BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sjj kantik 96
  • Liv Bondye a se yon trezò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Liv Bondye a se yon trezò
  • ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Liv Bondye a se yon trezò
    Ann chante pou Jewova
  • Liv Bondye a se yon trezò
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Rekonesans pou pasyans Bondye
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Chèche Bondye pou l ka delivre w
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
sjj kantik 96

KANTIK 96

Liv Bondye a se yon trezò

Édition imprimée

(Pwovèb 2:1)

  1. 1. Gen yon liv ki bay anpil moun kè kontan,

    Grasa li yo gen espwa ak lapè.

    Panse’l yo bèl, epi yo gen anpil fòs.

    Li bay espwa lavi pou moun sensè.

    Liv sen sa’ se Labib, Pawòl Bondye a,

    Se moun Li enspire ki te ekri’l.

    Moun sa yo te renmen Bondye sensèman.

    Lespri Bondye te fè yo vin abil.

  2. 2. Yo te ekri konsènan kreyasyon an,

    Jan Bondye fè linivè ak fòs li.

    Yo fè’n konnen yon lè lòm te san peche,

    E ki jan Paradi a te pèdi.

    Epitou, yo pale konsènan yon zanj

    Ki te rejte souvrènte Jewova.

    Konsa, peche ak pwoblèm te vin parèt.

    Men, talè Bondye pral pot laviktwa.

  3. 3. Moman’ rive kote tout moun pral rejwi,

    Bondye ap reye pa mwayen Jezi.

    N’ap fè moun yo konn bon nouvèl Wayòm nan,

    N’ap di byenfè l’ap bay pap janm fini.

    Se nan Labib nou jwenn bèl pwomès sa yo.

    Ap gen yon bèl anbyans sou tout tè a,

    Liv Bondye a di’n nou pral viv san traka.

    Se yon trezò, ann li’l avèk lafwa.

(Gade tou 2 Tim. 3:16; 2 Pyè 1:21.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje