-
Èske Bondye prete atansyon ak ou?Toudegad — 2014 | 1ye out
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?
Èske Bondye prete atansyon ak ou?
‘Se yon pòv malere san sekou mwen ye. Se pou Jewova prete atansyon ak mwena.’ — DAVID, WA IZRAYÈL LA, 11yèm SYÈK ANV. E. N.
“Nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit.”— IZAYI 40:15.
Èske l rezonab pou David te atann Bondye ap prete atansyon ak li? Èske Bondye prete atansyon ak ou? Gen anpil moun ki mal pou kwè gen yon Bondye Toupisan ki enterese nan yo. Poukisa?
Youn nan rezon ki fè sa se paske Bondye se yon Èt ki siperyè lontan pase lèzòm. Jan nou ka wè sa nan pozisyon elve Bondye ye a, tout nasyon yo “tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans”. (Izayi 40:15.) Gen yon ekriven nan epòk nou an, ki pa kwè nan Bondye, ki tèlman ale lwen, li menm di se yon “gwo vanite pou w kwè gen yon Bondye ki enterese pèsonèlman nan sa w ap fè, e ki pa pran tan pou l fè sa”.
Yon lòt bò, gen kèk moun ki panse akoz konduit yo genyen yo pa merite pou Bondye ba yo atansyon. Pa egzanp, men sa Jim, yon mesye ki andezaj, fè konnen: “M te toujou priye Bondye pou m gen lapè ak metriz, men towouta, m te rekòmanse fè kòlè ankò. Finalman, m te rann mwen kont mwen te twò mechan e Bondye pa t kapab ede m.”
Èske Bondye tèlman lwen lèzòm opwen li pa rive wè nou? Ki jan l santi l konsènan kreyati enpafè l yo? Si Bondye pa ban nou konesans sou li, okenn moun pap ka byen pale de li e yo pap ka byen reponn kesyon sa yo. Sepandan, nan Bib la, ki se mesaj enspire Bondye bay lèzòm nan, nou jwenn asirans Bondye pa lwen nou, li pa yon Bondye ki pa gen sousi pou moun. “An reyalite”, Bib la di ‘Bondye pa lwen okenn nan nou’. (Travay 17:27.) Nan kat atik ki vin apre yo, nou pral egzamine sa Bondye di nou sou enterè li gen pou lèzòm ak sou fason li montre l enterese nan moun ki menm jan ak ou.
-
-
Bondye ap voye je sou ouToudegad — 2014 | 1ye out
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?
Bondye ap voye je sou ou
“L’ap veye tout vire tounen lèzòm. L’ap gade tout kote y’ap mete pye yo.” — JÒB 34:21.
Plis yon timoun piti se plis li bezwen paran l ba l atansyon.
REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Dapre yon etid yo fè pa gen twò lontan, galaksi nou an sèlman ka gen pou pi piti 100 milya planèt. Lè n ap reflechi ak kokenn linivè, anpil moun konn ap mande tèt yo: ‘Poukisa yon Kreyatè ki Toupisan ta voye je sou sa lèzòm ki toupiti ap fè sou yon ti planèt?’
SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Bondye pa t annik ban nou Bib la epi li sispann enterese nan nou. Olye de sa, Jewova ban nou asirans sa a: “M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou.” — Sòm 32:8.
Ann konsidere egzanp Aga, yon Ejipsyèn ki t ap viv nan 20yèm syèk anvan epòk nou an. Aga t ap travay ak Sarayi, men Aga pa t gen respè pou li, poutèt sa Sarayi te imilye Aga epi Aga te kouri al nan dezè a. Piske Aga te fè yon erè, èske Bondye te sispann enterese nan li? Men sa Bib la fè konnen: “Zanj [Jewova] a kontre Aga.” Zanj lan te rekonfòte Aga, men sa l te di l: “[Jewova] tande rèl ou nan tray w’ap pase a.” Apre sa, men sa Aga te di Jewova: “Ou se Bondye ki wè m lan.” — Jenèz 16:4-13.
‘Bondye ki wè moun nan’ ap voye je sou ou tou. Ann pran yon egzanp: Yon manman ki gen lanmou ap voye je sitou sou timoun piti li genyen, etandone plis yon timoun piti se plis li bezwen paran l ba l atansyon. Menm jan an tou, Bondye voye je sou nou sitou lè nou gen imilite e nou san defans. Men sa Jewova di: “Mwen rete nan andwa ki wo e ki sen an, epitou mwen rete avèk moun ki kraze a e ki enb nan lespri l la, pou m fè lespri moun ki enb yo reviv, e pou m fè kè moun ki kraze yo reviv.” — Izayi 57:15, NW.
Sepandan, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki fason Bondye voye je sou mwen? Èske li jije m selon aparans mwen, oswa èske li gade pi lwen toujou e li vrèman konprann kiyès mwen ye?’
-
-
Bondye konprann ouToudegad — 2014 | 1ye out
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?
Bondye konprann ou
“O Jewova, ou egzamine m, e ou konnen m.” — SÒM 139:1, NW.
“Je w te wè anbriyon mwen.” — SÒM 139:16, NW.
REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Gen anpil moun ki panse Bondye wè lèzòm sèlman antanke pechè, sa vle di yo pa pwòp e yo pa merite pou l ba yo atansyon. Kendra te fè depresyon, li te santi l koupab anpil paske l pa t ka fè egzakteman sa Bondye mande yo. Se sa k fè, li te di: “Mwen te sispann priye.”
SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Jewova wè pi lwen pase enpèfeksyon w yo e li konprann ki moun ou ye toutbon. Men sa Bib la di: “Li konnen byen ak ki sa nou fèt, li sonje nou se pousyè.” Mete sou sa, li pa aji avèk nou “selon peche nou fè”, men avèk mizèrikòd, li padone nou lè nou repanti. — Sòm 103:10, 14, NW.
Ann konsidere egzanp David, wa izrayelit nou te pale de li nan premye atik ki nan seri sa a. Nan yon priyè David te fè Bondye, men sa l te di: “Je w te wè anbriyon mwen epi nan liv ou a tout pati l yo te enskri [...]. Sonde m, o Bondye, e konnen kè m.” (Sòm 139:16, 23; NW). Wi, David te gen konviksyon menmsi li te fè peche, e pafwa li te fè peche grav, Jewova te anmezi pou l wè li repanti nan kè l.
Jewova konprann ou pi byen pase nenpòt ki moun. Men sa Bib la di: “Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, [Jewova] gade sa ki nan kè moun.” (1 Samyèl 16:7). Bondye konnen rezon ki fè ou aji tèl ou tèl fason. Li konnen fason ou fèt, fason ou grandi, anviwònman ou leve ladan l ak pèsonalite w gen enfliyans sou jan de moun ou ye a. Menm lè ou fè erè, li wè jan de moun w ap fè efò pou w ye e li apresye sa.
Kounye a, ki jan Bondye sèvi ak konpreyansyon pwofon li gen sou ‘moun ou ye toutbon an’ pou l rekonfòte w?
-
-
Bondye ka rekonfòte wToudegad — 2014 | 1ye out
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?
Bondye ka rekonfòte w
“Bondye, ki konn konsole moun ki dekouraje, te konsole nou.” — 2 KORENTYEN 7:6.
“Pitit Bondye a [...] renmen m e [li] livre tèt li pou mwen.” — GALAT 2:20.
REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Menm lè kèk moun konn vrèman bezwen rekonfò, yo konn panse se egoyis pou yo mande Bondye pou l entèvni an favè yo e pou l ede yo fè fas ak pwoblèm yo. Men sa yon dam ki rele Raquel di: “Lè m ap gade kantite pwoblèm moun genyen nan monn nan ak tout pwoblèm grav moun sa yo ap fè fas, pwoblèm mwen yo parèt ensiyifyan e mwen ezite pou m mande Bondye èd.”
SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Bondye deja entèvni yon fason remakab pou l ede lèzòm e pou l rekonfòte yo. Jodi a, kèlkeswa moun k ap viv sou tè a eritye peche ki tankou yon maladi kwonik ki anpeche yo fè sa Bondye mande yon fason ki pafè. Sepandan, Bondye ‘te renmen nou e li te voye Pitit li a, [Jezi Kris], kòm yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li’. (1 Jan 4:10.) Grasa lanmò Jezi, ki se yon sakrifis, Bondye fè l posib pou nou jwenn padon pou peche nou, pou n gen yon konsyans ki klè e pou n gen espwa n ap jwenn lavi etènèl nan yon monn nouvo kote pral gen lapèa. Men, èske sakrifis sa a se pou lèzòm an jeneral Bondye te annik fè l oswa èske l montre Bondye enterese nan ou pèsonèlman?
Ann konsidere egzanp apot Pòl. Sakrifis Jezi a tèlman te touche Pòl, men sa l te ekri: “M ap viv [...] grasa lafwa mwen genyen nan Pitit Bondye a ki renmen m e ki livre tèt li pou mwen.” (Galat 2:20). Se vre, Jezi te mouri anvan Pòl te vin kretyen. Poutan, Pòl te konsidere sakrifis sa a kòm yon kado pèsonèl Bondye fè l.
Sakrifis Jezi a se yon kado pèsonèl Bondye fè w tou. Kado sa a montre nan ki pwen ou presye pou Bondye. Sa ka ba w yon “konsolasyon etènèl ak yon bèl esperans”, konsa, sa ap ‘fòtifye w nan tout bon aksyon w ap fè ak nan tout bon pawòl w ap di’. — 2 Tesalonisyen 2:16, 17.
Se vre, Jezi te bay lavi l kòm sakrifis sa gen prèske 2 000 an. Ki prèv ki montre Bondye vle gen yon relasyon avè w jodi a?
a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou sakrifis Jezi a, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.
-
-
Bondye vle gen yon relasyon avè wToudegad — 2014 | 1ye out
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?
Bondye vle gen yon relasyon avè w
“Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini.” — JAN 6:44.
REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Anpil moun ki kwè nan Bondye santi yo lwen l. Christina se yon dam ki soti nan peyi Ilann e li te konn al legliz chak semèn. Men sa l di: “M te annik konsidere Bondye kòm Moun ki kreye tout bagay la. Men, mwen pa t konnen l. Pa menm yon fwa m pa t santi m pwòch ak li.”
SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Lè nou santi nou dekouraje, Jewova pa abandone nou. Men fason Jezi te montre Bondye gen sousi pou nou: “Si yon nonm gen san mouton e youn ladan yo pèdi, èske li pap kite katreven diznèf lòt yo sou mòn nan pou l al chèche sa ki pèdi a?” Ki leson nou aprann nan sa? “Menm jan an tou, Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” — Matye 18:12-14.
Chak moun ki fè pati “tipiti sa yo” presye pou Bondye. Ki fason Bondye “al chèche sa ki pèdi a”? Selon vèsè nou te site nan entwodiksyon an, Jewova rale moun vin jwenn li.
Ki moun jodi a k al lakay moun e k al nan andwa piblik yo pou yo pataje mesaj Bondye a ki nan Bib la avèk moun yo?
Ann egzamine fason Bondye te pran inisyativ pou l atire moun ki sensè vin jwenn li. Nan premye syèk epòk nou an, Bondye te voye Filip, yon disip Kris, al rankontre yon fonksyonè etyopyen pou l esplike fonksyonè a yon pwofesi ki nan Bib la fonksyonè a t ap li (Travay 8:26-39). Kèk tan apre, Bondye te dirije apot Pyè pou l al lakay yon ofisye women yo rele Kònèy ki t ap priye e ki t ap fè tout sa l kapab pou l adore Bondye (Travay 10:1-48). Bondye te gide apot Pòl ansanm ak konpayon l yo tou pou y al bò yon rivyè ki pa deyò vil Filip. Lè yo rive, yo te rankontre yon dam ki rele Lidi ki t ap “sèvi Bondye” epi “Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute” sa Pòl t ap di yo. — Travay 16:9-15.
Nan chak ka sa yo, Jewova te asire l pou moun ki t ap chèche l yo te gen opòtinite pou yo konnen l. Ki moun jodi a k al lakay moun e k al nan andwa piblik yo pou yo pataje mesaj Bondye a ki nan Bib la avèk moun yo? Anpil moun t ap reponn: ‘Temwen Jewova yo.’ Mande tèt ou: ‘Èske se Bondye k ap sèvi ak moun sa yo pou l ede m gen yon relasyon avè l?’ Nou ankouraje w priye Bondye pou l ede w byen reyaji devan efò l ap fè pou l atire w vin jwenn lia.
a Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? ki sou sit www.pr2711.com/ht.
-