-
Èske w antre nan repo Bondye a?Toudegad — 2011 | 15 jiyè
-
-
“Pawòl Bondye a vivan”
20. Bay de fason nou kapab aplike Ebre 4:12. (Gade nòt anba paj la.)
20 Lè apot Pòl te di “pawòl Bondye a vivan” an, li pa t ap pale de pawòl Bondye ekri a, anpalan de Labibc. Kontèks kote pawòl sa yo parèt la montre li t ap pale de pwomès Bondye fè. Sa Pòl te vle fè konnen sèke Bondye pa janm fè yon pwomès epi pou l bliye l. Jewova montre sa Pòl te di a se vre. Men sa l te di pwofèt Izayi: ‘Pawòl mwen p’ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.’ (Iza. 55:11). Donk, pa gen rezon pou nou enpasyan lè bagay yo pa fèt vit jan nou ta renmen an, paske, Jewova “kontinye [ap] travay” nan entansyon pou l akonpli objektif li. — Jan 5:17.
21. Ki jan Ebre 4:12 kapab ankouraje moun aje ki fè pati “gwo foul” la?
21 Gen anpil moun aje ki fidèl ki fè pati “gwo foul” la ki gen plizyè dizèn ane depi y ap sèvi Jewova (Rev. 7:9). Anpil ladan yo pa t janm panse yo t ap vin granmoun nan sistèm sa a. Malgre sa, yo pa kite dekourajman pote yo ale (Sòm 92:14). Yo rann yo kont pwomès Jewova a vivan e Jewova ap travay pou l reyalize l. Piske objektif Jewova genyen an enpòtan pou li, nou fè kè l kontan lè nou kenbe objektif sa a nan lespri nou. Jewova ap repoze l nan setyèm jou a, e li gen asirans objektif li ap reyalize e pèp li a ap kolabore avè l ann amoni ak objektif sa a. E ou menm, èske w antre nan repo Bondye a?
-