LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Tè a “vale rivyè dlo” a
Plizyè fwa nan listwa lèzòm, otorite nan Leta yo ede pèp Jewova a (Esd 6:1-12; Est 8:10-13). Menm nan epòk pa nou an, nou wè “tè a”, sa vle di kèk moun ki gen otorite nan systèm sa a ki montre yo rezonab, vale “rivyè dlo” pèsekisyon dragon an, Satan Ledyab, lakòz la (Re 12:16). Pafwa Jewova, ‘Bondye k ap delivre nou’ an, kapab fè moun k ap dirije yo ede pèp li a. — Sm 68:20; Pw 21:1.
Men, e si w nan prizon akoz lafwa w? Ou pa dwe janm doute Jewova ap veye sou ou (Jen 39:21-23; Sm 105:17-20). Ou mèt gen asirans l ap rekonpanse w poutèt lafwa w, e toupatou sou tè a, frè ak sè yo jwenn ankourajman grasa egzanp fidelite w. — Fp 1:12-14; Re 2:10.
GADE VIDEYO YO LIBERE FRÈ KI TE NAN PRIZON KORE YO, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Pandan ane ki pase yo, poukisa yo te mete plizyè milye frè nou nan prizon nan Kore disid?
Ki desizyon tribinal yo te pran ki te pèmèt yo lage kèk nan frè nou yo anvan lè yo te prevwa lage yo a?
Ki sa nou ka fè pou n ede frè nou yo ki nan prizon pou lafwa yo toupatou sou tè a?
Ki jan nou ka sèvi ak libète nou genyen an?
Grasa kiyès nou rive gen tout viktwa nou ranpòte nan tribinal yo?
Ki jan m sèvi ak libète mwen genyen an?