-
Pa kite anyen fè w pran distans ou ak JewovaToudegad — 2013 | 15 janvye
-
-
Pa kite anyen fè w pran distans ou ak Jewova!
“Depi kounyeya chwazi [kiyès] nou vle sèvi.” — JOZ. 24:15.
1-3. a) Sa k fè Jozye se yon bon egzanp antanke moun ki te fè bon chwa nan lavi a? b) Lè n gen desizyon pou n pran, ki sa n dwe toujou sonje?
MO “CHWAZI” a se yon mo ki fò. Yon moun ki gen chwa kapab pran desizyon l vle e li plizoumwen gen kontwòl sou direksyon l ap bay lavi l. Ann pran yon egzanp: Imajine yon moun k ap mache sou yon wout, epi bridsoukou, li rive nan yon kafou kote wout la divize an de e chak wout sa yo mennen yon kote diferan. Ki wout l ap chwazi? Si moun sa a konn kote l vle ale a, l ap chwazi wout k ap mennen l pi pre kote l vle ale a olye l chwazi wout k ap mennen l pi lwen an.
2 Nan Bib la nou jwenn egzanp plizyè moun ki te twouve yo nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon nou sot pale de li pi wo a. Pa egzanp, Kayen te gen pou l chwazi ant aji avèk kòlè oswa metrize tèt li (Jen. 4:6, 7). Jozye te gen pou l chwazi ant sèvi vrè Dye a oswa adore fo dye yo (Joz. 24:15). Objektif Jozye se te pou l ret atache ak Jewova, se sa k fè li te chwazi chemen ki te fè l atenn objektif sa a. Piske Kayen li menm pa t gen objektif sa a, li te chwazi yon chemen ki te mennen l byen lwen Jewova.
3 Pafwa, nou ka nan yon sitiyasyon kote nou dwe pran yon desizyon e nou gen plizyè posiblite devan nou. Si sa rive w, toujou sonje objektif ou se bay Jewova glwa nan tout sa w ap fè epi evite kèlkeswa bagay ki ka mennen w lwen Jewova. (Li Ebre 3:12.) Nan atik sa a ak nan sa k ap vin annapre a, nou pral egzamine sèt bagay nou pa dwe kite yo fè nou pran distans nou ak Jewova.
TRAVAY NOU AK KARYÈ NOU
4. Poukisa yon travay pwofàn enpòtan?
4 Kretyen yo gen obligasyon pou yo pran swen tèt yo e pou yo pran swen fanmi yo. Bib la fè konnen si yon moun pa vle pran swen moun lakay li, li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa (2 Tes. 3:10; 1 Tim. 5:8). Se vre, yon travay pwofàn gen anpil enpòtans, men, si w pa fè atansyon, travay ak karyè ka fè w pran distans ou ak Jewova. Ki jan sa ka rive?
5. Ak ki sa nou dwe reflechi lè n ap chèche travay?
5 Ann sipoze w ap chèche travay. Si w ap viv nan yon peyi kote li pa fasil ditou pou moun jwenn travay, ou gendwa anvi aksepte kèlkeswa travay ou jwenn nan. Men, e si sa yo mande w fè nan travay sa a pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la? E si orè travay sa a ak kote l ye a anpeche w patisipe nan aktivite w genyen antanke kretyen oswa li fè w pa gen tan pou fanmi w? Èske w t ap aksepte travay sa a kanmenm paske w panse li pi bon pou yon moun gen yon travay menmsi li pa apwopriye pou yon kretyen olye l ret san l pap fè anyen? Pa janm bliye sa, ou pap ka ret pwòch ak Jewova si w chwazi move chemen an (Ebre 2:1). Ki sa k kapab ede w fè yon bon chwa kit se chèche w ap chèche travay, kit se reflechi w ap reflechi pou w deside si w ap kenbe travay ou gen kounye a?
6, 7. a) Ki objektif yon moun ka genyen anrapò ak travay pwofàn? b) Ki objektif k ap fè w vin pi pwòch ak Jewova, e poukisa?
6 Jan nou sot di sa pi wo a, nou pa dwe janm bliye objektif nou. Mande tèt ou: ‘Poukisa m ap travay?’ Si w konsidere travay pwofàn kòm yon mwayen k ap ede w pran swen tèt ou ak fanmi w nan sèvis Jewova a, Jewova ap beni efò w yo (Mat. 6:33). Jewova pa ret bra kwaze lè nou pèdi travay nou oswa lè lavi a kòmanse ap mal mennen nou sanzatann (Iza. 59:1). Labib di: “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv.” — 2 Pyè 2:9.
7 Èske objektif ou se pou w vin rich? Petèt, ou ka rive atenn objektif sa a. Sepandan, menmsi w vin rich, toujou sonje ou pap janm fin peye konsekans swadizan siksè sa a ap gen sou ou. (Li 1 Timote 6:9, 10.) Lè yon moun bay richès ak karyè twòp enpòtans sa ka fè l pran distans li ak Jewova.
8, 9. Ki sa paran yo dwe sonje anrapò ak travay pwofàn yo? Esplike.
8 Si w se yon paran, panse ak efè egzanp ou bay ka gen sou timoun yo. Ki sa yo wè ki gen plis enpòtans pou ou, èske se travay ou oswa relasyon w ak Jewova? Si yo wè se gwo pozisyon, renome ak richès ki gen plis enpòtans pou ou, èske yo pap suiv ou nan chemen sa a ki mennen tou dwat nan destriksyon? Èske yo pap manke respè pou ou? Men sa yon sè ki gen 17 an fè konnen: “Pa gen yon lè m sonje travay papa m pa t pran tout tan l. Okòmansman, genlè se paske l te vle byen pran swen fanmi an ki fè l t ap travay di konsa. Men, nan dènye ane ki sot pase yo gen yon bagay ki te rive: afòs papa m te travay anpil, fanmi an te vin ap viv nan yon liks egzajere. Konsa, yo te vin konnen nou kòm yon fanmi ki chaje ak lajan olye yo konnen nou kòm yon fanmi k ap ankouraje lòt moun pousuiv objektif espirityèl. Mwen ta plis renmen gen yon papa k ap ede m gen yon pi bon relasyon ak Jewova olye m gen yon papa k ap ban m lajan chak jou.”
9 Paran, pa kite travay ou lakòz ou pran distans ak Jewova paske w bay travay sa a twòp enpòtans. Nan fason w ap viv, montre pitit ou, ou kwè toutbonvre pi gwo richès yon moun kapab genyen se lè l gen yon bon relasyon ak Jewova, men se pa lè l gen anpil byen materyèl. — Mat. 5:3.
10. Ki sa yon jèn ta dwe sonje lè l ap chwazi yon karyè?
10 Si w se yon jèn ki ta renmen fè karyè nan yon domèn, ki jan w ka chwazi chemen ki pi bon an? Jan nou sot wè sa pi wo a, ou dwe konnen ki sa w vle fè ak lavi w. Èske domèn ou ta renmen resevwa fòmasyon ladan l lan e w ta renmen travay ladan l lan ap ede w pi byen pousuiv enterè Wayòm nan oswa èske l ap fè w pran distans ou ak Jewova (2 Tim. 4:10)? Èske objektif ou se imite moun ki kontan sèlman lè yo gen anpil kòb sou kanè bank yo oswa lè biznis yo ap byen mache? Oubyen, èske w ap chwazi fè Jewova konfyans menm jan ak David ki te di: “Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.” (Sòm 37:25)? Pa janm bliye sa, gen yon chemen k ap fè w pran distans ou ak Jewova tandiske gen yon lòt k ap fè w jwenn pi bon lavi ou te ka genyen an. (Li Pwovèb 10:22; Malaki 3:10.) Kiyès nan de chemen sa yo w ap chwazia?
DETANT AK DIVÈTISMAN
11. Ki sa Bib la fè konprann konsènan detant ak divètisman, e ki sa nou dwe toujou sonje?
11 Labib pa kont detant, ni li pa fè konprann detant ak divètisman se tan pèdi. Pòl te fè Timote konnen “egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay”. (1 Tim. 4:8.) Labib menm montre gen yon “lè pou [moun] ri” ak yon “lè pou [moun] fè fèt”, e li ankouraje nou tou pou nou pran bonjan repo (Ekl. 3:4; 4:6). Sepandan, si w pa fè atansyon, detant ak divètisman ka fè w pran distans ou ak Jewova. Sa k fè sa? Pifò danje ki gen nan zafè detant chita sou de bagay: kalite detant nou chwazi a ak kantite tan nou pase ap detann nou.
Detant ki byen chwazi e ki pa pran anpil tan vrèman ankourajan.
12. Ki kesyon nou dwe poze konsènan kalite detant ak divètisman n ap chwazi?
12 Toudabò, ann pale konsènan kalite detant nou dwe pran. Li posib pou nou jwenn bonjan detant ak bonjan divètisman. Sepandan, nou dwe admèt pifò detant ki gen nan monn nan ankouraje moun fè bagay Jewova rayi. Se kapab vyolans, espiritis ak relasyon seksyèl ki imoral. Se sa k fè, nou bezwen byen egzamine ki kalite detant ak divètisman n ap pran. Ki efè yo gen sou nou? Èske yo ankouraje nou vin moun ki vyolan, ki gen lespri konpetisyon oswa ki nasyonalis (Pwo. 3:31)? Èske yo fin manje tout ti kòb nou genyen? Èske yo fè lòt moun trebiche (Wom. 14:21)? Ki kalite zanmi detant ak divètisman nou chwazi yo fè nou genyen (Pwo. 13:20)? Èske yo fè n anvi fè sa ki mal? — Jak 1:14, 15.
13, 14. Ki sa nou pa dwe bliye anrapò ak kantite tan nou pase ap detann nou?
13 Kounye a, ann egzamine kantite tan nou pase nan detant ak divètisman. Mande tèt ou: ‘Èske m tèlman fè anpil tan ap detann mwen sa fè m vin gen mwens tan pou bagay espirityèl yo?’ Si nou chwazi pase anpil tan nan detant ak divètisman, nou pap janm ka reprann fòs nou jan nou ta vle a lè nou jwenn ti moman pou nou repoze nou. An reyalite, moun ki jwenn plis kè kontan nan detant se moun ki kite detant nan plas li. Sa k fè n di sa? Piske yo konnen yo fè “bagay ki pi enpòtan yo” anvan, konsyans yo pa repwoche yo lè y ap detann yo. — Li Filipyen 1:10, 11.
14 Se vre, lè n pase anpil tan ap detann nou, sa ka sanble enteresan. Men, sa ka fè nou pran distans nou ak Jewova. Kim, yon sè ki gen 20 an, deja fè eksperyans sa a. Men sa l di: “Depi se kote ki gen fèt, mwen te toujou la. Chak wikenn toujou gen gwo pwogram, kit se vandredi, samdi oswa dimanch. Men, kounye a, mwen rann mwen kont gen anpil bagay enpòtan pou m fè. Pa egzanp, antanke pyonye, mwen leve a sizè dimaten pou m al preche. Donk, mwen pa ka ret nan pran plezi ak zanmi jiska inè oswa dezè dimaten. Mwen konnen se pa tout aktivite moun fè an gwoup ki pa bon, men, mwen konnen tou aktivite sa yo ka bay gwo pwoblèm. Kidonk, menm jan ak tout lòt bagay, yo dwe ret nan plas yo.”
15. Ki jan paran yo ka ede pitit yo pran bonjan detant?
15 Paran yo gen responsablite pou yo pran swen tèt yo ak pitit yo nan domèn materyèl, espirityèl ak afektif. Mete sou sa, yo pa dwe bliye pou yo pran detant ak fanmi yo. Si w se yon paran, pa aji tankou moun ki panse pa gen okenn detant ki bon. Sepandan, ou dwe fè atansyon ak bagay ki ka gen move enfliyans sou fanmi w (1 Kor. 5:6). Si w byen reflechi, ou ka jwenn detant ak divètisman ki vrèman ankourajan pou fanmi anb. Konsa, ni ou menm ni timoun ou yo ap chwazi chemen k ap fè nou vin pi pwòch ak Jewova a.
RELASYON NOU GEN AK FANMI NOU
16, 17. Ki sitiyasyon ki lage anpil paran nan gwo lapenn, e ki jan nou fè konnen Jewova konprann doulè paran sa yo?
16 Relasyon ki egziste ant paran ak pitit tèlman fò, Jewova sèvi ak kalite relasyon sa a pou l montre lanmou li gen pou pèp li a (Iza. 49:15). Se sa k fè, li toutafè nòmal pou yon moun nan gwo lapenn lè yon moun nan fanmi l kite Jewova. Gen yon sè ki gen pitit fi l ki eskominye ki te di: “Bagay sa a te kraze m anpil, mwen t ap mande tèt mwen ‘poukisa l kite Jewova?’ Mwen te santi m koupab e mwen te blame tèt mwen pou sa k te pase a!”
17 Jewova konprann doulè w. Lè premye moun li te kreye sou tè a te vire do ba li, epi annapre, lè pifò moun ki t ap viv sou tè a anvan delij la te fè menm jan an, “sa te fè l lapenn nan kè l”. (Jen. 6:5, 6, NW.) Li ka difisil pou yon moun ki pa janm nan sitiyasyon sa a konprann jan soufrans sa a rèd. Sepandan, li pa t ap saj ditou pou w kite move konduit yon moun nan fanmi w ki eskominye fè w pran distans ou ak Jewova. Nan ka sa a, lè yon manm fanmi nou kite Jewova, ki sa k ka ede n fè fas ak gwo lapenn sa pote a?
18. Poukisa paran yo pa dwe blame tèt yo si yon pitit yo kite Jewova?
18 Pa blame tèt ou pou sa k rive a. Jewova bay chak moun posiblite pou yo chwazi sa yo vle. Chak moun nan fanmi an ki vwe lavi l bay Jewova e ki batize “ap pote pwòp chay pa l”. (Gal. 6:5.) Anplis de sa, se moun ki fè peche a k ap responsab chwa l te fè a devan Jewova, se pa ou menm (Eze. 18:20). Ou pa dwe blame lòt moun pou sa k pase a tou. Ou dwe respekte dispozisyon Jewova pran pou l bay disiplin. Ou pa dwe fache kont ansyen yo ki te aji yon fason pou yo pwoteje kongregasyon an. Okontrè, ou dwe kenbe fèm kont Dyab la. — 1 Pyè 5:8, 9.
Se pa yon mal si yon moun gen espwa moun li renmen an ap retounen vin jwenn Jewova.
19, 20. a) Lè yon paran gen pitit li ki eskominye, ki sa k ka ede l sipòte lapenn sa pote? b) Ki espwa paran sa yo dwe genyen?
19 Yon lòt bò, si w chwazi vin an kòlè kont Jewova pou sa k rive a, sa ap fè w pran distans ou avè l. Sa klè, sa moun nan fanmi w bezwen wè, se detèminasyon w pran pou w bay Jewova plis enpòtans pase tout lòt bagay, san wete relasyon w te gen ak moun ki eskominye a. Pou w ka rive fè fas ak sitiyasyon sa a, ou dwe asire w ou gen yon bon relasyon ak Jewova. Pa bay frè ak sè nan kongregasyon an bwa long kenbe (Pwo. 18:1). Vide kè w bay Jewova nan lapriyè (Sòm 62:7, 8). Pa chèche eskiz pou w kenbe zanmitay ak moun nan fanmi w ki eskominye a, pa egzanp, lè w voye imel ba li (1 Kor. 5:11). Mete sou sa, rete okipe nan aktivite w genyen antanke kretyen (1 Kor. 15:58). Men sa sè nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Mwen konnen m dwe rete okipe nan travay Jewova a e m dwe ranfòse relasyon m avè l yon fason pou m ka nan pi bon kondisyon pou m ede pitit fi m nan lè l retounen vin jwenn Jewova.”
20 Labib fè konnen lanmou “espere tout bagay”. (1 Kor. 13:4, 7.) Se pa yon mal si yon moun gen espwa moun li renmen an ap retounen vin jwenn Jewova. Chak ane, gen anpil moun ki repanti e ki tounen nan òganizasyon Jewova a, apre yo te fin eskominye yo. Jewova pa fache lè moun sa yo repanti, okontrè, li “[dispoze] padonnen peche” yo. — Sòm 86:5.
FÈ BONJAN CHWA
21, 22. Ki detèminasyon w pran anrapò ak fason w ap sèvi ak libète w genyen pou chwazi a?
21 Jewova te kreye nou ak libète pou nou chwazi. (Li Detewonòm 30:19, 20.) Men libète sa a mache ak yon gwo responsablite. Chak kretyen dwe mande tèt li: ‘Sou ki wout m ap mache? Èske m kite travay, karyè, detant ak divètisman oswa relasyon m gen ak fanmi m fè m pran distans mwen ak Jewova?’
22 Lanmou Jewova gen pou pèp li a pap janm chanje. Sèl fason nou kapab pran distans nou ak Jewova se lè nou chwazi mache nan move chemen an (Wom. 8:38, 39). Nou swete sa pap janm rive! Se pou nou detèmine pou n pa kite anyen fè nou pran distans nou ak Jewova. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kat lòt bagay nou dwe pran detèminasyon pou nou pa kite yo fè nou pran distans nou ak Jewova.
-
-
Kontinye pwoche bò kote JewovaToudegad — 2013 | 15 janvye
-
-
Kontinye pwoche bò kote Jewova
“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — JAK 4:8.
1, 2. a) Ki “entansyon” Satan? b) Ki sa k ap ede nou pwoche bò kote Bondye?
JEWOVA DYE te kreye lèzòm yon fason pou yo toujou anvi pwoche bò kote l. Sepandan, Satan vle nou panse menm jan avè l kòmkwa nou pa bezwen Jewova. Sa se yon manti Satan kontinye ap gaye depi lè l te fin twonpe Èv nan jaden Edenn nan (Jen. 3:4-6). Depi lè sa a tou, vin gen anpil moun ki panse yo pa bezwen Bondye.
2 Erezman nou pa oblije tonbe nan pyèj Satan yo paske nou “konn entansyon l”. (2 Kor. 2:11.) Satan ap eseye fè nou pran distans nou ak Jewova, e youn nan fason li fè sa se lè l pouse nou fè move chwa. Men, jan atik ki vin anvan an montre sa, nou kapab fè bon chwa anrapò ak karyè nou, detant n ap pran e nan fason n ap pran swen fanmi nou. Nan atik sa a, nou pral wè lè nou kite teknoloji, sante, lajan ak fyète nan plas yo, sa kapab ede nou “pwoche bò kote Bondye”. — Jak 4:8.
