Ki fason Jewova montre l renmen nou?
“Gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou!” — 1 JAN 3:1.
1. Ak ki sa apot Jan te ankouraje kretyen yo pou yo reflechi, e poukisa?
LI VRÈMAN enpòtan pou n reflechi ak pawòl apot Jan te di nan 1 Jan 3:1 an. Lè Jan te di “gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou” an, se ankouraje l t ap ankouraje kretyen yo pou yo reflechi sou kokenn lanmou Bondye gen pou yo a epi pou yo reflechi sou fason Bondye renmen yo. Pa gen dout nan sa, lè n rive konprann lanmou Jewova nan sans sa a, n ap vin renmen l pi plis e relasyon n gen avè l la ap vin pi solid.
2. Poukisa kèk moun twouve l difisil pou yo konprann Bondye renmen yo?
2 Sepandan, pou kèk moun, kesyon Bondye renmen moun nan se jis yon bagay ki etranj. Pou yo menm, nou dwe pè Bondye epi n dwe obeyi l. Oswa, petèt akoz kèk ansèyman ki pa laverite, yo santi Bondye pa renmen moun e l menm enposib pou moun renmen l. Yon lòt bò, gen kèk moun yo menm ki panse Bondye pa atann anyen nan men yon moun pou l renmen l epi Bondye renmen yo kit yo fè yon bagay oswa yo pa anyen. Pandan w ap etidye Bib la, ou aprann lanmou se kalite ki plis parèt kay Jewova e se lanmou ki te pouse l bay sèl Pitit Gason l lan kòm ranson pou nou (Jan 3:16; 1 Jan 4:8). Sepandan, fason w te leve ka gen enfliyans sou sa w santi konsènan lanmou Bondye gen pou ou a.
3. Ki verite enpòtan ki ede n konprann lanmou Bondye gen pou nou an?
3 Kidonk, ki fason Jewova montre l renmen nou? Repons kesyon sa a chita sou fason nou konprann baz relasyon ki egziste ant nou menm ak Jewova Dye a. Nòmalman, se Jewova ki kreye tout moun. (Li Sòm 100:3-5.) Se rezon sa a ki fè Bib la rele Adan “pitit Bondye”, e Jezi te anseye disip li yo lè y ap priye pou yo pale ak Bondye antanke “Papa [yo] ki nan syèl la”. (Lik 3:38; Mat. 6:9.) Etandone Jewova se Sila ki kreye lavi a, li se Papa nou e konsa, relasyon ki egziste ant li menm avè n nan sanble ak relasyon ki egziste ant yon papa ak yon pitit. Yon fason senp, nou ka di Jewova renmen nou menm jan yon bon papa renmen pitit li.
4. a) Nan ki sans Jewova diferan ak papa imen yo? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a ak atik ki vin apre a?
4 Natirèlman, papa imen yo pa pafè. Kèlkeswa efò yo fè, yo pap janm ka rive nan nivo Jewova demontre lanmou l antanke papa. Anfèt, gen kèk moun ki gen move souvni anrapò ak sitiyasyon yo t ap viv nan fanmi yo ki kite yon domaj afektif oswa mantal pou yo. Sa fè lapèn, sa tris, e sa menm terib. Nou kapab sèten Jewova pa tankou yon papa konsa (Sòm 27:10). Lè n konn fason Jewova montre l renmen nou e l pran swen nou, se sèten sa ap fè n vin pi pwòch li (Jak 4:8). Nan atik sa a, nou pral egzamine kat fason Jewova montre l renmen nou. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kat fason nou kapab demontre lanmou pou li.
AVÈK LANMOU, JEWOVA BAN NOU TOUT SA N BEZWEN
5. Ki sa apot Pòl te di moun Atèn yo konsènan Bondye?
5 Pandan apot Pòl te twouve l nan vil Atèn, nan peyi Grès, li te remake vil la plen ak zidòl yon seri dye ak deyès moun yo te kwè ki te ba yo lavi ansanm ak sa yo bezwen pou viv. Men sa lespri Bondye te pouse Pòl di yo: “Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l [...] bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay. [...] Grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” (Tra. 17:24, 25, 28). Wi, avèk lanmou, Jewova fè n jwenn “tout bagay” nou bezwen pou n viv. Fè yon ti reflechi ak tout sa senp deklarasyon sa a vle di.
6. Ki fason tè a reflete lanmou Bondye gen pou nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
6 Fè yon ti reflechi ak tè a, Jewova, Sila a ki Kreyatè a, te “bay lèzòm”. (Sòm 115:15, 16, NW.) Syantifik yo depanse yon pakèt lajan pou yo eksplore lespas nan chèche lòt planèt ki menm jan ak tè a. Byenke yo rive dekouvri plizyè santèn planèt, syantifik yo desi lefètke yo wè pa gen youn nan planèt sa yo ki nan menm nivo ak jan kondisyon tè a fè l posib pou gen lavi. Tè a parèt san parèy pami tout bagay Bondye kreye yo. Annik imajine sa, pami tout kantite planèt moun pa ka konte ki gen nan Lavwa lakte a ak lòt galaksi ankò, Jewova te kreye tè a nonsèlman pou moun abite, men l te fè l konfòtab, li te fè l bèl ak e l te fè l yon fason pou lèzòm ka jwenn pwoteksyon (Iza. 45:18)! Sa montre jis nan ki pwen Jewova dwe renmen nou. — Li Jòb 38:4, 7; Sòm 8:3-5.
7. Nan ki sans fason Bondye kreye nou an montre l vrèman renmen nou?
7 Byenke Jewova kreye yon bèl kay pou nou, li konnen pou nou jwenn kè kontan ak satisfaksyon nou bezwen plis pase bagay materyèl. Yon timoun ap santi l vrèman an sekirite lè l santi jan paran l renmen l ak jan yo ba l atansyon. Jewova te kreye lèzòm pòtre ak li e l ba yo kapasite espirityèl pou yo santi lanmou l ak fason l ap pran swen yo epi pou yo reyaji ak sa (Jen. 1:27). Anplis de sa, Jezi te di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” (Mat. 5:3). Antanke Papa ki gen lanmou, ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl, Jewova “ban nou tout bagay an kantite pou nou ka jwi yo”. — 1 Tim. 6:17; Sòm 145:16.
AVÈK LANMOU, JEWOVA ANSEYE N LAVERITE
8. Ki sa k fè n ka atann pou “Bondye verite a” demontre lanmou pou nou?
8 Papa yo renmen pitit yo e yo vle pwoteje yo kont twonpri ak desepsyon. Sepandan, gen anpil paran ki pa ka bay pitit yo bonjan direksyon paske yo rejte prensip ki nan Pawòl Bondye a. Sa konn lage yo nan konfizyon ak desepsyon (Pwo. 14:12). Yon lòt bò, Jewova, se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5, NW.) Li renmen pitit li yo e l pran plezi kite limyè verite a gide yo nan tout aspè nan lavi yo, sitou nan fason y ap adore l. (Li Sòm 43:3.) Ki verite Jewova fè n konnen, e ki jan sa montre l renmen nou?
Papa ki kretyen yo imite Jewova lè yo anseye pitit yo laverite ak lè yo ede yo fè zanmi ak Papa yo ki nan syèl la. (Gade paragraf 8-10.)
9, 10. Nan ki sans Jewova montre l renmen nou lè l fè n konn laverite a) sou li? b) sou nou?
9 Pou kòmanse, Jewova fè n konn laverite sou li. Li fè n konn non l ki parèt plis fwa nan Bib la pase nenpòt lòt non. Konsa, Jewova pwoche kote n e l pèmèt nou vin konnen l (Jak 4:8). Jewova fè n konnen kalite l yo tou e l fè n konn ki kalite Dye li ye. Byenke linivè a montre pisans ak sajès Jewova genyen, grasa Ekriti yo, Jewova fè n konnen jistis li e sitou kokenn lanmou l genyen an (Wom. 1:20). Li menm jan ak yon papa ki nonsèlman gen fòs e l saj, men tou, ki jis, ki gen lanmou e ki fè l fasil pou pitit li gen yon relasyon sere sere avè l.
10 Mete sou sa, pou byennèt nou, Jewova fè n konn laverite sou nou, sa vle di, li fè n konn plas nou nan fason l ap ranje bagay yo. Sa kontribye pou gen lapè ak lòd nan fanmi inivèsèl li a. Nan Bib la, nou aprann Bondye pa t bay lèzòm dwa pou yo dirije tèt yo poukont yo, pou yo vin endepandan parapò avè l, epi, si yo meprize verite enpòtan sa a y ap jwenn move rezilta (Jer. 10:23). Sa vrèman enpòtan pou byennèt nou. Se sèlman lè n rekonèt otorite Bondye n ap ka viv anpè epi nan tèt ansanm. Se pa ti renmen Jewova renmen nou lefètke l fè n konnen verite enpòtan sa a!
11. Ki pwomès Jewova fè ki fè n wè jan l renmen n ak jan l gen sousi pou nou?
11 Yon papa ki gen lanmou sousye l anpil de avni pitit li, li vle pou yo gen yon vrè objektif, yon objektif ki gen sans. Malerezman, pifò moun pa konn anyen konsènan lavni oswa yo pase lavi yo nan pousuiv objektif ki pa pèmèt moun jwenn byenfè k ap dire (Sòm 90:10). Antanke pitit Bondye, nou santi Jewova renmen nou toutbon paske l pwomèt nou yon bèl avni. Sa bay lavi nou yon bon sans e sa fè n gen objektif nan lavi a.
JEWOVA BAY PITIT LI YO KONSÈY EPI L DISIPLINE YO
12. Ki fason konsèy ak direksyon Jewova te bay Kayen ak Bawouk yo montre lanmou ak sousi l te gen pou yo?
12 “Poukisa w fache e figi w mare konsa? Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m? [...] Èske w ap rive gen kontwòl [peche a]?” (Jen. 4:6, 7, NW). Sa se konsèy ak bonjan direksyon ki vini nan bon moman. Konsa, Jewova te avèti Kayen nan moman l te wè Kayen sanble sou yon move wout. Malerezman, Kayen pa t koute avètisman sa a e sa te fè l soufri anpil (Jen. 4:11-13). Lè Bawouk, sekretè Jeremi an, te santi l fatige e l te dekouraje, Jewova te ba l konsèy pou ede l wè sa k vrèman fè l gen pwoblèm nan. Kontrèman ak Kayen, Bawouk te aksepte konsèy Jewova te ba li a e sa te sove lavi l. — Jer. 45:2-5.
13. Poukisa Jewova pèmèt sèvitè fidèl li yo jwenn eprèv?
13 Men sa apot Pòl te ekri: “Jewova disipline moun li renmen. Anfèt, li kale tout moun li akeyi kòm pitit li.” (Ebre 12:6). Sepandan, disiplin pa sèlman gen pinisyon ladan l. Yo ka disipline yon moun plizyè fason. Bib la gen anpil egzanp konsènan kèk moun fidèl ki te rankontre anpil gwo eprèv, e eprèv sa yo gendwa te sèvi yo kòm disiplin oswa fòmasyon. Reflechi ak Jozèf, Moyiz ak David. Istwa nou jwenn sou lavi moun sa yo fè pati istwa ki gen plis detay e ki pi vivan pami istwa tout lòt moun yo rakonte nan Bib la. Lè n li konsènan fason Jewova te kanpe avèk yo nan eprèv yo te jwenn ak jan Jewova te sèvi avè yo yon fason estrawòdinè, sa ap fè n rive wè jis nan ki pwen Jewova renmen sèvitè l yo e l gen sousi pou yo. — Li Pwovèb 3:11, 12.
