BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 1ye pati
    Toudegad — 2015 | 15 jen
    • De paran k ap koute toutpandan pitit fi yo a ap priye anvan l al dòmi.

      Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 1ye pati

      “Se pou non w vin sen.” — MAT. 6:9.

      ÈSKE NOU SONJE?

      • Ki sa n ka aprann nan ekspresyon “Papa nou” an?

      • Ki sa k fè n ta dwe priye pou non Bondye vin sen?

      • Kòman n ka viv ann amoni ak demann nou fè pou volonte Bondye fèt sou tè a?

      1. Ki fason nou ka itilize priyè nou jwenn nan Matye 6:9-13 la nan travay predikasyon an?

      ANPIL moun ka resite priyè Nòtrepè a pa kè. Byen souvan, nan travay predikasyon kay an kay la, nou konn fè referans ak priyè sa a pou n ede moun yo konprann Wayòm Bondye a se yon gouvènman reyèl ki pral pote anpil bèl chanjman sou tè a. Oswa, nou kapab fè referans ak premye demann ki nan priyè a pou n montre moun yo non Bondye, yon non ki dwe vin sen. — Mat. 6:9.

      2. Ki jan n fè konnen entansyon Jezi se pa t pou n repete priyè modèl la motamo chak fwa n ap priye?

      2 Èske entansyon Jezi se te pou n repete priyè sa a motamo chak fwa n ap priye menm jan anpil moun nan lakretyente gen abitid fè sa? Non. Men sa Jezi te di yon ti tan anvan l te bay priyè sa a kòm yon modèl: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” ​(Mat. 6:7). Nan yon lòt okazyon, li te redi menm priyè sa a, men, li te sèvi ak lòt mo (Lik 11:1-4). Konsa, Jezi te ede n konnen ki kalite bagay nou bezwen mande nan priyè nou ak nan lòd nou dwe mande yo. Kidonk, li toutafè nòmal pou n rele priyè sa a priyè modèl la.

      3. Sou ki kesyon nou kapab medite toutpandan n ap egzamine priyè modèl la?

      3 Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine demann ki gen nan priyè modèl la. Toutpandan n ap fè sa, mande tèt ou: ‘Ki fason priyè modèl sa a ka ede m amelyore kalite priyè m yo? Epi, sa k pi enpòtan an, èske m ap viv ann amoni ak priyè sa a?’

      “PAPA NOU KI NAN SYÈL LA”

      4. Ki sa ekspresyon “Papa nou” an fè n sonje, e nan ki sans Jewova se “Papa” kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a?

      4 Lefètke Jezi di “Papa nou” e l pa di “Papa m”, sa fè n sonje nou fè pati yon kominote “frè” ki vrèman renmen youn lòt (1 Pyè 2:17). Ala yon gwo privilèj nou genyen! Li toutafè nòmal pou kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l pou vin pitit li yo e ki gen posiblite pou y al viv nan syèl la rele Jewova “Papa” nan tout sans mo a (Wom. 8:15-17). Kretyen ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a ka pale de Jewova antanke “Papa” yo tou. Rezon an se paske l se Sila a ki ba yo lavi epi, avèk lanmou, li fè tout vrè adoratè l yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral kapab vin pitit Bondye nan tout sans mo a apre yo fin atenn lapèfeksyon epi yo fin demontre fidelite yo anvè Jewova nan eprèv final la. — Wom. 8:21; Rev. 20:7, 8.

      5, 6. Ki bèl kado paran yo ka bay pitit yo, e ki sa chak timoun ta dwe fè ak kado sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

      5 Se yon bèl kado paran yo bay pitit yo lè yo aprann yo priye epi yo ede yo konsidere Jewova antanke Papa yo ki nan syèl la ki gen sousi pou yo. Men sa yon frè k ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon kounye a ann Afrik Disid sonje: “Depi jou pitit fi nou yo te fèt, m te konn priye avè yo chak swa pou jis yo kite kay la. Byen souvan, pitit fi nou yo te konn di yo pa sonje egzakteman ki pawòl m te konn di nan priyè sa yo. Sepandan, yo sonje bèl anbyans ki te genyen an, jan se yon bagay ki sakre pou yo pale ak Jewova, Papa nou, ansanm ak fason yo te santi yo kalm e yo an sekirite. Yonfwa yo te vin ka priye poukont yo, m te ankouraje yo pou yo priye awotvwa yon fason pou m te ka tande yo k ap eksprime panse yo ak santiman yo bay Jewova. Se te yon bèl opòtinite m te genyen pou m te ka konn sa k ap pase nan kè yo. Annapre, avèk dousè, m te ka aprann yo kòman pou yo antre bagay ki enpòtan nan priyè modèl la nan priyè y ap fè yo yon fason pou yo ka bay priyè yo a yon bon baz.”

      6 Nou pa sezi dèske ti pitit fi frè sa a te genyen yo kontinye fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl. Kounye a, yo gen kè kontan nan maryaj yo epi yo menm ansanm ak mari yo ap fè volonte Bondye antanke sèvitè aplentan. Pa gen pi gwo kado paran yo ka bay pitit yo pase ede yo vin gen yon relasyon sere sere ak Jewova. Nòmalman, se yo chak ki dwe kontinye kenbe relasyon sa a ki gen anpil valè. Pou yo fè sa, yo bezwen aprann renmen non Bondye epi demontre gwo respè pou non sa a. — Sòm 5:11, 12; 91:14.

      “SE POU NON W VIN SEN”

      7. Ki privilèj pèp Bondye a genyen, men, ki sa sa mande pou n fè?

      7 Se pa ti privilèj nou genyen dèske nonsèlman nou konn non Bondye, men tou, nou pote non sa a antanke “yon pèp pou non l”. (Tra. 15:14; Iza. 43:10.) Nou sipliye Papa nou ki nan syèl la lè n di l: “Se pou non w vin sen.” Lè w fè yon demann konsa, sa ka pouse w mande Jewova pou l ede w evite fè oswa di nenpòt bagay ki kapab lage vèni sou non l ki sen. Nou pa vle vin menm jan ak kèk moun ki t ap viv nan premye syèk la ki pa t pratike sa yo t ap anseye yo. Men sa apot Pòl te ekri yo: “Non Bondye sal nan mitan nasyon yo akoz nou menm.” — Wom. 2:21-24.

      8, 9. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova beni moun ki vle pou non l vin sen.

      8 Nou vle pou non Bondye vin sen. Gen yon sè nan peyi Nòvèj ki te rete poukont li ak pitit gason l ki gen dezan apre mari l te fin mouri sanzatann. Men sa l esplike: “Se te yon moman ki te vrèman difisil nan lavi m. M te konn priye prèske chak inèdtan pou m jwenn fòs pou m kontinye rete ekilibre nan domèn afektif yon fason pou m pa bay Satan rezon pou l pwovoke Jewova akoz nenpòt desizyon ki pa saj oswa nenpòt aksyon ki montre m pa fidèl. M te vle kontribye pou non Bondye vin sen e m te vle pou tigason m nan wè papa l nan Paradi a.” — Pwo. 27:11.

      9 Èske Jewova te reponn priyè sa yo? Wi. Lefètke sè sa a te toujou ansanm ak kwayan parèy li yo ki gen sousi pou li, li te jwenn èd ki nesesè. Senkan annapre li te vin marye ak yon ansyen. Kounye a, pitit gason l lan gen 20 an e l se yon frè batize. Men sa sè a di: “M tèlman kontan dèske mari m te ede m leve l.”

      10. Ki sa k dwe fèt pou non Bondye vin sen nèt?

      10 Ki sa k dwe fèt pou non Bondye vin sen nèt epi pou l pa gen okenn repwòch sou li? Pou sa rive fèt, Jewova dwe detwi tout moun ki chwazi rejte dwa l genyen pou l dirije a. (Li Ezekyèl 38:22, 23.) Lèzòm pral atenn lapèfeksyon tikras pa tikras. Se pa ti tann n ap tann moman kote tout kreyati ki gen entèlijans yo pral trete non Jewova yon fason ki sen! Epi, pou fini, Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou pral vin “tout bagay pou tout moun”. — 1 Kor. 15:28.

      “SE POU WAYÒM OU AN VINI”

      11, 12. Ki sa Jewova te ede vrè kretyen yo konprann nan fen 19yèm syèk la?

      11 Anvan Jezi te monte nan syèl la, apot li yo te mande l: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” Repons Jezi te ba yo a te montre l potko lè pou apot yo konnen moman Wayòm Bondye a t apral kòmanse dirije. Li te mande disip li yo pou yo konsantre yo sou travay enpòtan yo te dwe fè a ki se travay bay temwayaj la. (Li Travay 1:6-8.) Sepandan, Jezi te anseye disip li yo pou yo ret tann Wayòm Bondye a ki gen pou vini an tou. Konsa, depi nan epòk apot yo, kretyen yo kontinye ap priye pou Wayòm nan vini.

      12 Lè moman an t ap pwoche pou Jezi kòmanse dirije nan Wayòm Bondye a depi nan syèl la, Jewova te ede pèp li a konprann ki lè evènman sa yo t ap rive. Nan ane 1876, yo te pibliye yon atik Charles Taze Russell te ekri nan yon jounal ki rele Etidyan Labib la (anglè). Atik sa a ki te gen tit “Tan nasyon yo: Ki lè y ap fini?” te pale de ane 1914 la kòm yon ane ki enpòtan anpil. Atik la te fè yon lyen ant “sèt tan” yo pale de li nan pwofesi Dànyèl la ak “tan ki fikse pou nasyon yo” Jezi te pale de li aa. — Dàn. 4:16, NW; Lik 21:24.

      13. Ki sa k te rive nan ane 1914, e ki sa evènman k ap rive nan monn nan depi lè sa a pwouve?

      13 Nan ane 1914, lagè te eklate nan mitan nasyon Ewòp yo, e gè sa a te vin gaye toupatou nan monn nan. Rive nan moman gè sa a te fini nan ane 1918 la, te vin gen gwo rate manje epi te vin gen yon gwo epidemi ki te touye plis moun pase kantite moun ki te mouri nan gè a. Konsa, “siy” Jezi te bay pou n idantifye moman prezans li antanke nouvo Chèf tè a te kòmanse reyalize (Mat. 24:3-8; Lik 21:10, 11). Gen anpil prèv ki montre se nan ane 1914 ‘yo te bay Seyè Jezi Kris kouwòn nan’. Nan ane sa a, li te “derape pou l konbat ènmi l yo e pou l fin ranpòte laviktwa sou yo”. (Rev. 6:2.) Li te netwaye syèl la nan yon gè l te fè kont Satan ak demon Satan yo epi l te pimpe yo ozalantou tè a. Depi lè sa a, lèzòm ap viv verite ki gen nan pawòl sa yo Bondye te fè ekri ki di: “Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” — Rev. 12:7-12.

      14. a) Ki sa k fè l toujou enpòtan pou n priye pou Wayòm Bondye a vini? b) Ki travay nou gen privilèj pou n fè?

      14 Pwofesi nou jwenn nan Revelasyon 12:7-12 la esplike rezon ki fè tabli Wayòm Bondye a tabli a gen rapò ak kòmansman kokennchenn evènman ki kontinye ap sakaje limanite yo. Jezi, Wa nan Wayòm Bondye a, te kòmanse dirije nan mitan ènmi l yo. N ap kontinye priye pou Wayòm Bondye a vini jiskaske Jezi fin ranpòte laviktwa sou ènmi l yo epi l met yon fen nan mechanste sou tè a. Anmenmtan tou, nou dwe viv ann amoni ak priyè sa yo lè n patisipe nan akonplisman youn nan pi bèl aspè ki gen nan “siy” Jezi te bay la. Men sa Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Mat. 24:14.

      “SE POU VOLONTE W FÈT SOU TÈ A”

      15, 16. Ki jan n ka viv ann amoni ak demann nou fè pou volonte Bondye fèt sou tè a?

      15 Sa gen anviwon 6 000 an, volonte Bondye te fèt sou tè a yon fason ki pafè. Se rezon sa a ki fè Jewova te ka gade bèl fason l te pèmèt limanite derape a epi l te di sa l fè yo “bon anpil”. (Jen. 1:31, NW.) Annapre, Satan te rebele kont Bondye e depi lè sa a, se yon tikras moun ki t ap fè volonte Bondye sou tè a. Men, jodi a, nou gen privilèj pou n viv nan moman kote gen anviwon uit milyon Temwen Jewova ki nonsèlman ap priye pou volonte Bondye fèt sou tè a, men tou, k ap fè gwo efò pou yo viv ann amoni ak priyè sa a. Yo fè sa nan fason y ap viv ak nan fason y ap patisipe avèk zèl nan travay fè disip la.

      1. Yon fanmi k ap prepare yon prezantasyon pou travay predikasyon an; 2. Papa a akonpaye pitit fi l la nan travay predikasyon an.

      Èske w ede pitit ou viv ann amoni ak demann nou fè pou volonte Bondye fèt sou tè a? (Gade paragraf 16.)

      16 Pa egzanp, men sa yon sè ki te batize nan ane 1948 e ki te sèvi kòm misyonè ann Afrik fè konnen: “Ann amoni ak pati sa a nan priyè modèl la, byen souvan, m konn priye pou n rive jwenn tout moun ki tankou mouton yo epi pou n ede yo rive konnen Jewova anvan l twò ta. Anplis de sa, lè m pral bay yon moun temwayaj, m konn priye pou m jwenn sajès pou m rive touche kè moun nan. Epi, anrapò ak moun ki tankou mouton nou deja kontakte yo, m priye Jewova pou l beni efò n ap fè pou n ede yo.” Nou pa sezi dèske sè sa a ki gen 80 an te reyisi nan travay predikasyon an epi, grasa èd lòt moun, li te ede anpil moun vin Temwen Jewova. Pa gen dout nan sa, ou ka panse ak anpil lòt moun ki bay bèl egzanp nan fason yo bay tout yo menm pou yo fè volonte Bondye malgre yo limite akoz laj yo. — Li Filipyen 2:17.

      17. Ki jan w santi w konsènan sa Jewova pral fè pou l reponn priyè n fè pou volonte l fèt sou tè a?

      17 N ap kontinye priye pou volonte Bondye fèt sou tè a jiskaske Bondye fin elimine tout moun ki kanpe kont Wayòm li an. Apre sa, nou pral wè volonte Bondye fèt yon fason total lè plizyè milya moun pral resisite pou yo viv nan yon paradi sou tè a. Jezi te di: “Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [m] e y ap soti.” ​(Jan 5:28, 29). Se pa ti bèl sa ap bèl pou n la pou n akeyi moun nou renmen ki te mouri yo! Bondye pral “siye tout dlo nan je” nou (Rev. 21:4). Pifò moun ki pral resisite yo se ap “moun ki enjis” ki te mouri san yo pa t gentan aprann laverite sou Jewova Dye ak sou Pitit gason l lan. Nou pral gen privilèj pou n ede moun ki resisite yo konnen volonte Bondye ak objektif li yon fason pou n ede yo vin kalifye pou yo resevwa “lavi ki pap janm fini an”. — Tra. 24:15; Jan 17:3.

      18. Ki bagay limanite plis bezwen?

      18 Pou gen lapè ak amoni nan tout linivè, li enpòtan pou Wayòm Bondye a fè non Jewova vin sen. Konsa, repons pou twa premye demann ki gen nan priyè modèl la pral konble pi gwo bezwen limanite genyen yo. Annatandan, gen kèk lòt bagay enpòtan ankò nou bezwen ki parèt nan kat lòt demann ki gen nan priyè modèl Jezi te bay la. Nou pral pale de yo nan atik ki vin apre a.

      a Pou n jwenn esplikasyon sou fason pwofesi sa a te akonpli nan ane 1914 lè Wayòm Mesi a te tabli a, gade liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a paj 215-218.

  • Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 2yèm pati
    Toudegad — 2015 | 15 jen
    • Jodi a, nou jwenn manje nan domèn espirityèl nan bon moman.

      Annou viv ann amoni ak priyè modèl la — 2yèm pati

      “Bondye, Papa nou, konnen ki sa nou bezwen.” — MAT. 6:8.

      ÈSKE NOU SONJE?

      • Lè n mande Bondye pou l ban nou pen nou bezwen pou jounen an, ki sa sa enplike?

      • Ki sa n dwe fè pou Bondye padone dèt nou yo?

      • Ki fason Jewova reponn demann nou fè pou n pa tonbe nan tantasyon an?

      1-3. Ki sa k te fè yon sè gen asirans Jewova konnen sa n bezwen?

      LANA pap janm bliye sa k te pase nan peyi Almay yon jou nan sezon ete ane 2012. Li te santi Jewova reponn de nan priyè l te fè kote l te di egzakteman sa l bezwen. Li te fè premye priyè a pandan l te nan yon vwayaj byen long nan yon tren pou l al ayewopò. Li te mande Jewova pou l fè l jwenn posiblite pou l bay yon temwayaj. Li te fè dezyèm priyè a apre l te fin rive nan ayewopò a epi l te aprann yo te ranvwaye vòl li a pou demen. Etandone Lana te fin depanse pifò kòb li te genyen epi l pa t gen kote pou l rete, li te priye Jewova sou sa.

      2 Tousuit apre Lana te fin fè dezyèm priyè a, li te tande yon moun ki di l: “Ey, Lana, sa w ap fè la a?” Jèn gason ki te di l sa a te yon ansyen kamarad lekòl li. Li te ansanm ak manman l ak grann li ki te vin kondui l paske l t apral pran avyon pou l al Afrik disid. Lè Elke, manman an, te aprann pwoblèm Lana, li te kontan envite Lana ret ansanm avè yo lakay yo. Elke ak manman l te byen akeyi Lana epi yo te pran poze l kesyon sou kwayans li ak travay l ap fè antanke sèvitè aplentan.

      3 Nan demen, apre yo te fin pran yon bon dejene, Lana te reponn plis kesyon biblik toujou epi l te pran enfòmasyon pou l te ka kontakte yo yon fason pou l te ka pousuiv enterè yo te demontre a. Lana te retounen lakay li sennesòf epi l te kontinye sèvi kòm pyonye pèmanan. Li santi se Sila a ki “tande lapriyè” a ki te dirije bagay yo. — Sòm 65:2, NW.

      4. Ki sa n pral egzamine?

      4 Lè n ap fè fas ak yon pwoblèm ki parèt sanzatann, nou ka santi n alèz pou n priye Jewova pou n mande l èd e Jewova kontan tande priyè sa yo sèvitè fidèl li yo fè (Sòm 34:15; Pwo. 15:8). Sepandan, si n medite sou priyè modèl la, nou kapab rann nou kont gen lòt bagay ladan l ki pi enpòtan toujou nou gendwa neglije. Pa egzanp, ann wè kòman bezwen espirityèl nou yo parèt nan twa dènye demann ki gen nan priyè sa a. Epitou, èske gen plis bagay nou ka fè pou n viv ann amoni ak katriyèm demann nan ki gen rapò ak pen nou bezwen pou jounen an? — Li Matye 6:11-13.

      “BAN NOU PEN NOU BEZWEN POU JOUNEN AN”

      5, 6. Ki sa k fè l enpòtan pou n priye pou pen nou bezwen pou jounen an menmsi n gen sa n bezwen nan domèn materyèl?

      5 N ap remake byenke se yon demann pèsonèl, nou pa di pen “mwen” bezwen pou jounen an, men, nou di pen “nou” bezwen pou jounen an. Men sa Victor, yon siveyan sikonskripsyon k ap viv ann Afrik fè konnen: “Byen souvan, m konn remèsye Jewova ak tout kè m dèske mwen menm ak madanm mwen pa bezwen ap enkyete n twòp pou n konnen ki kote pwochen repa nou ap soti, ni nou pa bezwen ap bay tèt nou pwoblèm pou n konnen kiyès ki pral peye lwaye kay la. Avèk jantiyès, frè nou yo toujou pran swen nou chak jou. Men, nou priye pou moun k ap ede n yo rive fè fas ak presyon y ap rankontre nan domèn ekonomik.”

      6 Si n gen ase manje nou bezwen pou plizyè jou, nou kapab panse ak frè k ap viv nan peyi ki pòv yo oswa frè ki te fè fas ak katastwòf natirèl yo. Nou ta dwe nonsèlman priye pou yo, men, nou dwe aji ann amoni ak priyè nou fè yo tou. Pa egzanp, nou ka pataje sa n genyen ak adoratè parèy nou yo ki nan bezwen. Nou ka fè ofrann regilyèman pou travay mondyal la tou paske n konnen y ap byen sèvi ak ofrann sa yo. — 1 Jan 3:17.

      7. Ki egzanp Jezi te bay pou l te montre rezon ki fè n pa dwe “janm bay tèt nou pwoblèm pou demen”?

      7 Lè Jezi te fè referans ak pen nou bezwen pou jounen an, sanble l te vle pale konsènan sa n bezwen nan moman an. Se sa k fè, apre l te montre jan Bondye abiye flè ki nan savann yo, li te di: “Nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa a? Se sa k fè, pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: [...] ‘Ki sa n ap met sou nou?’” Pou l te fini, li te repete konsèy enpòtan sa a: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen.” ​(Mat. 6:30-34). Pawòl sa yo montre olye pou n vin materyalis nou ta dwe kontante nou ak sa n bezwen pou jounen an. Bezwen sa yo kapab gen rapò ak kay pou n rete, travay pou n pran swen fanmi nou ak fason pou n fè fas ak pwoblèm sante nou yo avèk sajès. Sepandan, si se pou sa n bezwen nan domèn fizik sèlman nou priye, n ap montre nou pa ekilibre. Bezwen nou genyen nan domèn espirityèl yo pi enpòtan toujou.

      8. Lefètke Jezi te fè referans ak pen nou bezwen pou jounen an, ki bezwen enpòtan nou genyen sa ta dwe fè n sonje? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

      8 Lefètke Jezi te fè referans ak pen nou bezwen pou jounen an, sa ta dwe fè n sonje nou bezwen manje nan domèn espirityèl. Men sa Mèt nou an te di: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” ​(Mat. 4:4). Donk, nou dwe kontinye priye pou Jewova pa janm sispann ban nou manje espirityèl nan moman apwopriye.

      ‘PADONE DÈT NOU YO’

      9. Nan ki sans peche nou yo se “dèt”?

      9 Poukisa Jezi te sèvi ak mo “dèt” la alòske nan yon lòt okazyon li te sèvi ak mo “peche” a (Mat. 6:12, nòt; Lik 11:4)? Sa gen plis pase 60 an depi Toudegad te bay bèl esplikasyon sa a: “Lè n peche kont lwa Bondye yo, sa fè n vin gen yon dèt anvè l [...]. Bondye te ka menm reklame lavi nou akoz peche nou fè yo [...]. Li te ka fè n pèdi lapè li bay la epi l te ka kraze relasyon pezib nou gen avè l la. [...] Nou gen obligasyon pou n renmen l epi pou n montre sa lè n obeyi l; epi, lè n fè yon peche nou pa respekte dèt nou gen anvè l pou n renmen l lan paske peche se yon mank lanmou pou Bondye.” — 1 Jan 5:3.

      10. Sou ki baz Jewova kapab padone peche nou, e ki jan n ta dwe konsidere sa?

      10 Lefètke n bezwen pou Bondye padone nou chak jou, sa montre Bondye kapab efase peche nou yo sou yon sèl baz legal anpalan de sakrifis ranson Jezi a. Byenke sa gen prèske 2 000 an depi yo te peye ranson sa a, nou ta dwe ancheri l kòm yon kado yo ban nou jodi a. “Ranson” yo te bay pou lavi nou an “tèlman gen anpil valè” opwen pa t gen anyen okenn moun enpafè te kapab fè pou l ta rive peye menm yon tikal ladan l pou nou. (Li Sòm 49:7-9; 1 Pyè 1:18, 19.) Se sa k fè n pa ta dwe janm sispann di Jewova mèsi pou kokennchenn kado sa a. Anplis de sa, lefètke Jezi te di “peche nou” yo men l pa t di “peche m” yo, sa ta dwe fè n sonje se tout moun k ap adore Jewova ki bezwen dispozisyon sa a Jewova pran ki demontre mizèrikòd. Sa klè, Jewova vle pou n sousye n nonsèlman pou byennèt espirityèl nou, men tou, pou byennèt espirityèl lòt moun san wete moun ki gendwa peche kont nou yo. An jeneral, peche sa yo pa konn grav epi yo ban nou opòtinite pou n montre jan n renmen frè ak sè nou yo toutbon epi n dispoze padone yo menm jan Bondye demontre mizèrikòd anvè nou lè l padone nou. — Kol. 3:13.

      1. Yon madanm ki fache kont mari l; 2. Mari a ap pale ak madanm nan e l mande l pou l padone l; 3. Madanm nan padone mari l.

      Si w vle pou Bondye padone w, ou dwe padone lòt moun. (Gade paragraf 11.)

      11. Ki sa k fè l enpòtan pou n aprann padone?

      11 Malerezman, antanke moun enpafè, pafwa, nou ka gen rankin nan kè n pou lòt moun (Lev. 19:18). Si n pale sa ak lòt moun, yo ka pran pati pou nou epi sa ka lakòz vin gen divizyon nan kongregasyon an. Si n kite sitiyasyon an kontinye konsa, sa ap montre n manke apresyasyon pou mizèrikòd Bondye fè n e n ap montre n manke apresyasyon pou ranson an. Papa nou ap sispann aplike valè sakrifis Pitit gason l lan anvè nou si n pa renmen padone (Mat. 18:35). Jezi te di sa tousuit apre l te fin bay priyè modèl la. (Li Matye 6:14, 15.) Finalman, si n vle Bondye padone nou nou dwe fè efò pou n pa tonbe nan fè peche ki grav. Anvi nou genyen pou n pa fè peche a mennen n nan lòt demann nan. — 1 Jan 3:4, 6.

      “PA KITE NOU TONBE ANBA TANTASYON”

      12, 13. a) Ki sa k te rive Jezi yon ti tan apre l te fin batize? b) Ki sa k fè n dwe rekonèt tò nou si n tonbe anba tantasyon? c) Ki sa Jezi te montre lefètke l te rete fidèl pou jis li mouri?

      12 Lè n konsidere sa k te rive Jezi yon ti tan apre l te fin batize, sa ka ede n konprann enpòtans demann sa a ki di: “Pa kite nou tonbe anba tantasyon.” Lespri Bondye te mennen Jezi nan dezè a. Poukisa? Bib la di: “Pou Dyab la tante l.” ​(Mat. 4:1; 6:13). Èske sa ta dwe fè n sezi? Non, nou pap sezi si n rive konprann rezon prensipal ki fè Bondye te voye Pitit gason l lan sou tè a. Se te pou l vin bay repons pou kesyon ki te vin soulve lè Adan ak Èv te rejte dwa Bondye genyen pou l dirije a. Kesyon sa yo te bezwen tan pou yo reponn yo. Pa egzanp, èske te gen yon bagay mal nan fason Bondye te kreye lèzòm nan? Èske l te posib pou yon moun pafè rive soutni dwa Bondye genyen pou l dirije a aktout “Mechan an” ap fè presyon sou li? Epi, èske lèzòm t ap viv pi byen si yo pa t anba otorite Bondye jan Satan te fè konn sa (Jen. 3:4, 5)? Te dwe gen tan ki pase pou kesyon sa yo jwenn repons, men, sa t apral pèmèt tout kreyati entèlijan yo konprann se fason Jewova ap dirije a ki pi bon.

      13 Jewova sen, kidonk, li pa janm tante pèsonn pou yo fè sa k mal. Okontrè, se Dyab la ki Sila k ap “tante” nou an (Mat. 4:3). Dyab la kapab met sitiyasyon devan nou pou l tante nou. Sepandan, se chak moun ki pou deside si l ap tonbe anba tantasyon oswa si l pap tonbe anba tantasyon. (Li Jak 1:13-15.) Jezi li menm te rejte chak tantasyon Satan yo san pèdi tan lè l te fè referans ak Pawòl Bondye a. Konsa, Jezi te defann dwa Bondye genyen pou l dirije a, yon dwa ki jis. Sepandan, Satan pa t bay legen. Li te ret tann “yon lòt bon okazyon”. (Lik 4:13.) Jezi te kontinye reziste kont tout efò Satan t ap fè pou l kraze entegrite l. Kris te defann dwa Jewova genyen pou l dirije a e l te montre yon moun pafè kapab rete fidèl anvè Jewova aktout l ap fè fas ak eprèv ki pi terib la. Sepandan, Satan ap eseye pran disip Jezi yo nan pyèj san wete ou menm.

      14. Ki sa n dwe fè pou n pa tonbe anba tantasyon?

      14 Etandone kesyon ki gen rapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije a toujou bezwen jwenn yon repons, Jewova pèmèt Sila ki konn tante moun nan sèvi ak monn sa a pou l tante nou. Bondye pap kite n tonbe anba tantasyon. Okontrè, li fè n konfyans e l vle ede n. Sepandan, etandone l respekte libète nou genyen pou n deside a, li pa anpeche n tonbe anba tantasyon yon fason ki otomatik. Nou dwe fè de bagay ki se: kontinye veye nan domèn espirityèl epi pèsevere nan lapriyè. Ki fason Jewova reponn priyè nou yo?

      Yon manman ak pitit li k ap bay temwayaj nan lari.

      Kenbe espirityalite w epi rete zele nan ministè a. (Gade paragraf 15.)

      15, 16. a) Bay kèk tantasyon nou kapab reziste kont yo. b) Si yon moun tonbe anba tantasyon, ki moun ki responsab?

      15 Jewova ban nou lespri sen l ki se yon fòs ki pisan anpil e lespri sa a ka ban nou fòs ak èd pou n reziste anba tantasyon. Anplis de sa, pa mwayen Pawòl li a ak kongregasyon an, Bondye gentan fè n konnen ki sitiyasyon nou dwe evite. Sitiyasyon sa yo se kapab gaspiye tan, lajan ak enèji nan kouri dèyè bagay materyèl ki pa nesesè. Espen ak Janne ap viv nan yon peyi ann Ewòp ki rich anpil. Yo te fè plizyè ane ap sèvi kòm pyonye pèmanan nan yon zòn nan peyi yo ki gen anpil bezwen. Yo te oblije kanpe sou sèvis pyonye a lè yo te vin gen premye pitit yo, e kounye a, yo gen yon dezyèm. Men sa Espen fè konnen: “Se toutan n ap priye Jewova pou l pa kite n tonbe anba tantasyon etandone kounye a nou pa ka pase menm kantite tan nou te konn pase nan aktivite teyokratik yo. Nou mande Jewova pou l ede n kenbe espirityalite nou epi pou l ede n rete zele nan travay predikasyon an.”

      16 Pònografi se yon lòt tantasyon ki gaye pasipala nan epòk nou an. Si n ta tonbe nan tantasyon sa a, nou pap ka akize Satan. Sa k fè sa? Se paske Satan ak monn li an pa ka fòse n fè anyen san se pa nou menm ki vle. Gen kèk moun ki tonbe nan tantasyon sa a paske yo kontinye ap panse ak bagay ki mal. Sepandan, nou kapab reziste anba tantasyon sa a menm jan gen plizyè milye frè ak sè ki fè sa. — 1 Kor. 10:12, 13.

      “DELIVRE NOU ANBA MECHAN AN”

      17. a) Ki jan n ka viv ann amoni ak demann nou fè Bondye pou l delivre n anba Mechan an? b) Ki soulajman ki pa twò lwen rive?

      17 Pou n viv ann amoni ak demann nou fè Bondye pou l “delivre nou anba Mechan an”, nou dwe fè gwo efò pou n “pa fè pati monn [Satan an]”. Anplis de sa, nou pa dwe “renmen monn [Satan an], ni bagay ki nan monn nan”. (Jan 15:19; 1 Jan 2:15-17.) Pou n fè sa, nou bezwen kontinye lite. Se pa ti soulaje n ap santi n soulaje lè Jewova reponn demann sa a kote l pral detwi Satan ansanm ak monn mechan Satan an! Sepandan, nou dwe sonje lè yo te met Satan deyò nan syèl la li te konnen se yon ti kras tan li rete. Etandone l an kòlè anpil, l ap fè tout sa l kapab pou l kraze entegrite nou. Pou rezon sa a, nou bezwen kontinye priye Bondye pou l delivre n anba Mechan an. — Rev. 12:12, 17.

      18. Ki sa n dwe kontinye fè pou n ka chape nan destriksyon monn Satan an?

      18 Èske w anvi wè bèl avni k ap tann nou an? Ebyen, kontinye priye pou Wayòm Bondye a fè non Bondye vin sen epi pou l vin fè volonte Bondye fèt sou tè a. Konte sou Jewova pou w jwenn sa w bezwen nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik. Wi, se pou w pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak priyè modèl la.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje