BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w07 1/4 p. 3
  • Kris ap vini : èske nou ta dwe pè sa ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kris ap vini : èske nou ta dwe pè sa ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Sa sa vle di Jezi ap vini?
    Repons Bib la bay
  • Kris ap vini : ki sa sa pral akonpli ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
w07 1/4 p. 3

Kris ap vini : èske nou ta dwe pè sa ?

KRIS ap vini, ki imaj sa fè pase nan lespri w ? Èske w wè sa kòm yon evènman k ap pote destriksyon, dezolasyon ak pinisyon pou lèzòm ? Oswa èske w espere sa ap vin mete yon fen nan tout pwoblèm nou yo ? Èske vini Kris la se yon evènman nou ta dwe pè ? Oubyen èske nou ta dwe ap tann li ?

Men sa Labib di konsènan vini Kris la : “ Gade ! L ap vini avèk nyaj yo, e tout je pral wè l, [...] e tout tribi ki sou tè a pral frape pwatrin yo nan chagren akoz li. ” ​(Revelasyon 1:7). La a, y ap pale de Jezi k ap vini alavni pou l rekonpanse moun ki jis yo e pou l pini moun ki mechan yo.

Olye apot Jan te pè vini Kris la, li t ap tann li pito. Apre Jan te fin resevwa revelasyon sou vini Kris la e sou sa sa pral vle di pou latè, men sa l te di avèk senserite nan priyè l : “ Vini non, Seyè Jezi. ” ​(Revelasyon 22:20). Men, poukisa “ tout tribi ki sou tè a [...] frape pwatrin yo nan chagren akoz li ” ? Nan ki sans “ tout je ” pral wè l ? Ki sa vini Kris la pral akonpli ? Lè nou gen lafwa nan vini sa a, kòman sa kapab pwofitab pou nou depi kounye a ? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje