BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Fason lasyans enfliyanse lavi nou
    Toudegad — 2015 | 1ye jen
    • Pami pwogrè lasyans fè yo nou jwenn machin, GPS, satelit, avyon ak radyografi pou tèt

      SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE LASYANS RANPLASE BIB LA?

      Fason lasyans enfliyanse lavi nou

      Dapre yon diksyonè, lasyans se “etid apwofondi moun fè sou lanati ak sou fason bagay materyèl yo oubyen bagay fizik yo konpòte yo nan linivè. Etid sa a baze sou obsèvasyon, sou eksperyans ak sou kalkil”. Li difisil pou moun rive fè tout travay sa a, e byen souvan, travay sa a fristre yo. Syantifik yo konn pase plizyè semèn, plizyè mwa e yo konn menm pase plizyè ane ap travay sou kèk eksperyans ak sou kèk obsèvasyon. Pafwa yo pa jwenn okenn rezilta, men nan anpil ka, rezilta yo jwenn yo konn pwofitab pou limanite. Ann egzamine kèk egzanp.

      Gen yon konpayi ewopeyen ki konbine plastik ki solid ak kèk filt ki modèn pou l fè yon aparèy ki pèmèt yon moun bwè dlo trete e konsa li evite maladi moun pran nan bwè dlo ki kontamine. Yo konn itilize jan de aparèy sa yo lè gen katastwòf natirèl, tankou lè te gen tranblemanntè ann Ayiti nan ane 2010.

      Nan lespas, gen plizyè rezo satelit ki fòme yon sistèm inivèsèl ki pèmèt moun repere yo byen fasil. Yo rele sistèm sa a GPS (Global Positioning System). Okòmansman yo te fè GPS la pou militè yo, li ede chofè yo, pilòt yo, maren yo jwenn wout yo. Menm chasè yo ak moun k ap pwonmennen yo konn itilize l tou. GPS la fè l pi fasil pou n ale kote n vle, e se syantifik yo ki te envante sistèm sa a.

      Èske w itilize telefòn selilè, òdinatè oswa Entènèt? Èske w remake sante w amelyore oubyen li vin pi bon grasa pwogrè lamedsin fè? Èske w konn vwayaje nan avyon? Si wi, ou jwenn kèk byenfè pami anpil bagay lasyans fè ki amelyore lavi lèzòm. Lasyans enfliyanse lavi nou plizyè fason ki pozitif.

      LASYANS GEN LIMIT

      Pou syantifik yo elaji orizon yo, yo fouye fon nan lanati. Syantifik ki etidye fizik nikleyè yo egzamine an pwofondè sa k ap fèt anndan yon atòm, tandiske astwofizisyen yo remonte plizyè milya ane avèk espwa y ap rive konprann orijin linivè. Etandone kèk syantifik fouye fon e yo ale lwen nan rechèch yo, yo menm fouye nan monn envizib la, monn moun pa ka touche a, yo panse si Bondye Bib la pale de li a egziste fò yo ta jwenn li.

      Gen kèk syantifik ak kèk filozòf moun byen konnen ki ale pi lwen toujou. Yo dakò ak ide Amir D. Aczel, yon ekriven syantifik, rele “yon agiman syantifik ki kontredi egzistans Bondye”. Pa egzanp, gen yon gwo fizisyen ki fè konnen “lefètke pa gen prèv ki montre gen okenn Bondye ki jwe yon wòl enpòtan nan linivè, sa montre nan yon degre dout ki rezonab yon dye konsa pa egziste”. Gen lòt syantifik ki di travay Bondye yo pale de li nan Bib la fè yo se “maji”, se “yon seri vye bagay mistik”a.

      Sepandan, men kesyon nou dwe poze: Èske lasyans gen ase konesans sou lanati pou l rive abouti ak yon seri konklizyon definitif sou li? Repons ki senp pou kesyon sa a se non. Lasyans fè anpil gwo pwogrè, men anpil syantifik rekonèt gen anpil bagay toujou yo pa konnen e petèt gen anpil lòt bagay yo pap janm konnen. Men sa Steven Weinberg, yon fizisyen ki te resevwa yon pri Nobèl pou konesans li gen sou lanati, fè konnen: “Nou pap janm rive nan fon bagay yo vre.” Men sa pwofesè Martin Rees, astwonòm wayal nan Grann Bretay te fè konnen: “Gen kèk bagay petèt lèzòm pap janm rive konprann.” Verite a sèke gen anpil bagay nan lanati, soti nan selil la ki toupiti pou rive nan linivè ki vas, lasyans poko ka rive konprann toujou. Annou konsidere egzanp ki vin apre yo:

      • ADN

        Byolojis yo pa fin byen konprann sa k ap pase nan selil vivan yo. Gen yon seri kesyon syantifik yo pa ka bay yon repons definitif pou yo tankou, kòman selil yo boule enèji, kòman yo pwodui pwoteyin epi kòman yo divize.

      • Yon tigason ki lage yon boul atè

        Pezantè a afekte nou chak segonn nan jounen an. Poutan, li rete yon mistè pou fizisyen yo. Yo pa fin byen konprann kòman pezantè a fè rale nou desann sou tè a lè nou vole anlè oubyen kòman li fè kenbe lalin nan ann òbit ozanviwon tè a.

      • Linivè

        Kosmolojis yo fè konnen enstriman syantifik yo pa rive wè ni detekte anviwon 95 pousan bagay ki konpoze linivè a. Yo divize bagay etranj sa yo an de kategori: matyè nwa ak enèji nwa. Yo pa konnen sa ki konpoze bagay sa yo.

      Gen lòt bagay ankò moun pa konnen ki mete syantifik yo nan konfizyon. Poukisa sa enpòtan? Men sa yon gwo ekriven syantifik fè konnen: “Sa nou konnen yo pa reprezante anyen devan sa nou pa konnen yo. Dapre mwen, lasyans ta dwe fè nou etone anpil e li ta dwe fè nou anvi aprann plis bagay toujou olye l ta fè lespri nou fèmen.”

      Donk, si w ap mande tèt ou èske lasyans ap ranplase Bib la, konsa, ou pap bezwen kwè nan Bondye, reflechi sou pwen sa a: Si gwo syantifik yo ak tout enstriman pisan yo genyen yo rive konprann sèlman kèk bagay sou lanati, èske l t ap rezonab pou n kouri rejte bagay lasyans pa rive eksplore yo? Nan sans sa a, men sa yon ansiklopedi fè konnen nan fen yon atik byen long yo ekri sou istwa ak devlopman astwonomi: “Apre prèske 4 000 an rechèch nan astwonomi, nou pa pi konprann linivè pase jan Babilonyen yo dwe te konprann li.” — Encyclopedia Britannica.

      Temwen Jewova yo respekte dwa chak moun genyen pou l pran desizyon l vle sou sijè sa a. N ap fè efò pou n aplike konsèy sa a ki nan Bib la: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” ​(Filipyen 4:5). Se ak etadespri sa a nou envite w egzamine jan gen amoni ant lasyans ak Bib la e jan youn konplete lòt.

      a Gen kèk moun ki rejte Bib la akoz kèk ansèyman legliz bay swa nan tan lontan swa nan epòk nou an, tankou kwayans ki fè konnen tè a se sant linivè oswa Bondye te kreye monn nan nan sis jou e chak jou dire 24 èdtan. — Gade kare ki gen tit: “Bib la parapò ak kèk bagay syantifik yo di.”

      Bib la parapò ak kèk bagay syantifik yo di

      Labib pa di li se yon liv ki gen konesans syantifik ladan l. Sepandan, moun ki te ekri l yo fè kèk kòmantè ki egzak sou yon seri sijè ki dwe enterese syantifik yo jodi a. Men kèk egzanp.

      • Linivè

        Laj tè a ak laj linivè genyen

        Syantifik yo fè konnen tè a gen anviwon 4 milya ane, epi linivè gen anviwon 13 a 14 milya ane depi l fèt. Bib la pa bay okenn dat konsènan kreyasyon linivè a. Pa gen okenn kote li di tè a gen kèk milye ane sèlman. Men sa nou li nan premye vèsè ki nan Bib la: “Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.” ​(Jenèz 1:1). Deklarasyon sa a pèmèt syantifik yo detèmine laj monn nan genyen sou baz kèk prensip syantifik ki solid.

      • Mòn yo, plant yo ak dlo

        Preparasyon tè a pou lèzòm abite

        Jenèz chapit 1 itilize mo “jou” pou l pale sou divès peryòd nan preparasyon tè a pou l te ka resevwa lavi sou tout kalite fòm. Pi gwo evènman ki gen nan deskripsyon senp vèsè sa yo fè a se kote yo premye pale de lèzòm nan. Bib la pa bay dire sis “jou” kreyasyon yo. Olye de sa, li bay syantifik yo posiblite pou yo etidye yo epi pou yo ba yo yon kantite tan egzak. Nou konnen “jou” kreyasyon yo te dire pi lontan pase jou ki dire 24 èdtan tan yo.

      • Tè a

        Fason tè a pandye

        Bib la fè konnen Bondye pa pandye tè a sou “anyen”. (Jòb 26:7.) Pa gen okenn kote li di planèt nou an chita sou zepòl yon jeyan oswa li chita sou do kèk elefan ki kanpe sou yon tòti jan kèk lejann ki popilè nan tan lontan fè konn sa. Olye de sa, Bib la bay syantifik yo posiblite pou yo fè dekouvèt. Avèk letan, Nicolas Copernic ak Johannes Kepler te esplike jan planèt yo ap deplase toutotou solèy la grasa yon fòs envizib k ap dirije yo. Kèk tan apre, Isaac Newton te montre jan fòs yo rele pezantè a ap dirije deplasman tout objè ki gen nan lespas yo.

      • Yon bakteri ki gen fòm yon baton

        Enstriksyon sou prekosyon kont maladi ak sou règ ijyèn

        Nan liv Levitik la nou jwenn enstriksyon Bondye te bay Izrayelit yo sou sa yo te dwe fè pou yo evite maladi trapan, pami bagay sa yo te gen mete moun an karantèn. Epi an rapò ak règ ijyèn, nan Detewonòm 23:12, 13, lwa Bondye a te mande Izrayelit yo pou yo fè bezwen yo yon kote ki deyò tant kote yo rete. E yo te dwe “kouvri l ak tè”. Se nan 200 ane ki sot pase yo sèlman syantifik yo ak doktè yo vin wè nesesite pou yo etabli prensip sa yo.

      Enfòmasyon nou fèk sot li nou jwenn nan Bib la, gen plizyè syèk depi yo te ekri yo. Ki jan ekriven sa yo te fè konnen yon seri enfòmasyon ki egzak konsa nan yon epòk kote menm moun ki te gen plis konesans yo pa t konnen bagay sa yo? Men repons Moun ki Mèt Bib la bay: “Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.” — Ezayi 55:9.

  • Lasyans gen limit
    Toudegad — 2015 | 1ye jen
    • Yon syantifik ki nan yon laboratwa

      SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE LASYANS RANPLASE BIB LA?

      Lasyans gen limit

      Sa pa gen lontan, gen yon kantite liv ki parèt ki prezante opinyon yon gwoup moun yo rele nouvo ate yo. Liv sa yo kapte atansyon anpil moun e yo fè anpil diskisyon ak anpil deba. Konsènan sitiyasyon sa a, men sa David Eagleman, yon newològ, te ekri: “Gen kèk lektè k al lakay yo [...] avèk enpresyon syantifik yo konnen tout bagay.” Men sa li te di annapre: “Men, bon syantifik yo se moun ki toujou gen lespri ki ouvè, e nan travay yo, yo dekouvri nouvo bagay ak bagay yo pa t atann.”

      Yon astwonòm k ap sèvi ak yon teleskòp

      Pandan plizyè syèk, gen kèk gwo syantifik ki fè yon seri bèl dekouvèt nan rechèch yo t ap fè pou yo rive reponn kèk kesyon ki difisil konsènan lanati. Men, gen syantifik ki fè kèk erè grav nan rechèch yo t ap fè tou. Isaac Newton se youn nan pi gwo syantifik ki te egziste nan kèlkeswa epòk la. Li te montre fason pezantè a lye planèt yo, etwal yo ak galaksi yo pou l fè yo fè yon sèl linivè. Li te envante sa yo rele kalkil entegral la ki se yon branch nan matematik moun itilize pou desen yo fè sou òdinatè, pou vwayaj nan lespas ak nan fizik nikleyè. Sepandan, Newton te pratike alchimi tou ki se yon fo syans ki itilize astwonomi ak fòmil majik nan entansyon pou fè plon ak kèk lòt metal tounen lò.

      Pandan plis pase 1 500 an, gen yon astwonòm grèk ki rele Ptolémée ki te eksplore syèl la ak je l sèlman. Li te konn byen gade planèt yo nan syèl la lè l te aswè e li te vin fò anpil nan trase kat. Sepandan, li te kwè tè a se te sant tout bagay. Men sa Carl Sagan, yon astwofizisyen, te ekri sou Ptolémée: “Teyori l te fè konsènan tè a ki se sant linivè a te gen gwo enpak pandan 1 500 ane, sa se yon rapèl ki montre nou se pa paske yon moun gen kapasite entèlektyèl ki fè li pa ka twonpe l.”

      Yon syantifik k ap li Bib la

      Jodi a, syantifik yo fè fas ak menm defi yo nan rechèch y ap fè yo. Èske y ap janm jwenn yon esplikasyon ki konplè sou linivè? Byenke li apwopriye pou n rekonèt pwogrè lasyans fè ak byenfè nou jwenn grasa pwogrè sa yo, li esansyèl pou n sonje lasyans gen limit tou. Men sa Paul Davies, yon fizisyen, te fè konnen: “Rechèch moun ap fè pou yo jwenn yon sistèm ki lojik e ki definitif ki bay yon esplikasyon ki konplè e ki pa gen kontradiksyon sou tout bagay se yon rechèch ki kondane pou l echwe.” Pawòl sa yo di yon verite moun pa ka konteste: Lèzòm pa ka rive konprann tout bagay nan lanati. Kidonk, deklarasyon ki fè konnen lasyans gen kapasite pou l bay yon esplikasyon sou tout sa ki egziste se deklarasyon moun dwe pran ak anpil prekosyon e li toutafè rezonab pou yo aji konsa.

      Li klè, Bib la konble bezwen nou nan plizyè domèn kote lasyans pa ka fè sa.

      Men pawòl Bib la di konsènan mèvèy ki nan lanati yo: “Sa se yon ti kal nan tou sa [Bondye] fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou!” ​(Jòb 26:14). Gen yon gwo kantite konesans ki rete toujou lèzòm pa ka rive konnen ni konprann yo. N ap dakò pawòl apot Pòl te ekri sa gen prèske 2 000 an yo toujou verite: “Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo!” — Women 11:33.

      Kèk konsèy lasyans pa bay

      Byenke lasyans bay moun konesans sou lanati, Bib la bay lèzòm prensip ak konsèy k ap pèmèt yo viv anpè youn ak lòt e k ap pèmèt yo mennen yon vi ki bay kè kontan ak satisfaksyon. Ann egzamine egzanp ki vin apre yo.

      • Yon men ki fè yon siy ki vle di kanpe

        Prevansyon kont krim

        Respekte lavi

        “Piga nou touye moun.” — Egzòd 20:13.

        “Yon moun ki rayi frè l se yon asasen.” — 1 Jan 3:15.

        Fè lapè epi pousuiv li

        “Vire do bay sa ki mal, epi fè sa ki byen. Chèche jwenn lapè, epi pousuiv li.” — Sòm 34:14, NW.

        “Moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè, e y ap rekòlte fwi li bay.” — Jak 3:18.

        Evite vyolans

        “Jewova li menm egzamine ni moun ki dwat ni moun ki mechan, e kèlkeswa moun ki renmen vyolans, nanm Li rayi l vrèman.” — Sòm 11:5, NW.

        “Pa anvye sò moun vyolan an, nitou pa chwazi okenn nan wout li yo. Paske moun ki magouyè a se yon bagay ki detestab pou Jewova.” — Pwovèb 3:31, 32, NW.

      • Yon fanmi

        Kè kontan nan yon fanmi

        Obeyi paran w

        “Timoun, se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske se yon bagay ki jis. ‘Onore papa w ak manman w.’ Sa a se premye kòmandman ki mache ak yon pwomès: ‘Pou sa ka ale byen pou ou, e pou w ka rete lontan sou tè a.’” — Efezyen 6:1-3.

        Byen anseye pitit ou

        “Pa irite pitit nou, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay.” — Efezyen 6:4.

        “Pa irite timoun nou yo, dekwa pou yo pa dekouraje.” — Kolosyen 3:21.

        Gen lanmou ak respè pou konjwen w

        “Se pou nou chak renmen madanm nou menm jan ak tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — Efezyen 5:33.

      • Yon pyebwa

        Pwoteje lanati

        Anpalan de moun ki t ap polye tè a divès fason nan Izrayèl tan lontan an, Bib la te di: “Moun yo pa respekte peyi Bondye a [...] moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal.” ​(Ezayi 24:5, 6). Bondye pral mande moun ki chwazi detwi anviwònman an kont. Li pral “detwi moun k ap detwi tè a”. (Revelasyon 11:18.) Yo pap ka chape anba konsekans aksyon yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje