BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Mete aksan sou mo kle ki nan vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • LESON 21

      Mete aksan sou mo kle ki nan vèsè yo

      Ki sa pou w fè?

      Mete aksan sou mo ak ekspresyon ki kore rezònman w ap fè a. Li vèsè yo avèk santiman ki apwopriye yo.

      Poukisa sa enpòtan?

      Se sèlman si w mete aksan sou mo kle yo, moun yo ap byen santi tout fòs vèsè w ap li yo.

      LÈ W AP pale ak lòt moun sou objektif Bondye genyen yo, kit se nan konvèsasyon w ap fè avèk yo, kit se sou estrad la, ou dwe baze sa w ap di yo sou Pawòl Bondye a. An jeneral, sa mande pou w li kèk vèsè nan Bib la avèk yo, e ou dwe fè sa byen.

      Lè w ap mete aksan sou mo kle yo, ou dwe fè santiman ki nan vèsè yo parèt. Lè w ap fè lekti nan Bib la, ou dwe mete santiman nan lekti a. Annou pran kèk egzanp. Si w ap li Sòm 37:11 awotvwa, moun yo ta dwe wè nan vwa w anvi w genyen pou w wè lapè yo pwomèt nan vèsè a. Si w ap li Revelasyon 21:4 anrapò ak soufrans ak lanmò ki pral disparèt, yo ta dwe wè nan vwa w gwo apresyasyon w genyen pou delivrans yo anonse moun pral jwenn nan. Si w ap li Revelasyon 18:2, 4, 5, ki gen yon egzòtasyon pou moun soti nan “Gran Babilòn nan” ki chaje peche sou do l, ou ta dwe li l avèk yon ton ki montre jan li ijan pou moun soti ladan l. Anfèt, santiman w ap demontre yo ta dwe soti nan kè w, men, ou pa ta dwe eksprime yo yon fason egzajere. Se vèsè a ak fason yo itilize l la k ap montre w nan ki degre pou w eksprime santiman w.

      Mete aksan sou mo ou dwe mete l yo. Si kòmantè w ap fè sou yon vèsè chita jis sou yon pati ladan l, se sou pòsyon sa a ou ta dwe mete aksan lè w ap li vèsè a. Pa egzanp, si w ap li Matye 6:33 e ou vle egzamine sa sa vle di “kontinye chèche wayòm nan an premye”, ou pap mete aksan sou “sa ki jis nan je Bondye” oswa sou “tout lòt bagay sa yo”.

      Nan yon diskou nan reyinyon sèvis, ou ka prevwa li Matye 28:19. Sou ki mo ou ta dwe mete aksan? Si w vle ankouraje moun yo pou yo montre yo chofe pou yo kòmanse etid biblik, ou ka mete aksan sou “fè disip”. Yon lòt bò, si w prevwa egzamine responsablite kretyen yo genyen pou yo pataje verite ki nan Bib la ak moun ki soti nan yon lòt peyi oswa si w vle ankouraje kèk pwoklamatè pou yo sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè, ou ka mete aksan sou “pami moun tout nasyon”.

      Souvan, nou konn itilize yon vèsè pou nou reponn yon kesyon oswa pou nou kore yon pwen lòt moun pa dakò avè l. Si w li chak ide ki nan vèsè a menm jan, moun k ap koute w yo ka pa wè rapò vèsè a genyen ak sa w t ap pale a. Rapò sa a ka klè pou ou, men li ka pa klè pou yo.

      Pa egzanp, si w ap li Sòm 83:18 nan yon Bib ki gen non Bondye ladan l e w mete aksan sou mo “Trèwo” a, moun w ap pale avè l la ka pa konprann si vèsè a montre Bondye gen yon non, byenke sa sanble parèt byen klè nan vèsè a. Ou dwe mete aksan sou non “Jewova” a. Men, si w ap sèvi ak menm vèsè sa a nan yon konvèsasyon w ap fè sou souvrènte Bondye, ou dwe mete aksan sou mo “Trèwo” a. Menm jan an tou, si w ap itilize Jak 2:24 pou w montre enpòtans sa genyen pou lafwa nou gen bon aksyon ki mache avè l, epi w mete aksan sou “deklare l jis” olye w mete l sou “bon aksyon”, gen moun ki ka pa rive konprann pwen an.

      Nan Women 15:7-13, nou jwenn yon lòt egzanp ki ka ede nou. Pasaj sa a se yon pati nan yon lèt apot Pòl te ekri yon kongregasyon ki te gen ladan l ni moun ki pa Juif ni moun ki Juif. La a, apot Pòl te fè konnen sèvis Kris la pote byenfè nonsèlman pou moun ki sikonsi yo, men tou, pou moun nan nasyon yo yon fason pou “nasyon yo ka bay Bondye glwa pou mizèrikòd li”. Se sa k fè Pòl site kat vèsè, ki atire atansyon nou sou posiblite sa a nasyon yo genyen an. Ki jan w ta dwe li vèsè sa yo pou w ka mete aksan sou pwen Pòl te gen nan lespri l la? Si w ap make ekspresyon ou dwe mete aksan sou yo, ou ka souliye “nasyon” nan vèsè 9 la, “nou menm nasyon yo” nan vèsè 10 la, “nou menm nasyon, se pou nou tout” ak “tout pèp” nan vèsè 11 lan, epi “nasyon” ki nan vèsè 12 la. Eseye li Women 15:7-13 la pandan w ap mete aksan sou ekspresyon sa yo. Ofiramezi w ap fè sa, rezònman Pòl t ap fè a ap vin pi klè pou ou e w ap vin konprann li pi fasil.

      Teknik pou w mete aksan sou mo kle yo. Ou ka mete aksan sou mo ki kore ide ou vle fè parèt klè yo divès fason. Teknik ou itilize yo ta dwe mache ak vèsè a e ak sikonstans kote w ap fè diskou w la. Men kèk sijesyon ou ka suiv:

      Sèvi ak vwa w pou w mete aksan sou mo kle yo. Nan teknik sa a, ou ka fè nenpòt varyasyon nan vwa w k ap pèmèt ou fè mo kle yo byen soti parapò ak rès fraz la. Pou w mete aksan an, ou ka chanje volim vwa w: swa w ogmante l, swa w diminye l. Nan anpil lang, yon chanjman nan ton vwa yon moun konn sèvi pou mete aksan sou mo yo. Men, nan kèk lang, sa ka chanje sans mo yo tou. Lè w pale yon ti jan dousman lè w ap di ekspresyon kle yo, sa ka fè yo gen plis fòs. Nan lang kote moun yo pa sèvi ak vwa yo pou yo mete aksan sou yon seri mo, l ap nesesè pou yon moun fè kèlkeswa sa yo konn fè nan lang sa yo pou l ka jwenn menm efè a.

      Fè poz. Ou ka itilize teknik sa a anvan w li pati kle ki nan yon vèsè oswa apre w fin li l, oubyen tou ou ka fè poz la ni anvan ni apre. Lè w fè poz anvan w li yon ide prensipal, sa fè moun anvi koute sa w pral di a. Lè w fè poz apre w fin li ide sa a, sa fè l grave pi plis toujou nan lespri moun yo. Men, si w fè twòp poz, pa gen okenn ide k ap parèt klè.

      Repetisyon. Ou ka mete aksan sou yon pwen presi lè w fè yon poz nan sa w t ap di a epi w reli yon mo oswa yon ekspresyon. Yon lòt teknik nou ka itilize tou, e souvan ki pi bon, se fin li vèsè a nèt epi apre sa, repete ekspresyon kle a.

      Jès. Souvan, jès ou fè ak fason w demontre santiman sou vizaj ou ka fè yon mo oswa yon ekspresyon plis touche moun yo.

      Ton vwa w. Nan kèk lang, pafwa, yo ka li mo yo ak yon ton ki enfliyanse siyifikasyon yo e ki distenge yo ak lòt mo yo. La a tou, ou dwe sèvi ak bon jijman w, sitou si w itilize yon ton ki ta ka fè lòt moun santi w ap pase yo nan rizib.

      Lè se lòt moun k ap li vèsè yo. Lè w bay yon moun w ap preche li yon vèsè pou ou, li ka mete aksan sou mo li pa t dwe mete aksan oswa li ka pa mete aksan sou okenn mo. Lè sa a, ki sa w ka fè? Jeneralman, li pi bon pou w fè ide a parèt klè nan esplikasyon w ap bay sou vèsè a. Apre w fin bay esplikasyon sou vèsè a, ou ka atire atansyon moun nan dirèkteman sou mo ki kore ide ou vle montre l la nan Bib la.

      FASON POU W APRANN METE AKSAN SOU MO YO

      • Anrapò ak nenpòt vèsè ou prevwa itilize, mande tèt ou: ‘Ki santiman pawòl sa yo mande pou m eksprime? Ki jan pou m eksprime santiman sa yo?’

      • Analize vèsè ou prevwa itilize yo. Egzamine yo chak, epi mande tèt ou: ‘Ki objektif vèsè m ap egzamine a genyen? Sou ki mo mwen dwe mete aksan pou m ka atenn objektif sa a?’

      EGZÈSIS: 1) Analize yon vèsè ou prevwa itilize nan predikasyon. Li l plizyè fwa, e fè sa avèk santiman ki apwopriye. Piske w gen fason ou prevwa itilize vèsè a nan lespri w, li l awotvwa pandan w ap mete aksan sou mo ou dwe mete l yo. 2) Nan youn nan piblikasyon n ap etidye yo, chwazi yon paragraf ki gen kèk vèsè yo site. Analize fason yo itilize vèsè sa yo. Note mo kle yo. Li tout paragraf la awotvwa yon fason pou w byen mete aksan sou mo kle ki gen nan vèsè yo.

  • Byen aplike vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • LESON 22

      Byen aplike vèsè yo

      Ki sa pou w fè?

      Asire w tout aplikasyon w ap fè sou yon vèsè ann amoni ak kontèks vèsè a e yo ann amoni ak tout Bib la. Aplikasyon yo ta dwe ann amoni tou ak sa “esklav fidèl ki prevwayan an” pibliye.

      Poukisa sa enpòtan?

      Se pa yon jwèt sa ye pou yon moun anseye lòt moun Pawòl Bondye a. Volonte Bondye se pou moun yo rive “gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:3, 4.) Sa mete yon responsablite sou do nou pou nou anseye Pawòl Bondye a yon fason ki egzak.

      LÈ W AP anseye lòt moun Pawòl Bondye a, sa mande plis pase annik li kèk vèsè avèk yo nan Bib la. Gade sa apot Pòl te ekri Timote, yon konpayon li: “Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun ki apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont e ki manyen pawòl verite a kòrèkteman.” — 2 Tim. 2:15.

      Pou nou ka fè sa, esplikasyon n ap bay sou vèsè yo dwe ann amoni ak sa Bib la anseye. Sa mande pou nou panse ak kontèks vèsè sa yo, olye nou annik chwazi kèk ekspresyon ki fè nou plezi e nou ajoute kèk ide pa nou. Jewova te sèvi ak pwofèt Jeremi pou l te avèti moun yo kont yon seri pwofèt ki te di y ap pale pawòl ki soti nan bouch Jewova, alòske sa yo t ap di yo se bagay ki soti “nan vizyon yo fè nan kè yo”. (Jer. 23:16.) Apot Pòl te avèti kretyen yo pou yo veye pou yo pa kontamine Pawòl Bondye a ak filozofi lèzòm lè l te ekri: “Nou abandone bagay k ap fèt an kachèt yo, bagay ki ta dwe fè moun wont yo. Nou pap aji avèk riz, ni nou pap tòde pawòl Bondye a.” Nan epòk sa a, kèk machann diven ki malonèt te konn mete dlo nan diven yo t ap vann pou yo te fè l vin plis e pou yo te fè plis lajan. Nou pap tòde Pawòl Bondye a, ni nou pap mele l ak filozofi lèzòm. Men sa Pòl te di ankò: “Nou pap mache vann pawòl Bondye a tankou anpil moun ap fè, men se avèk senserite n ap pale, wi, ansanm ak Kris, n ap pale devan je Bondye, antanke moun Bondye voye.” — 2 Kor. 2:17; 4:2.

      Pafwa, ou ka site yon vèsè pou w montre yon prensip. Labib chaje prensip ki bay bon direksyon pou ede nou fè fas ak yon bann sitiyasyon (2 Tim. 3:16, 17). Men, ou ta dwe asire w ou aplike vèsè a yon fason ki egzak e w pa mal sèvi avè l, sètadi ou pa fè l di sa ou menm ou vle l di (Sòm 91:11, 12; Mat. 4:5, 6). Aplikasyon w ap fè a dwe ann amoni ak objektif Jewova e li dwe ann amoni ak tout Pawòl Bondye a.

      Pou nou “manyen pawòl verite a kòrèkteman”, sa mande tou pou nou byen konprann sans sa Bib la di. Bib la se pa yon “bout baton” nou gen nan men nou pou nou fòse lòt moun aksepte opinyon nou. Anseyan relijye ki te opoze ak Jezi Kris yo te site pawòl ki sot nan Ekriti yo, men yo te fèmen je yo sou bagay ki te pi enpòtan yo, bagay Bondye mande yo, tankou bagay ki te gen rapò ak jistis, mizèrikòd e ak fidelite (Mat. 22:23, 24; 23:23, 24). Lè Jezi t ap anseye Pawòl Bondye a, li te demontre li gen menm pèsonalite ak Papa l. Zèl Jezi te genyen pou laverite te makònen ak lanmou l te genyen pou moun li t ap anseye yo. Nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou suiv egzanp li. — Mat. 11:28.

      Ki jan nou ka sèten nou byen aplike yon vèsè? Lekti nou fè nan Bib la regilyèman ap ede nou. Nou bezwen kowopere tou ak “esklav fidèl ki prevwayan an”, sa vle di gwoup kretyen Jewova chwazi pou al viv nan syèl la, ki la pou bay moun ki gen lafwa yo manje nan domèn espirityèl (Mat. 24:45). Lè nou fè etid pèsonèl nou, nou asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman e nou patisipe ladan yo regilyèman, sa ap ede nou byen pwofite enstriksyon Jewova ban nou pa mwayen esklav fidèl ki prevwayan an.

      Si liv Comment raisonner à partir des Écritures la disponib nan lang pa w e w aprann byen sèvi avè l, w ap jwenn enstriksyon ou bezwen yo san pwoblèm pou w byen aplike plizyè santèn vèsè nou itilize souvan nan predikasyon. Si w prevwa sèvi ak yon vèsè ou pa abitye, w ap montre w rekonèt limit ou lè w fè rechèch ki nesesè, yon fason pou w manyen pawòl verite a kòrèkteman lè w ap pale. — Pwo. 11:2.

      Fè yon aplikasyon ki byen klè. Lè w ap anseye lòt moun, asire w yo wè byen klè rapò ki genyen ant sijè w ap egzamine avèk yo a ak vèsè ou itilize yo. Si w te poze yon kesyon lè w t ap entwodui yon vèsè, moun k ap koute w yo ta dwe wè fason vèsè a reponn kesyon an. Si w sèvi ak yon vèsè pou w kore yon pwen, asire w moun w ap etidye avè l la wè byen klè fason vèsè a kore pwen sa a.

      An jeneral, li pa sifi pou w annik li yon vèsè, menmsi w mete aksan sou pati w dwe mete l la. Sonje, anpil moun pa abitye ak Labib e petèt yo pap konprann pwen w vle ede yo konprann nan apre yon sèl lekti. Kidonk, atire atansyon moun w ap pale avèk yo a sou pati nan vèsè a ki gen rapò dirèkteman ak sa w ap egzamine a.

