BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 44.1-6
  • Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Chwazi adore Bondye
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Poukisa Temwen Jewova yo pa fete kèk fèt?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Pran pozisyon pou vrè adorasyon an
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 44.1-6
Leson 44. Plizyè santèn moun k ap lage yon seri lanp an papye ki limen e ki klere pou yo vole nan syèl la nan aswè pandan yon fèt.

LESON 44

Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Jewova vle nou pran plezi nan lavi a, e pafwa menm li vle nou fete. Men, èske se tout fèt ki fè l plezi? Ki jan nou ka montre nou renmen Jewova nan domèn sa a?

1. Poukisa anpil nan fèt yo pa fè Jewova plezi?

Ou ka sezi aprann anpil fèt chita sou ansèyman ki pa sot nan Bib la oswa yo soti nan fo relijyon. Yo gendwa makònen ak pratik ki gen rapò ak movèzespri oubyen ak kwayans kòmkwa nanm nan pa ka mouri. Gen nan fèt sa yo ki makònen ak sipèstisyon oswa moun ki te konn fete yo te kwè nan chans (Ezayi 65:11). Men ki lòd Jewova bay moun k ap adore l yo: “Mete nou apa . . . e sispann manyen bagay ki pa pwòp la.” — 2 Korentyen 6:17a.

2. Ki jan Jewova konsidere fèt ki bay moun yon onè ki depase limit?

Jewova di nou pou n pa “mete konfyans [nou] nan lòm parèy [nou]”, sa ki t ap yon pyèj pou nou. (Li Jeremi 17:5.) Gen kèk nan fèt yo ki bay moun k ap dirije oswa sòlda onè. Gen lòt fèt yo fè pou senbòl nasyonal yo oswa pou endepandans (1 Jan 5:21). Gen lòt fèt tou ki fèt pou ankouraje mouvman politik oswa sosyal. Ki jan Jewova t ap santi l si l ta wè nou bay yon moun oswa yon òganizasyon yon onè ki depase limit, sitou si y ap fè pwopagann pou ide ki kont objektif Jewova?

3. Ki sa k ka fè Bondye pa dakò ak yon fèt?

Bib la di nou pou nou pa “nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch [ak] nan gagòt bwason”. (1 Pyè 4:3.) Gen fèt ki ankouraje moun pou yo aji yon fason ki san kontwòl e pou yo aji yon fason ki imoral. Pou nou ret zanmi Jewova, nou dwe rete lwen vye bagay sa yo.

FOUYE PLIS

Gade ki jan w ka fè Jewova plezi lè w pran bon desizyon anrapò ak fèt yo.

Yon frè ki gen yon kòlèg travay li k ap ofri l yon kado nan pou fèt Nwèl.

4. Pa patisipe nan fèt ki dezonore Jewova

Li Efezyen 5:10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Lè n ap deside si n ap fete yon fèt, ki sa nou dwe verifye?

  • Ki fèt yo plis fete nan zòn kote w ap viv la?

  • Èske w panse fèt sa yo fè Jewova plezi?

Pa egzanp, èske w konn mande tèt ou ki sa Bondye panse de fèt anivèsè nesans? Pa gen okenn kote nan Bib la yo pale de yon sèvitè Jewova ki te fete anivèsè nesans li, men Bib la pale konsènan de moun ki pa t ap sèvi Jewova ki te fete anivèsè nesans yo. Li Jenèz 40:20-22 ak Matye 14:6-10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa k te pase nan toule de fèt anivèsè nesans sa yo?

  • Selon sa nou wè nan istwa sa yo, ki jan w panse Jewova konsidere anivèsè nesans?

Malgre sa, ou ka ap mande tèt ou èske sa t ap bay Jewova pwoblèm toutbon si w ta asiste yon fèt anivèsè nesans oswa yon lòt fèt ki pa ann amoni ak sa ki di nan Bib la? Li Egzòd 32:1-8. Apre sa, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

VIDEYO: Fèt ak selebrasyon ki pa fè Bondye plezi (5:07)

  • Poukisa nou dwe byen konnen ki sa Jewova aksepte?

  • Ki jan nou ka fè sa?

Fason nou ka konnen si yon fèt pa fè Bondye plezi

  • Èske l chita sou ansèyman ki pa sot nan Bib la? Pou w ka konn sa, fè rechèch sou kote fèt sa a soti.

  • Èske li bay moun, òganizasyon oswa senbòl nasyonal yon onè ki depase limit? Nou onore Jewova plis pase tout lòt moun oswa tout bagay e nou met konfyans nou nan li pou l rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan.

  • Èske koutim ak pratik ki makònen ak fèt sa a depaman ak prensip ki nan Bib la? Nou dwe rete pwòp nan domèn moral.

5. Ede lòt moun respekte kwayans ou

Li ka difisil pou w di non lè lòt moun ap fè presyon sou ou pou w patisipe nan fèt ki pa fè Jewova plezi. Esplike yo rezon ki fè se desizyon sa a ou pran, fè sa avèk pasyans e avèk respè. Pou w ka wè yon egzanp sou fason pou w fè sa, gade VIDEYO a.

VIDEYO: Esplike lòt moun kwayans ou avèk respè (2:01)

Li Matye 7:12, epi reponn kesyon sa yo:

  • Selon vèsè sa a, èske w ta dwe di moun nan fanmi w ki pap sèvi Jewova yo pa dwe fete yon fèt?

  • Ki sa w ka fè pou w montre fanmi w ou renmen yo e w ba yo anpil valè, menm lè w pap fete avèk yo?

6. Jewova vle nou gen kè kontan

Jewova vle nou pase bon moman ansanm ak fanmi nou e ak zanmi nou. Li Eklezyas 8:15, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan vèsè a montre Jewova vle nou gen kè kontan?

Jewova vle moun k ap sèvi l yo gen kè kontan e li vle yo pase bon moman ansanm. Gade VIDEYO a pou w wè ki jan sa parèt klè nan kongrè entènasyonal nou yo.

VIDEYO: Bèl akèy frè ak sè yo bay nan kongrè entènasyonal yo (5:40)

Li Galat 6:10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske nou oblije patisipe nan fèt yo pou nou “fè byen” pou lòt moun?

  • Ant bay kado nan okazyon yon fèt paske w oblije fè sa ak bay kado paske ou anvi fè sa, ki sa k t ap fè kè w pi kontan?

  • Gen paran Temwen ki konn òganize yon ti moman espesyal pou pitit yo e ki konn fè yo kado san yo pa t atann. Si w gen timoun, ki bagay espesyal ou kapab fè pou yo?

Yon tifi k ap resevwa yon kado li pa t atann nan men paran l.

GEN MOUN KI DI: “Li pa enpòtan pou w konnen kote yon fèt soti. Sa k pi enpòtan, se pase bon moman ak fanmi w ak zanmi w.”

  • Ki sa w t ap di?

SA W TE APRANN

Jewova vle nou pase bon moman ak fanmi nou zanmi nou. Men tou li pa vle nou fete fèt ki pa fè l plezi yo.

Revizyon

  • Ki kesyon nou ka poze pou nou konnen si yon fèt fè Jewova plezi oubyen si l pa fè l plezi?

  • Ki jan nou kapab ede fanmi nou ak zanmi nou konprann desizyon nou pran anrapò ak fèt yo?

  • Ki jan nou fè konnen Jewova vle pou nou gen kè kontan e pou nou pase bon moman ansanm?

Objektif

APRANN PLIS

Gade kèk nan fèt kretyen yo pa fete yo.

“Sa k fè gen fèt Temwen Jewova yo pa fete?” (Atik sou Entènèt)

Gade kat rezon ki fè nou kwè fèt anivèsè nesans pa fè Bondye plezi.

“Poukisa Temwen Jewova yo pa selebre anivèsè nesans?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki jan yon adolesan te reyaji avèk respè lè lòt moun nan lekòl li t ap pase l nan rizib paske li pa fete Nwèl.

Fason w ka reyaji ak respè lè y ap pase w nan rizib (2:04)

Gen plizyè milyon kretyen ki chwazi pou yo pa fete Nwèl. Ki jan yo konsidere desizyon yo pran an?

“Yo te jwenn yon bagay ki pi bon” (Toudegad, 1ye desanm 2012)

a Gade nòt 5 lan pou w ka wè ki sa w ka fè lè w twouve w nan yon sitiyasyon kote lòt moun ap fete yon fèt.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje