant moun ki pa marye youn ak lòt, 2) relasyon seksyèl ant fi ak fi oswa gason ak gason, e 3) relasyon seksyèl ant moun ak bèt. Lè nou “evite imoralite seksyèl”, nou fè Jewova plezi e nou jwenn byenfè. — 1 Tesalonisyen 4:3.
FOUYE PLIS
Gade ki jan w ka evite imoralite seksyèl e gade ki jan w ap jwenn byenfè lè w rete pwòp nan domèn moral.
3. Kouri pou imoralite seksyèl
Jozèf, yon moun ki te fidèl, te lite pou l rete pwòp nan domèn moral. Li Jenèz 39:1-12, epi reponn kesyon sa yo:
Poukisa Jozèf te kouri? — Gade vèsè 9.
Èske w panse Jozèf te pran yon bon desizyon? Sa k fè w panse sa?
Ki jan jèn yo ka kouri pou imoralite seksyèl jodi a menm jan ak Jozèf? Gade VIDEYO a.
Jewova vle nou tout kouri pou imoralite seksyèl. Li 1 Korentyen 6:18, epi reponn kesyon sa yo:
Ki sitiyasyon ki ka fè moun tonbe nan imoralite seksyèl?
Ki jan w ka kouri pou imoralite seksyèl?
4. Ou kapab lite pou w pa tonbe nan tantasyon
Ki sa k ka fè l difisil pou n lite pou nou pa tonbe nan imoralite seksyèl? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
Nan videyo a, ki sa frè a te fè lè l te rann li kont panse l ak aksyon l ka fè l pa fidèl ak madanm li?
Pafwa, menm kretyen ki fidèl yo oblije fè efò pou panse yo rete pwòp. Ki sa w ka fè pou w pa ret ap panse sou bagay imoral? Li Filipyen 4:8, epi reponn kesyon sa yo:
Sou ki bagay nou dwe reflechi?
Lè nou li Bib la e nou toujou okipe nan sèvis Jewova a, ki jan sa ede nou pou n pa tonbe nan tantasyon pou n peche?
5. Nou jwenn byenfè grasa prensip Jewova bay yo
Jewova konnen sa ki pi bon pou nou. Li fè nou konnen fason pou nou rete pwòp nan domèn moral e ki byenfè n ap jwenn lè nou fè sa. Li Pwovèb 7:7-27 oswa gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.
Ki jan jèn gason an te mete tèt li nan yon sitiyasyon pou l tonbe nan tantasyon? — Li Pwovèb 7:8, 9.
Selon Pwovèb 7:23, 26, si nou fè imoralite seksyèl, sa ka gen gwo konsekans sou nou. Lè nou rete pwòp nan domèn moral, ki pwoblèm nou evite?
Lè nou pwòp nan domèn moral, ki jan sa ka ede nou viv ak kè kontan pou toutan?
Gen moun ki panse sa Bib la di konsènan relasyon seksyèl ant moun menm sèks montre Bondye pa gen lanmou. Men, Jewova, Bondye lanmou an, vle moun viv ak kè kontan pou toutan. Pou nou ka viv ak kè kontan pou toutan, nou dwe toujou obeyi prensip li yo. Li 1 Korentyen 6:9-11, epi reponn kesyon sa a:
Selon Bondye, èske sèl dezi ki pa bon se dezi yon moun genyen pou l gen relasyon seksyèl ak yon moun menm sèks avè l?
Se nou tout ki dwe fè chanjman pou n fè Bondye plezi. Poukisa nou dwe fè tout sa n kapab pou n rive fè sa? Li Sòm 19:8, 11, epi reponn kesyon sa yo:
Èske w panse prensip Jewova bay nan domèn moral yo rezonab? Sa k fè w di sa?
Jewova ede anpil moun obeyi prensip li bay nan domèn moral yo. Li ka ede w tou.
GEN MOUN KI DI: “Depi de moun renmen youn lòt, pa gen pwoblèm pou yo gen relasyon seksyèl.”
Ki sa w t ap di?
SA W TE APRANN
Sèks se yon kado Jewova bay. Li vle se mari ak madanm ki pou gen relasyon seksyèl.
Revizyon
Ki sa imoralite seksyèl gen ladan l?
Ki sa k ap ede nou evite imoralite seksyèl?
Ki byenfè nou jwenn lè nou suiv prensip moral Jewova bay yo?
APRANN PLIS
Gade sa k fè Bondye vle yon gason ak yon fi marye youn ak lòt anvan yo viv ansanm.
“Ki sa Bib la di sou kesyon de moun k ap viv ansanm san yo pa marye?” (Atik sou Entènèt)
Gade poukisa lè Bib la kondane relasyon seksyèl ant fi ak fi oswa ant gason ak gason, sa pa vle di li ankouraje nou rayi moun k ap fè bagay sa yo.
Gade ki jan lwa Bondye bay anrapò ak relasyon seksyèl yo pwoteje nou.
Nan atik ki gen tit: “Yo te trete m avèk respè”, gade ki sa k te pouse yon omoseksyèl chanje fason l t ap viv pou l fè Bondye plezi.
a Nan relasyon seksyèl imoral sa yo Bondye pa apwouve, gen fè sèks, gen sèks nan bouch, sèks nan dèyè, karese pati entim yon moun yon fason pou fè l jwenn plezi.
-
-
Ki sa Bib la di konsènan seliba ak maryaj?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
LESON 42
Ki sa Bib la di konsènan seliba ak maryaj?
Nan kèk kilti moun yo panse yon moun pap gen kè kontan si l pa marye. Poutan, se pa tout moun ki marye ki gen kè kontan, ni se pa tout moun ki selibatè ki pa gen kè kontan. An reyalite Bib la montre ni maryaj ni seliba se kado Jewova bay.
1. Ki avantaj yon moun genyen lè l selibatè?
Bib la di: “Yon moun ki marye byen fè […], men, yon moun ki pa marye ap fè pi byen toujou.” (Li 1 Korentyen 7:32, 33, 38.) Nan ki sans yon moun ki selibatè fè pi byen pase yon moun ki marye? Moun ki selibatè yo pa gen pou yo pran swen yon mari oswa yon madanm, sa vin fè an jeneral yo vin gen plis libète. Pa egzanp, gen nan yo ki rive fè plis nan travay predikasyon an e ki rive fè yon seri bagay enteresan, tankou vwayaje al nan yon lòt peyi pou yo preche bon nouvèl la. Sa k pi enpòtan an, sèke yo kapab pase plis tan nan yon seri aktivite k ap ede yo vin pi pwòch ak Jewova.
2. Ki avantaj ki genyen lè de moun marye selon lalwa?
Menm jan ak seliba, maryaj pèmèt moun jwenn anpil avantaj ki san parèy. Bib la di: “De pi bon pase youn.” (Eklezyas 4:9). Kretyen ki aplike prensip ki nan Bib la nan maryaj yo kapab wè verite sa a aklè. Selon lalwa, de moun ki marye fè pwomès pou youn renmen lòt, pou youn respekte lòt e pou youn demontre afeksyon pou lòt. Konsa, byen souvan, yo santi yo pi byen e yo pi an sekirite pase moun ki annik ap viv ansanm san yo pa marye. E pitit yo santi yo pi byen e yo pi an sekirite tou.
3. Ki jan Jewova wè maryaj?
Lè Jewova t ap marye de premye moun yo li te di: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li.” (Jenèz 2:24). Jewova vle pou yon mari ak madanm renmen youn lòt epi ret atache youn ak lòt pou tout vi yo. Li pèmèt divòs pou yon sèl rezon, se lè youn nan moun ki marye yo fè adiltè. Lè sa a, Jewova bay moun ki inosan an dwa pou l deside si l ap divòsea (Matye 19:9). Jewova pap dakò pou yon kretyen gen plis pase yon mari oswa yon madanm. — 1 Timote 3:2.
FOUYE PLIS
Aprann ki jan w ka gen kè kontan e ki jan w ka fè kè Jewova kontan kit ou pa marye, kit ou marye.
4. Byen pwofite seliba a ki se yon kado
Jezi te konsidere seliba kòm yon kado (Matye 19:11, 12). Li Matye 4:23, epi reponn kesyon sa a:
Ki jan Jezi te byen pwofite sitiyasyon l antanke moun ki pa marye pou l sèvi Papa l e pou l ede lòt moun?
Kretyen ki pa marye yo ka gen kè kontan lè yo byen pwofite sitiyasyon yo antanke moun ki pa marye menm jan ak Jezi. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
Ki jan kretyen ki pa marye yo ka byen pwofite sitiyasyon yo?
Èske w te konnen?
Bib la pa bay laj pou moun marye. Men, li pa ankouraje yon moun pou l marye pandan l “twò jèn”, peryòd kote gwo dezi seksyèl li genyen ka anpeche l pran bon desizyon. — 1 Korentyen 7:36.
5. Byen chwazi moun w ap marye avè l la
Youn nan pi gwo desizyon w ap gen pou w pran lavi w se chwazi ak kiyès w ap marye. Li Matye 19:4-6, 9, epi reponn kesyon sa a:
Poukisa yon kretyen pa ta dwe kouri marye?
Bib la ka ede w konnen ki kalite ki kapab fè yon moun vin yon bon mari oswa yon bon madanm. Sa k pi enpòtan an, se pou w chèche yon moun ki renmen Jewovab. Li 1 Korentyen 7:39 ak 2 Korentyen 6:14. Epi reponn kesyon sa yo:
Poukisa se ak kretyen parèy nou sèlman nou dwe marye?
Ki jan w panse Jewova t ap santi l si nou ta marye ak yon moun ki pa renmen l?
Si yo mete de bèt ki diferan anpil anba menm jouk, y ap soufri. Menm jan an tou, yon kretyen ki marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova ap gen anpil pwoblèm.
6. Se pou w gen menm pwennvi ak Jewova sou maryaj
Nan Izrayèl tan lontan an, gen yon seri mesye ki te konn divòse ak madanm yo paske mesye sa yo se tèt yo sèlman yo te wè. Li Malachi 2:13, 14, 16, epi reponn kesyon sa a:
Poukisa Jewova rayi lè gen moun ki divòse pou rezon ki pa nan Bib la?
Adiltè ak divòs fè ni mari oswa madanm ki inosan an, ni timoun yo soufri.
Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
Si w marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova, ki sa w ka fè pou maryaj ou reyisi?
7. Obeyi prensip Jewova bay konsènan maryaj yo
Yon moun gendwa bezwen fè anpil efò pou l obeyi prensip Jewova bay anrapò ak maryajc. Men, ou mèt sèten Jewova ap beni moun ki obeyi prensip sa yo. Gade VIDEYO a.
Li Ebre 13:4, epi reponn kesyon sa yo:
Èske w panse prensip Jewova bay sou maryaj yo rezonab? Sa k fè se konsa w reponn?
Jewova atann pou kretyen yo anrejistre maryaj yo oswa divòs yo devan Leta, jan pifò peyi mande pou sa fèt. Li Tit 3:1, epi reponn kesyon sa a:
Si w marye, èske w sèten Leta rekonèt maryaj ou?
SI YON MOUN TA MANDE W: “Èske de moun pa ka annik viv ansanm, san yo pa oblije marye?”
Ki repons ou t ap bay?
SA W TE APRANN
Ni seliba, ni maryaj se kado Jewova bay. Ni moun ki selibatè, ni moun ki marye ka gen kè kontan si yo viv ann amoni ak volonte Jewova.
Revizyon
Ki jan w ka byen pwofite sitiyasyon w antanke moun ki pa marye?
Poukisa Bib la di se ak yon kretyen menm jan avèk nou sèlman nou dwe marye?
Ki sèl rezon Bib la bay pou moun divòse?
APRANN PLIS
Ki sa sa vle di pou yon moun marye nan Seyè a sèlman?
Gade de videyo ki ka ede w pran bon desizyon anrapò ak frekantasyon ak maryaj.
Gade poukisa yon frè santi sa Jewova ba li gen plis valè lontan pase tout sa l te kite dèyè.
Sou ki sa yon moun ta dwe reflechi anvan l deside divòse oswa separe?
“Onore maryaj: Yon dispozisyon Bondye pran” (Toudegad desanm 2018)
b Nan kèk kilti, se paran yo ki chwazi mari oswa madanm pou pitit yo. Lè konsa, sa k plis enterese paran ki gen lanmou yo se chwazi yon moun ki renmen Jewova. Yo pap chwazi yon moun pou lajan li posede, ni pou pozisyon l nan sosyete a.
c Si w ap viv ak yon moun san ou pa marye avèk li, se ou menm ki pou deside si w ap kite l oubyen si w ap marye avè l.
-