BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Kris ap pale ak kongregasyon yo
    Toudegad — 2003 | 1ye jen
    • 7, 8. Ki gwo pwoblèm ki te egziste nan kongregasyon Efèz la, e kòman nou kapab fè fas ak yon sitiyasyon konsa ?

      7 Epoutan, kretyen Efèz yo te gen yon gwo pwoblèm. Jezi te di yo : “ Men sa mwen genyen kont ou : ou kite lanmou w te genyen okòmansman an. ” Manm kongregasyon an te bezwen fè premye amou yo te genyen pou Jewova a reviv (Mak 12:28-30; Efezyen 2:4; 5:1, 2). Nou menm tou, nou dwe veye pou nou pa pèdi premye amou nou te genyen pou Bondye a (3 Jan 3). Men, ki sa nou dwe fè si yon seri bagay tankou anvi gen richès materyèl oswa kouri dèyè plezi ta vin domine lavi nou (1 Timote 4:8 ; 6:9, 10) ? Lè sa a nou ta dwe priye avèk fòs pou nou jwenn èd nan men Bondye pou nou ranplase tandans sa yo avèk yon lanmou pou Jewova ki byen solid e avèk yon rekonesans pou tout sa li menm ak Pitit li a fè pou nou. — 1 Jan 4:10, 16.

  • Kris ap pale ak kongregasyon yo
    Toudegad — 2003 | 1ye jen
    • 11. Kòman nou ta kapab ankouraje lòt moun pou yo gen lanmou pou Jewova ?

      11 Efezyen yo te pèdi premye amou yo. Men, ki sa nou dwe fè si yon sitiyasyon konsa ap devlope nan yon kongregasyon jodi a ? Annou chak ankouraje lòt moun gen lanmou pou Jewova lè nou pale sou fason li aji avèk amou. Nou kapab di jan nou rekonesan pou lanmou Bondye montre lè li ban nou ranson an pa mwayen Pitit li a li renmen anpil la (Jan 3:16 ; Women 5:8). Lè sa posib, nou kapab pale de lanmou Bondye nan kòmantè nou ak nan patisipasyon nou genyen nan reyinyon yo. Nou ka montre lanmou nou genyen pèsonèlman pou Jewova lè nou louwe non li nan ministè nou (Sòm 145:10-13). Vrèman, pawòl nou ak aksyon nou ka jwe yon gwo wòl pou reveye oswa fòtifye premye amou kongregasyon an.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje