-
Ki jan fo relijyon fè moun mal wè Bondye?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
2. Ki jan fo relijyon yo fè moun mal wè Bondye akoz aksyon yo fè?
Fo relijyon yo pa trete moun menm jan Jewova trete moun. Bib la fè konnen “peche [fo relijyon] yo monte pil sou pil rive jis nan syèl la”. (Revelasyon 18:5.) Pandan plizyè syèk, relijyon yo mele nan politik, yo soutni gè yo, e yo lakòz anpil moun mouri oubyen yo dakò pou moun sa yo mouri. Gen chèf relijye ki vle vin rich, se sa k fè yo mande fidèl yo pou yo ba yo lajan. Aksyon sa yo montre moun sa yo pa menm konnen Bondye e yo pa gen dwa pou yo reprezante Bondye. — Li 1 Jan 4:8.
-
-
Jewova bay fidelite w anpil valè!Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
5. Rete lwen Gran Babilòn nan
Li Lik 4:8 ak Revelasyon 18:4, 5, epi reponn kesyon sa yo:
Èske non m toujou nan lis manm yon fo relijyon?
Èske m fè pati yon òganizasyon ki gen rapò ak lòt relijyon?
Èske travay m ap fè kore fo relijyon nan yon domèn oswa yon lòt?
Èske gen lòt domèn nan lavi m kote mwen bezwen separe ak fo relijyon?
Si m reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, ki chanjman m ta dwe fè?
Nan kèlkeswa sitiyasyon an, pran desizyon k ap pèmèt konsyans ou rete klè e k ap montre w fidèl ak Jewova.
Ki sa w ta dwe fè si yo ta mande w bay kòb pou w soutni aktivite yon lòt relijyon?
-