      Pou w fè sa, an jeneral, lè w fin li vèsè yo, li nesesè pou w pran sèlman mo kle ki gen rapò dirèk ak pwen w ap egzamine a pou w pale sou yo. Teknik ki pi senp ou kapab itilize a, se repete mo kle sa yo. Si se ak yon sèl moun w ap pale, ou ka poze l kesyon k ap ede l idantifye mo kle yo. Gen kèk oratè, lè y ap pale ak yon gwoup moun, ki atenn objektif yo lè yo itilize mo ki gen menm sans ak mo kle yo oswa yo di ide a yon lòt fason. Men, si w chwazi suiv teknik sa a, veye pou moun k ap koute w yo wè rapò ki genyen ant pwen w ap egzamine a ak mo ki nan vèsè a.

      Lefètke w byen sèvi ak mo kle yo, ou poze yon bon baz. Kounye a, kontinye avèk aplikasyon vèsè a. Èske lè w t ap entwodui vèsè a, ou te di moun yo byen klè rezon ki fè w pral li l? Si w te fè sa, montre yo ki jan mo w mete aksan sou yo yo gen rapò ak sa w te vle montre yo a. Esplike yo rapò ki genyen an aklè. Menmsi w pa t entwodui vèsè a yon fason ki klè konsa, ou dwe fè aplikasyon an.

      Farizyen yo te poze Jezi yon kesyon yo te panse ki difisil, yo te mande l: “Èske yon gason gen dwa divòse ak madanm li pou nenpòt ki rezon?” Jezi te baze repons li te bay la sou Jenèz 2:24. N ap remake li te atire atansyon yo sou yon sèl pati nan vèsè a, ansuit, li te fè aplikasyon ki te nesesè a. Apre Jezi te fin montre yo yon gason ak yon fi vin “yon sèl chè”, men sa l te di pou l fini: “Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Mat. 19:3-6.

      Ki kantite esplikasyon ou dwe bay pou w fè aplikasyon yon vèsè parèt klè? Sa depann de moun k ap koute w yo ak enpòtans pwen w ap egzamine a. Men, se pou w senp e se pou w dirèk.

      Rezone sou vèsè yo. Anrapò ak travay predikasyon apot Pòl te fè nan Tesalonik, Travay 17:2, 3 di nou Pòl ‘te rezone avèk moun yo sou Ekriti yo’. Tout sèvitè Jewova ta dwe chèche devlope kapasite pou yo rezone ak lòt moun sou baz Ekriti yo. Pa egzanp, Pòl te bay moun Tesalonik yo kèk enfòmasyon anrapò ak lavi ak predikasyon Jezi, li te montre yo te deja anonse bagay sa yo nan Liv ki te ekri ann ebre yo epi li te fè yon aplikasyon ki te gen anpil fòs lè l te di yo: “Jezi m ap anonse nou an, se li ki Kris la.”

      Lè Pòl t ap ekri kretyen ebre yo, pandan plizyè fwa, li te site pawòl ki nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Pou l te mete aksan sou yon pwen oswa pou l te fè l pi klè, souvan, li te konn pran yon mo oswa yon ti gwoup mo epi li esplike sans li (Ebre 12:26, 27). Nan pòsyon nou jwenn nan Ebre chapit 3 a, Pòl te site kèk pawòl ki soti nan Sòm 95:7-11. W ap remake li te devlope twa pwen nan pasaj sa a: 1) kesyon “kè” yo pale de li a (Ebre 3:8-12), 2) sans ekspresyon “jodi a” ​(Ebre 3:7, 13-15; 4:6-11) e 3) sans deklarasyon ki di: “Yo pap antre nan repo m nan.” ​(Ebre 3:11, 18, 19; 4:1-11). Fè tout efò w pou w suiv egzanp sa a chak fwa w ap aplike yon vèsè.

      Gade jan Jezi te byen rezone sou Ekriti yo nan istwa nou jwenn nan Lik 10:25-37 la. Yon mesye ki te byen konn Lalwa te mande l: “Anseyan, ki sa pou m fè pou m jwenn lavi ki pap janm fini an?” Pou Jezi te reponn mesye a, li te envite l bay pwennvi l sou kesyon an, epi Jezi te mete aksan sou enpòtans sa genyen pou moun fè sa Pawòl Bondye a di. Lè l te parèt klè mesye a pa t konprann pwen an, Jezi te pran tan pou l egzamine yon sèl mo nan pasaj li te site a. Sèl mo sa a se: “pwochen.” Olye l te annik defini mo sa a, li te bay yon egzanp pou l ede mesye a byen konprann pwen an.

      Li klè, lè Jezi t ap reponn kesyon, li pa t annik site vèsè ki te bay yon repons dirèk, yon repons klè. Li te analize sa vèsè yo di, epi apre sa, li fè yon aplikasyon sou kesyon yo te poze l la.

      Lè Sadiseyen yo te mete esperans rezirèksyon an an dout, Jezi te atire atansyon yo sou yon pati presi nan Egzòd 3:6. Men, li pa t annik site vèsè a epi li fini. Li te rezone sou li pou l te montre yo byen klè esperans rezirèksyon an fè pati objektif Bondye. — Mak 12:24-27.

      Si w vle vin yon bon anseyan, li trèzenpòtan pou w chèche gen plis ladrès pou w byen rezone ak moun yo sou Bib la.

      FASON POU W VIN GEN TEKNIK SA A

      • Li Labib regilyèman. Byen etidye atik Toudegad yo epi byen prepare reyinyon kongregasyon an.

      • Asire w ou konnen sans mo ki nan chak vèsè ou prevwa itilize. Li vèsè yo avèk atansyon yon fason pou w ka byen konprann sa yo di ladan yo.

      • Pran abitid fè rechèch nan piblikasyon yo.

      EGZÈSIS: Rezone sou sans 2 Pyè 3:7. Èske vèsè sa a pwouve pral gen yon dife k ap detwi tè a? (Lè w ap defini mo “tè” a, egzamine tout sa mo “syèl” la vle di. Ki vèsè ki montre yo ka itilize mo “tè” a nan yon sans senbolik? Kiyès oswa ki sa ki pral detwi toutbonvre, jan yo di sa nan vèsè 7 la? Ki jan sa ann amoni ak sa k te rive nan epòk Noye a, jan yo pale de sa nan vèsè 5 ak vèsè 6 la?)

  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
    • LESON 23

      Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

      Ki sa pou w fè?

      Ede moun k ap koute w yo wè ki jan sijè w la konsène lavi yo oswa ki jan yo ka aplike l yon fason pou yo ka jwenn byenfè.

      Poukisa sa enpòtan?

      Si moun yo pa wè ki jan sa w ap di yo a ka itil yo, yo ka di w yo pa enterese oswa yo ka kite lespri yo al byen lwen.

      KIT w ap pale ak yon sèl moun, kit w ap pale ak yon pakèt moun, li pa saj pou w panse moun k ap koute w la (oswa moun k ap koute w yo) ap enterese ak sijè w la senpleman paske ou menm ou enterese ladan l. Sa w ap di yo enpòtan, men si w pa montre moun yo aklè ki jan yo ka itil yo, petèt ou pap rive kapte atansyon yo pou lontan.

      Menmsi moun k ap koute w yo se nan Sal Wayòm nan yo ye, sa kapab rive tou. Yo ka koute w lè w bay yon egzanp oswa lè w rakonte yon eksperyans yo pa t tande anvan. Men, yo ka sispann koute w lè w ap pale sou bagay yo konnen deja, sitou si w pa fè kèk bon kòmantè sou bagay sa yo. Ou bezwen ede yo wè poukisa sa w ap di yo enpòtan pou yo toutbonvre e ki jan sa ap fè yo jwenn bonjan byenfè.

      Bib la ankouraje nou pou nou reflechi sou fason nou ka aplike sa nou aprann yo (Pwo. 3:21). Jewova te sèvi ak Jan ki t ap batize moun nan pou l dirije pèp la pou yo “vin gen sajès pratik moun ki jis yo genyen”. (Lik 1:17.) Sajès sa a se yon sajès ki anrasinen nan bonjan krent yon moun genyen pou Jewova (Sòm 111:10). Moun ki bay sajès sa a enpòtans byen reyisi lavi yo jodi a e yo kenbe lavi toutbon an fèm, lavi ki pap janm fini k ap vini an. — 1 Tim. 4:8; 6:19.

      Fè yon diskou k ap itil moun yo. Pou diskou w la itil moun yo, ou dwe byen reflechi nonsèlman sou enfòmasyon yo, men tou, sou moun k ap koute w yo. Pa annik reflechi sou moun yo antanke gwoup. Pami moun sa yo, genyen ki poukont yo e genyen se fanmi yo ye. Ka gen timoun, adolesan, granmoun ak kèk moun ki aje. Ka gen moun ki nouvo ak moun ki kòmanse sèvi Jewova lontan anvan w te fèt. Gen moun ki gen matirite nan domèn espirityèl, gen lòt ki ka kite atitid moun nan monn nan ak konduit yo enfliyanse yo toujou. Mande tèt ou: ‘Ki jan m ka fè pou enfòmasyon m pral egzamine yo itil moun k ap koute m yo? Ki jan m ka ede yo konprann sa m ap egzamine yo?’ Ou ka chwazi konsantre w sou youn oswa de nan kategori moun nou sot site yo. Men, pa bliye lòt kategori yo nèt.

      Ki sa pou w fè si yo ba w fè yon diskou ki pale sou yon ansèyman fondamantal ki gen nan Bib la? Ki jan w ka fè yon diskou konsa itil moun ki deja kwè nan ansèyman sa a? Chèche ranfòse kwayans sa a yo deja genyen an. Ki jan w ka fè sa? Lè w rezone sou prèv nou jwenn nan Bib la ki soutni ansèyman sa a. Ou ka fè yo gen plis apresyasyon tou pou ansèyman sa a nou jwenn nan Bib la. Ou ka fè sa lè w montre yo ki jan ansèyman sa a ann amoni ak lòt verite ki nan Bib la e ki jan l ann amoni tou ak pèsonalite Jewova. Bay kèk egzanp, petèt kèk eksperyans ki baze sou sa ki te rive toutbon nan lavi kèk moun, ki montre lefètke yo te konprann ansèyman sa a, ki byen sa te pote pou yo e ki jan sa te enfliyanse pwennvi yo sou lavni.

      Pou w fè aplikasyon pou moun yo, ou pa ta dwe annik di kèk ti pawòl tou kout nan konklizyon diskou a. Depi nan kòmansman diskou a, chak moun pami moun k ap koute w yo ta dwe santi pwen w ap devlope yo konsène yo. Lè w fin poze baz sa a, kontinye fè aplikasyon k ap itil moun yo ofiramezi w ap devlope chak pwen prensipal yo pou w rive jis nan fen diskou a.

      Lè w ap fè aplikasyon, asire w ou fè sa yon fason ki ann amoni ak prensip biblik yo. Ki sa sa vle di? Sa vle di ou dwe fè sa yon fason ki demontre ou renmen moun yo e w mete w nan plas yo (1 Pyè 3:8; 1 Jan 4:8). Menm lè apot Pòl t ap rankontre pwoblèm nan Tesalonik, li te asire l li mete aksan sou aspè pozitif nan pwogrè frè ak sè ki nan zòn sa a te fè nan domèn espirityèl. Anrapò ak sa l t ap di yo a, li te demontre tou li gen konfyans yo t ap dispoze fè sa ki dwat (1 Tes. 4:1-12). Sa se yon bèl egzanp pou nou imite!

      Èske objektif diskou w la se motive moun yo pou yo patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl la ak travay fè disip la? Ede moun yo pou yo plis chofe pou yo patisipe nan travay sa a e pou yo plis apresye privilèj sa a. Men, pandan w ap fè sa, ou dwe sonje tout moun pa ka patisipe nan travay sa a nan menm degre, e Bib la pale sou sa (Mat. 13:23). Pa fè frè yo santi yo koupab. Ebre 10:24 egzòte nou pou “youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. Si nou pouse yo gen lanmou, y ap fè aksyon ki baze sou bon mobil yo genyen. Olye nou chèche fòse yo pou yo tout fè menm jan, annou rekonèt sa Jewova vle nou fè se ankouraje yo ‘pou yo demontre lafwa yo e pou yo obeyi l’. (Wom. 16:26.) Lè nou gen sa nan lespri nou, n ap chèche fòtifye ni lafwa pa nou ni lafwa frè nou yo.

      Ede yo wè ki jan sa w di yo ap itil yo. Lè w ap bay lòt moun temwayaj, pa bliye montre yo ki jan bon nouvèl la ap itil yo. Pou w fè sa, sa mande pou w pran an konsiderasyon sa ki okipe lespri moun ki nan tèritwa w yo. Ki jan w ka konnen sa k okipe lespri yo? Koute nouvèl y ap bay nan radyo oswa nan televizyon. Gade premye paj nan jounal yo. Epitou, fè efò pou w ankouraje moun yo pale e koute yo lè y ap pale. Ou ka wè y ap goumen ak yon seri pwoblèm y ap rankontre tankou yo pèdi travay yo, yo bezwen peye kay, yo malad, yon manm fanmi yo mouri, y ap fè fas ak ensekirite, moun ki gen otorite fè yo enjistis, maryaj yo kraze, yo pa gen kontwòl sou timoun yo, elatriye. Èske Labib ka ede yo? Wi, pa gen dout nan sa.

      Lè w ap kòmanse yon konvèsasyon avèk yon moun, sandout ou gen yon sijè nan lespri w. Men, si moun nan montre gen yon lòt bagay ki enterese l kounye a, pa ezite pale avè l sou li pito, si w anmezi pou w fè sa, oswa ofri l pou w retounen pote kèk enfòmasyon k ap itil li. Natirèlman, nou evite ‘mele nan sa k pa gade nou’, men nou kontan fè moun yo jwenn konsèy Bib la bay ki la pou ede yo (2 Tes. 3:11). Li klè, konsèy k ap pi grave nan lespri moun yo, se konsèy Bib la bay ki gen rapò ak lavi pa yo.

      Si yon moun pa ka wè ki rapò mesaj nou an genyen ak lavi l, li ka sispann konvèsasyon n ap fè avèk li a menm kote a. Menmsi l kite nou pale, si nou pa montre l ki jan sijè n ap pale avèk li a ka itil li, mesaj nou an ka pa gen twòp efè sou lavi l. Men, si nou montre l ki jan mesaj nou an ap itil li, konvèsasyon nou fè avèk li a ka fè yon gwo chanjman fèt nan lavi l.

      Lè w ap fè etid biblik ak moun yo, kontinye mete aksan sou pwen k ap itil yo (Pwo. 4:7). Ede etidyan w yo konprann konsèy, prensip ak egzanp ki soti nan Bib la ki montre yo jan pou yo mache nan chemen Jewova yo. Mete aksan sou byenfè y ap jwenn si yo fè sa (Iza. 48:17, 18). Sa ap pouse yo fè chanjman ki nesesè nan lavi yo. Ede yo pou yo vin renmen Jewova, pou yo anvi fè l plezi e pou yo deside poukont yo pou yo aplike konsèy ki soti nan Pawòl li a.

      FASON POU W FÈ SA

      • Lè w ap prepare yon diskou, nonsèlman ou bezwen reflechi sou enfòmasyon yo, men tou, ou bezwen reflechi sou moun k ap koute w yo. Prezante enfòmasyon yo yon fason k ap vrèman itil yo.

      • Pa kite se lè w rive nan konklizyon diskou a pou w fè aplikasyon k ap itil moun yo. Ou dwe fè sa pandan tout diskou a.

      • Lè w ap prepare w pou w al nan predikasyon, egzamine ki sa ki okipe lespri moun ki nan tèritwa w la.

      • Lè w ap preche yon moun, byen koute l, epi adapte sa w ap di yo avè l.

      EGZÈSIS: Egzamine kèk Ministè Wayòm ou genyen, chwazi youn oswa de nan prezantasyon yo bay, ou santi k ap itil moun ki nan tèritwa w la anpil. Itilize prezantasyon yo lè w ap preche.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje