-
Prezève lapè nan kay ouSekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
-
-
CHAPIT ONZ
Prezève lapè nan kay ou
1. Ki bagay konsa ki ka lakòz divizyon nan fanmi yo ?
NAN yon fanmi kote gen lanmou, konpreyansyon ak lapè, moun yo gen kè kontan. Nou swete se konsa fanmi pa w ye. Malerezman, gen anpil fanmi ki pa koresponn ak deskripsyon sa a e yo divize pou yon rezon oubyen yon lòt. Ki bagay ki konn lakòz divizyon nan fanmi yo ? Nan chapit sa a, nou pral pale sou twa ladan yo. Nan kèk fanmi, tout moun yo pap pratike menm relijyon. Nan kèk lòt fanmi, timoun yo ka pa menm papa oubyen yo pa menm manman. E nan kèk lòt, sanble se gwo efò moun yo ap fè pou yo jwenn sa ki nesesè pou yo viv, oubyen se anvi pou yo gen plis byen materyèl, ki lakòz fanmi an divize. Poutan, sitiyasyon ki lakòz divizyon nan yon kay konn pa afekte yon lòt kay. Ki sa k fè diferans lan ?
2. Ki kote kèk moun al chèche konsèy anrapò ak lavi fanmi, men ki pi bon sous ki genyen pou jan de konsèy sa yo ?
2 Toudabò, se yon kesyon pwennvi. Si w fè efò toutbon pou w konprann pwennvi lòt moun nan, l ap pi fasil pou w disène fason pou w prezève inite nan kay la. Yon lòt bagay ankò, se sous kote w al chèche konsèy. Anpil moun suiv konsèy kòlèg travay, vwazen, konsèy yo bay nan jounal, oubyen yo suiv sa lòt konseye imen di. Tandiske, gen lòt moun ki chèche konnen sa Pawòl Bondye a di sou sitiyasyon pa yo, e apre sa yo aplike sa yo aprann nan. Kòman sa ka ede yon fanmi prezève lapè nan kay la ? — 2 Timote 3:16, 17.
SI MARI W PA GEN MENM FWA AVÈK OU
Chèche konprann pwennvi lòt moun nan.
3. a) Ki konsèy Bib la bay sou kesyon pou yon moun marye ak yon moun ki pa gen menm fwa ak li ? b) Site kèk prensip fondamantal ki aplikab si yon konjwen kwayan epi lòt la pa kwayan.
3 Bib la konseye nou yon fason fèm pou nou pa marye ak moun ki pap pratike menm relijyon ak nou (Detewonòm 7:3, 4 ; 1 Korentyen 7:39). Sepandan, li ka rive ou te aprann verite ki nan Bib la apre w fin marye, men mari w pa aprann li. Alò, ki sa pou w fè ? Natirèlman, ve ou te fè lè w t ap marye a toujou valab (1 Korentyen 7:10). Bib la mete aksan sou karaktè pèmanan lyen maryaj la e li ankouraje moun ki marye yo pou yo rezoud pwoblèm yo genyen olye pou yo kouri pou yo (Efezyen 5:28-31 ; Tit 2:4, 5). Bon, e si mari w kategorikman opoze, li pa vle w pratike relijyon Bib la anseye a ? Li ka eseye anpeche w al nan reyinyon kongregasyon an, oubyen li ka di li pa vle madanm li al preche kay an kay pou l al pale de relijyon. Ki sa w ap fè ?
4. Kòman yon madanm ka montre li konpreyansif si mari li pa gen menm fwa ak li ?
4 Mande tèt ou : ‘ Poukisa se konsa mari m reyaji ? ’ (Pwovèb 16:20, 23). Si l pa vrèman konprann sa w ap fè a, li ka enkyè pou ou. Oubyen li kapab jwenn presyon nan men fanmi l paske ou pa patisipe ankò nan sèten koutim ki enpòtan pou yo. Gen yon mari ki di : “ Poukont mwen nan kay la, mwen santi m abandone. ” Mesye sa a te gen enpresyon li t ap pèdi madanm li akoz yon relijyon. Sepandan, ògèy te anpeche l eksprime santiman solitid li genyen. Petèt, mari w bezwen gen asirans lanmou w genyen pou Jewova pa vle di kounye a ou renmen l mwens pase anvan. Veye pou w pase tan ansanm ak li.
5. Ki ekilib yon madanm mari l pa gen menm fwa avèk li dwe toujou kenbe ?
5 Sepandan, gen yon bagay ki pi enpòtan toujou ou bezwen pran an konsiderasyon si w ta renmen aji avèk sajès nan sitiyasyon an. Pawòl Bondye a bay madanm yo egzòtasyon sa a : “ Se pou nou soumèt devan mari nou, jan sa dwe fèt nan Seyè a. ” (Kolosyen 3:18). Konsa, li bay yon mizangad kont lespri endepandans. Anplis de sa, lè li di “ jan sa dwe fèt nan Seyè a ”, vèsè sa a montre lè yon madanm ap soumèt devan mari l li dwe teni kont de soumisyon l devan Seyè a tou. Dwe gen ekilib.
6. Ki prensip yon kretyèn marye dwe toujou sonje ?
6 Pou yon kretyen, asiste reyinyon kongregasyon an, epi bay lòt moun temwayaj sou lafwa li ki baze sou Bib la, se kèk aspè enpòtan nan vrè adorasyon an li pa dwe neglije (Women 10:9, 10, 14 ; Ebre 10:24, 25). Alò, ki sa w ap fè si yon moun pase w lòd pou w pa obeyi yon kòmandman byen presi Bondye bay ? Apot Jezi Kris yo te deklare : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” (Travay 5:29). Egzanp yo a bay yon modèl ki aplikab nan anpil sitiyasyon nan lavi a. Èske lanmou w pou Jewova ap pouse w ba li atachman san pataj li menm sèl gen dwa pou l resevwa a ? Anmenmtan, èske lanmou ak respè ou gen pou mari w ap pouse w fè sa yon fason pou l pa kontrarye ? — Matye 4:10 ; 1 Jan 5:3.
7. Ki detèminasyon yon kretyèn marye dwe genyen ?
7 Jezi te fè remake sa pa t ap toujou posib. Li te esplike akoz opozisyon vrè adorasyon an t apral jwenn, moun ki kwayan nan kèk fanmi t apral santi se kòmsi gen yon epe ki separe yo ak rès fanmi an (Matye 10:34-36). Gen yon Japonèz ki te viv sa. Mari li te opoze pandan 11 an. Li te maltrete l yon fason ki brital e souvan li te konn fèmen l deyò. Men, madanm nan te pèsevere. Zanmi nan kongregasyon an te ede l. Li te priye toutan e li te jwenn anpil ankourajman nan 1 Pyè 2:20. Kretyèn sa a te konvenki si l rete fèm, yon jou mari l ap vin sèvi Jewova ansanm ak li. E se sa mari a te fè.
8, 9. Ki jan yon madanm ta dwe aji pou l evite fè mari l gen pwoblèm ak li san nesesite ?
8 Gen anpil bagay pratik ou ka fè pou w mennen konjwen w chanje atitid. Pa egzanp, si mari w pa dakò ak relijyon w, veye pou l pa jwenn okenn rezon valab pou l repwoche w nan lòt domèn. Kenbe kay la pwòp. Veye sou aparans ou. Toujou eksprime lanmou w ak apresyasyon ou gen pou li. Olye pou w ap kritike l, soutni l pito. Montre l ou konte sou li antanke chèf ou. Si w santi li trete w mal, pa rann li laparèy (1 Pyè 2:21, 23). Pran an konsiderasyon lefètke antanke imen nou enpafè, e si gen yon diskisyon ki pete, avèk imilite, mande eskiz an premye. — Efezyen 4:26.
9 Pa kite reyinyon w al asiste yo sèvi rezon pou manje l prepare anreta. E ou ka chwazi pou w patisipe nan ministè kretyen an nan moman mari w pa lakay la. Li saj pou yon kretyèn marye evite preche mari l lè li pa dispoze. Olye de sa, l ap suiv pito konsèy apot Pyè bay la ki di : “ Nou menm madanm, se pou nou soumèt nou devan pwòp mari nou, yon fason pou, si genyen ki pa obeyi pawòl la, konduit madanm yo ka genyen yo san pawòl, paske yo temwen ak je yo jan nou gen yon konduit pwòp ansanm ak yon gwo respè. ” (1 Pyè 3:1, 2). Kretyèn marye yo dwe fè efò pou yo manifeste fwi lespri Bondye a plis toujou. — Galat 5:22, 23.
LÈ MADANM NAN PAP PRATIKE KRISYANIS LAN
10. Ki jan yon mari kwayan dwe aji ak madanm li si l pa gen menm kwayans ak li ?
10 Men, e si se mari a ki kretyen e madanm nan pa yon kretyèn ? Bib la bay konsèy pou jan de sitiyasyon sa yo. Li di : “ Si yon frè gen yon madanm enkwayan, e poutan madanm nan dakò pou l rete ak li, pinga li kite l. ” (1 Korentyen 7:12). Li bay mari yo egzòtasyon sa a tou : “ Se pou nou kontinye renmen madanm nou. ” — Kolosyen 3:19.
11. Kòman yon mari ka demontre disènman ansanm ak tak lè l ap egzèse otorite sou madanm li si madanm nan pap pratike krisyanis lan ?
11 Si w se mari yon madanm ki pa gen menm fwa avèk ou, se pou w veye sitou pou w montre respè pou madanm ou e pou w gen konsiderasyon pou santiman l. Piske li granmoun, li gen dwa gen yon sèten libète pou l pratike kwayans relijye pa l, menmsi ou pa dakò ak yo. Premye fwa ou pral pale ak li sou lafwa pa w, pa atann ou pou l abandone kwayans li te genyen depi lontan an pou yon bagay ki nouvo. Olye pou w di l avèk britalite kwayans ak pratik relijye li menm ansanm ak fanmi l cheri depi lontan an yo fo, avèk pasyans, fè efò pito pou w rezone ak li sou Ekriti yo. Li ka santi l neglije si w pase yon bann tan nan aktivite kongregasyon an. Li ka opoze ak efò w ap fè pou w sèvi Jewova, men mesaj ki alabaz la se ka senpleman : “ Mwen bezwen pase plis tan avè w ! ” Se pou w gen pasyans. Avèk letan, grasa konsiderasyon chaje lanmou ou demontre w genyen, sa ka ede l vin pratike vrè adorasyon an. — Kolosyen 3:12-14 ; 1 Pyè 3:8, 9.
ENSTWI TIMOUN YO
12. Menmsi yon mari ak madanm li pa gen menm fwa, ki jan prensip biblik yo dwe aplike nan fòmasyon timoun yo ?
12 Nan yon kay kote moun yo pa ini nan menm adorasyon, enstriksyon relijye y ap bay timoun yo konn vin yon sijè diskisyon. Kòman prensip biblik yo dwe aplike ? Bib la bay papa a responsablite an premye pou l enstwi timoun yo, men manman an jwe yon wòl enpòtan tou (Pwovèb 1:8 ; gade Jenèz 18:19 ; Detewonòm 11:18, 19). Menmsi papa a pa aksepte otorite Kris, se li ki toujou chèf fanmi an.
13, 14. Ki sa madanm nan ka fè si mari l entèdi l mennen timoun yo nan reyinyon oubyen li pa vle l etidye ak yo ?
13 Gen kèk papa enkwayan ki pa opoze si madanm yo enstwi timoun yo sou kesyon relijye. Gen lòt ki opoze. Men, e si mari w pa dakò pou w mennen timoun yo nan reyinyon kongregasyon an oubyen li menm entèdi w etidye Labib ak yo nan kay la ? Kounye a, w ap bezwen fè ekilib ant divès obligasyon : obligasyon w anvè Jewova, anvè otorite mari w, e anvè pitit ou yo ou renmen. Kòman w ka rive konsilye tout ?
14 Se sèten w ap priye sou sa (Filipyen 4:6, 7 ; 1 Jan 5:14). Men, finalman, se ou menm ki dwe deside ki sa w ap fè. Si w aji avèk tak, ou montre mari w aklè ou pa konteste otorite l, opozisyon l lan ka vin adousi. Menmsi mari w entèdi w mennen timoun yo nan reyinyon oubyen li pa vle ou fè yon etid biblik ofisyèl ak yo, li toujou posib pou w anseye yo. Grasa konvèsasyon ou gen ak yo chak jou e grasa bon egzanp ou bay, fè efò pou w fè antre nan lespri yo, nan yon sèten degre, lanmou pou Jewova, lafwa nan Pawòl li a, respè pou paran yo, san wete papa yo, lanmou sensè pou pwochen yo ak apresyasyon pou travay ki byen fèt. Avèk letan, papa a ka remake bon rezilta sa bay e li ka apresye enpòtans efò w fè yo. — Pwovèb 23:24.
15. Ki responsablite yon papa ki kwayan genyen nan edikasyon timoun yo ?
15 Si ou se yon mari ki kwayan e madanm ou pa kwayan, alò, se ou menm ki gen responsablite pou w leve pitit ou “ nan disiplin ak avètisman Jewova ”. (Efezyen 6:4.) Natirèlman, toutpandan w ap fè sa, ou ta dwe montre w bon, ou gen lanmou e ou rezonab nan fason w ap aji ak madanm ou.
SI W PA NAN MENM RELIJYON AK PARAN W
16, 17. Ki prensip biblik timoun yo dwe sonje si kwayans yo pa menm ak kwayans paran yo ?
16 Se pa yon bagay ki ra ankò pou menm timoun ki minè pratike yon relijyon ki pa menm ak relijyon paran yo. Èske se ka pa w ? Si se sa, Bib la gen konsèy pou ou.
17 Pawòl Bondye a di : “ Se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske sa jis. ‘ Onore papa w ak manman w. ’” (Efezyen 6:1, 2). Sa mande pou w gen bonjan respè pou paran w. Sepandan, byenke obeyi paran w se yon bagay ki enpòtan, sa pa dwe fèt san w pa teni kont de vrè Dye a. Lè yon timoun ase gran pou l kòmanse pran desizyon, li vin pote plis responsablite pou aksyon l. Sa vrè nonsèlman anrapò ak lwa pwofàn men sitou anrapò ak lwa Bondye. “ Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou. ” — Women 14:12.
18, 19. Si timoun yo pap pratike menm relijyon ak paran yo, kòman yo ka ede paran yo konprann fwa yo pi byen ?
18 Si kwayans ou fè w fè chanjman nan lavi w, eseye konprann pwennvi paran w. Sandout, y ap kontan si, grasa prensip biblik w ap aprann yo, e lefètke ou aplike yo, ou vin montre plis respè, ou pi obeyisan, ou pi dilijan pou w fè sa yo mande w. Sepandan, si nouvo lafwa ou vin genyen an fè w rejte kwayans ak koutim yo menm pèsonèlman yo cheri, yo ka santi w rejte yon eritaj yo te chèche transmèt ou. Petèt, yo ka enkyè tou pou byennèt ou si sa w ap fè a pa popilè nan kominote a oubyen si sa fè w devye objektif yo te panse ki t ap ede w pwospere nan domèn materyèl. Ògèy ka yon obstak tou. Anfèt, yo ka panse ou di yo ou gen rezon e yo menm yo gen tò.
19 Donk, kou sa posib, eseye fè aranjman pou paran w yo rankontre kèk nan ansyen yo oubyen lòt Temwen nan kongregasyon an ki gen matirite. Ankouraje paran w yo pou yo vizite Sal Wayòm nan pou yo tande yo menm sa y ap pale e pou yo wè ki jan de moun Temwen Jewova yo ye. Avèk letan, atitid paran w yo ka vin pi soup. Menm lè gen paran ki opoze tennfas, yo detwi piblikasyon biblik yo e yo entèdi timoun yo asiste reyinyon, jeneralman, gen posiblite pou w li lòt kote, pou w pale ak lòt kretyen, pou w bay temwayaj e pou w ede lòt moun yon fason enfòmèl. Ou ka priye Jewova tou. Kèk jèn oblije tann jiskaske yo ase gran pou yo kite kay la anvan yo ka fè plis. Sepandan, kèlkeswa jan sitiyasyon an ye nan kay la, pa bliye pou w “ onore papa w ak manman w ”. Fè sa w kapab pou w kontribye pou gen lapè nan kay la (Women 12:17, 18). Avantou, chèche lapè ak Bondye.
PWOBLÈM KI GENYEN LÈ W SE BÒPÈ OUBYEN BÈLMÈ
20. Ki santiman timoun yo ka genyen si youn nan paran yo se bòpè yo oubyen bèlmè yo ?
20 Nan anpil kay sitiyasyon ki bay pi gwo pwoblèm nan se pa kesyon relijyon, men se yon kesyon byolojik. Anpil fanmi jodi a, gen timoun ki te fèt nan maryaj youn oubyen toule de moun yo te fè anvan. Nan fanmi sa yo, timoun yo ka vin gen jalouzi ak rankin oubyen yo ka nan yon konfli kote yo pa konnen anvè kiyès pou yo fidèl. E kòm rezilta, yo ka rejte efò sensè moun ki bòpè oubyen moun ki bèlmè yo a ap fè pou l yon bon paran. Ki sa ki ka kontribye pou fè jan de fanmi sa yo reyisi ?
Kit ou se papa, kit ou se manman, bòpè oubyen bèlmè, konte sou Bib la pou w jwenn direksyon.
21. Malgre sitiyasyon espesyal yon bòpè oubyen yon bèlmè twouve l, poukisa li ta dwe egzamine prensip ki nan Bib la pou li jwenn èd ?
21 Se pou nou konnen, malgre sitiyasyon espesyal sa yo, prensip biblik yo ki bay bon rezilta nan lòt fanmi aplikab tou nan ka sa a. Si nou pa teni kont de prensip sa yo, sa ka sanble rezoud yon pwoblèm pou lemoman, men sandout, sa pral mennen nan tètchaje pi devan (Sòm 127:1 ; Pwovèb 29:15). Kiltive sajès ak disènman : sajès pou w aplike prensip Bondye yo, pandan w gen nan lespri w byenfè sa ap pote alalong, e disènman pou w idantifye rezon ki fè yon moun nan fanmi an di oubyen fè yon bagay. Li nesesè tou pou w mete w nan plas lòt moun. — Pwovèb 16:21 ; 24:3 ; 1 Pyè 3:8.
22. Poukisa timoun yo ka mal pou yo aksepte yon bòpè oubyen yon bèlmè ?
22 Si w se yon bòpè oubyen yon bèlmè, petèt ou sonje lè w te zanmi fanmi an, timoun yo ka te konn byen akeyi w. Men, lè w vin bòpè yo oubyen bèlmè yo, atitid yo ka chanje. Lè yo sonje, papa yo oubyen manman yo pap viv ak yo ankò, yo ka nan yon lit pou yo konnen anvè ki moun pou yo fidèl. Li posib pou yo santi ou vle retire afeksyon yo genyen pou paran ki pa la a. Li ka rive pafwa yo fè w sonje kareman ou pa papa yo oubyen ou pa manman yo. Remak konsa fè mal, men ‘ pa prese ofanse nan lespri w ’. (Eklezyas 7:9.) Li nesesè pou w gen disènman e pou w konn mete w nan plas lòt moun dekwa pou w konprann santiman timoun yo.
23. Kòman yo ka bay disiplin nan fanmi ki gen timoun ki pa pitit toule de konjwen yo ?
23 Kalite sa yo fondamantal lè yon moun ap bay disiplin. Li trèzenpòtan pou disiplin nan konstan (Pwovèb 6:20 ; 13:1). E piske tout timoun pa menm, disiplin nan ka pa menm nan chak ka. Kèk bòpè oubyen kèk bèlmè rann yo kont, omwen okòmansman, li pi bon pou se papa a oubyen manman an ki andose aspè sa a nan responsablite paran yo genyen. Sepandan, li esansyèl pou toule de paran yo dakò sou disiplin ki pral bay la e pou yo soutni l, san yo pa favorize pitit pa yo sou bofis yo oubyen sou bèlfi yo (Pwovèb 24:23). Obeyisans enpòtan, men li nesesè pou yo teni kont de enpèfeksyon an. Pa reyaji yon fason ki egzajere. Bay disiplin nan avèk amou. — Kolosyen 3:21.
24. Nan fanmi kote omwen youn nan timoun yo se pitit yon sèl nan konjwen yo, ki sa ki ka ede yo anpeche pwoblèm moralite ant moun ki pa menm sèks ?
24 Konvèsasyon nou fè ansanm an fanmi ka kontribye anpil pou evite pwoblèm. Yo ka ede fanmi an rete konsantre sou bagay ki pi enpòtan nan lavi a (gade Filipyen 1:9-11). E yo ka pèmèt chak moun wè sa l ka fè pou fanmi an atenn objektif li genyen. Mete sou sa, konvèsasyon familyal ki fran ka anpeche pwoblèm moralite. Tifi yo bezwen konnen ki jan pou yo abiye yo e ki jan pou yo konpòte yo devan bòpè yo ak devan pitit gason bòpè yo, e tigason yo bezwen konsèy sou konduit ki kòrèk yo dwe genyen ak bèlmè yo ansanm ak pitit fi bèlmè yo. — 1 Tesalonisyen 4:3-8.
25. Ki kalite ki ka kontribye pou toujou gen lapè nan fanmi kote omwen youn nan timoun yo se pitit yon sèl nan konjwen yo ?
25 Lè w ap fè fas ak difikilte espesyal ou rankontre antanke bòpè oubyen bèlmè, se pou w gen pasyans. Sa mande tan pou w devlope nouvo relasyon. Rive jwenn lanmou ak respè nan men timoun ou pa gen okenn lyen byolojik ak yo, se pa bagay ki fasil ditou. Men se bagay ki posib. Yon kè saj e ki gen disènman, ansanm ak yon kokenn dezi pou w fè Jewova plezi, se kle pou gen lapè nan fanmi kote omwen youn nan timoun yo se pitit yon sèl nan konjwen yo (Pwovèb 16:20). Kalite sa yo ka ede w tou pou w fè fas ak lòt sitiyasyon.
ÈSKE KOURI DÈYÈ BYEN MATERYÈL DIVIZE FANMI W ?
26. Kòman pwoblèm ak sousi pou bagay materyèl ka divize yon fanmi ?
26 Pwoblèm ak sousi pou bagay materyèl ka divize fanmi divès fason. Malerezman, gen kèk fanmi ki kraze akoz diskisyon sou kesyon kòb ak sou anvi pou moun vin rich, oubyen pou yo vin yon ti jan pi rich. Divizyon yo ka devlope lè toule de moun yo ap travay, epi chak moun gen tandans di : “ Sa se lajan pa m, sa se lajan pa w ”. Menm lè pa gen diskisyon pou kòb, lè toule de moun yo ap travay yo ka vin gen yon pwogram ki riske kite yon vyepti tan pou yo ansanm. Li vin pi kouran nan monn nan pou papa yo kite fanmi yo pou yon bon bout tan, plizyè mwa e menm plizyè ane, nan objektif pou yo reyalize plis kòb, kòb yo pa t ap janm reyalize lakay yo. Sa ka mennen nan pwoblèm ki trè grav.
27. Site kèk prensip ki ka itil fanmi ki gen difikilte ekonomik.
27 Pa gen okenn règ moun ka etabli pou yo fè fas ak sitiyasyon sa yo, piske obligasyon ak kontrent chak fanmi genyen pa menm. Toutfwa, konsèy Bib la bay yo kapab itil. Pa egzanp, Pwovèb 13:10 montre pafwa moun yo ka evite lit initil lè yo “ dyaloge ansanm ”. Sa pa vle di bay pwennvi w sèlman, men tou, sa vle di chèche konsèy e chèche konnen opinyon lòt moun nan sou kesyon an. Mete sou sa, chèche etabli yon bidjè reyalis ka kontribye pou ini efò fanmi an ap fè. Pafwa, li nesesè pou toule de konjwen yo travay deyò, petèt tanporèman, pou yo ka kouvri depans siplemantè yo genyen, sitou si yo gen timoun oubyen si yo gen lòt moun sou kont yo. Lè sa rive, mari a kapab asire madanm li, li toujou gen tan pou li. Avèk amou, li menm ak timoun yo ka ede madanm nan nan travay li te konn fè poukont li nan tan nòmal. — Filipyen 2:1-4.
28. Ki rapèl, si yon fanmi mete yo an pratik, k ap ede l travay pou l rive jwenn inite ?
28 Sepandan, sonje, menm si lajan se yon nesesite nan sistèm de choz sa a, li pa pote bonè. Asireman, lajan pa bay lavi (Eklezyas 7:12). Anfèt, bay bagay materyèl yon enpòtans egzajere ka lakòz echèk nan domèn espirityèl ak nan domèn moral (1 Timote 6:9-12). Li pi bon lontan pou nou chèche Wayòm Bondye a ak jistis li an premye, avèk asirans Bondye ap beni efò n ap fè pou nou jwenn sa ki nesesè pou nou viv (Matye 6:25-33 ; Ebre 13:5). Lè nou kontinye mete aktivite espirityèl yo nan premye plas e nou pousuiv lapè toudabò ak Bondye, n ap konstate kay nou, petèt, ki divize akoz sèten sikonstans, ap vin vrèman ini nan domèn ki pi enpòtan yo.
-
-
Ou ka venk pwoblèm ki nuizib pou fanmiSekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
-
-
CHAPIT DOUZ
Ou ka venk pwoblèm ki nuizib pou fanmi
1. Ki pwoblèm kache ki egziste nan kèk fanmi ?
YO FÈK fin lave vye machin nan e yo byen siye l. Pou moun k ap pase yo li parèt byen klere, prèske tounèf. Men, anba douko a, wouy ap wonje kò machin nan. Se menm bagay la ki rive kèk fanmi. Malgre ann aparans tout bagay sanble anfòm, se laperèz ak soufrans ki kache dèyè vizaj souriyan moun yo genyen. Pa anba, gen yon seri de pwoblèm ki tankou wouy k ap detwi lapè nan fanmi an. De nan pwoblèm ki ka pwodui efè sa a, se alkolis ak vyolans.
PWOBLÈM NUIZIB ALKOLIS LAKÒZ
2. a) Ki pwennvi Bib la sou itilizasyon bwason ki gen alkòl ? b) Ki sa alkolis ye ?
2 Bib la pa kondane itilizasyon modere bwason ki gen alkòl, men li kondane lè moun bwè pou l sou (Pwovèb 23:20, 21 ; 1 Korentyen 6:9, 10 ; 1 Timote 5:23 ; Tit 2:2, 3). Sepandan, alkolis plis pase bwè pou w sou, se yon obsesyon kwonik yon moun genyen pou bwason ki gen alkòl e se bwè san moderasyon. Moun ki bwè a gendwa se yon granmoun. Malerezman, yo ka jèn tou.
3, 4. Dekri efè alkolis la genyen sou konjwen moun ki bwè a ak sou pitit li.
3 Depi lontan Bib la te montre mal sèvi ak bwason ki gen alkòl ka detwi lapè nan yon fanmi (Detewonòm 21:18-21). Se tout fanmi an nèt k ap santi efè destriksyon pwogresif alkolis la lakòz. Madanm nan gendwa ap fè anpil efò pou l wè si l a fè mari a sispann bwè oubyen pou l rive fè fas ak konpòtman enprevizib mari a genyena. Li eseye sere boutèy bwason an, li jete l, li sere lajan mari a, li mande l pou l demontre lanmou pou fanmi an, lanmou pou lavi e menm pou Bondye, men mari a bwè pi rèd. Piske efò l ap fè pou l anpeche mari a bwè echwe plizyè fwa, li santi l fristre e li santi l enpuisan. Li ka kòmanse gen laperèz, li ankòlè, li santi l koupab, li enève, tèt li chaje e li santi l pèdi respè pou tèt li.
4 Timoun yo pa epaye anba efè sa genyen lè yon paran yo bwè. Gen kèk yo maltrete. Gen lòt yo fè agresyon seksyèl sou yo. Timoun yo ka menm santi yo koupab kòmsi se yo ki lakòz paran an bwè. Byen souvan, kapasite yo genyen pou yo fè lòt moun konfyans detwi akoz konpòtman moun ki bwè a ki toujou ap chanje. Piske timoun yo pa ka pale franchman sou sa k ap pase lakay yo, yo ka vin aprann frennen santiman yo, souvan avèk tout move konsekans fizik sa genyen (Pwovèb 17:22). Mank konfyans timoun sa yo gen nan yo menm oubyen mank respè yo gen pou tèt yo kapab pousuiv yo jiskaske yo granmoun.
KI SA FANMI AN KA FÈ ?
5. Kòman yo ka rive metrize efè alkolis la, e poukisa sa difisil ?
5 Byenke anpil espesyalis di yo pa ka geri alkolis, pifò dakò, nan yon sèten mezi, yon retablisman posib grasa yon pwogram kote moun nan fè yon abstinans total (gade Matye 5:29). Sepandan, rive fè yon moun ki bwè aksepte èd, se yon bagay ki pi fasil pou di pase pou l fèt, paske an jeneral, moun ki bwè a refize admèt li gen yon pwoblèm. Toutfwa, lè moun ki nan fanmi an pran dispozisyon pou yo konbat efè alkolis la gen sou yo, li ka kòmanse rann li kont li gen yon pwoblèm. Yon doktè ki gen abitid ede moun ki bwè ansanm ak fanmi yo di : “ Mwen panse bagay ki pi enpòtan se pou moun ki nan fanmi an annik mennen aktivite yo nan lavi a fason ki ka pi pwofitab la. Moun ki bwè a ap vin pran konsyans tikras pa tikras jan gen yon gwo diferans ant li menm ak rès fanmi an. ”
6. Ki pi bon sous konsèy pou fanmi ki gen yon moun ki bwè ladan l ?
6 Si gen yon moun ki bwè nan fanmi w, konsèy enspire ki nan Bib la ka ede w viv fason ki pi pwofitab la (Izayi 48:17 ; 2 Timote 3:16, 17). Ann egzamine kèk prensip ki te ede kèk fanmi reyisi fè fas ak pwoblèm alkolis la.
7. Si yon moun nan fanmi an bwè, kiyès ki responsab ?
7 Sispann rann tèt ou koupab. Bib la di : “ Chak moun ap pote pwòp chay pa l ”, e “ nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou ”. (Galat 6:5 ; Women 14:12.) Moun ki bwè a ka eseye fè konprann se moun nan fanmi an ki responsab. Pa egzanp, li ka di : “ Si nou te boule pi byen avè m, mwen pa t ap bwè. ” Si lòt moun sanble ba l rezon, y ap ankouraje l kontinye bwè. Sepandan, menmsi nou viktim akoz sikonstans yo oubyen nou viktim akoz lòt moun, nou tout responsab zak nou fè, moun ki bwè a tou. — Gade Filipyen 2:12.
8. Site kèk bagay moun yo ka fè pou yo ede moun ki bwè a fè fas ak konsekans pwoblèm li an.
8 Pinga ou santi w oblije toujou pwoteje moun ki bwè a anba konsekans bwè l ap bwè a. Gen yon pwovèb biblik sou moun k ap fè gwo kòlè ki ka aplike nan ka moun ki bwè tou, li di : “ Si w ta delivre l, se pa ni youn ni de fwa w ap gen pou w kontinye fè sa ankò. ” (Pwovèb 19:19). Kite moun ki bwè a sibi konsekans bwè l ap bwè a. Kite l netwaye tèt li poukont li apre li fin sal kò l, oubyen kite se li ki rele patwon travay li demen maten apre li te fin dòmi sou.
Ansyen yo ka yon gwo èd pou rezoud pwoblèm ki gen nan fanmi.
9, 10. Poukisa fanmi ki gen yon moun ki bwè ladan l ta dwe aksepte èd, e èd kiyès an patikilye yo ta dwe chèche ?
9 Aksepte èd lòt moun. Pwovèb 17:17 di : “ Yon vrè konpayon renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè. ” Lè gen yon moun ki bwè nan fanmi w, gen malè. Ou bezwen èd. Pa ezite konte sou ‘ vrè konpayon yo ’pou w jwenn sipò (Pwovèb 18:24). Si w pale ak lòt moun ki konprann pwoblèm nan oubyen moun ki te rankontre menm sitiyasyon an, sa ka fè w jwenn konsèy pratik sou sa pou w fè ak sa pou w pa fè. Men se pou w gen ekilib. Pale ak moun ou fè konfyans, moun k ap kenbe ‘ pawòl ou konfidansyèl ’. — Pwovèb 11:13.
10 Aprann fè ansyen yo konfyans. Ansyen nan kongregasyon an kapab yon gwo sous èd. Mesye sa yo, ki gen matirite, konnen Pawòl Bondye a e yo gen eksperyans sou fason pou yo aplike prensip ki ladan l yo. Yo kapab “ tankou yon kachèt kont van, tankou yon refij kont tanpèt lapli, tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbray yon wòch masif nan yon tè ki depafini ”. (Izayi 32:2.) Nonsèlman ansyen yo ap pwoteje kongregasyon an antanke gwoup kont move enfliyans, men tou yo rekonfòte chak moun ki gen pwoblèm, yo fòtifye yo, e yo enterese pèsonèlman nan yo. Pwofite èd yo omaksimòm.
11, 12. Kiyès ki bay fanmi ki gen moun ki bwè ladan yo pi gwo èd, e kòman li ba yo sipò sa a ?
11 Avantou, pran fòs nan Jewova. Bib la ban nou asirans rekonfòtan sa a : “ Jewova toupre moun ki gen kè yo brize. E li sove moun ki gen lespri yo kraze. ” (Sòm 34:18). Si w santi kè w brize oubyen lespri w kraze akoz presyon ou genyen lefètke w ap viv ak yon moun nan fanmi an ki bwè, se pou w konnen “ Jewova toupre ”. Li konprann jan sitiyasyon fanmi pa w la difisil. — 1 Pyè 5:6, 7.
12 Kwè sa Jewova di nan Pawòl li a ka ede w fè fas ak enkyetid (Sòm 130:3, 4 ; Matye 6:25-34 ; 1 Jan 3:19, 20). Lè w etidye Pawòl Bondye a epi ou viv ann amoni ak prensip ki ladan l yo, sa ap pèmèt ou resevwa èd lespri sen Bondye, e lespri sen ap ba w “ pisans ki depase sa ki nòmal la ” pou w afwonte lavi a jou apre jou. — 2 Korentyen 4:7 b.
13. Ki dezyèm pwoblèm ki nuizib pou anpil fanmi ?
13 Itilizasyon alkòl san kontwòl ka mennen nan yon lòt pwoblèm ki nuizib pou anpil fanmi : vyolans nan fanmi.
PWOBLÈM NUIZIB VYOLANS NAN FANMI LAKÒZ
14. Ki lè vyolans nan fanmi te kòmanse, e kòman sitiyasyon an ye jodi a ?
14 Premye zak vyolans ki te fèt nan listwa lèzòm se te yon zak vyolans nan fanmi ki te konsène de frè, Kayen ak Abèl (Jenèz 4:8). Depi lè a, vyolans nan fanmi gaye sou tout fòm pami lèzòm. Mari bat madanm, madanm atake mari, paran bat pitit yo avèk britalite, e timoun ki vin gran maltrete paran yo ki aje.
15. Kòman vyolans nan fanmi afekte moun ki nan fanmi an nan domèn afektif ?
15 Pwoblèm nuizib vyolans nan fanmi lakòz pi pwofon pase mak sou kò. Yon madanm ki gen mari l ki konn bat li di : “ Ou dwe lite kont lawont ansanm ak santiman koupab ou genyen. Prèske chak maten, ou jis ta renmen ret nan kabann ou, avèk espwa se te yon move rèv sa te ye. ” Timoun k ap gade oubyen ki sibi vyolans nan fanmi yo ka vin vyolan lè yo gran e yo gen pwòp fanmi pa yo.
16, 17. Ki sa vyolans afektif la ye, e ki efè li genyen sou moun ki nan yon fanmi ?
16 Vyolans nan fanmi pa gen move tretman fizik sèlman ladan l. Byen souvan, vyolans lan fèt ak pawòl. Pwovèb 12:18 di : “ Gen moun ki pale san reflechi, tankou se avèk kout epe. ” “ Kout epe ” sa yo ki karakterize vyolans nan fanmi gen ladan yo : bay moun vye non, rele sou moun, plede fè moun repwòch, di moun mo sal, fè moun menas pou w fè vyolans fizik sou yo. Blesi vyolans afektif fè sou moun pa vizib e souvan yo pase inapèsi nan je lòt moun.
17 Yon bagay espesyalman ki bay lapèn se vyolans afektif sou timoun, tankou plede fè yo repwòch, denigre kapasite yo, entèlijans yo, oubyen valè yo genyen antanke moun. Vyolans sa yo ki fèt ak pawòl ka detwi konfyans timoun nan gen nan tèt li. Se vre, tout timoun bezwen disiplin. Men Bib la bay papa yo lòd sa a : “ Pa irite pitit nou yo pou yo pa dekouraje. ” — Kolosyen 3:21.
FASON POU NOU EVITE VYOLANS NAN FANMI
Mari ak madanm ki kretyen, ki renmen youn lòt, e ki gen respè youn pou lòt, aji rapidman pou yo rezoud pwoblèm yo genyen.
18. Ki kote vyolans nan fanmi pran rasin, e dapre sa Bib la montre ki fason pou l sispann ?
18 Vyolans nan fanmi pran rasin nan kè ak nan lespri, fason nou aji depann de fason nou panse (Jak 1:14, 15). Pou moun ki vyolan an sispann fè vyolans, li bezwen chanje fason l panse (Women 12:2). Èske sa posib ? Wi. Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l chanje moun. Menm konsepsyon ki lakòz gwo domaj ki “ anrasinen solidman ” li ka derasinen yo (2 Korentyen 10:4 ; Ebre 4:12). Konesans egzak ki nan Bib la ka fè yon chanjman ki tèlman konplè lakay yon moun, sa fè yo di se abiye moun nan abiye ak yon nouvo pèsonalite. — Efezyen 4:22-24 ; Kolosyen 3:8-10.
19. Kòman yon kretyen dwe konsidere konjwen l e kòman l dwe trete l ?
19 Fason w konsidere konjwen w. Pawòl Bondye a di : “ Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Moun ki renmen madanm li se tèt li l renmen. ” (Efezyen 5:28). Bib la di tou yon mari dwe bay madanm li “ onè tankou yon veso ki pi fèb ”. (1 Pyè 3:7.) Yo rekòmande madanm yo “ pou yo renmen mari yo ” e pou yo gen “ gwo respè ” pou yo (Tit 2:4 ; Efezyen 5:33). Se sèten, pa gen okenn mari ki gen krentif pou Bondye ki ka pretann onètman li onore madanm li si l fè vyolans sou li swa fizikman swa an pawòl. E pa gen okenn madanm k ap rele sou mari l, k ap pale ak li sou yon ton pou moke l, oubyen ki toujou ap raboure l, ki ka di li vrèman renmen mari l e li respekte l.
20. Devan kiyès paran yo responsab pou timoun yo, e poukisa paran yo pa ta dwe atann de timoun yo bagay ki pa reyalis ?
20 Yon pwennvi kòrèk sou timoun. Timoun yo merite, wi yo bezwen lanmou ak atansyon nan men paran yo. Pawòl Bondye a rele timoun yo “ yon eritaj Jewova bay ” e “ yon rekonpans ”. (Sòm 127:3.) Paran yo responsab devan Jewova pou yo pran swen eritaj sa a. Bib la pale de “ trè timoun piti a ” ansanm ak “ sotiz ” yon tigason (1 Korentyen 13:11 ; Pwovèb 22:15). Paran yo pa ta dwe sezi si yo jwenn sotiz lakay pitit yo. Jèn yo pa granmoun. Paran yo pa ta dwe egzije timoun yo plis pase sa ki rezonab pou laj yo, pou sitiyasyon familyal yo ak kapasite yo. — Gade Jenèz 33:12-14.
21. Ann amoni ak volonte Bondye, kòman pou nou konsidere paran nou yo ki aje e kòman pou nou trete yo ?
21 Fason w konsidere paran w yo ki aje. Levitik 19:32 di : “ Ou dwe leve kanpe devan cheve gri, e ou dwe montre konsiderasyon pou moun ki aje. ” Konsa, Lwa Bondye a ankouraje moun pou yo respekte moun ki aje e pou yo gen anpil estim pou yo. Sa ka difisil lè paran w yo ki aje sanble twò egzijan oubyen yo malad e petèt yo pa ka deplase vit, ni yo pa ka reflechi vit. Toutfwa, yo fè timoun yo sonje pou yo “ kontinye bay paran yo [...] yon konpansasyon pou sa yo dwe yo ”. (1 Timote 5:4.) Sa vle di, trete yo avèk diyite e avèk respè, petèt menm pran swen yo nan domèn finansye. Maltrete fizikman paran nou yo ki aje, oubyen nenpòt lòt fason, totalman kontrè ak fason Bib la mande nou pou nou aji.
22. Site yon kalite ki enpòtan pou moun venk vyolans nan fanmi, e kòman yo ka egzèse l ?
22 Kiltive metriz. Pwovèb 29:11 di : “ Yon moun ki san konprann kite tout lespri l soti, men moun ki saj la kenbe l kalm jiskobou. ” Kòman w ka kontwole espri w ? Olye pou w kite fristrasyon anvayi w, aji vit pou w rezoud pwoblèm ki poze yo (Efezyen 4:26, 27). Si w santi w ap pèdi metriz ou, deplase. Priye pou lespri sen Bondye pwodui metriz nan ou (Galat 5:22, 23). Al fè ti mache, oubyen fè nenpòt egzèsis fizik, sa ka ede w kontwole emosyon w (Pwovèb 17:14, 27). Fè efò pou w “ pa prese fè kòlè ”. — Pwovèb 14:29.
SEPARE OUBYEN RET ANSANM ?
23. Ki sa ki ka rive si yon moun nan kongregasyon an, san li pa repanti, ap plede fè kòlè san kontwòl, petèt li konn maltrete moun nan fanmi l ?
23 Bib la klase “ rayisman, fè kont, [...] fè kòlè ” pami zèv Bondye kondane e li di “ moun k ap pratike bagay sa yo pap eritye wayòm Bondye a ”. (Galat 5:19-21.) Kidonk, nenpòt moun ki pretann li se kretyen ki plede fè kòlè san kontwòl, petèt ki konn maltrete konjwen l oubyen pitit li e ki pa repanti, kapab eskominye nan kongregasyon kretyen an (gade 2 Jan 9, 10). Konsa, kongregasyon an pwoteje kont moun ki vyolan. — 1 Korentyen 5:6, 7 ; Galat 5:9.
24. a) Ki sa yon moun ki gen konjwen l ap maltrete l ka chwazi fè ? b) Kòman zanmi ak ansyen ki sousye de viktim sa a ka ede l, men ki sa yo pa dwe fè ?
24 Bon, e kretyen ki toutan ap pran baton nan men yon konjwen vyolan ki pa montre okenn siy chanjman ? Gen moun pou yon rezon oubyen yon lòt ki chwazi rete ak konjwen vyolan an. Gen lòt ki chwazi kite l, piske yo santi sante yo fizikman, mantalman, espirityèlman, e petèt menm lavi yo an danje. Sa yon konjwen ki viktim vyolans nan fanmi l chwazi fè nan sikonstans sa yo, se yon desizyon pèsonèl devan Jewova (1 Korentyen 7:10, 11). Zanmi ki gen bon entansyon, fanmi oubyen ansyen yo, sandout ka chèche ede viktim nan e yo ka konseye l, men, yo pa dwe fè presyon sou li pou l aji tèl ou tèl jan. Se li menm ki dwe pran pwòp desizyon l. — Women 14:4 ; Galat 6:5.
TOUT PWOBLÈM NUIZIB PRAL FINI
25. Ki objektif Jewova genyen pou fanmi ?
25 Lè Jewova te marye Adan ak Èv, li pa t janm gen nan objektif li pou fanmi te kraze akoz pwoblèm nuizib tankou alkolis ak vyolans (Efezyen 3:14, 15). Fanmi te dwe yon kote lanmou ak lapè fleri, yon kote bezwen entèlektyèl, afektif e espirityèl chak moun ki ladan l konble. Sepandan, avèk peche ki met pye a, lavi fanmi vin deteryore rapidman. — Gade Eklezyas 8:9.
26. Ki avni k ap tann moun ki fè efò pou yo viv ann amoni ak sa Jewova mande ?
26 Erezman, Jewova pa abandone objektif li genyen pou fanmi. Li pwomèt pou l enstore yon monn nouvo pezib kote moun “ ap abite an sekirite, san pèsonn pap fè yo tranble ”. (Ezekyèl 34:28.) Lè sa a, alkolis, vyolans nan fanmi ak tout lòt pwoblèm ki nuizib pou fanmi jodi a pral bagay pase. Moun pral souri, pa pou yo kache laperèz ak soufrans, men paske yo jwenn “ tout plezi yo nan abondans lapè ”. — Sòm 37:11.
a Byenke nou itilize gason pou nou pale de moun ki bwè a, prensip nou esplike la yo valab tou pou fi ki bwè.
b Nan kèk peyi, gen sant, lopital, pwogram espesyalize, pou ede moun ki bwè yo ansanm ak fanmi yo. Se chak moun ki pou deside si pou l chèche yon èd konsa ou non. Temwen Jewova yo pa rekòmande okenn tretman an patikilye. Toutfwa, yon moun k ap chèche èd dwe pran prekosyon pou l pa vin enplike nan aktivite k ap mennen l fè konpwomi ak prensip ki nan Ekriti yo.
-
-
Si maryaj la sou wout krazeSekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
-
-
CHAPIT TRÈZ
Si maryaj la sou wout kraze
1, 2. Lè yon maryaj anba presyon, ki kesyon moun yo ta dwe poze tèt yo ?
GEN yon dam italyèn ki rele Lucia ki te trè deprime en 1988a. Apre dizan, maryaj li te kraze. Plizyè fwa li te eseye wè si l a rekonsilye ak mari l, men sa pa t mache. Konsa, li te separe ak li poutèt yo pa t ka antann youn ak lòt, e depi lè a li te oblije leve de pitit fi li genyen poukont li. Lè Lucia sonje lontan, li di : “ Mwen te sèten pa gen anyen ki te ka sove maryaj nou an. ”
2 Si w gen pwoblèm nan maryaj ou, ou anmezi pou w konprann Lucia. Maryaj ou ka an danje e w ap mande tèt ou si l posib toujou pou sove l. Si se sa, w ap twouve li itil pou w egzamine kesyon sa a : Èske m te suiv tout bon konsèy Bondye bay nan Bib la pou pèmèt yon maryaj reyisi ? — Sòm 119:105.
3. Byenke divòs vin kouran, ki reyaksyon yo remake lakay anpil moun ki divòse ak lakay fanmi yo ?
3 Lè tansyon an wo ant mari ak madanm, kraze maryaj la ka sanble aksyon ki pi fasil pou fèt. Sepandan, byenke nan anpil peyi kantite fanmi ki kraze konnen yon gwo ogmantasyon, etid ki fèt tou dènyèman an montre gen yon gwo pousantaj nan gason ak fi ki divòse ki regrèt yo te kraze yon kite sa. Yon bon valè nan yo gen plis pwoblèm sante, kit se nan domèn fizik, kit se nan domèn mantal, pase moun ki rete marye yo. Twoub ak tristès pitit moun ki divòse yo genyen, byen souvan, pèsiste pandan dèzane. Paran ak zanmi fanmi ki kraze a soufri tou. E kòman Bondye ki te pran dispozisyon pou gen maryaj konsidere sitiyasyon an ?
4. Ki jan pwoblèm ki gen nan maryaj yo ta dwe rezoud ?
4 Jan nou te wè sa nan chapit anvan yo, objektif Bondye se te pou maryaj dire tout lavi (Jenèz 2:24). Alò, poukisa gen tout kantite maryaj sa yo ki kraze ? Se pa yon bagay ki rive bridsoukou. Jeneralman, gen siy ki avèti sa. Ti pwoblèm ki gen nan yon maryaj konn vin pi gwo ofiramezi jiskaske yo parèt enposib pou rezoud. Men si yo te rezoud pwoblèm sa yo tousuit grasa èd Bib la bay, gen anpil maryaj ki kraze ki pa t ap kraze.
SE POU W REYALIS
5. Ak ki reyalite tout maryaj gen pou fè fas ?
5 Yon bagay ki konn mennen pwoblèm se lè youn oubyen toule de moun marye yo atann de lòt la bagay ki pa reyalis. Woman, jounal popilè, pwogram televizyon ak sinema, ka kreye espwa ak rèv ki totalman diferan ak reyalite a. Lè rèv sa yo pa reyalize, yon moun ka santi li desi, li pa satisfè e li ka menm egri. Kidonk, kòman de moun enpafè ka jwenn kè kontan nan maryaj yo ? Pou yo rive reyisi maryaj yo sa mande efò.
6. a) Ki pwennvi ekilibre Bib la bay sou maryaj ? b) Site kèk rezon ki konn fè gen dezakò nan maryaj.
6 Bib la se yon liv ki pratik. Li rekonèt maryaj pote lajwa, men tou li di moun ki marye yo “ ap jwenn tribilasyon nan lachè ”. (1 Korentyen 7:28.) Jan nou deja wè sa, toule de moun yo enpafè e yo gen tandans pou yo peche. Yo pa fèt menm jan, ni mantalman, ni afektivman, e yo pa resevwa menm edikasyon. Pafwa moun marye yo konn gen dezakò sou zafè kòb, sou zafè timoun ak sou zafè fanmi konjwen. Lòt bagay ki ka sous konfli ankò se lè yo manke tan pou yo fè yon seri aktivite ansanm, e lè gen pwoblèm nan domèn seksyèlb. Sa mande tan pou w trete jan de kesyon sa yo, men pran kouraj ! Pifò moun marye rankontre pwoblèm konsa e yo rive jwenn solisyon yo toule de dakò sou yo.
PALE SOU DEZAKÒ YO
Rezoud pwoblèm yo byen vit. Pa kite solèy la kouche sou nou tou irite.
7, 8. Si gen bagay ki blese santiman de moun marye yo oubyen si gen malantandi antre yo, selon Ekriti yo ki fason pou yo rezoud yo ?
7 Anpil moun mal pou yo kenbe sanfwa yo lè y ap pale sou bagay ki te blese santiman yo, sou malantandi oubyen sou feblès pèsonèl yo. Olye pou yon konjwen di franchman : “ Mwen gen enpresyon ou pa konprann mwen ”, li ka eksite e li ka egzajere pwoblèm nan. Anpil konjwen di : “ Se pou tèt ou sèlman ou gen sousi ”, oubyen “ Ou pa renmen m. ” Pou evite dezagreman, lòt konjwen an ka refize reponn.
8 Li pi bon pou w suiv konsèy Bib la bay ki di : “ Nou mèt ankòlè, men malgre sa, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou irite. ” (Efezyen 4:26). Yo te mande yon koup marye ki ere, ki t apral sou swasantyèm anivèsè maryaj yo, ki sekrè ki fè maryaj yo reyisi. Mari a di : “ Nou te aprann pou nou pa janm al dòmi san nou pa rezoud dezakò nou genyen, piti kou l ye. ”
9. a) Ki sa Ekriti yo idantifye kòm yon aspè enpòtan nan kominikasyon ? b) Ki sa konjwen yo bezwen fè souvan, menmsi sa mande kouraj ak imilite ?
9 Lè yon mari ak yon madanm an dezakò, yo chak bezwen “ prese pou yo tande, yo pa dwe prese pou yo pale, yo pa dwe prese pou yo fè kòlè ”. (Jak 1:19.) Apre youn fin koute lòt avèk atansyon, toule de konjwen yo ka wè nesesite pou youn eskize lòt (Jak 5:16). Sa mande imilite ak kouraj pou yo di sensèman : “ Mwen regrèt mwen te ofanse w. ” Sepandan, lè moun marye yo regle dezakò yo fason sa a, sa ap pwofitab anpil nonsèlman pou ede yo rezoud pwoblèm yo genyen, men tou pou ede yo devlope afeksyon ak entimite k ap fè yo jwenn plis plezi nan konpayi youn lòt.
SE POU YOUN BAY LÒT SA L DWE L NAN MARYAJ LA
10. Ki konsèy Pòl te bay kretyen Korent yo pou pwoteksyon yo ki aplikab pou kretyen jodi a ?
10 Lè apot Pòl te ekri Korentyen yo, li te konseye yo pou yo marye “ akoz fònikasyon ki gaye ”. (1 Korentyen 7:2.) Monn jodi a mal menm jan ak ansyen vil Korent lan, oubyen menm li pi mal pase l. Sijè imoral moun nan monn nan ap pale ouvètman, fason yo abiye yo ki pa gen modesti ansanm ak istwa sansyèl ki nan jounal, nan liv, nan televizyon, nan sinema, tout konbine ansanm pou eksite apeti seksyèl imoral. Apot Pòl te di Korentyen yo ki t ap viv nan yon anbyans ki sanble ak sa : “ Li pi bon pou yon moun marye olye pou l anflame ak pasyon. ” — 1 Korentyen 7:9.
11, 12. a) Ki sa mari ak madanm dwe youn lòt, e avèk ki etadespri yo ta dwe bay li ? b) Kòman pou yo jere sitiyasyon kote youn sispann bay lòt, pou yon ti tan, sa l dwe l nan maryaj la ?
11 Poutèt sa, men sa Bib la òdone kretyen ki marye yo : “ Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l, men se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l. ” (1 Korentyen 7:3). Remake sa, aksan an se sou bay yo mete l, se pa sou mande. Relasyon entim ant moun ki marye yo ap vrèman bay satisfaksyon sèlman si chak moun gen sousi pou byennèt lòt la. Pa egzanp, Bib la òdone mari yo pou yo aji ak madanm yo “ selon konesans ”. (1 Pyè 3:7.) Sa sitou vre lè pou yo bay e pou yo resevwa sa youn dwe lòt nan maryaj la. Si yon mari pa trete madanm li avèk tandrès petèt madanm nan ap mal pou l apresye aspè sa a nan maryaj la.
12 Gen kèk moman kote konjwen yo ka refize youn lòt sa youn dwe lòt nan maryaj la. Nan ka madanm nan, sa ka rive pandan yon sèten moman nan mwa a oubyen lè li santi l trè fatige (gade Levitik 18:19). Nan ka mari a, sa ka rive lè l ap rankontre gwo pwoblèm nan travay li ki fè l santi moral li ba. Yo ka fè fas ak sitiyasyon tanporè sa yo pi byen, sitiyasyon kote youn sispann bay lòt sa l dwe l nan maryaj la, si yo toule de pale sou sa franchman e yo toule de ‘ antann yo sou sa ’. (1 Korentyen 7:5.) Sa ap anpeche ni youn ni lòt tire move konklizyon. Toutfwa, si kareman madanm nan deside refize mari a oubyen si mari a fè espre li refize bay madanm nan sa l dwe l la avèk amou, lòt moun nan ka ekspoze devan tantasyon. Nan yon sitiyasyon konsa, pwoblèm ka met pye nan maryaj la.
13. Kòman kretyen yo ka veye pou panse yo toujou rete pwòp ?
13 Menm jan ak tout kretyen, sèvitè Bondye ki marye yo dwe evite pònografi, yon bagay ki ka eveye move dezi lakay moun, dezi ki pa natirèl (Kolosyen 3:5). Yo dwe veye tou sou panse yo ak aksyon yo nan relasyon yo ak tout moun ki pa menm sèks ak yo. Jezi te bay avètisman sa a : “ Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l. ” (Matye 5:28). Lè moun marye yo aplike konsèy Bib la bay konsènan relasyon seksyèl, yo ta dwe anmezi pou yo evite tonbe nan tantasyon e pou yo komèt adiltè. Yo ka kontinye jwi entimite agreyab ki gen nan maryaj la, kote relasyon seksyèl se yon bonjan kado, yon kado presye Jewova bay, li menm ki pran dispozisyon pou gen maryaj la. — Pwovèb 5:15-19.
REZON BIBLIK POU GEN DIVÒS
14. Ki sitiyasyon tris ki prezante pafwa ? Poukisa ?
14 Erezman, nan pifò maryaj kretyen, kèlkeswa pwoblèm ki genyen, yo ka rezoud. Sepandan, sa pa toujou fèt konsa. Piske lèzòm enpafè e y ap viv nan yon monn pechè ki anba pouvwa Satan, gen kèk maryaj ki rive nan pwen pou yo kraze (1 Jan 5:19). Ki sa kretyen yo ka fè nan yon sitiyasyon ki penib konsa ?
15. a) Ki sèl rezon biblik pou gen divòs ak posiblite pou moun remarye ? b) Pou ki rezon kèk moun deside pa divòse ak yon konjwen ki enfidèl ?
15 Jan sa mansyone nan chapit 2 liv sa a, fònikasyon se sèl rezon biblik pou gen divòs ak posiblite pou yon moun remaryec (Matye 19:9). Si w gen bonjan prèv konjwen w enfidèl, alò ou devan yon desizyon ki difisil. Èske w ap ret marye ansanm ak li oubyen èske w ap divòse ? Pa gen règ sou sa. Gen kèk kretyen ki padone konplètman konjwen yo ki repanti sensèman, konsa yo prezève maryaj la e sa ale byen. Gen lòt ki deside pa divòse poutèt timoun yo.
16. a) Site kèk pwoblèm ki ka pouse kèk moun divòse ak konjwen yo ki fè yon peche. b) Lè konjwen ki inosan an pran desizyon pou l divòse oubyen pou l pa divòse, poukisa pyès moun pa dwe kritike desizyon sa a ?
16 Yon lòt bò, peche a ka lakòz yon gwosès oubyen li ka lakòz yon maladi seksyèl trapan. Oubyen petèt, y ap bezwen pwoteje timoun yo kont yon paran ki fè agresyon seksyèl sou yo. Li klè, gen anpil bagay pou w konsidere anvan w pran yon desizyon. Sepandan, si w fin aprann konjwen w enfidèl e apre sa ou rekòmanse gen relasyon seksyèl avèk li, sa montre ou padone l e ou vle rete marye ak li. Rezon biblik pou gen divòs ak posiblite pou w remarye a pa egziste ankò. Pyès moun pa dwe mele nan zafè w e yo pa dwe eseye enfliyanse desizyon w, ni nonplis pyès moun pa dwe kritike desizyon w lè w fin pran l. Se ou menm k ap gen pou w fè fas ak konsekans desizyon w pran an. “ Chak moun ap pote pwòp chay pa l. ” — Galat 6:5.
REZON POU GEN SEPARASYON
17. Si pa gen fònikasyon, ki limit Ekriti yo fikse nan domèn separasyon ak divòs ?
17 Èske gen sitiyasyon ki ka jistifye yon separasyon oubyen petèt yon divòs ak yon konjwen menmsi moun sa a pa fè fònikasyon ? Wi, men nan ka sa a, kretyen an pa lib pou l frekante yon lòt moun pou l marye (Matye 5:32). Byenke Bib la aksepte yon separasyon konsa, li di moun ki separe a dwe “ rete san li pa marye oswa se pou l rekonsilye ”. (1 Korentyen 7:11.) Ki sitiyasyon ekstrèm konsa ki ka jistifye yon separasyon ?
18, 19. Ki sitiyasyon ekstrèm ki ka pouse yon konjwen anvizaje yon separasyon legal oubyen yon divòs, menmsi li pa posib pou l remarye ?
18 Bon, li ka rive fanmi an nan nesesite akoz mari a ki twò parese e akoz move abitid li genyend. Li ka gaspiye revni fanmi an oubyen li ka sèvi ak li pou l antretni yon vis tankou pran dwòg oswa bwè bwason ki gen alkòl. Bib la di : “ Si yon moun pa bay moun pa li yo sa yo gen bezwen, sitou sa ki manm kò kay li, li renye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa. ” (1 Timote 5:8). Si yon gason konsa refize chanje fason l ap aji, petèt menm li sèvi ak kòb madanm li touche pou l satisfè vis li yo, madanm nan ka chwazi pwoteje byennèt li ak byennèt pitit li yo, lè l separe ak li legalman.
19 Yon konjwen ka anvizaje jan de separasyon legal sa a tou, si lòt konjwen an ekstrèmman vyolan, petèt li bat li plizyè fwa, li rive nan pwen kote li mete sante l e menm lavi l an danje. Anplis de sa, si yon konjwen toujou ap eseye fòse lòt la pou l vyole kòmandman Bondye yo yon fason kèlkonk, konjwen ki menase a ka anvizaje separe, sitou si bagay la rive nan pwen kote lavi espirityèl li an danje. Konjwen ki menase a ka tire konklizyon sèl fason pou l ‘ obeyi Bondye antanke chèf olye pou l obeyi lèzòm ’se fè yon separasyon legal. — Travay 5:29.
20. a) Nan ka kote yon fanmi kraze, ki èd zanmi ki gen matirite ak ansyen yo ka ofri, e ki sa yo pa dwe fè ? b) Moun ki marye yo pa dwe sèvi ak sa Bib la di sou separasyon ak divòs kòm eskiz pou yo fè ki sa ?
20 Nan tout ka kote gen vyolans ekstrèm ki fèt sou yon konjwen, pyès moun pa dwe fè presyon sou konjwen inosan an pou l separe oubyen pou l rete ak lòt konjwen an. Byenke zanmi ki gen matirite oubyen ansyen yo ka ofri èd yo e yo ka bay konsèy ki baze sou Bib la, yo pa ka konnen tout detay sou sa k pase ant yon mari ak yon madanm. Se sèl Jewova ki ka wè sa k pase. Natirèlman, yon kretyèn marye pa t ap onore maryaj la, yon dispozisyon Bondye pran, si l ta sèvi ak eskiz banal pou l kraze maryaj li. Sepandan, si gen yon sitiyasyon ki reprezante yon danje ekstrèm k ap pèsiste, pyès moun pa dwe kritike l si l chwazi separe. Se egzakteman menm bagay la tou pou yon kretyen marye ki ta mande separasyon. “ Nou tout pral konparèt devan tribinal Bondye a. ” — Women 14:10.
FASON YON MARYAJ KI TE FIN KRAZE TE RIVE SOVE
21. Ki eksperyans ki montre konsèy Bib la bay sou maryaj yo efikas ?
21 Twa mwa apre Lucia, dam nou te mansyone pi wo a, te fin separe ak mari l, li te rankontre Temwen Jewova yo e li te kòmanse yon etid biblik ak yo. Men sa li esplike : “ Se yon gwo sipriz pou mwen : Bib la bay solisyon ki pratik pou pwoblèm mwen yo. Apre yon semèn etid sèlman, mwen te vle rekonsilye ak mari m imedyatman. Jodi a mwen anmezi pou m di Jewova konn kòman sove yon maryaj ki an kriz paske ansèyman l yo ede moun ki marye yo aprann fason pou yo gen estim youn pou lòt. Se pa vre, Temwen Jewova pa divize fanmi, jan kèk moun pretann sa. Nan ka pa m, se egzakteman kontrè a ki te rive. ” Lucia aprann pratike prensip biblik yo nan lavi l.
22. Nan ki sa tout koup marye ta dwe gen konfyans ?
22 Lucia pa yon eksepsyon. Maryaj ta dwe yon benediksyon, li pa ta dwe yon chay. Pou sa rive fèt, Jewova bay pi bon sous konsèy ekri ki te ka egziste anrapò ak maryaj : Pawòl presye li a. Bib la ka fè “ yon moun ki pa gen eksperyans vin saj ”. (Sòm 19:7-11.) Li sove anpil maryaj ki te sou wout kraze e li amelyore anpil lòt ki te gen pwoblèm grav. Nou swete pou tout koup marye gen yon total konfyans nan konsèy Jewova Dye bay anrapò ak maryaj. Yo vrèman bay bon rezilta !
a Yo chanje non moun nan.
b Gen kèk nan kesyon sa yo nou deja trete nan chapit anvan yo.
c Mo biblik lè l tradui ki bay fònikasyon an gen ladan l adiltè, relasyon seksyèl ant gason ak gason, ant fi ak fi, ant moun ak bèt ansanm ak tout lòt aksyon imoral volontè kote moun sèvi ak ògàn seksyèl yo.
d Nou pap pale de ka kote malgre bon entansyon mari a genyen, li pa kapab pran swen fanmi l pou rezon ki pa depann de volonte l, pa egzanp, akoz maladi oubyen akoz chomaj.
-
-
Vyeyi ansanmSekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
-
-
CHAPIT KATÒZ
Vyeyi ansanm
1, 2. a) Ki chanjman ki fèt lakay nou pandan vyeyès la ap pwoche ? b) Kòman moun ki te gen atachman pou Bondye nan tan biblik yo te jwenn satisfaksyon nan vyeyès yo ?
GEN anpil chanjman ki fèt lakay nou pandan n ap vyeyi. Fizikman n ap pèdi fòs. Yon koudèy nan yon glas montre nou nouvo rid e tikras pa tikras, cheve nou ap vin blan, yo menm kòmanse tonbe. Nou ka gen kèk twoub memwa. Nou vin devlope nouvo relasyon lè timoun nou yo marye e n ap fè menm bagay la ankò lè pitit pitit nou yo fèt. Kèk moun oblije chanje fason yo t ap viv, akoz retrèt yo pran nan travay pwofàn yo.
2 Anfèt, lè moun ap pran laj sa ka penib (Eklezyas 12:1-8). Men, ann pran egzanp sèvitè Bondye nan tan biblik yo. Se vre, finalman yo te mouri, men, sajès ak klèvwayans yo te genyen te pote gwo satisfaksyon pou yo nan vyeyès yo (Jenèz 25:8 ; 35:29 ; Jòb 12:12 ; 42:17). Kòman yo te fè rive konsève jwa yo pandan y ap vyeyi ? Sètènman se paske yo te viv ann amoni ak prensip nou jwenn jodi a nan Bib la. — Sòm 119:105 ; 2 Timote 3:16, 17.
3. Ki konsèy Pòl te bay pou granmoun gason ak granmoun fi ?
3 Nan lèt apot Pòl te voye bay Tit la, li te bay bonjan konsèy pou moun ki t ap pran laj yo. Li te ekri : “ Se pou granmoun gason yo modere nan abitid yo, pou yo serye, pou yo gen bonsans, pou yo solid nan lafwa, nan lanmou ak nan andirans. Menm jan an tou, se pou granmoun fi yo gen yon konduit ki montre yo gen gwo respè pou Bondye, pou yo pa ni medizan, ni esklav anpil diven, pou yo se moun k ap anseye sa ki byen. ” (Tit 2:2, 3). Si w prete atansyon ak pawòl sa yo, sa ka ede w fè fas ak difikilte ki gen nan vyeyès la.
LÈ PITIT OU YO VIN GRAN E YO LAKAY PA YO, ADAPTE W AK SA
4, 5. Kòman anpil paran reyaji lè pitit yo kite kay la, e kòman kèk nan yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon an ?
4 Tout chanjman wòl mande souplès. Sa sitou vrè, lè pitit ou yo vin gran, yo marye e yo kite kay la ! Se premye bagay ki fè anpil paran sonje y ap vyeyi. Malgre paran yo kontan pitit yo vin gran, souvan yo enkyè, y ap mande si yo te fè tout sa yo kapab pou yo prepare timoun yo pou yo vin endepandan. E yo ka santi yo tris paske timoun yo pa la nan kay la.
5 Nou ka konprann sa, paran yo kontinye enkyete pou byennèt pitit yo, menm apre yo fin kite kay la. Gen yon manman ki di : “ Si sèlman mwen te ka resevwa nouvèl yo souvan, pou m sèten yo byen, sa t ap fè m kontan. ” Yon papa di : “ Lè pitit fi nou an te kite kay la, se te yon moman trè difisil. Sa te kite yon gwo vid nan fanmi nou paske nou te toujou fè tout bagay ansanm. ” Kòman paran sa yo te rive sipòte absans pitit yo ? Nan anpil ka, se lè yo enterese nan lòt moun e yo ede yo.
6. Ki sa k ap ede paran yo toujou gen yon bon pwennvi sou relasyon familyal yo ?
6 Lè timoun yo marye, wòl paran yo chanje. Jenèz 2:24 di : “ Yon gason ap kite papa l ak manman l, e li dwe atache ak madanm li e yo dwe vin yon sèl chè. ” Yon bon konpreyansyon sou prensip otorite Bondye etabli a ansanm ak bon lòd ap ede paran yo toujou gen yon bon pwennvi sou bagay yo. — 1 Korentyen 11:3 ; 14:33, 40.
7. Ki bèl atitid yon papa te kiltive lè pitit fi l yo te marye e yo te kite kay la ?
7 Apre yon koup te fin gen de pitit fi yo ki marye e ki kite kay la, yo te santi yon vid nan lavi yo. Okòmansman mari a te egri kont bofis li yo. Men kòm li te reflechi sou prensip otorite a, li te rann li kont kounye a se mari pitit fi l yo ki responsab fanmi yo fonde a. Konsa, lè pitit fi l yo vin mande l konsèy, li mande yo ki sa mari yo panse, e ansuit li fè tout posib li pou l soutni pwennvi mari yo. Kounye a, bofis li yo konsidere l kòm yon zanmi e yo aksepte konsèy li.
8, 9. Kòman kèk paran adapte yo ak sitiyasyon kote pitit yo vin gran e yo lakay pa yo ?
8 Bon, e si nouvo marye yo, toutpandan yo pa fè anyen ki kontrè ak Ekriti yo, yo pa fè sa paran yo panse ki pi bon an ? Yon koup ki gen pitit yo marye esplike : “ Nou toujou ede yo wè bagay yo jan Jewova wè yo, men, si nou pa dakò ak yon desizyon yo pran, nou aksepte sa e nou ba yo sipò nou ak ankourajman nou. ”
9 Nan sèten peyi ann Azi, gen kèk manman ki twouve li vrèman difisil pou yo admèt pitit gason yo granmoun lakay yo. Sepandan, si manman sa yo respekte lòd teyokratik ansanm ak prensip otorite a, y ap remake konfli ak bèlfi yo vin diminye. Gen yon kretyèn ki te twouve kite pitit gason l yo kite fanmi an sa te fè l vin gen yon “ rekonesans ki pa janm sispann ogmante ”. Li kontan wè avèk ki abilite y ap dirije nouvo kay yo. Anretou, sa soulaje li menm ak mari l ni fizikman ni mantalman pandan y ap vyeyi.
RANFÒSE LYEN MARYAJ NOU
Ofiramezi n ap vyeyi, temwaye lanmou nou ankò youn pou lòt.
10, 11. Site kèk konsèy Ekriti yo bay k ap ede moun evite kèk nan pyèj ki genyen lè moun andezaj.
10 Moun yo reyaji divès fason lè yo andezaj. Gen gason ki abiye lòt jan pou yo ka parèt pi jèn. Anpil fi enkyè pou chanjman ki mache ak menopoz. Malerezman, gen kèk moun andezaj ki fè konjwen yo egri e ki pwovoke jalouzi lakay yo, paske yo tonbe flète ak moun lòt sèks ki pi jèn. Sepandan, granmoun gason ki gen atachman pou Bondye “ gen bonsans ”, yo frennen tout move dezi yo gen lakay yo (1 Pyè 4:7). Menm jan an tou, medam ki aje yo fè efò pou maryaj yo rete stab, paske yo renmen mari yo e yo gen dezi pou yo fè Jewova plezi.
11 Anba enspirasyon Bondye, wa Lemouwèl te fè elòj pou “ madanm kapab ” la ki te rekonpanse mari l “ ak sa ki byen, e non ak sa ki mal, tout jou nan lavi l ”. Yon mari kretyen pap manke pa apresye efò madanm li fè pou l fè fas ak kèlkeswa moman dekourajman li rankontre pandan ane tranzisyon yo. Lanmou mari a gen pou madanm li ap pouse l fè ‘ elòj pou li ’. — Pwovèb 31:10, 12, 28.
12. Kòman de moun marye yo ka vin pi pwòch youn ak lòt ofiramezi ane ap pase ?
12 Pandan ane nou te okipe nou t ap leve timoun yo, nou toule de te kontan mete dezi pèsonèl nou akote pou nou konble bezwen pitit nou yo. Apre yo fin ale, se moman pou nou konsantre nou ankò sou lavi pa nou antanke moun marye. Gen yon mari ki di : “ Lè pitit fi m yo te kite kay la, mwen te rekòmanse koutize madanm mwen ankò. ” Gen yon lòt mari ki di : “ Youn voye je sou sante lòt, youn fè lòt sonje nou bezwen fè egzèsis. ” Pou yo pa santi yo sèl, madanm li avè l montre ospitalite anvè lòt manm kongregasyon an. Wi, lè nou montre nou enterese nan lòt moun, sa pote byenfè. Anplis de sa, sa fè Jewova plezi. — Filipyen 2:4 ; Ebre 13:2, 16.
13. Ki wòl franchiz ak onètete jwe toutpandan de moun marye yo ap vyeyi ansanm ?
13 Nan domèn kominikasyon, pa kite yon vid devlope ant ou menm ak konjwen w. Se pou nou pale ansanm avèk franchiz (Pwovèb 17:27). Gen yon mari ki fè remak sa a : “ Nou aprann konnen nou youn lòt pi byen lè nou montre afeksyon ak konsiderasyon youn pou lòt. ” Men sa madanm li ajoute : “ Ofiramezi n ap vyeyi, nou vin renmen bwè ti te nou ansanm, nou pale e nou kowopere youn ak lòt. ” Franchiz ou ak onètete w kapab kontribye pou fè relasyon nou nan maryaj la vin pi sere, y ap ba li rezistans pou l stope atak Satan yo, li menm k ap mache kraze maryaj.
APRESYE PITIT PITIT OU YO
14. Ki wòl evidan grann Timote te jwe nan pwogrè Timote pou l vin yon kretyen ?
14 Pitit pitit se “ kouwòn ” moun ki aje yo (Pwovèb 17:6). Konpayi yo kapab vrèman agreyab, amizan e rafrechisan. Bib la pale an byen de Loyis, yon grann (ansanm ak pitit fi l Enis) ki te pataje kwayans li ak pitit pitit li, Timote. Jèn gason sa a te grandi, li te konnen manman l ak grann li te bay verite ki nan Bib la anpil enpòtans. — 2 Timote 1:5 ; 3:14, 15.
15. Anrapò ak pitit pitit, ki wòl trèzenpòtan gran paran yo ka jwe, men ki sa yo ta dwe evite ?
15 Se yon domèn kote gran paran yo ka jwe yon wòl trèzenpòtan. Gran paran, ou deja pataje konesans ou sou objektif Jewova yo ak pitit ou. Kounye a ou ka fè menm bagay la pou yon lòt jenerasyon ! Anpil timoun kontan tande gran paran yo k ap rakonte yo istwa biblik yo. Natirèlman, ou pap pran plas papa a ki gen responsablite pou l fè verite ki nan Bib la antre nan lespri pitit li yo (Detewonòm 6:7). Olye de sa, w ap konplete fòmasyon sa a. Menm jan ak salmis la ou ka fè priyè sa a : “ Menm jiskaske m vyeyi e cheve m gri, o Bondye, pa kite m, jiskaske m pale ak jenerasyon an konsènan bra w, ak tout moun ki gen pou vini yo konsènan pisans ou. ” — Sòm 71:18 ; 78:5, 6.
16. Kòman gran paran yo ka evite pou se pa yo menm ki lakòz kont nan fanmi an ?
16 Malerezman, gen kèk gran paran ki tèlman gate pitit pitit yo, sa konn fè gen kont ant gran paran ak pitit yo ki vin gran. Toutfwa, li ka rive bonte sensè ou demontre fè li fasil pou pitit pitit ou yo vin rakonte w sekrè yo, lè yo pa santi yo alèz pou yo revele paran yo bagay sa yo. Pafwa, timoun yo gen espwa gran paran yo ki yon jan toleran ap pran pozisyon pou yo kont paran yo. Ki sa pou w fè nan ka sa a ? Aji avèk sajès e ankouraje pitit pitit ou yo pou yo fran ak paran yo. Ou ka esplike yo sa fè Jewova plezi (Efezyen 6:1-3). Si sa nesesè, ou ka pote w volontè pou w fasilite yo abòde paran yo, lè ou menm ou pale ak paran yo dabò. Se pou w pale franchman ak pitit pitit ou konsènan sa ou menm ou aprann avèk letan. Onètete w ak franchiz ou ka pwofitab pou yo.
ADAPTE W OFIRAMEZI W AP PRAN LAJ
17. Ki detèminasyon yon salmis te genyen kretyen aje yo ta dwe imite ?
17 Ofiramezi ane ap pase, w ap vin rann ou kont ou pa ka fè tout bagay ou te konn fè oubyen tout bagay ou vle fè. Kòman yon moun ka aprann aksepte vyeyès la ? Nan lespri w ou ka panse ou gen 30 an, men yon koudèy nan yon glas montre yon lòt reyalite. Pa dekouraje. Yon salmis te sipliye Jewova konsa : “ Pa voye m jete nan peryòd vyeyès mwen. Lè fòs mwen ap bese, pa kite m. ” Pran rezolisyon pou w imite detèminasyon salmis lan. Li di : “ M ap toujou tann, e m ap ajoute sou tout louwanj ou. ” — Sòm 71:9, 14.
18. Kòman yon kretyen ki gen matirite ka byen sèvi ak retrèt li ?
18 Anpil moun prepare yo alavans pou yo louwe Jewova plis apre yo fin pran retrèt nan travay pwofàn yo. Yon papa ki retrete kounye a di : “ Mwen te planifye alavans sa mwen t ap fè lè pitit fi nou an kite lekòl. Mwen te deside mwen t ap rantre nan sèvis aplentan, e mwen te vann biznis mwen an dekwa pou m ka lib pou m sèvi Jewova pi konplètman. Mwen te priye pou Bondye ban m direksyon. ” Si ou toupre laj retrèt, w ap jwenn rekonfò nan deklarasyon sa a gran Kreyatè nou an fè : “ Jis nan vyeyès yon moun, mwen rete menm Moun nan, e jiskaske cheve yon moun gri, mwen menm m ap kontinye bay sipò m. ” — Izayi 46:4.
19. Ki konsèy yo bay moun k ap pran laj yo ?
19 Li ka pa fasil pou w adapte w ak retrèt apre w fin kite travay pwofàn ou. Apot Pòl te konseye granmoun gason yo pou yo “ modere nan abitid yo ”. Sa mande metriz, sa mande pou yo pa sede devan tantasyon pou yo chèche mennen yon vi fasil. Lè moun retrete, yo ka gen plis nesesite pou yo òganize yo e pou yo disipline tèt yo pase anvan. Kidonk, se pou nou okipe, se pou nou “ toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, paske anrapò ak Seyè a nou konnen nou pap travay anven ”. (1 Korentyen 15:58.) Elaji aktivite w pou w ede lòt moun (2 Korentyen 6:13). Se sa anpil kretyen fè lè yo preche bon nouvèl la avèk zèl nan yon rit ki apwopriye pou yo. Ofiramezi w ap pran laj, se pou w “ solid nan lafwa, nan lanmou ak nan andirans ”. — Tit 2:2.
AFWONTE LANMÒ KONJWEN W
20, 21. a) Nan sistèm de choz sa a, ki sa finalman k ap oblije separe de moun marye ? b) Ki bèl egzanp Àn bay konjwen ki andèy yo ?
20 Sa tris, men se yon reyalite, nan sistèm de choz sa a, yon jou lanmò gen pou l separe de moun marye. Konjwen kretyen ki andèy yo konnen moun yo renmen yo ap dòmi, e yo sèten y ap wè yo ankò (Jan 11:11, 25). Men, yon pèt konsa toujou pote gwo chagren. Ki sa moun ki rete a ka fè pou l fè fas ak sitiyasyon ana ?
21 Si nou sonje sa yon sèten pèsonaj biblik te fè sa kapab ede nou. Àn te vèv sèlman setan apre maryaj li, e nan moman y ap pale de li a, li te gen 84 an. Nou ka sèten, li te gen gwo chagren lè l te pèdi mari l. Kòman li te rive fè fas ak sa ? Li te bay Jewova Dye yon sèvis sakre nan tanp lan lajounen kou lannuit (Lik 2:36-38). Lefètke Àn te ranpli lavi l ak sèvis sakre li t ap bay la, sandout, sa te yon gwo èd pou li kont chagren e kont solitid li te santi antanke vèv.
22. Kòman kèk vèv ak vèf rive venk solitid ?
22 Men sa yon dam aje ki gen 72 an e ki vèv depi dizan esplike : “ Pi gwo pwoblèm mwen se lefètke m pa gen pyès moun pou m pale. Mari m te yon moun ki te konn koute moun byen. Nou te konn pale de kongregasyon an ansanm ak aktivite nou nan ministè kretyen an. ” Gen yon lòt vèv ki di : “ Byenke tan geri blesi, men, mwen twouve li pi egzak pou m di se sa yon moun fè ak tan l ki kontribye pou ede l geri pito. Ou nan pi bon pozisyon pou w ede lòt moun. ” Yon vèf ki gen 67 an gen menm opinyon an tou, li di : “ Pi bon fason pou w lite kont chagren se ofri tèt ou pou w konsole lòt moun. ”
BONDYE BAY MOUN KI NAN VYEYÈS YO ANPIL VALÈ
23, 24. Ki gwo rekonfò Bib la bay moun ki aje yo, sitou sa ki pèdi konjwen yo ?
23 Menmsi lanmò pote konjwen nou renmen an ale, Jewova toujou rete fidèl, avèk li pa janm gen dout. Nan vyeyès wa David, li te chante : “ Yon bagay mwen mande Jewova — se sa mwen pral chèche : Se pou m abite nan mezon Jewova a tout jou nan lavi m, pou m kontanple cham Jewova e pou m gade tanp li an avèk admirasyon. ” — Sòm 27:4.
24 Apot Pòl òdone nou pou nou “ onore vèv yo sa ki vrèman vèv yo ”. (1 Timote 5:3.) Konsèy ki vini apre enstriksyon sa a montre vèv ki pa gen fanmi pwòch ka bezwen èd materyèl nan men kongregasyon an. Toutfwa, sans enstriksyon sa a, ki mande pou nou “ onore ” a, gen ladan l tou bay vèv yo anpil valè. Se pa ti rekonfò vèv ak vèf ki gen atachman pou Bondye yo ka jwenn lefètke yo konnen Jewova ba yo anpil valè e l ap soutni yo ! — Jak 1:27.
25. Ki pèspektiv ki toujou la devan moun ki aje yo ?
25 Pawòl enspire Bondye a deklare : “ Sa ki fè bote estrawòdinè granmoun yo se cheve gri yo. ” Yo se “ yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis ”. (Pwovèb 16:31 ; 20:29.) Kidonk, kit ou marye, kit ou tounen selibatè ankò, kontinye bay sèvis Jewova premye plas nan lavi w. Konsa, w ap gen yon bon repitasyon devan Bondye depi kounye a e w ap gen pèspektiv pou w viv etènèlman nan yon monn kote doulè ak vyeyès pap la ankò. — Sòm 37:3-5 ; Izayi 65:20.
a Pou plis detay sou sijè sa a, gade bwochi Quand la mort frappe un être aimé, se Temwen Jewova ki pibliye l.
-
-
Onore paran nou yo ki ajeSekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
-
-
CHAPIT KENZ
Onore paran nou yo ki aje
1. Ki redevans nou genyen anvè paran nou yo, e pou rezon sa a ki ta dwe santiman nou anvè yo e kòman nou ta dwe aji ak yo ?
“ KOUTE papa w ki fè w, e pa meprize manman w tou senpleman paske l vyeyi ”, se òm saj nan tan lontan an ki te bay konsèy sa a (Pwovèb 23:22). Petèt ou ka di : ‘ Mwen pap janm fè yon bagay konsa ! ’ Olye nou meprize manman nou oubyen papa nou, pifò nan nou gen yon lanmou pwofon pou yo. Nou rekonèt nou gen gwo redevans anvè yo. Avantou, paran nou yo ban nou lavi. Byenke se Jewova ki Sous lavi, san paran nou yo, nou tou senpleman pa t ap egziste. Pa gen anyen nou ka bay paran nou ki presye menm jan ak lavi. Alò, jis reflechi sou sakrifis, swen atantif, depans ak atansyon ki chaje lanmou sa mande pou ede yon timoun depi l tibebe jis li rive nan laj majè. Se sa k fè, se pa ti rezonab sa rezonab pou Pawòl Bondye a ban nou konsèy sa a : “ Onore papa w ak manman w [...] : Pou sa ka ale byen pou ou e pou w ka rete lontan sou tè a. ” — Efezyen 6:2, 3.
REKONÈT YO BEZWEN AFEKSYON
2. Kòman timoun ki vin gran yo ka bay paran yo “ konpansasyon pou sa yo dwe yo ” ?
2 Men sa apot Pòl te ekri kretyen yo : “ Se pou [pitit oubyen pitit pitit yo] aprann pratike atachman pou Bondye avèk pwòp moun lakay yo anvan. Epitou se pou yo kontinye bay paran yo ak gran paran yo yon konpansasyon pou sa yo dwe yo, paske se bagay ki agreyab nan je Bondye. ” (1 Timote 5:4). Timoun ki vin gran yo bay paran yo ak gran paran yo “ konpansasyon pou sa yo dwe yo ”, lè yo montre rekonesans yo pou kantite ane yo te pase ap temwaye yo lanmou, y ap pran swen yo, e y ap travay pou yo. Yon fason timoun yo ka fè sa, se lè yo pran konsyans, menm jan ak tout moun, moun ki aje yo bezwen lanmou e yo bezwen yo reba yo konfyans. Byen souvan se pa ti swaf yo swaf sa. Menm jan ak nou tout, yo bezwen santi yo gen valè. Yo bezwen santi yo itil nan lavi yo.
3. Kòman nou ka onore paran nou ak gran paran nou ?
3 Kidonk, nou kapab onore paran nou ak gran paran nou lè nou fè yo konnen nou renmen yo (1 Korentyen 16:14). Si paran nou pap viv ansanm ak nou, nou dwe sonje, lè yo pran nouvèl nou sa gen anpil enpòtans pou yo. Yon ti lèt janti, yon kout fil, oubyen yon vizit, ka fè yo plezi anpil. Men sa Miyo, k ap viv nan peyi Japon, te ekri lè li te gen 82 an : “ Pitit fi m nan [ki gen mari l siveyan itineran] di m : ‘ Manman, silvouplè “ vwayaje ” avèk nou ’. Li voye pwogram kote y ap ye chak semèn ak tout nimewo telefòn. Konsa, mwen ka ouvri kat mwen e m di : ‘ Aha, kounye a yo la a ! ’ Mwen toujou di Jewova mèsi pou benediksyon m genyen dèske m gen yon pitit fi konsa. ”
SOUTNI YO NAN DOMÈN MATERYÈL
4. Ki jan tradisyon relijye juif yo te pouse moun yo fè kè di ak paran yo ki aje ?
4 Èske onore paran ka gen ladan l tou sousye de yo nan domèn materyèl ? Wi. Souvan se sa sa vle di. Nan epòk Jezi a, chèf relijye juif yo t ap defann tradisyon ki fè kwè si yon moun deklare lajan li oubyen pwopriyete l genyen se “ yon kado ki vwe bay Bondye ”, li libere anba responsablite li genyen pou l sèvi ak li pou l pran swen paran l (Matye 15:3-6). Ala kè yo te di ! An reyalite, chèf relijye sa yo t ap ankouraje moun yo pou yo pa onore paran yo, men, pou yo trete yo avèk mepri lè yo refize ba yo sa yo gen bezwen, yon fason egoyis. Pinga nou janm fè yon bagay konsa ! — Detewonòm 27:16.
5. Malgre dispozisyon gouvènman nan kèk peyi pran, poukisa onore paran pafwa gen ladan l ba yo èd materyèl ?
5 Nan anpil peyi jodi a, gen pwogram èd sosyal gouvènman yo met sou pye pou konble kèk bezwen materyèl moun ki aje yo genyen, tankou yo ba yo manje, rad ak kote pou yo rete. Akote de sa, moun ki aje yo menm ka te mete kèk rezèv sou kote pou lè yo granmoun. Men, si rezèv sa yo fini oubyen si yo pa ase, timoun yo ap onore paran yo lè yo fè sa yo kapab pou yo konble bezwen paran yo. Anfèt, lè yon moun pran swen paran l ki aje se yon prèv ki montre li gen atachman pou Jewova Dye, li menm ki pran dispozisyon pou gen fanmi.
LANMOU AK ABNEGASYON
6. Ki aranjman kèk moun fè nan domèn lojman dekwa pou yo pran swen paran yo ?
6 Anpil timoun ki vin gran konble bezwen paran yo ki pa viv sante, avèk amou e avèk abnegasyon. Gen kèk ki pran paran yo lakay yo oubyen yo demenaje al ret toupre yo. Gen lòt ki demenaje y al rete lakay paran yo. Souvan, aranjman konsa se yon benediksyon ni pou paran ni pou pitit.
7. Poukisa li bon pou yon moun pa aji twò vit lè l ap pran desizyon ki konsène paran l ki aje ?
7 Sepandan, dèfwa, jan de demenajman sa yo konn vire mal. Poukisa ? Petèt, paske desizyon an te pran twò vit oubyen li te baze sèlman sou emosyon. Bib la bay konsèy saj sa a : “ Moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l. ” (Pwovèb 14:15). Pa egzanp, sipozon manman w ki aje gen pwoblèm pou l viv poukont li e ou panse li t ap pi bon pou l vin abite ansanm ak ou. Si w konsidere kote w ap met pye w an moun ki entèlijan, w ap reflechi sou kesyon sa yo : Ki bezwen reyèl li genyen ? Èske gen òganizasyon prive oubyen òganizasyon leta sibvansyone ki ofri yon solisyon akseptab ? Èske li vle demenaje ? Si se wi, kòman sa ap afekte lavi l ? Èske l ap oblije kite zanmi l yo dèyè ? Ki efè sa ap fè sou li nan domèn afektif ? Èske w pale de bagay sa yo avè l ? Kòman demenajman sa a ka afekte ni ou menm, ni konjwen w, ni pitit ou ? Si manman w bezwen swen, kiyès ki pral ba li l ? Èske gen mwayen pou w pataje responsablite a ? Èske w pale de sijè a ak tout moun ki konsène dirèkteman nan kesyon an ?
8. Ki moun petèt ou kapab kontakte anvan w pran desizyon sou fason pou w ede paran w ki aje ?
8 Piske responsablite pou pran swen paran aje yo repoze sou do tout timoun ki nan fanmi an, l ap saj pou w fè yon reyinyon familyal dekwa pou tout moun ka patisipe nan desizyon k ap pran an. Pale ak ansyen nan kongregasyon an oubyen pale ak zanmi k ap fè fas ak menm sitiyasyon an kapab itil tou. Bib la di : “ Pwojè yo echwe kote ki pa gen konvèsasyon konfidansyèl, men nan anpil konseye gen reyalizasyon. ” — Pwovèb 15:22.
METE NOU NAN PLAS YO EPI KONPRANN YO
Li pa saj pou nou pran desizyon pou paran nou san nou pa pale ak yo dabò.
9, 10. a) Ki konsiderasyon nou dwe bay moun ki aje yo ? b) Kèlkeswa dispozisyon yon pitit ki vin gran pran an favè paran l, ki sa li dwe toujou ba yo ?
9 Onore paran nou yo ki aje mande pou nou mete nou nan plas yo epi pou nou konprann yo. Etandone ane k ap pase yo gen efè sou sante moun ki aje yo, chak jou li ka vin pi difisil pou yo mache, pou yo manje e pou yo sonje. Yo ka bezwen èd. Timoun yo konn tèlman vle pwoteje paran yo depase mezi, yo konn eseye dirije yo. Men, moun ki aje yo se granmoun ki chaje ak sajès ak eksperyans yo ranmase tout yon vi kote yo t ap pran swen tèt yo, e yo te konn pran pwòp desizyon yo. Idantite yo ak diyite yo santre petèt sou wòl yo jwe antanke paran e antanke moun responsab. Paran ki santi yo oblije lage kontwòl lavi yo nan men pitit yo ka vin gen lapenn oubyen yo ka vin irite. Gen kèk ki vin egri e ki fè rezistans devan sa yo konsidere kòm tantativ pou retire endepandans yo nan men yo.
10 Pa gen okenn solisyon mirak pou pwoblèm konsa, men se demontre bonte lè w kite paran w ki aje pran swen tèt yo e ou kite yo pran desizyon yo otank posib. Li saj pou w pa pran desizyon sou sa k ap pi bon pou yo san w pa pale ak yo dabò. Petèt, yo pèdi anpil deja akoz laj. Pèmèt yo konsève ti sa yo rete ankò a. W ap remake sa, mwens ou eseye kontwole lavi paran w yo, relasyon w avèk yo ap vin pi bon. Y ap pi kontan, e ou menm tou w ap pi kontan. Menmsi sa nesesè pou w ensiste sou yon seri de bagay pou byen paran w yo, onore yo mande pou w trete yo ak diyite e ak respè yo merite. Pawòl Bondye a ban nou konsèy sa a : “ Ou dwe leve kanpe devan cheve gri, e ou dwe montre konsiderasyon pou moun ki aje. ” — Levitik 19:32.
TOUJOU GEN YON BON PWENNVI
11-13. Si yon timoun ki vin gran pa t gen bon relasyon ak paran l oparavan, kòman li ka toujou pran swen yo nan granmoun menmsi sa difisil ?
11 Yon pwoblèm timoun ki vin gran yo konn rankontre lè pou yo onore paran yo ki aje gen rapò ak kalite relasyon yo te genyen ak paran yo oparavan. Petèt, papa w se yon moun ki te frèt ak moun, yon moun ki te manke lanmou, manman w te yon moun ki renmen domine, yon moun ki di. Ou ka santi w desi, ou irite, oubyen ou gen lapenn paske yo pa t jan de paran ou ta renmen pou yo ye a. Èske w ka venk jan de santiman sa yoa ?
12 Men sa Basse, ki te leve nan peyi Finlann, rakonte : “ Bòpè m te ofisye S.S. ann Almay nazi. Li te pèdi metriz fasil, e nan moman sa yo li te yon danje. Plizyè fwa li te bat manman m devan de je m. Yon jou, li te an kòlè kont mwen, li pran sentiwon l e li frape m ak bouk la nan figi. Sa te tèlman frape m fò, mwen te tonbe sou kabann nan. ”
13 Toutfwa, te gen yon lòt fasèt nan pèsonalite l. Basse ajoute : “ Yon lòt bò, li te travay di anpil e li pa t menaje tèt li pou l pran swen fanmi an materyèlman. Li pa t janm demontre lanmou pou mwen tankou yon papa, men mwen konnen se yon moun ki make nan domèn afektif. Manman l te mete l deyò lè l te timoun. Li te grandi nan voye kout pwen, e li te patisipe nan lagè pandan li te jèn gason. Mwen te eseye konprann li e mwen pa t repwoche l. Lè m te vin gran, mwen te deside ede l otan m kapab jiskaske l mouri. Sa pa t fasil, men m te fè sa m kapab. Mwen te fè efò pou m yon bon pitit gason jiska lafen, e mwen panse se konsa li te konsidere m. ”
14. Ki vèsè biblik ki aplikab nan tout sitiyasyon, san wete sitiyasyon kote moun ap pran swen paran ki aje ?
14 Ni nan lavi familyal, ni nan lòt sitiyasyon ankò, konsèy biblik sa a aplikab : “ Abiye nou avèk tandrès, afeksyon, konpasyon ansanm ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan an. ” — Kolosyen 3:12, 13.
MOUN K AP PRAN SWEN MALAD LA BEZWEN ATANSYON TOU
15. Poukisa pran swen paran aje yo se yon bagay ki konn bay anpil lapenn ?
15 Pran swen yon paran ki pa viv sante se bagay ki egzije anpil efò, sa mande anpil travay, anpil tan, e se yon gwo responsablite. Men byen souvan, pi gwo difikilte a se nan domèn afektif. Sa bay anpil lapenn pou w wè paran w pèdi sante l, memwa l ak endepandans li. Men sa Sandy ki moun Pòtoriko rakonte : “ Se manman m ki te poto mitan fanmi an. Sa te fè m mal anpil pou m wè jan l ap soufri lè m ap pran swen l. Toudabò li te kòmanse bwete, ansuit li te bezwen yon baton, apre sa li vin bezwen yon wòkè, e annapre yon chèz woulant. Finalman, li vin pi mal jiskaske l mouri. Li te gen kansè nan zo e li te toujou bezwen swen lajounen kou lannuit. Nou te konn benyen l, nou ba l manje e nou fè lekti pou li. Sa te trè difisil, sitou nan domèn afektif. Lè m vin rann mwen kont manman m pral mouri, mwen te kriye paske mwen te renmen l anpil. ”
16, 17. Ki konsèy ki ka ede yon moun k ap pran swen yon moun malad pou l toujou gen yon pwennvi ekilibre sou bagay yo ?
16 Si ou ta twouve w nan yon sitiyasyon konsa, ki sa w ka fè pou fè fas avè l ? Koute Jewova lè w li Labib epi pale ak li nan lapriyè, sa ap ede w anpil (Filipyen 4:6, 7). Nan yon fason pratik, asire w ou manje nouriti ki ekilibre, fè efò pou w dòmi ase. Si w fè sa, w ap nan pi bon kondisyon, ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif, pou w pran swen moun ou renmen an. Petèt, ou ka fè aranjman tanzantan pou w chanje woutin. Menmsi li pa posib pou w pran vakans, li toujou saj pou w pwograme kèk moman pou w detann ou. Pou w jwenn tan pou sa, ou kapab fè aranjman pou yon lòt moun rete ak paran ki malad la pou ou.
17 Li pa ra pou moun k ap pran swen moun malad atann bagay ki pa rezonab de tèt yo. Men, pa santi w koupab pou bagay ou pa ka fè. Nan kèk ka, ou ka oblije konfye moun ou renmen an bay yon mezon retrèt. Si w ap pran swen yon moun malad, egzije tèt ou bagay ki rezonab. Ou dwe fè ekilib ant bezwen paran w ki aje yo ak bezwen pitit ou, bezwen konjwen w ak bezwen pa w.
PISANS KI DEPASE SA KI NÒMAL LA
18, 19. Ki sipò Jewova pwomèt l ap bay, e ki eksperyans ki montre li kenbe pwomès sa a ?
18 Pa mwayen Pawòl Jewova a, Labib, avèk amou, Jewova bay moun k ap pran swen paran yo ki aje konsèy ki ka ede yo anpil, men, se pa èd sa a sèlman li bay. Men sa yon salmis enspire te ekri : “ Jewova pre tout moun ki envoke li [...]. L ap tande rèl yo fè pou mande l sekou, e l ap delivre yo. ” Jewova ap delivre moun ki fidèl yo, oubyen l ap prezève yo, menm nan sitiyasyon ki pi difisil. — Sòm 145:18, 19.
19 Se sa Myrna, k ap viv nan peyi Filipin, te konstate lè li t ap pran swen manman l ki te paralize apre li fin fè yon stwok. Myrna ekri : “ Pa gen anyen ki bay plis lapenn pase lè w ap gade moun ou renmen an k ap soufri epi li pa ka di w ki kote k ap fè l mal. Se tankou mwen t ap gade l k ap nwaye tikras pa tikras epi m pa ka fè anyen. Se pa ni youn ni de fwa, mwen te mete ajenou e m te pale ak Jewova pou m di l jan m te fatige. Mwen te kriye tankou David, ki te sipliye Jewova pou l mete dlo nan je l yo nan bidon an po li genyen an e pou L sonje l [Sòm 56:8]. E jan Jewova te pwomèt sa, li te ban mwen fòs mwen te bezwen an. ‘ Jewova te vin tankou yon sipò pou mwen. ’” — Sòm 18:18.
20. Ki pwomès biblik ki ede moun k ap pran swen malad yo pou yo rete optimis, menmsi moun y ap okipe a ta mouri ?
20 Yo di pran swen paran ki aje se yon “ istwa ki pa bay kè kontan nan fen li ”. Malgre tout efò moun k ap pran swen moun ki aje a fè, granmoun nan ka mouri, tankou sa te rive manman Myrna. Men moun ki kwè nan Jewova konnen lanmò pa fen istwa a. Apot Pòl di : “ Mwen gen espwa nan Bondye [...] pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” (Travay 24:15). Moun ki pèdi paran yo ki aje jwenn rekonfò nan esperans rezirèksyon an ak nan pwomès monn nouvo mayifik Bondye pral fè a, kote “ lanmò pap la ankò ”. — Revelasyon 21:4.
21. Ki bon rezilta moun jwenn lè yo onore paran yo ki aje ?
21 Sèvitè Bondye yo gen gwo respè pou paran yo, menmsi yo vin granmoun (Pwovèb 23:22-24). Yo onore yo. Konsa, yo viv sa pwovèb enspire sa a di a : “ Papa w ak manman w ap rejwi, e manman w ki te fè w la ap gen lajwa. ” (Pwovèb 23:25). E sa ki pi enpòtan, sèke moun ki onore paran yo ki aje fè Jewova Dye plezi e yo onore l tou.
a Nou pap pale la a de sitiyasyon kote paran yo te koupab paske yo te sèvi ak pouvwa yo pou yo fè timoun yo abi ki grav, e yo te abize konfyans yo alekstrèm, sa moun ka konsidere kòm yon zak kriminèl.
-
-
Asire yon avni etènèl pou fanmi wSekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
-
-
CHAPIT SÈZ
Asire yon avni etènèl pou fanmi w
1. Ki objektif Jewova te genyen pou fanmi ?
LÈ JEWOVA te marye Adan ak Èv, Adan te eksprime jwa li lè li te pwononse pi ansyen powèm ebre ki egziste a (Jenèz 2:22, 23). Sepandan, Kreyatè a te gen plis bagay nan lide l pase annik fè pitit imen li yo plezi. Li te vle pou de moun marye yo ak fanmi yo fè volonte l. Li te di de premye moun yo : “ Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a, e domine sou li, epi fè pwason nan lanmè ak kreyati k ap vole nan syèl ak tout kreyati vivan k ap bouje sou tè a soumèt yo. ” (Jenèz 1:28). Ala yon kokenn misyon ki bay satisfaksyon sa te ye ! Se pa ti kontan Adan ak Èv ansanm ak pitit yo t apral fè yo t ap kontan si yo te fè volonte Jewova e si yo te obeyi l totalman !
2, 3. Kòman fanmi yo kapab jwenn pi gwo kè kontan jodi a ?
2 Jodi a tou, fanmi yo gen plis kè kontan lè yo kolabore ansanm pou yo fè volonte Bondye. Apot Pòl te ekri : “ Atachman pou Bondye itil pou tout bagay, piske li gen pwomès lavi kounye a ak sa ki pral vini an. ” (1 Timote 4:8). Yon fanmi ki viv ak atachman pou Bondye e ki suiv konsèy Jewova bay nan Bib la ap jwenn kè kontan nan “ lavi kounye a ”. (Sòm 1:1-3 ; 119:105 ; 2 Timote 3:16.) Menmsi se yon sèl moun nan fanmi an ki aplike prensip biblik yo, bagay yo mache pi byen pase lè pa gen pyès moun ki aplike yo.
3 Liv sa a egzamine anpil prensip biblik ki kontribye pou fè gen kè kontan nan yon fanmi. Petèt ou remake sa, gen kèk ladan yo ki parèt plizyè fwa toutolon liv la. Poukisa ? Paske yo reprezante verite pisan ki kontribye pou byen tout moun nan divès aspè nan lavi fanmi. Yon fanmi ki fè efò pou l aplike prensip biblik sa yo ap konstate reyèlman atachman pou Bondye “ gen pwomès lavi kounye a ”. Annou egzamine ankò kat nan prensip enpòtan sa yo.
ENPÒTANS METRIZ GENYEN
4. Poukisa metriz trèzenpòtan nan maryaj ?
4 Wa Salomon te di : “ Tankou yon vil yo anvayi, ki san miray, se konsa yon moun ki pa kontwole lespri l ye. ” (Pwovèb 25:28 ; 29:11). Li trèzenpòtan pou moun ki vle gen kè kontan nan maryaj yo “ kontwole lespri ” yo, e pou yo egzèse metriz. Si yo kite yon seri santiman ki lakòz destriksyon anvayi yo, tankou gwo kòlè oubyen tandans imoral, sa ap lakòz domaj ki pran dèzane pou yo repare, si toutfwa yo ka repare.
5. Kòman yon moun enpafè ka rive kiltive metriz e ki byenfè l ap jwenn ?
5 Natirèlman, pa gen okenn desandan Adan ki ka gen kontwòl total sou chè enpafè li genyen an (Women 7:21, 22). Sepandan, metriz se yon fwi lespri (Galat 5:22, 23). Se sa k fè, lespri Bondye ap pwodui metriz lakay nou si nou priye Bondye pou l ban nou kalite sa a, si nou aplike konsèy apwopriye nou jwenn nan Ekriti yo, e si nou frekante moun ki demontre kalite sa a epi nou evite moun ki pa kiltive l (Sòm 119:100, 101, 130 ; Pwovèb 13:20 ; 1 Pyè 4:7). Yon liy konduit konsa ap ede nou “ kouri pou fònikasyon ” menm lè nou devan tantasyon (1 Korentyen 6:18). N ap rejte vyolans e n ap evite alkolis oubyen n ap venk li. Anplis de sa, n ap sipòte pwovokasyon ansanm ak sitiyasyon difisil avèk plis kalm. Se pou nou tout, san wete timoun yo, kiltive fwi lespri sa a ki trèzenpòtan. — Sòm 119:1, 2.
YON PWENNVI KÒRÈK SOU OTORITE
6. a) Nan ki lòd Bondye etabli pou otorite a egzèse ? b) Ki sa yon gason dwe sonje si l vle egzèse otorite l yon fason pou l pote kè kontan pou fanmi l ?
6 Dezyèm prensip enpòtan an se yon bon konpreyansyon sou prensip otorite a. Pòl te dekri lòd kòrèk pou bagay yo fèt lè li te di : “ Mwen vle nou konnen chèf tout gason se Kris, e chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye. ” (1 Korentyen 11:3). Sa vle di se gason an k ap dirije fanmi an, madanm li ap soutni l avèk fidelite e timoun yo ap obeyi paran yo (Efezyen 5:22-25, 28-33 ; 6:1-4). Toutfwa, remake sa, egzèse otorite mennen nan kè kontan sèlman lè sa fèt yon fason ki kòrèk. Mari ki viv ak atachman pou Bondye konnen otorite pa sinonim diktati. Yo imite Jezi, Chèf yo a. Malgre Jezi t apral “ chèf sou tout bagay ” li “ te vini, se pa pou yo sèvi l, men pou l sèvi ”. (Efezyen 1:22 ; Matye 20:28.) Menm jan an tou, yon mari kretyen egzèse otorite l, non pa pou pwofi pèsonèl li, men nan enterè madanm li ak pitit li. — 1 Korentyen 13:4, 5.
7. Ki prensip biblik k ap ede yon madanm ranpli wòl Bondye ba li nan fanmi an ?
7 Madanm ki viv ak atachman pou Bondye, bò kote pa l, pap fè konpetisyon ak mari l ni li pap chèche domine l. Li kontan pou l soutni mari l e pou l kowopere ak li. Pafwa Bib la pale de madanm nan kòm yon moun mari a “ posede ”, sa ki montre aklè mari a se chèf li (Jenèz 20:3). Maryaj la fè madanm nan vin anba “ lwa mari l ”. (Women 7:2.) Anmenmtan, Bib la rele madanm nan yon “ èd ” e yon “ konpleman ”. (Jenèz 2:20.) Li posede kalite ak kapasite mari l manke, e li bay mari l sipò li bezwen (Pwovèb 31:10-31). Bib la di tou yon madanm se yon “ konpay ”, yon moun k ap travay kòtakòt ak mari l (Malaki 2:14). Prensip biblik sa yo ka ede yon mari ak yon madanm konprann pozisyon youn parapò ak lòt e sa ka ede yo trete youn lòt avèk bonjan respè e ak bonjan diyite.
SE POU W ‘ PRESE POU W TANDE ’
8, 9. Esplike kèk prensip k ap ede tout moun nan yon fanmi amelyore kapasite yo pou yo kominike.
8 Nan liv sa a, yo souliye souvan nesesite pou gen kominikasyon. Poukisa ? Paske bagay yo mache pi byen lè moun yo pale youn ak lòt e youn vrèman koute lòt. Plizyè fwa yo ensiste sou sa : kominikasyon an dwe fèt nan de sans. Disip Jak te eksprime ide sa a konsa : “ Tout moun dwe prese pou yo tande, yo pa dwe prese pou yo pale. ” — Jak 1:19.
9 Li enpòtan tou pou nou veye sou fason n ap pale. Pawòl nou di san reflechi, ki mennen chirepit, oubyen ki twò kritik, pa favorize bonjan kominikasyon (Pwovèb 15:1 ; 21:9 ; 29:11, 20). Menm lè sa nou di a kòrèk, si nou di l yon fason ki di, avèk ògèy oubyen san konsiderasyon, l ap riske fè plis mal pase byen. Langaj nou dwe gen bon gou, li dwe “ sizonnen ak sèl ”. (Kolosyen 4:6.) Pawòl nou ta dwe tankou “ pòm annò nan eskilti ann ajan ”. (Pwovèb 25:11.) Fanmi ki aprann kominike byen fè yon gwo pa pou yo rive jwenn kè kontan.
LANMOU JWE YON WÒL TRÈZENPÒTAN
10. Ki kalite lanmou ki trèzenpòtan nan maryaj ?
10 Mo “ lanmou ” an parèt yon pakèt fwa toutolon liv sa a. Èske w sonje ak ki kalite lanmou yo sitou fè referans ? Se vre, lanmou santimantal la (grèk eros) jwe yon wòl enpòtan nan maryaj, e nan yon maryaj reyisi, mari ak madanm devlope yon afeksyon ak yon amitye (grèk philia) ki pwofon antre yo. Men, lanmou ki pi enpòtan an se lanmou ki koresponn ak mo grèk agapè a. Se lanmou sa a nou kiltive pou Jewova, pou Jezi ak pou pwochen nou (Matye 22:37-39). Se lanmou sa a tou Jewova temwaye anvè lèzòm (Jan 3:16). Ala bèl sa bèl dèske nou anmezi pou nou demontre menm kalite lanmou sa a pou konjwen nou ak pitit nou ! — 1 Jan 4:19.
11. Kòman lanmou kontribye pou pote byenfè nan yon maryaj ?
11 Nan maryaj la lanmou elve sa a se vrèman “ yon chenn pafè pou inyon ”. (Kolosyen 3:14.) Li atache de moun marye ansanm e li fè yo vle fè sa ki pi bon youn pou lòt e pou timoun yo. Lè fanmi yo rankontre sitiyasyon difisil, lanmou ede yo fè fas ak yo nan inite. Ofiramezi de moun marye yo ap pran laj, lanmou kontribye pou fè yo soutni youn lòt e pou fè yo kontinye apresye youn lòt. “ Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè pa li [...]. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi. ” — 1 Korentyen 13:4-8.
12. Poukisa lè de moun marye yo gen lanmou pou Bondye sa ranfòse maryaj yo ?
12 Maryaj la patikilyèman solid lè se pa jis lanmou de moun marye yo genyen youn pou lòt ki simante l, men sitou lanmou yo genyen pou Jewova (Eklezyas 4:9-12). Poukisa ? Ebyen, apot Jan te ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. ” (1 Jan 5:3). Konsa, de moun marye yo ta dwe enstwi pitit yo pou yo gen atachman pou Bondye, pa senpleman paske yo renmen pitit yo anpil, men paske sa se kòmandman Jewova bay (Detewonòm 6:6, 7). Yo dwe kouri pou imoralite nonsèlman paske yo gen lanmou youn pou lòt, men prensipalman paske yo renmen Jewova, li menm ki “ pral jije fònikatè ak moun k ap fè adiltè ”. (Ebre 13:4.) Menmsi youn nan konjwen yo lakòz gwo pwoblèm nan maryaj la, lanmou lòt la genyen pou Jewova ap pouse l kontinye suiv prensip biblik yo. Vrèmanvre, gen kè kontan nan fanmi kote se lanmou pou Jewova ki simante lanmou moun yo genyen youn pou lòt !
YON FANMI KI FÈ VOLONTE BONDYE
13. Kòman detèminasyon yon moun genyen pou l fè volonte Bondye ap ede l fikse je l sou bagay ki vrèman enpòtan yo ?
13 Tout lavi yon kretyen santre sou fè volonte Bondye (Sòm 143:10). Se sa atachman pou Bondye siyifi toutbonvre. Lefètke fanmi yo ap fè volonte Bondye sa ede yo fikse je yo sou bagay ki vrèman enpòtan yo (Filipyen 1:9, 10). Pa egzanp, Jezi te bay avètisman sa a : “ Mwen vin met divizyon : yon gason ap kont papa l, yon pitit fi ap kont manman l, yon jèn madanm ap kont bèlmè l. Wi, ènmi yon moun se pral moun ki nan pwòp kay li. ” (Matye 10:35, 36). Ann amoni ak avètisman Jezi a, anpil nan disip li yo te jwenn pèsekisyon nan men moun ki nan fanmi yo. Ala yon sitiyasyon ki bay lapenn e ki fè moun mal ! Toutfwa, relasyon familyal pa ta dwe janm pi enpòtan pase lanmou nou genyen pou Jewova Dye ak Jezi Kris (Matye 10:37-39). Si yon moun andire malgre opozisyon fanmi l, moun ki opoze yo ka chanje lè yo wè bon rezilta atachman pou Bondye bay (1 Korentyen 7:12-16 ; 1 Pyè 3:1, 2). Menmsi sa pa rive, pa gen okenn byenfè dirab yon moun ap jwenn si l sispann sèvi Bondye akoz opozisyon.
14. Kòman dezi paran yo genyen pou yo fè volonte Bondye ap ede yo aji plis nan enterè pitit yo ?
14 Lefètke paran yo ap fè volonte Bondye sa ap ede yo pran bon desizyon. Pa egzanp, nan kèk zòn, paran yo gen tandans konsidere timoun yo kòm yon envestisman, e yo konte sou timoun yo pou pran swen yo lè yo vin granmoun. Se vre, li nòmal e li apwopriye pou timoun ki gran yo pran swen paran yo ki aje, men konsiderasyon konsa pa ta dwe fè paran yo pouse pitit yo pousuiv yon vi materyalis. Paran yo pa fè byen pou timoun yo si yo aprann yo bay byen materyèl plis enpòtans pase bagay espirityèl. — 1 Timote 6:9.
15. Kòman Enis, manman Timote, te yon bèl egzanp paran ki fè volonte Bondye ?
15 Enis se yon bèl egzanp nan domèn nan. Li se manman Timote, yon jèn ki te zanmi Pòl (2 Timote 1:5). Aktout Enis te marye ak yon enkwayan, li menm ak Loyis, granmè Timote, te reyisi aprann Timote pou l kontinye gen atachman pou Bondye (2 Timote 3:14, 15). Lè Timote te ase gran, Enis te pèmèt li kite kay la pou l al patisipe nan travay preche Wayòm nan antanke konpayon Pòl nan aktivite misyonè a (Travay 16:1-5). Ala kontan li dwe te kontan lè pitit gason l lan te vin yon misyonè remakab ! Atachman Timote te gen pou Bondye lè l vin gran se rezilta fòmasyon li te resevwa byen bonè. Asireman, Enis te jwenn satisfaksyon ak lajwa lè li te tande rapò sou ministè fidèl Timote t ap akonpli, menmsi sandout, li te sonje pitit gason l lan. — Filipyen 2:19, 20.
FANMI AN AK AVNI W
16. Antanke pitit, ki bonjan sousi Jezi te demontre pou manman l, men ki sa ki te prensipal objektif li ?
16 Jezi te leve nan yon fanmi ki gen atachman pou Bondye, e lè l vin gran, li te demontre li se yon pitit ki gen bonjan sousi pou manman l (Lik 2:51, 52 ; Jan 19:26). Sepandan, objektif prensipal Jezi se te fè volonte Bondye, e pou li, sa te gen ladan l ouvri chemen pou lèzòm jwenn lavi etènèl. Se sa li te fè lè li te bay lavi pafè li antanke imen kòm ranson pou lèzòm pechè. — Mak 10:45 ; Jan 5:28, 29.
17. Ki bèl esperans fidelite Jezi rann posib pou moun ki fè volonte Bondye yo ?
17 Apre lanmò Jezi, Jewova te leve l pou l viv nan syèl la e li te ba li anpil pouvwa, finalman li te enstale l antanke Wa nan Wayòm selès la (Matye 28:18 ; Women 14:9 ; Revelasyon 11:15). Sakrifis Jezi a fè l posib pou kèk moun yo chwazi al dirije ak li nan Wayòm sa a. Li ouvri wout tou pou rès moun ki sensè yo jwenn lavi pafè sou tè a ki pral restore an paradi (Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1, 4 ; 21:3-5 ; 22:1-4). Youn nan pi gwo privilèj nou genyen jodi a se anonse sanblab nou yo bon nouvèl glorye sa a. — Matye 24:14.
18. Ki rapèl e ki ankourajman yo bay ni pou fanmi, ni pou chak moun ?
18 Tankou apot Pòl te montre sa, viv avèk atachman pou Bondye gen ladan l pwomès moun kapab eritye byenfè sa yo nan lavi “ ki pral vini an ”. Asireman, se pi bon fason pou moun jwenn kè kontan ! Sonje, “ monn nan ap pase e dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. (1 Jan 2:17.) Se sa k fè, kit ou se timoun kit ou se paran, mari oubyen madanm, selibatè ki gen timoun oubyen ki pa gen timoun, fè efò pou w fè volonte Bondye. Menm lè ou anba presyon oubyen ou rankontre difikilte ekstrèm, pa janm bliye ou se sèvitè Bondye vivan an. Konsa, se pou aksyon w pote lajwa pou Jewova (Pwovèb 27:11). E se pou konduit ou fè w jwenn kè kontan depi kounye a ak lavi etènèl nan monn nouvo k ap vini an !
-