BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 36
  • Se pou nou onèt nan tout bagay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou onèt nan tout bagay
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Se pou nou onèt nan tout bagay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Se pou nou onèt nan tout bagay
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Yon bèl kalite ki gen plis valè pase dyaman
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Nou ka rete onèt nan yon monn ki malonèt
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 36
Leson 36. Yon mesye k ap siyen yon dokiman.

LESON 36

Se pou nou onèt nan tout bagay

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Tout moun ta renmen zanmi ak moun ki onèt. Jewova atann pou zanmi l yo onèt tou. Men, sa pa toujou fasil, paske n ap viv nan yon monn kote anpil moun pa onèt. Ki byenfè n ap jwenn lè nou onèt nan tout bagay?

1. Ki pi gwo rezon nou genyen pou nou onèt?

Lè nou onèt ak lòt moun, nou montre Jewova nou renmen l e nou respekte l. Sonje sa: Jewova konnen tout sa nou panse ak tout sa nou fè (Ebre 4:13). Li wè lè nou chwazi onèt, e sa fè l plezi. Men sa Pawòl li a di: “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat.” — Pwovèb 3:32.

2. Bay kèk fason nou kapab montre nou onèt nan lavi nou.

Jewova vle pou nou “youn di lòt laverite”. (Zakari 8:16, 17.) Ki sa sa vle di? Kit n ap pale ak moun nan fanmi nou, kòlèg travay nou, frè ak sè nan kongregasyon an, kit n ap pale ak otorite nan gouvènman an, nou pa bay manti, nitou nou pa bay enfòmasyon pou twonpe yo. Moun ki onèt pa vòlè afè lòt moun, nitou yo pa twonpe yo. (Li Pwovèb 24:28 ak Efezyen 4:28.) E yo peye tout taks yo gen pou yo peye (Women 13:5-7). Nou konpòte nou yon fason ki dwat nan fason sa yo ak lòt fason ankò, wi, nou “konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay”. — Ebre 13:18.

3. Ki byenfè nou jwenn lè nou onèt?

Lè nou gen repitasyon moun ki onèt, lòt moun fè nou konfyans. Sa ede lòt moun santi yo an sekirite nan kongregasyon an, sa fè yo santi yo nan yon fanmi ki gen lanmou. Nou gen yon bon konsyans. Mete sou sa, sa pèmèt nou “anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an” e sa atire moun vin nan vrè adorasyon an. — Tit 2:10.

FOUYE PLIS

Gade ki jan lè w onèt, sa gen bon efè ni sou Jewova, ni sou ou. E gade ki jan ou kapab onèt nan divès sitiyasyon nan lavi a.

4. Lè nou onèt, sa fè Jewova plezi

Li Sòm 44:21 ak Malachi 3:16, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske li saj pou n kwè nou kapab kache laverite? Sa k fè w panse sa?

  • Ki jan w panse Jewova santi l lè nou chwazi di laverite menm lè sa pa fasil?

Yon timoun k ap pale ak papa l ki mete yon jenou l atè pou l ka menm wotè ak timoun nan. Yon vè ji ki tonbe sou yon biwo.

Lè timoun yo di laverite, sa fè kè paran yo kontan. Menm jan an tou, lè nou di laverite, sa fè kè Jewova kontan.

5. Se pou nou toujou onèt

Anpil moun kwè li pa rezonab pou nou toujou onèt. Men, ann wè sa k fè nou dwe toujou onèt. Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Ki sa k bay kè kontan? — Yon konsyans ki klè (2:32)

Yon sèn nan videyo ‘Ki sa k bay kè kontan? — Yon konsyans ki klè’. Apre Ben te fin di patwon l li te fè yon erè k ap koute konpayi a chè, yo bay lamen.

Li Ebre 13:18, epi fè yon ti pale sou fason nou kapab onèt...

  • nan fanmi nou.

  • nan travay nou oswa nan lekòl nou.

  • nan lòt sitiyasyon.

6. Lè nou onèt, sa bon pou nou

Lè nou onèt, sa kapab fè nou jwenn kèk pwoblèm. Men, lè nou byen reflechi, se toujou pi bon fason pou nou aji. Li Sòm 34:12-16, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan lè nou onèt sa fè nou viv pi byen?

A. Yon mari ak madanm li k ap pale pandan y ap bwè kafe. B. Yon patwon k ap felisite yon bòs mekanisyen nan yon garaj. C. Yon mesye k ap montre yon polisye lisans li.
  1. Lè mari ak madanm onèt youn ak lòt, sa fè maryaj yo pi solid.

  2. Lè anplwaye yo onèt, sa fè patwon yo fè yo konfyans.

  3. Lè sitwayen yo onèt, sa fè yo vin gen bon repitasyon devan otorite nan gouvènman yo.

GEN MOUN KI DI: “Sa pa grav si w bay yon ti manti.”

  • Èske w kwè Jewova rayi tout kalite manti? Sa k fè w kwè sa?

SA W TE APRANN

Jewova vle pou zanmi l yo onèt nan tout sa y ap di e nan tout sa y ap fè.

Revizyon

  • Bay kèk fason nou kapab montre nou onèt.

  • Sa k fè li pa saj pou n panse nou kapab kache laverite?

  • Poukisa w ta renmen toujou onèt?

Objektif

APRANN PLIS

Ki jan paran yo ka aprann timoun yo pou yo onèt?

Se pou nou toujou di laverite (1:44)

Sa k fè li bon pou nou kenbe pwomès nou fè?

Kenbe pwomès ou, e w ap jwenn benediksyon (9:09)

Gade pou w wè sa k fè nou dwe peye taks menm lè yo mal sèvi avèk yo.

“Èske w dwe peye taks?” (Toudegad 1ye oktòb 2011)

Sa k te pouse yon mesye ki pa t onèt pou l chanje lavi l e pou l vin fè yon travay ki onèt?

“Mwen aprann Jewova gen mizèrikòd e li konn padone” (Toudegad 1ye me 2015)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje