Lage tout tètchaje nou sou Jewova
“Lage tout tètchaje nou genyen sou [Jewova], paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.
1, 2. a) Ki sa k fè nou gen tètchaje? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?
JODI A, Satan ap “sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun”. (1 Pyè 5:8; Revelasyon 12:17.) Sa fè lavi a gen anpil strès, e menm sèvitè Bondye yo gen tètchaje. Sèvitè Bondye nan tan lontan yo te jwenn kèk sitiyasyon ki te ba yo tètchaje tou. Pa egzanp, Bib la fè konnen wa David te konn gen tètchaje (Sòm 13:2). Epi, apot Pòl te gen “enkyetid [...] pou tout kongregasyon yo”. (2 Korentyen 11:28.) Men, ki sa nou kapab fè lè enkyetid anvayi nou?
2 Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou anpil te ede sèvitè l yo nan tan lontan pou yo jwenn soulajman anba tètchaje yo genyen, e l vle fè menm bagay la pou nou jodi a. Men konsèy Bib la ban nou: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” (1 Pyè 5:7). Ki jan w kapab fè sa? Nou pral egzamine kat fason ou kapab fè sa. Ou kapab 1) priye, 2) li Pawòl Bondye a epi medite sou li, 3) kite lespri sen Jewova ede w, e 4) pale sou jan w santi w ak yon moun ou fè konfyans. Pandan n ap egzamine kat fason sa yo, gade pou w wè si pa gen kèk domèn kote w ka bezwen amelyore.
“LAGE CHAY OU SOU JEWOVA”
3. Ki jan w ka “lage chay ou sou Jewova”?
3 Premye fason nou kapab lage tètchaje nou sou Jewova se lè n priye l ak tout kè nou. Lè w gen enkyetid, Papa w ki nan syèl la ki renmen w vle w di l tout sa k nan fon kè w. Men sa David te mande Jewova nan yon sòm: “O Bondye, koute priyè m.” Nan menm sòm nan, David te di tou: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” (Sòm 55:1, 22). Apre w fin fè tout sa w kapab pou w rezoud yon pwoblèm, l ap pi bon pou w priye Jewova ak tout kè w olye w kontinye ap enkyete w. Men, ki jan lapriyè kapab ede n? Ki jan l ka ede n pou n pa kite enkyetid anvayi n? — Sòm 94:18, 19.
4. Poukisa l enpòtan anpil pou n priye lè n gen tètchaje?
4 Li Filipyen 4:6, 7. Lè n pèsevere nan lapriyè e n fè sa ak tout kè nou, ki jan Jewova reponn priyè sa yo? Li ka ede n vin kalm e l ka ede n evite gen panse ak santiman negatif. Nan plas enkyetid ak laperèz nou yo, Bondye ede n gen pi gwo lapè lespri nou kapab genyen. Gen anpil nan frè ak sè n yo ki vin santi yo kalm konsa. Ou kapab fè eksperyans sa a tou. “Lapè Bondye” bay la kapab ede w venk kèlkeswa difikilte a! Ou kapab gen yon konfyans total nan pwomès Jewova fè nou an lè l di: “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” — Ezayi 41:10.
PAWÒL BONDYE A FÈ LESPRI W ANPÈ
5. Ki jan Pawòl Bondye a kapab fè lespri w anpè?
5 Yon dezyèm fason lespri w kapab anpè se lè w li yon seri vèsè ki nan Bib la epi w medite sou yo. Poukisa sa enpòtan? Se paske Bib la se Pawòl Bondye. Konsèy ki ladan l yo se Kreyatè nou an ki ban nou yo, yo saj e yo itil. Kèlkeswa lè w gen tètchaje, ou ka reflechi afon sou panse Bondye yo epi medite sou fason konsèy li bay yo kapab fòtifye w. Sa ka ede w venk enkyetid sa a, sa ka fè w enkyete w mwens, oubyen sa ka menm fè w pa gen tètchaje ankò. Jewova montre aklè lè yon moun li Pawòl li a l ap gen “kouraj” ak “kran”, li pap “pè” e li pap “kraponnen”. — Jozye 1:7-9.
Lafwa solid nou gen nan Jewova ap ede n gen konfyans l ap ban nou sa nou gen bezwen e l ap fè sa avèk lanmou.
6. Ki byenfè ou kapab jwenn nan pawòl Jezi yo?
6 Nan Pawòl Bondye a, nou aprann fason Jezi te konn pale ak moun. Moun te renmen koute Jezi paske pawòl li yo te rekonfòte yo e l te ankouraje yo, sitou moun ki te fèb oswa ki te dekouraje yo. (Li Matye 11:28-30.) Jezi te gen anpil sousi pou fason lòt moun te santi yo (Mak 6:30-32). Menm jan Jezi te pwomèt l ap ede apot li yo ki te konn vwayaje avè l, se konsa tou l ap ede n jodi a. Nou pa bezwen menm kote ak Jezi pou n jwenn èd sa a. Antanke Wa nou nan syèl la, Jezi kontinye montre li renmen nou. Kidonk, lè w gen tètchaje, ou mèt gen asirans l ap avè w e l ap ede w nan bon moman. Jezi ban nou espwa ak kouraj, sa ki ede n venk enkyetid nou genyen. — Ebre 2:17, 18; 4:16.
KALITE NOU VIN GENYEN GRASA LESPRI BONDYE
7. Ki byenfè nou jwenn grasa lespri sen Bondye?
7 Jezi te pwomèt nou Papa nou ap ban nou lespri sen lè nou mande l sa (Lik 11:10-13). Ki jan twazyèm fason sa a ap ede n gen mwens enkyetid? Lespri sen Bondye, oswa fòs li, ede n chèche gen bèl kalite Bondye nou an ki toupisan genyen (Kolosyen 3:10). Nan Bib la, yo rele kalite sa yo “fwi lespri a”. (Li Galat 5:22, 23.) Lè nou chèche gen bèl kalite sa yo, n ap vin gen pi bon relasyon ak lòt moun, e n ap evite sitiyasyon ki kapab lage n nan tètchaje. Ann wè ki jan fwi lespri a kapab ede nou nan yon seri domèn.
8-12. Ki jan fwi lespri sen Bondye a kapab ede w?
8 “Lanmou, lajwa, lapè.” Lè w trete lòt moun avèk respè, w ap wè w gen mwens enkyetid. Sa k fè n di sa? Lè w aji yon fason ki montre w gen lanmou pou frè yo, ou gen gwo afeksyon pou yo, e w onore yo, byen souvan, sa ka fè w evite sitiyasyon ki ka fè w an kòlè, ou kontrarye e w strese, yon seri santiman ki pa fè nou byen. Sa ka fè l pi fasil pou w anpè ak lòt moun. — Women 12:10.
Lè n chèche gen bèl kalite, n ap vin gen pi bon relasyon ak lòt moun.
9 “Pasyans, byenveyans, bonte.” Men sa Bib la di: “Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l.” (Efezyen 4:32). Lè nou suiv konsèy sa a, n ap viv anpè ak lòt moun, e n ap evite sitiyasyon ki kapab lage n nan tètchaje. Epi, l ap pi fasil pou n jere pwoblèm ki rive akoz enpèfeksyon nou.
10 “Lafwa.” Jodi a, byen souvan, nou enkyete pou lajan ak bagay materyèl (Pwovèb 18:11). Ki jan n ka evite kalite enkyetid sa a? Nou dwe suiv konsèy apot Pòl te bay lè l te di pou n “kontante nou ak sa nou genyen”. Lafwa solid nou gen nan Jewova ap ede n gen konfyans l ap ban nou sa nou gen bezwen e l ap fè sa avèk lanmou. Men pwomès li fè: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” Se poutèt sa nou kapab di menm jan ak Pòl: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” — Ebre 13:5, 6.
11 “Dousè, metriz.” Fè yon ti reflechi sou jan sa bon e sa itil pou w demontre dousè ak metriz. Kalite sa yo ap anpeche w fè oswa di bagay ki ka lage w nan tètchaje, e w ap jwenn anpil byenfè lè w evite gen “rankin malveyan lakay [ou] ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun”. — Efezyen 4:31.
12 Ou bezwen gen imilite pou w fè “men Bondye ki pisan” an konfyans e pou w “lage tout tètchaje [ou] genyen sou li”. (1 Pyè 5:6, 7.) Si w gen imilite, Jewova ap soutni w e l ap pran swen w. Lè w aprann konnen sa w kapab fè ak sa w pa kapab fè, ou pap konte sou tèt ou. W ap gen mwens enkyetid paske w ap konte sou Bondye. — Miche 6:8.
“PA JANM BAY TÈT NOU PWOBLÈM”
13. Ki sa Jezi te vle di lè l te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm”?
13 Nan Matye 6:34 (li vèsè a), nou jwenn yon konsèy saj Jezi te bay lè l te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm.” Konsèy sa a ka sanble enposib pou n suiv. Men, ki sa Jezi te vle di? Nou te deja aprann David ak Pòl te gen tètchaje pafwa. Jezi pa t vle di moun k ap sèvi Bondye pap janm santi tèt yo chaje. Okontrè, Jezi t ap ede disip li yo konprann lè yon moun ap bay tèt li pwoblèm pou granmesi, oswa l ap bay tèt li twòp pwoblèm, sa pap rezoud pwoblèm li. Ap gen pwoblèm chak jou, se sa k fè kretyen yo pa dwe bay tèt yo plis pwoblèm lè y ap reflechi sou pwoblèm yo te genyen oswa sou pwoblèm yo pral jwenn. Ki jan konsèy Jezi te bay la ka ede w diminye gwo tètchaje w genyen?
14. Menm jan ak David, ki jan w ka vin gen mwens enkyetid?
14 Pafwa, gen moun ki konn ap bay tèt yo pwoblèm pou peche yo te fè nan tan lontan. Yo ka santi yo koupab anpil pou sa yo te fè a, menm lè sa gen plizyè ane. Gende lè, wa David te santi pwoblèm yo twòp pou li. Men sa l te di: “Tristès ki nan kè m fè m ap plenn byen fò.” (Sòm 38:3, 4, 8, 18). David te fè yon bagay ki saj anpil nan sitiyasyon sa a. Li te met konfyans li nan mizèrikòd ak padon Jewova. Finalman, David te santi l kontan dèske l te konnen Bondye padone l. — Li Sòm 32:1-3, 5.
15. a) Ki lòt bagay nou kapab aprann nan men David? b) Ki sa w kapab fè pou w gen mwens tètchaje? (Gade kare ki gen tit: “Kèk bagay ou ka fè pou w gen mwens enkyetid.”)
15 Gende lè, ou gendwa ap enkyete w pou sa k ap pase kounye a. Pa egzanp, lè David te ekri Sòm 55 lan, li te pè pou yo pa touye l (Sòm 55:2-5). Aktout sa, li pa t kite tètchaje fè l pa fè Jewova konfyans ankò. David te sipliye Jewova pou l mande l ede l ak pwoblèm li yo, men li te konnen sa te enpòtan tou pou l te fè yon bagay nan sitiyasyon l te ye a (2 Samyèl 15:30-34). Ou ka aprann yon leson nan egzanp David. Olye w kite enkyetid anvayi w, fè sa w kapab pou w rezoud pwoblèm nan, epi ou mèt gen konfyans Jewova ap pran swen w.
16. Ki jan siyifikasyon non Bondye kapab fòtifye lafwa w?
16 Pafwa, yon kretyen gendwa ap enkyete l pou pwoblèm li kapab jwenn alavni. Men, ou pa bezwen enkyete w pou bagay ki poko rive. Poukisa? Paske, anpil fwa, bagay yo pa vin grav jan nou te panse a. Epitou, sonje pa gen yon sitiyasyon Bondye pa ka jere. Non l menm vle di: “Li fè vin tounen.” (Egzòd 3:14). Se sa k fè nou pa bezwen ap enkyete nou pou lavni, paske non Bondye montre tout objektif li gen pou limanite ap reyalize. Ou mèt gen asirans Bondye ap beni sèvitè fidèl li yo e l ap ede yo gen mwens enkyetid konsènan bagay ki te pase nan tan lontan, bagay k ap pase kounye a ak bagay ki pral rive alavni.
PALE AK YON MOUN OU FÈ KONFYANS
17, 18. Ki jan bon kominikasyon kapab ede w lè w gen enkyetid?
17 Yon katriyèm fason ou kapab jwenn èd lè w gen enkyetid se lè w pale yon fason ki franch e ki onèt ak yon moun ou fè konfyans. Moun ou marye avè l la, yon bon zanmi, oswa yon ansyen nan kongregasyon an kapab ede w pi byen konprann sitiyasyon w. Men sa Bib la di nou: “Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan.” (Pwovèb 12:25). Mete sou sa, Bib la di: “Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache, men, bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwovèb 15:22.
18 Yon lòt bagay ki ede n gen mwens enkyetid se reyinyon kongregasyon yo. Chak semèn, ou pase tan nan reyinyon yo ak frè ak sè yo ki gen sousi pou ou e ki vle ankouraje w (Ebre 10:24, 25). Lè w “jwenn ankourajman nan lafwa lòt” moun, sa ap fòtifye w e l ap pi fasil pou w lite ak nenpòt tètchaje ou genyen. — Women 1:12.
RELASYON W AK BONDYE SE PI GWO FÒS OU TE KA GENYEN
19. Poukisa w mèt gen asirans relasyon w ak Bondye ap fòtifye w?
19 Gen yon ansyen nan peyi Kanada ki te aprann jan sa enpòtan pou l lage tètchaje l sou Jewova. Antanke pwofesè lekòl e antanke konseye oryantasyon, travay li ba l anpil strès, e l gen yon pwoblèm sante ki ba l anpil tètchaje tou. Ki sa k ede l rete djanm? Toudabò, li fè gwo efò pou l fòtifye relasyon l ak Jewova. Bon zanmi l yo ede l anpil nan moman difisil yo, li fran e l onèt ak madanm li lè l ap fè l konnen sa l santi. Mete sou sa, lòt ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon an te ede l wè sitiyasyon l lan jan Jewova wè l la. Epitou, yon doktè te ede l konprann eta sante l, e sa te ede l fè chanjman nan pwogram li yon fason pou l ka jwenn tan pou l rilaks e pou l fè egzèsis. Tikras pa tikras, li te vin aprann gen kontwòl sou sitiyasyon l ak sou santiman l. Lè gen bagay li pa ka jere, li konte sou èd Jewova.
20. a) Ki jan n ka lage tètchaje nou yo sou Bondye? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre yo?
20 Nan atik sa a, nou te aprann jan sa enpòtan pou n lage tètchaje n sou Jewova lè n priye l, lè n li Pawòl li e nou medite sou sa nou li a. Anplis de sa, nou te aprann jan l enpòtan pou n kite lespri sen Jewova ede n, pou n pale ak yon moun nou fè konfyans e pou n asiste reyinyon yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral aprann ki jan Jewova ede nou lè l ban nou espwa l ap rekonpanse nou. — Ebre 11:6.