-
Avèk imilite se pou nou soumèt devan bèje yo ki plen lanmouToudegad — 2007 | 1ye avril
-
-
7. Ki egzòtasyon apot Pòl te bay konsènan atitid nou anvè siveyan kretyen yo ?
7 Bèje nou yo ki nan syèl la, Jewova ak Jezi Kris, atann pou nou obeyi bèje adjwen yo e pou n soumèt devan yo, yo menm yo bay responsablite nan kongregasyon an (1 Pyè 5:5). Sou enspirasyon, apot Pòl te ekri pawòl sa yo : “ Sonje moun k ap dirije nou yo, ki te anonse nou pawòl Bondye a, e pandan n ap obsève sa konduit yo bay, imite lafwa yo. Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou kòm moun ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè l ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” — Ebre 13:7, 17.
8. Ki sa Pòl mande nou pou nou “ obsève ”, e poukisa nou ta dwe “ obeyi ” ?
8 Remake Pòl mande nou pou nou “ obsève ”, oubyen egzamine avèk atansyon rezilta konduit fidèl ansyen yo genyen e pou nou suiv egzanp moun ki gen lafwa sa yo. Anplis de sa, li egzòte nou pou nou obeyi direksyon frè sa yo ki nome ban nou e pou nou soumèt devan yo. Gen yon biblis ki rele Richard France ki esplike nan lang grèk la, mo ki tradui “ obeyi ” la a, se pa “ mo yo anplwaye an jeneral pou yo pale de obeyisans, men literalman li vle di ‘ kite yo konvenk ou ’, sa vle di pou yon moun aksepte ak tout kè l direksyon yo ba li ”. Nou pa obeyi ansyen yo sèlman paske Pawòl Bondye a mande nou pou nou fè sa, men tou paske nou konvenki yo depanse yo pou enterè Wayòm nan e yo vle sa k pi bon pou nou chak ni espirityèlman ni fizikman. Sètènman, n ap gen kè kontan si nou aksepte ak tout kè nou direksyon yo ban nou.
-
-
Avèk imilite se pou nou soumèt devan bèje yo ki plen lanmouToudegad — 2007 | 1ye avril
-
-
10, 11. Nan ki sans siveyan yo te “ anonse pawòl Bondye a ” bay konpayon kretyen yo nan premye syèk la e yo “ anonse pawòl Bondye a ” bay konpayon kretyen yo jodi a ?
10 Nan Ebre 13:7, 17 nou te site pi wo a, apot Pòl bay kat rezon ki fè nou dwe obeyi siveyan yo e nou dwe soumèt devan yo. Premye rezon an se paske yo “ anonse nou pawòl Bondye a ”. Nou bezwen sonje Jezi bay “ gason kòm kado ” sa yo nan objektif pou “ redrese sen yo ”. (Efezyen 4:11, 12.) Jezi te redrese ni panse ni konduit kretyen nan premye syèk la pa mwayen bèje adjwen ki fidèl yo, e pami yo genyen ki te enspire pou yo ekri lèt voye bay kongregasyon yo. Li te itilize siveyan sa yo lespri te nome pou l gide premye kretyen yo e pou l fòtifye yo. — 1 Korentyen 16:15-18 ; 2 Timote 2:2 ; Tit 1:5.
11 Jodi a, Jezi dirije nou pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ki gen kòm reprezantan Kolèj santral la ansanm ak ansyen yo ki nome (Matye 24:45). Piske nou gen respè pou Jezi Kris, “ bèje an chèf la ”, sa fè nou koute egzòtasyon Pòl ban nou, kote l di pou nou “ gen respè pou sila yo k ap travay di pami nou e k ap dirije nou nan Seyè a e k ap ban nou avètisman ”. — 1 Pyè 5:4 ; 1 Tesalonisyen 5:12 ; 1 Timote 5:17.
-