-
Poukisa ou dwe konprann Bib la?Toudegad — 2015 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA KONPRANN BIB LA
Poukisa ou dwe konprann Bib la?
“Bib la se yon liv relijye moun byen konnen. Men, li se yon liv etranje e li pa enpòtan pou Chinwa yo.” — LIN, LACHIN.
“Mwen pa menm ka konprann plizyè liv sakre ki gen nan Endou, relijyon m nan. Kidonk, ki jan m ka rive konprann Lasent Bib?” — AMIT, END.
“Mwen respekte Bib la paske se yon liv ki la lontan, e m tande se liv moun achte plis nan monn nan. Men, mwen pa janm wè youn ak je m.” — YUMIKO, JAPON.
Anpil moun nan monn nan bay Bib la anpil valè. Sepandan, yo ka pa konnen anpil bagay nan Bib la, oswa yo pa konn anyen ladan l. Se konsa sa ye pou plizyè milyon moun k ap viv ann Azi, e se menm bagay la pou yon pakèt moun k ap viv nan peyi kote anpil moun gen Bib.
Sepandan, ou ka mande tèt ou: ‘Poukisa m dwe enterese konprann Bib la?’ Lè w rive konprann liv sakre sa a, sa ka ede w fè bagay sa yo:
W ap jwenn satisfaksyon ak kè kontan
W ap fè fas ak pwoblèm ou gen nan fanmi w
W ap fè fas ak enkyetid ki gen nan lavi a
W ap amelyore relasyon w gen ak lòt moun
W ap byen jere lajan w
Ann pran egzanp Yoshiko, ki nan peyi Japon. Li t ap mande tèt li sou ki sa Bib la pale epi li te deside li l. Ki rezilta li te jwenn? Men sa li di: “Bib la te ede m gen objektif nan lavi m epi li ede m gen espwa konsènan lavni.” Men sa l ajoute: “Mwen pa santi lavi m san sans ankò.” Amit nou te site pi wo a te deside egzamine Bib la. Men sa l di: “Mwen te sezi wè sa. Bib la gen enfòmasyon ki pratik pou tout moun.”
Bib la gen gwo efè sou lavi plizyè milyon moun. Poukisa w pa egzamine l pou w ka wè jan sa ka pwofitab pou ou?
-
-
Yon liv ou dwe konprannToudegad — 2015 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA KONPRANN BIB LA
Yon liv ou dwe konprann
Pa gen dout nan sa, Bib la se yon liv ki ansyen anpil. Konbyen tan li genyen? Yo te kòmanse ekri Bib la nan Mwayenn Oryan, sa gen anviwon 3 500 ane. Lè nou fè yon konparezon, se te nan epòk dinasti Channg nan peyi Lachin, yon dinasti ki te pisan, e se te anviwon dis syèk anvan relijyon Boudis te kòmanse ann End. — Gade kare ki gen tit “Kèk enfòmasyon sou Bib la”.
Bib la bay repons ki satisfè moun pou kesyon ki pi enpòtan yo konn poze nan lavi a.
Si yon liv ka itil moun e li ka ba yo yon direksyon ki pwofitab, moun dwe konprann li e li dwe enpòtan pou yo. Se egzakteman yon liv konsa Bib la ye. Li bay repons ki satisfè moun pou kesyon ki pi enpòtan yo konn poze nan lavi a.
Pa egzanp, èske n janm mande tèt nou: ‘Poukisa nou la?’ Kesyon sa a ap twouble moun depi plizyè milye ane e l kontinye ap twouble moun. Sepandan, nou ka jwenn repons kesyon sa yo nan de premye chapit liv Jenèz la, premye liv ki nan Bib la. Nan chapit sa yo, Bib la fè bak, l ale “okòmansman”, sa gen plizyè milya ane, lè linivè nou an te vin egziste, sa gen ladan l galaksi yo, zetwal yo ak tè a (Jenèz 1:1). Apre sa, etap pa etap, Bib la esplike ki jan tè a te fè vin yon kote moun ka abite e ki jan divès kalite vi te vin egziste, epi ki fason lèzòm te vin egziste, e li fè n konnen poukisa tout bagay sa yo la.
YO EKRI L YON FASON POU NOU KONPRANN LI
Bib la bay konsèy pratik k ap ede nou rezoud pwoblèm n ap rankontre chak jou. Li fasil pou nou konprann konsèy sa yo. Gen de bagay ki ka ede n konprann sa.
Toudabò, langaj yo itilize nan Bib la klè, li dirèk e li atiran. Yo pa itilize yon pakèt ekspresyon ki difisil pou nou konprann oubyen ki gen sans kache, men yo sèvi ak yon seri mo ki gen rapò ak bagay reyèl e ki nan nivo nou ka konprann. Yo sèvi ak mo nou abitye itilize chak jou pou yo pale de yon seri ide difisil.
Pa egzanp, Jezi te konn sèvi ak egzanp ki senp ki baze sou bagay moun konn wè chak jou pou l anseye yon seri leson ki te touche kè moun yo. Nou jwenn anpil nan egzanp sa yo nan diskou yo konn rele Sèmon sou montay la. Li kòmanse nan chapit 5 e li fini nan chapit 7 nan liv Matye a, yon liv ki nan Bib la. Gen yon espesyalis ki rele diskou sa a “yon diskou pratik” ki remake objektif diskou sa a “se pa pou plen tèt nou ak yon pakèt ide, men se pou gide nou e pou ede nou korije fason n aji”. Petèt, ou ka li chapit sa yo nan 15 a 20 minit, e w ap sezi wè jan pawòl Jezi yo senp e jan yo pisan anmenmtan.
Yon lòt bagay ki fè Bib la se yon liv ki fasil pou moun konprann se sijè ki ladan l yo. Bib la pa yon liv lejann ak fab. Okontrè, jan yon liv di l la, an jeneral, Bib la pale “ni de moun ki enpòtan ni de moun òdinè” e li pale tou de “konba yo te mennen, espwa yo te genyen, echèk yo te pran ak viktwa yo te ranpòte”. (The World Book Encyclopedia.) Li fasil pou nou rakonte istwa sa yo ki konsène moun ki te egziste toutbonvre, evènman ki te pase vre ak leson enpòtan nou tire nan istwa sa yo e li fasil pou nou konprann yo. — Women 15:4.
LI DISPONIB POU TOUT MOUN
Pou nou konprann yon liv, yo dwe ekri l nan yon lang nou konnen. Jodi a, kèlkeswa kote n ap viv oubyen kèlkeswa nasyonalite nou, li posib pou Bib la disponib nan yon lang nou ka konprann. Annou wè sa sa mande pou yo rive fè yon travay estrawòdinè konsa.
Tradiksyon. Okòmansman, yo te ekri Bib la ann ebre, ann arameyen e an grèk. Nòmalman, sa te fè anpil moun pa t ka li l. Pou Bib la te ka disponib nan lòt lang, gen kèk tradiktè sensè ki te fè gwo efò. Grasa travay yo fè, jodi a, yo tradui Bib la ann antye oswa an pati nan anviwon 2 700 lang. Sa vle di gen plis pase 90 pousan moun sou latè ki ka li omwen kèk pati nan Bib la nan lang manman yo.
Piblikasyon. Okòmansman, yo te ekri Bib la sou bagay ki kapab deteryore byen vit, tankou kui ak papiris. Pou lòt moun te ka jwenn mesaj ki nan Bib la, gen moun ki te oblije rekopye l alamen anpil fwa e yo te dwe fè sa avèk swen. Kopi sa yo te chè, e se kèk moun sèlman ki te ka achte yo. Men, grasa près pou yo enprime Gutenberg te envante a, sa gen plis pase 550 an, Bib la te vin gaye pi vit. Selon yon ankèt, yo distribye plis pase senk milya Bib ann antye ou an pati.
Pa gen okenn lòt liv relijye yo ka konpare ak Bib la nan domèn sa yo. Li klè, Bib la se yon liv ou dwe konprann. Men, sa ka mande pou w fè efò pou w konprann li. Ou kapab jwenn èd nan sans sa a. Ki kote w ka jwenn èd sa a? E ki jan sa ka pwofitab pou ou? W ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.
-
-
Ou ka jwenn èd pou w konprann Bib laToudegad — 2015 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA KONPRANN BIB LA
Ou ka jwenn èd pou w konprann Bib la
Imajine w al vizite yon peyi etranje pou premye fwa. Lè w rive, ou wè yon seri moun, yon seri manje ak yon kalite lajan ou pa abitye wè. Natirèlman, ou ka santi w kontrarye.
Ou ka santi w menm jan an premye fwa w ap li Bib la. Anfèt, se bak ou fè nan yon monn ansyen ki sanble etranj pou ou. Nan monn sa a, w ap jwenn yon pèp yo te rele Filisten, w ap tonbe sou yon seri koutim etranj tankou moun ki gen abitid “chire rad” ki sou yo oubyen w ap aprann gen yon manje yo te rele lamàn e gen yon kòb yo te rele drak (Egzòd 16:31; Jozye 13:2; 2 Samyèl 3:31; Lik 15:9). Tout bagay sa yo ka lage w nan konfizyon. Men, èske w pa t ap kontan mande yon moun ki ka esplike w bagay yo èd menm jan w t ap fè sa si w t ap vizite yon peyi etranje?
ÈD MOUN YO TE JWENN NAN TAN LONTAN
Depi lè yo te fèk ekri premye liv sakre yo, nan 16yèm syèk anvan epòk nou an, yo te bay moun yo èd pou yo konprann tèks la. Pa egzanp, Moyiz premye chèf nasyon Izrayèl la te “pran esplike” nasyon an sa ki te ekri ladan yo. — Detewonòm 1:5.
Anviwon dis syèk apre, te toujou gen moun kalifye ki te la pou yo anseye moun Ekriti yo. Nan ane 455 anvan epòk nou an, te gen yon pakèt Juif ki te rasanble sou yon plas piblik nan vil Jerizalèm, te gen anpil timoun pami yo. Moun kalifye ki te la pou yo anseye moun yo Bib la te “li [menm liv sakre yo] byen fò”. Men, yo te fè plis pase sa. “Yo te ede pèp la konprann sa yo te sot li a.” — Neyemi 8:1-8.
Senk syèk apre sa, Jezi Kris te patisipe nan yon travay ansèyman menm jan an. Anfèt, moun yo te sitou konnen l kòm yon anseyan (Jan 13:13). Li te konn anseye ni gwo foul moun, ni yon moun ki poukont li. Yon lè, Jezi te pale ak yon gwo foul moun, lè l t ap bay Sèmon sou montay la, yon sèmon anpil moun byen konnen, e ‘foul moun yo te rete bouch ouvè devan fason l anseye’. (Matye 5:1, 2; 7:28.) Nan prentan ane 33 epòk nou an, Jezi te pale ak de nan disip li yo pandan yo te nan wout y ap mache pou y al nan yon ti vil ki toupre Jerizalèm, ‘li te byen esplike yo Ekriti yo’. — Lik 24:13-15, 27, 32.
Disip Jezi yo se moun ki te konn anseye Pawòl Bondye a tou. Yon lè, gen yon mesye ki te nan gwo pozisyon nan peyi Etyopi ki t ap li yon pati nan Ekriti yo. Gen yon disip Jezi ki te rele Filip ki te pwoche bò kote l epi li mande l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” Etyopyen an reponn: “Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?” Konsa, Filip te esplike Etyopyen an sans pati li t ap li a. — Travay 8:27-35.
ÈD KI DISPONIB JODI A
Menm jan ak moun ki t ap anseye moun Bib la nan tan lontan yo, jodi a, Temwen Jewova yo ap fè yon travay kote y ap anseye moun Bib la nan 239 peyi nan lemonnantye (Matye 28:19, 20). Semèn apre semèn, yo ede plis pase nèf milyon moun konprann Bib la. Anpil nan moun k ap etidye Labib yo pa t gen konesans sou krisyanis la. Etid sa yo gratis e Temwen yo ka fè yo lakay moun nan oswa yon lòt kote ki bon pou moun nan. Gen moun ki menm kontan fè etid la nan telefòn oswa yo sèvi ak videyo, gen lòt moun ki itilize yon òdinatè oubyen yon aparèy mobil.
Tanpri, mande nenpòt Temwen Jewova plis enfòmasyon sou fason w ka pwofite dispozisyon sa a. W ap wè Bib la pa yon liv moun pa ka konprann, okontrè, li se yon liv ki “itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis” yon fason pou w ka ‘vin kalifye nèt, pou w vin gen tout sa w bezwen pou w fè tout bon travay’. — 2 Timote 3:16, 17.
-