14. Nan ki sans Jewova montre l renmen nou lè l disipline nou?
14 Disiplin Jewova bay yo ede n wè kèk lòt aspè nan lanmou l. Lè Jewova disipline moun ki fè sa k mal epi moun sa yo byen reyaji e yo repanti, Jewova ap ‘padone yo nèt’. (Iza. 55:7, NW.) Ki sa sa vle di? David te byen dekri fason Jewova padone moun lè l te di: “Li padone tout peche m yo e li geri tout maladi m yo, li pa kite m desann nan twou a, li onore m lè l demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen ansanm ak mizèrikòd. Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.” (Sòm 103:3, 4, 12, NW). Annou toujou byen reyaji devan konsèy ak disiplin Jewova bay yo, epi ann pa pran tan pou n rekonèt disiplin kòm yon fason Jewova demontre kokennchenn lanmou l gen pou nou an. — Sòm 30:5.
JEWOVA PWOTEJE N E LI SOVE N
15. Ki sa k montre pèp Jewova a gen valè nan je l?
15 Nòmalman, youn nan priyorite yon papa ki gen lanmou genyen se pwoteje epi sove fanmi l kont nenpòt bagay ki reprezante yon danje pou yo. Se sa Jewova, Papa nou ki nan syèl la, fè pou nou tou. Men sa yon Salmis la te di konsènan Jewova: “Li pwoteje lavi moun ki fidèl ak li yo, li sove yo anba men mechan yo.” (Sòm 97:10, NW). Ann pran yon egzanp. Sa pa ti sansib ou sansib pou je w, pa vre? Se konsa Jewova santi l pou pèp li a tou. (Li Zekarya 2:8.) Se pa ti valè pèp Bondye a genyen nan je l!
16, 17. Bay kèk fason Jewova pwoteje pèp li a epi l sove l, menm nan epòk pa nou an.
16 Youn nan fason Jewova pwoteje pèp li a se pa mwayen zanj yo (Sòm 91:11). Gen yon zanj ki te sove Jerizalèm anba men Asiryen yo lè l te detwi yon lame ki te gen 185 000 sòlda nan yon sèl nuit (2 Wa 19:35). Gen zanj ki te delivre apot Pyè, apot Pòl ansanm ak lòt moun nan prizon (Tra. 5:18-20; 12:6-11). Nan epòk pa nou an tou, men Jewova pa twò kout. Gen yon reprezantan syèj mondyal la ki t ap vizite yon filyal ann Afrik ki te fè konnen jan konfli politik ak relijye te ravaje peyi sa a. Batay, vòl, vyòl ansanm ak zak asasinay lage peyi a nan konfizyon epi sa lakòz dezòd tou. Sepandan, pa gen youn nan frè ak sè nou yo ki pèdi lavi yo, menm lè anpil nan yo te pèdi byen yo ak bèt yo. Lè yo te mande yo kòman yo rive fè fas ak sa, yo tout te reponn ak yon bèl souri: “Tout bagay anfòm grasa Jewova!” Yo te santi lanmou Bondye gen pou yo.
17 Pafwa Jewova konn kite ènmi l yo touye yon sèvitè fidèl li, pa egzanp Etyèn. Sepandan, Bondye pwoteje pèp li a tout kote lè l ba yo avètisman nan bon moman kont manèv Dyab la (Efe. 6:10-12). Pa mwayen Pawòl li a ak piblikasyon ki baze sou Bib la òganizasyon l pwodui yo, nou vin aprann laverite konsènan lajan ki se twonpri, sou imoralite, jwèt vyolan, danje sou entènèt ak lòt ankò. Vrèmanvre, antanke yon Papa ki gen lanmou, Jewova pwoteje pèp li a e l veye sou byennèt li.
YON GWO PRIVILÈJ
18. Ki jan w santi w konsènan lanmou Jewova gen pou ou a?
18 Lè n reflechi sou sèlman kèk nan bèl fason Jewova montre l renmen nou, nou pa ka pa santi n menm jan ak Moyiz. Lè Moyiz t ap reflechi sou tout ane l te fè ap sèvi Jewova, li te di: “Fè nou benefisye lanmou fidèl ou genyen an nan maten pou nou ka rele byen fò ak kè kontan, pou nou ka rejwi pandan tout vi nou.” (Sòm 90:14, NW). Rive konprann epi wè fason Jewova montre l renmen nou se youn nan pi gwo privilèj ak benediksyon nou te ka genyen jodi a. Menm jan ak apot Jan, nou vle di: “Gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou!” — 1 Jan 3:1.