TEKNOLOJI
3. Montre ki jan moun ka byen sèvi oswa mal sèvi ak teknoloji.
3 Jodi a, toupatou sou tè a, li fasil pou yon moun jwenn aparèy elektwonik ki sofistike. Si nou byen sèvi ak aparèy sa yo, yo ka itil nou. Men, si nou mal itilize yo, yo ka separe nou ak Papa nou ki nan syèl la. Ann fè yon ti pale de òdinatè. Se grasa òdinatè yo te ekri peryodik ki nan men w lan e yo te pibliye l. Yon òdinatè kapab pèmèt moun fè bonjan rechèch, kominike ak lòt moun, epi pran bonjan detant. Sepandan, òdinatè kapab pran tout tan nou. Moun k ap fè piblisite yo kapab fè moun konprann yo oblije gen pwodui ki fèk parèt yo. Pa egzanp, gen yon jèn gason ki te tèlman anvi gen yon iPad (yon gadjèt elektwonik), li te menm rive vann yon ren l an kachèt pou l te ka achte l. Jèn gason sa a te vrèman manke reflechi anvan l te fè kalite sakrifis sa a!
4. Ki jan yon frè te rive jere kantite tan li te konn fè sou òdinatè?
4 Li t ap pi tris toujou pou nou ta sakrifye bon relasyon nou gen ak Jewova a afòs nou mal sèvi ak teknoloji oswa nou itilize l twòp. Men sa Jona, yon frè ki gen 28 an, di: “Mwen konnen Bib la mande ‘pou nou byen sèvi ak tan nou’ pou nou ka jwenn tan pou bagay espirityèl yo. Men, nan kesyon òdinatè, mwen se pi gwo ènmi m.” Souvan, Jon konn rete byen ta lannuit sou Entènèt. Men sa l di ankò: “Plis mwen te fatige, se plis li te difisil pou m sispann chat oswa gade videyo ki pa toujou pwòp nan domèn moral.” Pou Jon te kite vye abitid sa a, li te oblije pwograme òdinatè a pou l etenn poukont li lè lè dòmi l te rive. — Li Efezyen 5:15, 16.
Paran, ede pitit ou yo pou yo byen sèvi ak teknoloji.
5, 6. a) Ki responsablite paran yo genyen anvè pitit yo? b) Ki jan paran yo kapab asire yo pitit yo fè bon zanmi?
5 Paran, se vre ou pa bezwen ap kontwole tout ti bagay pitit ou yo ap fè, men, ou bezwen sipèvize fason y ap itilize òdinatè. Pa kite timoun yo al sou Entènèt pou y al gade bagay imoral, jwèt videyo vyolan, bagay ki gen rapò ak movèzespri epi fè move zanmi senpleman paske nou vle ba yo yon okipasyon oswa nou pa vle yo mare pye nou. Si w fè sa, yo kapab vin ap panse konsa: ‘Si manman m ak papa m pa gen pwoblèm ak sa, pa gen anyen ki mal nan sa m ap gade yo.’ Antanke paran, se responsablite w pou w pwoteje pitit ou, san wete adolesan yo, kont tout sa ki ta ka fè yo pran distans yo ak Jewova. Menm bèt pwoteje pitit li kont danje. Fè yon ti reflechi sou sa yon femèl lous t ap fè si yon moun ta menase pitit li. — Konpare ak Ocheya 13:8.
6 Ede pitit ou yo pou yo fè zanmi ak frè ak sè, jèn kou granmoun, ki nan kongregasyon an e ki bay bonjan egzanp. Epi, ou pa dwe janm bliye timoun yo bezwen w pase tan ak yo. Se sa k fè, ou bezwen kreye tan pou w bay blag avèk yo, jwe avèk yo, travay avèk yo epi ede yo “pwoche bò kote Bondye”b.
LASANTE
7. Ki sa k fè nou bezwen ret an sante?
7 “Kòman kò a ye?” Kesyon sa a moun abitye poze montre yon reyalite ki tris. Piske premye paran nou yo te kite Satan fè yo pran distans yo ak Jewova, maladi pran pye sou tout moun. Satan kontan lè nou malad paske sa fè l vin pi difisil pou nou sèvi Jewova. Si n ta rive mouri, nou pa t ap kapab sèvi l ditou (Sòm 115:17). Se sa k fè, li toutafè nòmal pou nou fè sa n kapab pou n ret an santec, e nou dwe gen sousi pou sante frè ak sè nou yo ansanm ak byennèt yo.
8, 9. a) Poukisa nou bezwen gen ekilib nan kesyon ki gen rapò ak sante? b) Ki byenfè yon moun kapab jwenn lè l aprann viv ak kè kontan?
8 Sepandan, li enpòtan pou nou gen ekilib nan domèn sa a. Gen kèk moun ki zele nan fè pwopagann pou yon seri rejim ki gen efè sou sante moun, yon seri tretman oswa pwodui. Moun sa yo menm gen plis zèl lè y ap fè pwopagann pou bagay sa yo pase lè y ap preche bon nouvèl Wayòm nan. Petèt, yo kwè ak tout kè yo se ede y ap ede moun lè y ap fè sa. Menmsi se ta sa, li pa nòmal pou n ap fè pwopagann pou pwodui kosmetik oswa medikaman kit se anvan oswa apre reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan, nan asanble oswa nan kongrè. Sa k fè sa?
9 N al nan reyinyon pou nou kapab pale de bagay ki gen rapò ak relasyon nou ak Bondye epi chèche gen plis lajwa, ki se yon kalite lespri sen Bondye bay (Gal. 5:22). Lè nou nan reyinyon epi n ap bay moun konsèy sou tretman yo kapab suiv nan domèn sante oswa konsèy sou pwodui yo ka itilize, kit se yo menm ki mande nou sa kit se pa yo menm ki mande nou sa, sa kapab fè nou bliye vrè rezon ki fè nou asiste reyinyon yo e sa ka menm fè lòt moun pèdi jwa yo (Wom. 14:17). Se chak moun ki dwe deside jan l ap pran swen tèt li. Epitou, pa gen pèsonn ki gen solisyon pou tout maladi. Menm pi gwo doktè yo vin granmoun, yo malad e finalman yo mouri. Donk, lè yon moun enkyete l twòp pou sante l, sa pap fè l viv pi lontan pou sa (Lik 12:25). Yon lòt bò, Bib la di se ‘kè kontan ki bay lasante’. — Pwo. 17:22.
10. a) Ki sa k fè yon moun bèl nan je Jewova? b) Ki sa k ap ede nou gen yon bon sante depi kounye a?
10 Pa gen anyen ki mal pou nou veye sou aparans nou tou. Men, nou pa dwe ap chèche fè yon bann efò pou nou kache tout ti siy ki montre nou kòmanse ap granmoun. Siy sa yo montre petèt nou se moun ki gen matirite, ki merite respè e ki gen anpil bèl kalite. Pa egzanp, Labib fè konnen moun ki gen “cheve gri [yo] se yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis” la (Pwo. 16:31, NW). Se konsa Jewova wè nou, e nou dwe eseye wè tèt nou menm jan an tou. (Li 1 Pyè 3:3, 4.) Kidonk, èske l saj pou n ap pran risk fè chiriji ki pa nesesè e ki ka menm reprezante yon danje pou nou oswa pou n ap suiv tretman nan domèn medikal tou senpleman paske nou vle parèt pi bèl? Kèlkeswa laj yon moun genyen oswa eta sante l, moun sa a ap bèl toutbon lè l gen “lajwa Jewova” bay la (Ney. 8:10, NW). Se sèlman nan monn nouvo a n ap rejwenn yon sante pafè e n ap retounen vin jèn ankò (Jòb 33:25; Iza. 33:24). Annatandan, si nou aji avèk sajès e nou demontre lafwa nan Jewova, sa ap ede nou rete pwòch avè l e sa ap ede nou pou nou rezonab nan fason n ap pran swen tèt nou. — 1 Tim. 4:8.
LAJAN
11. Ki jan lajan kapab vin yon pyèj pou nou?
11 Pa gen anyen ki mal pou yon moun gen lajan oswa pou yon moun fè biznis depi li onèt nan sa l ap fè a (Ekl. 7:12; Lik 19:12, 13). Sepandan, si yon moun vin gen “lanmou pou lajan”, wè pa wè, l ap pran distans li ak Jewova (1 Tim. 6:9, 10). “Enkyetid ki gen nan sistèm sa a” kapab fè nou enkyete nou twòp pou n jwenn sa nou bezwen pou n viv e sa kapab kraze relasyon n ak Jewova. Menm jan an tou, “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” kapab fè yon moun kwè si l gen anpil lajan l ap jwenn kè kontan e l ap viv an sekirite nètale (Mat. 13:22). Jezi te montre aklè “pèsonn” pa ka ap sèvi Bondye pou l ap kouri dèyè lajan anmenmtan. — Mat. 6:24.
12. Nan ki pyèj anpil moun pran jodi a e ki sa n ka fè pou n pa tonbe nan pyèj sa a?
12 Lè yon moun gen move pwennvi sou lajan, sa kapab pouse l fè sa ki mal (Pwo. 28:20). Gen kèk moun nan kongregasyon an ki te vle gen lajan byen fasil nan yon tikras tan, ki te achte biyè lotri oswa ki te antre kò yo nan biznis pou yo ka gen anpil lajan. Moun sa yo te menm enfliyanse lòt moun nan kongregasyon an pou yo fè menm jan an. Gen lòt moun menm ki kite moun pran tèt yo pou fè yo envesti kòb yo pou yo ka fè anpil lajan. Pa kite anbisyon fè nou pèdi lajan nou. Se pou nou aji avèk bonsans. Si yon moun ta pwomèt nou l ap ede nou fè lajan nan yon tikras tan, gen anpil chans pou se fo espwa l ap ban nou.
13. Nan ki sans pwennvi Jewova konsènan lajan diferan ak pwennvi monn nan?
13 Lè nou “chèche wayòm nan an premye, e [nou] kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”, Jewova ap beni efò nou fè pou nou jwenn sa nou bezwen pou n viv depi n montre nou ekilibre (Mat. 6:33; Efe. 4:28). Jewova pa vle pou n ap kabicha nan reyinyon yo paske nou travay twòp, ni li pa vle pou n ap enkyete nou pou lajan pandan nou chita nan Sal Wayòm nan. Sepandan, gen anpil moun nan monn nan ki met nan tèt yo se sèlman lè yo pase tout tan yo ap chèche fè lajan y ap kapab asire demen yo e y ap rive viv alèz pi devan. Byen souvan, moun sa yo ankouraje pitit yo fè menm jan ak yo. Jezi te fè konnen li pa rezonab pou yon moun panse konsa. (Li Lik 12:15-21.) Petèt sa fè nou panse ak Geyazi, ki te met nan tèt li li te kapab kontinye kouri dèyè bagay materyèl epi kontinye gen bon relasyon ak Jewova. — 2 Wa 5:20-27.
14, 15. Poukisa nou pa dwe konte sou sistèm ekonomik la pou nou jwenn pwoteksyon? Bay yon egzanp.
14 Dapre sa yo fè konnen, gen kèk èg ki rive nwaye paske yo pa t vle lage yon pwason yo te pran ki te twò lou pou yo pote. Èske yon bagay konsa kapab rive yon kretyen? Men sa yon ansyen ki rele Alex fè konnen: “Mwen pa renmen gaspiye. Lè m vide plis chanpou nan men m pase sa m bezwen, mwen mete sa m pran anplis la nan boutèy la.” Malgre sa, Alex te pran nan pyèj. Li t al chèche envesti lajan l pou l te ka fè plis kòb, paske nan tèt pa l, sa t ap pèmèt li kite travay li epi pran sèvis pyonye. Li te vin ap pase plis tan ap fè rechèch sou biznis li te antre ladan l lan. Li te sèvi ak kòb pa l e ak kòb li te prete nan men moun pou l achte yon seri machandiz pou l ka fè anpil lajan. Men, malerezman pou li, li pèdi ni sak ni krab! Men sa Alex fè konnen: “Mwen te detèmine pou m rejwenn lajan m nan. Mwen te panse si m kontinye nan biznis la, mwen t ap rekòmanse fè benefis.”
15 Pandan plizyè mwa, se apèn si Alex te kapab panse ak lòt bagay. Li te difisil pou l konsantre l sou bagay espirityèl yo e l te difisil pou l dòmi. Li pa t fè benefis nan biznis la ankò. Alex te pèdi tout ti kòb li te sere e li te oblije vann kay li. Men sa l di: “Se pa ti soufri mwen te fè fanmi m soufri!” Men, li te aprann yon leson enpòtan. Li di: “Kounye a, mwen konnen kèlkeswa moun ki mete konfyans li nan sistèm Satan an, l ap jwenn gwo desepsyon.” (Pwo. 11:28). Vrèmanvre, lè nou met espwa nou nan lajan nou genyen, envestisman nou fè oswa kapasite nou genyen pou n fè kòb nan sistèm sa a, se nan Satan, “dye sistèm sa a”, nou mete espwa nou (2 Kor. 4:4; 1 Tim. 6:17). Apre sa k te rive a, Alex te vin ap viv yon fason ki pi senp “poutèt bon nouvèl la”. Kounye a, li menm ak fanmi l gen plis kè kontan nan lavi yo e yo vin pi pwòch Jewova. — Li Mak 10:29, 30.
FYÈTE
16. Ki diferans ki genyen ant bon fyète a ak fyète ki pa bon an?
16 Pa gen anyen mal pou yon moun santi l fyè pou bon bagay li fè. Pa egzanp, nou dwe toujou santi n fyè dèske nou se Temwen Jewova (Jer. 9:24). Lè nou pa twò kwè nan tèt nou, sa kapab ede nou pran bon desizyon e sa kapab ede nou tou pou nou pa meprize prensip moral Jewova yo. Sepandan, si nou bay pwennvi nou oswa pozisyon nou twòp enpòtans, sa kapab fè nou pran distans nou ak Jewova. — Sòm 138:6; Wom. 12:3.
Olye w ap bay tèt ou pwoblèm pou privilèj nan kongregasyon an, pran plezi nan ministè a pito.
17, 18. a) Bay kèk egzanp nou jwenn nan Bib la konsènan moun ki te gen imilite ak moun ki te awogan. b) Ki sa yon frè te fè pou l pa t kite ògèy fè l pran distans li ak Jewova?
17 Bib la chaje ak egzanp moun ki te awogan ansanm ak moun ki te gen imilite. Avèk imilite, wa David te mande Jewova direksyon e Jewova te beni l (Sòm 131:1-3). Men, Jewova te imilye Neboukadnetsa ak Bèlchatsa, de wa ki te awogan (Dàn. 4:30-37; 5:22-30). Jodi a tou, gen sitiyasyon ki ede nou wè si nou gen imilite lakay nou. Ryan, yon frè ki gen 32 an e ki asistan ministeryèl, te deplase al nan yon lòt kongregasyon. Men sa l te di: “Mwen te atann pou frè yo rekòmande m kòm ansyen byen vit. Men, yon ane te pase e yo pa t janm fè sa.” Èske Ryan te vin fache anpil oswa li te vin egri paske l te santi ansyen yo pa t ba l respè l? Èske l te sispann asiste reyinyon yo? Èske l te kite ògèy fè l pran distans li ak Jewova ansanm ak pèp Jewova a? Si se te ou, ki sa w t ap fè?
18 Men sa Ryan di l te fè: “Mwen te li tout sa m te jwenn nan piblikasyon nou yo ki gen rapò ak bagay n ap tann nou poko ka jwenn.” (Pwo. 13:12). Men sa l te ajoute: “Mwen te kòmanse rann mwen kont mwen te bezwen aprann gen pasyans ak imilite. Mwen te bezwen kite Jewova fòme m.” Ryan te sispann panse ak tèt li e li te vin bay moun nan kongregasyon an ansanm ak moun nan tèritwa a plis atansyon. Sa pa t pran tan pou l te vin gen plizyè etid biblik k ap pwogrese. Men sa l di ankò: “Mwen te sezi anpil lè yo te nome m ansyen apre ennan edmi. Mwen te tèlman pran plezi nan ministè a, mwen te vin sispann enkyete m pou sa.” — Li Sòm 37:3, 4.
RETE PWÒCH AK JEWOVA!
19, 20. a) Ki sa nou kapab fè pou nou pa kite aktivite nou fè chak jou yo fè nou pran distans nou ak Jewova? b) Egzanp ki moun ki te rete pwòch ak Jewova nou kapab imite?
19 Tout sa nou sot wè nan atik sa a ak sa nou te wè nan atik ki vin anvan an kapab itil nou nan lavi a. Nou fyè dèske n ap sèvi Jewova, e sa fè n gen posiblite pou nou gen kè kontan nan fanmi nou e pou nou gen bon sante. Nou konnen lajan ak travay pwofàn kapab ede nou jwenn sa nou gen bezwen pou n viv. Nou konnen tou, detant kapab fè nou reprann fòs e teknoloji kapab itil. Men, si nou pa kite bagay sa yo nan plas yo, si n ap kouri dèyè yo ak tout fòs nou nan pwen pou n kite yo gen move enfliyans sou adorasyon n ap bay Jewova a, sa kapab fè nou pran distans nou ak Jewova.
Pa kite anyen fè w pran distans ou ak Jewova!
20 Se sa menm Satan ta renmen! Sepandan, nou pa oblije kite malè sa a rive nou menm ak fanmi nou (Pwo. 22:3). Pwoche bò kote Jewova epi rete atache avè l. Nou jwenn anpil egzanp nan Bib la ki montre nou ki jan pou nou fè sa. Pa egzanp, Enòk ak Noye te “mache avèk vrè Dye a”. (Jen. 5:22; 6:9, NW.) Moyiz te “rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la”. (Ebre 11:27.) Bondye te toujou avèk Jezi paske Jezi te toujou fè sa k fè Papa l ki nan syèl la plezi (Jan 8:29). Se pou nou imite moun sa yo, ‘se pou nou toujou ap rejwi, se pou nou priye toutan epi di Bondye mèsi pou tout bagay’! (1 Tes. 5:16-18.) Nou pa dwe kite anyen fè nou pran distans nou ak Jewova!
-