BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Gwo soufrans lanmò pote
    Reveye n! — 2018 | No. 3
    • Yon mesye ki nan gwo lapenn ki chita poukont li nan yon restoran.

      ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN

      Gwo soufrans lanmò pote

      “Mwen menm ak Sophiaa te gen plis pase 39 an depi nou marye lè Sophia te vin fè yon maladi ki te fè anpil tan sou li jiskaske l touye l. Zanmi m yo te soutni m anpil, e mwen te toujou chèche gen yon bagay pou m fè. Men, mwen te fè ennan ap soufri anpil. Mwen pa t ka kontwole jan m santi m, yon lè m anfòm, yon lè m pa anfòm. Sa fè twazan depi Sophia mouri, men pou jis kounye a, souvan, mwen konn annik rete konsa epi m santi yon gwo tristès anvayi m.” — Kostas.

      Èske w gen yon moun ou renmen ki mouri? Si se wi, petèt ou konprann jan Kostas santi l la. Pa gen anpil bagay ki ka bay plis strès ak soufrans pase lè mari oswa madanm yon moun mouri, lè yon moun nan fanmi nou oswa yon zanmi nou nou renmen anpil mouri. Espesyalis ki fè rechèch sou gwo soufrans lanmò pote dakò ak sa. Gen yon atik ki te soti nan yon jounal ki fè konnen “lè yon moun nou renmen mouri, anpil nan nou nan gwo soufrans paske nou pap janm wè moun nan ankò”. (The American Journal of Psychiatry.) Soufrans sa a gendwa fè n ap mande tèt nou: ‘Ki lè m ap sispann santi m konsa? Èske kè m ap janm kontan ankò? Ki sa k ka soulaje m?’

      N ap jwenn repons pou kesyon sa yo nan peryodik sa a. Atik ki vin apre a pral montre ki jan w ka santi w si w fèk gen yon moun pa w ki mouri. Lòt atik yo pral bay kèk konsèy ki ka ede w soufri mwens.

      Nou swete ak tout kè n pou pwen nou pral egzamine yo pote rekonfò ak bonjan èd pou nenpòt moun k ap fè fas ak gwo soufrans lanmò pote.

      a Yo chanje non kèk moun ki nan seri atik sa yo.

  • Fason w ka santi w
    Reveye n! — 2018 | No. 3
    • Mari ak madanm ki nan gwo lapenn.

      ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN

      Fason w ka santi w

      Byenke gen kèk espesyalis ki fè konnen gen plizyè fason moun montre yo nan lapenn, tout moun pa montre lapenn yo menm jan. Lefètke tout moun pa montre lapenn yo menm jan lè yo gen moun pa yo ki mouri, èske sa vle di kèk nan yo soufri mwens oswa y ap “kache” soufrans lan? Nou pa ka kouri di sa. Se vre lè yon moun pa kache lapenn li, sa ka gen yon bon efè sou li, men, pa gen “yon sèl fason” pou moun rive fè fas ak lanmò yon moun li renmen. Sa plis depann de kilti yon moun, tanperaman l, eksperyans li fè nan lavi a, epitou ak fason moun li renmen an mouri an.

      GWO EFÈ SA KA GENYEN

      Moun ki nan lapenn yo ka pa konnen ki jan y ap santi yo apre moun pa yo a fin mouri. Sepandan, gen kèk fason yo santi yo ak yon seri difikilte yo konn jwenn se tout moun ki konn santi yo konsa oswa ki konn fè fas ak difikilte sa yo, e byen souvan, yo ka gentan prepare lespri yo pou sa. Ann egzamine kèk pwen:

      Ou santi w pa kapab ankò. Sa ka rive w kriye anpil, ou santi fòk moun nan ta avè w, e dèfwa ou gendwa annik rete konsa ou pa sou san w. Gen yon seri bagay ou te viv ak moun nan ki ka fè w sonje l e w gendwa fè yon seri rèv ki ka jwe sou emosyon w. Okòmansman, ou gendwa pran yon gwo chòk lè w aprann moun nan mouri e w pa ka kwè sa. Tina sonje jan li te reyaji lè Timo, mari l, te mouri sanzatann. Men sa l di: “Okòmansman, mwen pa t santi anyen. Mwen pa t menm ka kriye. Sa te tèlman twòp pou mwen pafwa mwen konn twouve l difisil pou m respire. Mwen te jis pa t ka kwè sa k te rive a.”

      Ou santi w koupab, ou fache, ou ka gen gwo kè kase detanzantan, e anpil moun konn konsa tou. Men sa Ivan di: “Apre Eric, pitit gason nou an ki te gen 24 an, te fin mouri, pandan yon bon tan mwen menm ak Yolanda madanm mwen te fache anpil pou sa k te rive a! Kòm nou pa t moun ki renmen fache, nou te sezi pou reyaksyon sa a nou te genyen an. Nou te santi nou koupab tou paske nou te vin ap mande tèt nou si nou pa t ka fè plis bagay pou ede pitit gason nou an.” Men sa Alejandro te di, li menm madanm li te mouri apre madanm li te fin fè yon maladi ki te fè anpil tan sou li jiskaske l touye l: “Okòmansman, mwen te santi si Bondye kite m ap soufri tout soufri sa a se petèt paske mwen se yon move moun. Apre sa, mwen te santi m koupab paske mwen t ap blame Bondye pou sa k te rive a.” Kostas li menm, nou te pale de li nan premye atik la, di: “Pandan yon tan, mwen te menm fache kont Sophia poutèt li te mouri. Apre sa, mwen te santi m koupab poutèt mwen te santi m konsa. An reyalite, se pa t fòt Sophia.”

      Ou pa ka reflechi byen. Ka gen moman kote gen plizyè panse k ap pase nan tèt ou e yo ka pa lojik. Pa egzanp, yon moun ki gen moun pa l ki mouri ka panse moun ki mouri a ka tande, ka wè oswa gen santiman. Oswa moun ki gen moun pa l ki mouri a ka twouve l difisil pou l konsantre oswa pou l sonje yon seri bagay. Men sa Tina di: “Dèfwa, mwen nan yon konvèsasyon men mwen rann mwen kont tèt mwen pa la! Sèl sa k nan tèt mwen se tout sa ki te pase ki gen rapò ak lanmò Timo a. Lefètke m pa t ka rive konsantre m, sa te strese m.”

      Ou anvi ret poukò w. Ou ka santi nenpòt ti bagay kontrarye w oswa w ka santi w pa alèz lè w bò kot lòt moun. Men sa Kostas di: “Lè m te ak moun ki marye, mwen te santi m pa nan plas mwen. E m te santi m menm jan an tou lè m ak selibatè.” Men sa Yolanda, madanm Ivan, sonje: “Li te vrèman difisil pou m ret bò kote moun k ap plenyen pou yon seri pwoblèm ki pa reprezante anyen devan pwoblèm pa nou yo! Gen lòt moun yo menm ki te konn ap di nou bon bagay pitit yo ap fè. Mwen te kontan pou yo men anmenmtan mwen te twouve l difisil pou m koute yo. Mari m avè m te konprann nou dwe kontinye viv, men nou pa t ni anvi ni gen ase pasyans pou nou tande jan de konvèsasyon sa yo.”

      Ou gen pwoblèm sante. Menm jan ak anpil lòt moun, ou ka pa gen apeti, ou ka ap gwosi oswa w ap vin piti, epi li ka difisil pou w dòmi. Men sa Aaron sonje ki te rive l nan menm ane papa l mouri a: “Mwen pa t ka dòmi menm. Chak swa mwen te konn pantan nan dòmi nan menm lè a e m te konn ap panse ak lanmò papa m.”

      Alejandro sonje li te konn gen yon seri pwoblèm sante men doktè pa t ka wè sa l genyen. Men sa l di: “Pandan plizyè fwa, doktè te konsilte m e tout bagay te toujou anfòm. Mwen sispèk se gwo lapenn mwen an ki te konn aji sou sante m.” Men tank tan t ap pase, li te vin santi l byen. Anfèt, se yon bon desizyon Alejandro te pran lefètke li t al kay doktè. Lè yon moun nan gwo lapenn sa febli sistèm defans kò a, sa ka lakòz li vin gen yon pwoblèm sante oswa sa ka fè yon pwoblèm sante li te deja genyen vin pi mal.

      Ou gen difikilte pou w fè bagay ki enpòtan yo. Men sa Ivan di: “Lè Eric mouri, nou te dwe fè fanmi nou ak zanmi nou konn sa, san wete lòt moun tankou patwon Eric ak moun li te lwe kay nan men l lan. Mete sou sa, te gen yon pakèt papye legal pou ranpli. Apre sa, nou te gen pou n al nan zafè pèsonèl li yo. Tout bagay sa yo te mande anpil konsantrasyon alòske nou te fatige mantalman, fizikman ak afektivman.”

      Men pou kèk moun, pi gwo pwoblèm nan vini apre lè yo oblije fè yon seri bagay moun yo renmen ki mouri a te konn fè. Tina te viv sa, men sa l di: “Se Timo ki te konn regle bagay ki gen rapò ak labank ansanm ak lòt bagay ki gen rapò ak kòb. Kounye a, se mwen ki oblije fè tout bagay sa yo e sa fè m pi strese toujou. Èske m t ap ka rive fè tout bagay sa yo jan yo dwe fèt la?”

      Difikilte nou te pale de yo pi wo yo montre jan sa vrèman difisil pou yon moun fè fas ak gwo lapenn li genyen. An reyalite, lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, se pa ti lapenn sa ka pote. Men, yon moun ki fèk gen moun pa l ki mouri e ki konn tout lapenn sa ka pote ap jwenn fòs pou l fè fas ak sitiyasyon sa a. Epitou, sonje se pa tout moun k ap viv tout sa nou sot site la yo lè yo gen moun pa yo ki mouri. Anplis de sa, sa kapab soulaje yon moun ki nan gwo lapenn lefètke l konnen li toutafè nòmal pou l santi l jan l ye a.

      ÈSKE KÈ M AP JANM KONTAN ANKÒ?

      Sa k ka rive: Rive yon lè, gwo lapenn yon moun santi lè l gen moun pa l ki mouri ap diminye. Sa pa vle di moun nan pral santi li byen nèt oswa l ap bliye moun pa l ki mouri a. Men, tikras pa tikras, gwo soufrans li te santi a ap bese. Soufrans lan ka tounen ankò lè lide l frape sou moun nan sanzatann oswa lè dat moun nan mouri a rive, lè se anivèsè yon seri evènman, tankou maryaj. Men, rive yon lè pifò moun konn rive jwenn ekilib yo e yo rive rekòmanse fè aktivite yo te konn fè chak jou nan lavi a. Nou plis wè sa nan ka kote moun ki nan lapenn nan gen fanmi l oswa zanmi l k ap soutni l, oswa moun nan fè yon seri bagay ki rezonab pou l rive fè fas ak lapenn nan.

      Konbyen tan sa ap dire? Pou kèk moun, sa gendwa pran plizyè mwa. Pou anpil lòt, yo ka kòmanse santi amelyorasyon sou ennan oswa dezan. E gen kèk moun ki ka menm bezwen plis tana. Men sa Alejandro fè konnen: “Mwen te kontinye gen gwo lapenn pandan anviwon twazan.”

      Se pou w pasyan ak tèt ou. Viv chak jou san w pa bezwen mande ki jan demen ap ye, fè sa w santi w ka fè epi konnen gwo lapenn sa a ou santi a pap toujou rete konsa. Kidonk, èske gen bagay ou ka fè ki ka soulaje w depi kounye a e ki ka menm anpeche soufrans lan pran yon kantite tan ki pa vrèman nesesè?

      Li toutafè nòmal pou w santi w konsa lè w nan gwo lapenn.

      a Pou yon ti gwoup moun, soufrans pa yo gendwa tèlman rèd epi pran anpil tan opwen sa ka fè mounn nan toujou nan lapenn. Moun sa yo ka bezwen al wè yon doktè ki jere ka sante mantal.

  • Sa w ka fè depi jodi a pou w fè fas ak gwo lapenn
    Reveye n! — 2018 | No. 3
    • Moun ki bò lanmè k ap monte kap ak moun k ap fè foto

      ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN

      Sa w ka fè depi jodi a pou w fè fas ak gwo lapenn

      Si w ap chèche konn sa pou w fè pou w rive fè fas ak gwo lapenn lanmò pote, li pwobab pou w jwenn anpil konsèy sou sa, e gen kèk nan yo ki pi itil pase lòt. Jan nou te di sa nan atik anvan an, petèt sa rive fèt paske tout moun pa montre soufrans yo menm jan. Yon bagay gendwa mache pou yon moun epoutan li pa mache pou yon lòt.

      Aktout sa, gen yon seri konsèy ki byen fonde anpil moun twouve ki pratik. Espesyalis ki konn bay moun ki nan gwo lapenn konsèy konn fè referans ak konsèy sa yo. Konsèy sa yo gen anpil prensip moun ka fè konfyans e nou ka jwenn nan yon liv ki la depi byen lontan e ki gen konsèy saj, anpalan de Labib.

      1: AKSEPTE ÈD NAN MEN FANMI W AK ZANMI W

      • Moun ki bò lanmè k ap monte kap ak moun k ap fè foto

        Gen kèk espesyalis ki panse se pi bon fason pou yon moun rive fè fas ak gwo lapenn li santi. Men pafwa, sa ka rive ou anvi ret poukò w. Ou gendwa menm fache sou moun k ap eseye ede w yo e se yon reyaksyon ki nòmal.

      • Pa panse w oblije toujou gen moun bò kote w, men pa fè yo santi ou pa bezwen yo nonplis. Anfèt, ou ka bezwen èd ak sipò yo pi devan. Avèk jantiyès, fè lòt moun konnen sa w bezwen nan moman an ak sa w pa bezwen.

      • Selon sa w wè w bezwen an, chèche jwenn yon ekilib ant tan w ap pase ak lòt moun ak tan w ap pase poukont ou.

      PRENSIP: “De pi bon pase youn [...] Paske, si youn nan yo tonbe, lòt la kapab ede zanmi l lan kanpe.” — Eklezyas 4:9, 10.

      2: FÈ ATANSYON AK SA W AP MANJE EPI REZÈVE TAN POU W FÈ EGZÈSIS

      • Lè w manje yon fason ki ekilibre, sa ap ede w jere strès moun konn genyen lè yo nan gwo lapenn. Eseye manje divès kalite fwi, legim ak manje ki gen pwoteyin ladan yo.

      • Bwè anpil dlo ak lòt bwason ki bon pou kò a.

      • Si w pa gen apeti, manje yon ti bagay detanzantan. Ou ka mande doktè w sa l panse si w ta pran vitamina.

      • Fè ti mache vit oswa fè lòt egzèsis ka diminye santiman negatif ou yo. Lè w fè egzèsis, sa ka ede w jwenn tan pou w reflechi sou lanmò a oswa sa ka ede w fè yon ti bliye l.

      PRENSIP: “Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l.” — Efezyen 5:29, Bib la.

      3: BYEN DÒMI

      • Yon kabann

        Li enpòtan anpil pou moun dòmi, men li pi enpòtan toujou pou moun ki nan gwo lapenn yo dòmi etandone yo gendwa pi fatige pase nenpòt lòt lè.

      • Veye sou kantite kafe ak alkòl w ap bwè paske sa ka anpeche w dòmi.

      PRENSIP: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — Eklezyas 4:6.

      4: SE POU W APRANN ADAPTE W

      • Yon dam ki nan gwo lapenn k ap di yon zanmi l sa l santi

        Ou bezwen konnen tout moun pa reyaji menm jan lè yo nan gwo lapenn. Finalman, se ou k ap bezwen konnen ki sa k ap pi bon pou ou.

      • Gen anpil moun ki twouve sa ede yo lè yo pale ak lòt moun konsènan sa yo santi, tandiske gen lòt moun yo menm ki prefere pa fè sa. Espesyalis yo gen divès opinyon sou kesyon si li vrèman enpòtan pou yon moun ki nan gwo lapenn di sa l santi pou l ka santi l byen. Si w santi w bezwen ouvri kè w bay yon bon zanmi w men ou yon ti jan jennen, ou ka twouve li pi fasil pou se tikras pa tikras ou di l jan w santi w.

      • Gen moun ki twouve lè yo kriye anpil sa ede yo, tandiske sanble gen lòt moun yo menm menmsi yo pa kriye anpil, sa ede yo fè fas ak gwo lapenn yo genyen an.

      PRENSIP: “Se chak moun ki konnen soufrans yo.” — Pwovèb 14:10, New International Version.

      5: EVITE FÈ YON SERI BAGAY KI PA BON POU OU

      • Yon mesye k ap bwè alkòl

        Gen moun ki gen moun pa yo ki mouri ki lage kò yo nan bwè alkòl oswa nan pran dwòg yon fason pou yo eseye soulaje soufrans yo. Lè yo fè sa, se pi mal y ap vin pi mal. Kèlkeswa soulajman yon moun ta gendwa jwenn nan, se pou yon ti tan, e annapre sa ap gen move konsekans. Eseye lòt metòd pou w soulaje enkyetid ou men ki pap fè w ditò.

      PRENSIP: “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki [...] sal.” — 2 Korentyen 7:1.

      6: BYEN JERE TAN W

      • Yon bagay anpil moun twouve ki ede yo pou yo pa nan lapenn toutan, se pran tan pou yo fè yon aktivite ki ede yo retire lespri yo sou soufrans lan.

      • Pandan yon tan, ou ka santi w jwenn fòs lè w chèche fè nouvo zanmi oswa fè amitye w ak lòt moun vin pi solid, lè w aprann yon bagay oubyen lè w pran ti detant.

      • Tank tan ap pase, se sèten ap vin gen chanjman. Ou gendwa remake ou vin panse ak moun nan mwens, sa ki montre ou sou wout pou w geri.

      PRENSIP: “Gen yon lè pou tout bagay, [...] yon lè pou moun kriye ak yon lè pou moun ri, yon lè pou moun rele paske yo nan lapenn ak yon lè pou moun danse.” — Eklezyas 3:1, 4.

      7: GEN YON BON PWOGRAM

      • Yon dam k ap planifye yon bon pwogram

        Kou sa posib, chèche gen yon bon pwogram.

      • Lè w chèche gen yon bon pwogram, tankou yon lè pou dòmi, yon lè pou travay ak yon lè pou fè kèlkeswa lòt aktivite a, li pwobab pou w santi w rekòmanse jwenn ekilib ou.

      • Lè w gen anpil bon aktivite pou w fè, sa ap ede w fè fas ak tristès ou genyen an.

      PRENSIP: “Paske, l ap difisil pou moun sa a rann li kont valè pwoblèm li jwenn pandan kèk jou li fè ap viv la, piske vrè Dye a fè l viv ak kè kontan.” — Eklezyas 5:20.

      8: PA KOURI PRAN GWO DESIZYON

      • Anpil moun ki pran gwo desizyon tousuit apre yon moun yo renmen anpil mouri konn regrèt sa.

      • Si sa posib, kite yon kantite tan ki rezonab pase anvan w deside si w ap kite kote w ap viv la, si w ap chanje travay oubyen si w ap debarase w ak afè pèsonèl moun ou renmen an.

      PRENSIP: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” — Pwovèb 21:5.

      9: FÈ KÈK BAGAY K AP EDE W SONJE MOUN NAN

      • Yon mesye k ap montre zanmi l yo foto madanm li ki mouri

        Anpil moun ki pèdi yon moun pa yo konn twouve sa ede yo lè yo fè kèk bagay ki ede yo sonje moun nan.

      • Sa ka gen bon efè sou ou lè w rasanble foto, kèk lòt bagay ki fè w sonje moun nan oubyen lè w ekri kèk bagay ou te viv ak moun nan oswa kèk istwa ki fè w sonje l.

      • Sere kèk bagay ki fè w sonje bèl ti moman nou te pase ansanm, epi, pi devan, lè w santi w kapab, regade bagay sa yo ankò.

      PRENSIP: “Sonje tan lontan.” — Detewonòm 32:7.

      10: PRAN TI VAKANS

      • Ou ka planifye pou w pran vakans.

      • Si w poko ka pran vakans ki long, pran yon jou oswa de jou pou w fè yon ti bagay ki enteresan tankou, al flannen nan mòn, al nan plaj oswa fè yon ti vwayaj nan machin.

      • Menm yon ti chanjman w fè nan pwogram ou ka ba w fòs pou w fè fas ak gwo lapenn ou genyen an.

      PRENSIP: “Nou menm, vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo.” — Mak 6:31.

      11: EDE LÒT MOUN

      • Yon jèn dam k ap ede yon granmoun fè pwovizyon

        Sonje sa, kèlkeswa lè w ede yon moun sa ap pwofitab pou ou menm tou.

      • Pou kòmanse, ede lòt moun ki nan lapenn menm jan avè w akoz moun sa a ki mouri a. Se gendwa zanmi oswa moun nan fanmi an ki bezwen yon moun ki ka konprann jan yo santi yo.

      • Lè w ede lòt moun e w konsole yo sa ka fè w gen lajwa ankò e sa ka fè w fikse yon objektif ou pa t menm genyen anvan sa.

      PRENSIP: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

      12: REFLECHI SOU SA KI PI ENPÒTAN NAN LAVI W

      • Lè yon moun nan gwo lapenn, sa ka ede l byen konprann sa k vrèman enpòtan.

      • Pwofite okazyon sa a pou w reflechi sou fason w ap viv.

      • Fè chanjman anrapò ak sa k pi enpòtan pou ou toutotan w santi sa nesesè.

      PRENSIP: “Li pi bon pou yon moun al nan kay ki gen lanmò pase l al nan kay kote y ap fè fèt, paske lanmò met fen nan lavi tout moun, e moun ki vivan yo dwe reflechi sou sa.” — Eklezyas 7:2.

      FÈ FAS AK GWO LAPENN | REZIME

      • 1: AKSEPTE ÈD NAN MEN FANMI W AK ZANMI W

        Selon sa w wè w bezwen an, chèche jwenn yon ekilib ant tan w ap pase ak lòt moun ak tan w ap pase poukont ou.

      • 2: FÈ ATANSYON AK SA W AP MANJE EPI REZÈVE TAN POU W FÈ EGZÈSIS

        Manje manje ki bon pou kò a, bwè anpil dlo epi fè egzèsis yon fason ki rezonab.

      • 3: BYEN DÒMI

        Rekonèt dòmi enpòtan pou fè fas ak fatig lapenn nan pote.

      • 4: SE POU W APRANN ADAPTE W

        Piske tout moun pa reyaji menm jan lè yo nan gwo lapenn, chèche konnen sa k ap pi bon pou ou.

      • 5: EVITE FÈ YON SERI BAGAY KI PA BON POU OU

        Evite lage kò w nan bwè alkòl oswa nan pran dwòg, sa k ap ba w plis pwoblèm olye sa ede w.

      • 6: BYEN JERE TAN W

        Toutpandan w nan gwo lapenn, chèche ti moman pou pase ak lòt moun oswa pou w detann ou.

      • 7: GEN YON BON PWOGRAM

        Eseye rejwenn ekilib ou lè w chèche gen yon bon pwogram.

      • 8: PA KOURI PRAN GWO DESIZYON

        Si sa posib, kite yon ane pase anvan w pran gwo desizyon ou ka regrèt annapre.

      • 9: FÈ KÈK BAGAY K AP EDE W SONJE MOUN NAN

        Rasanble foto ak kèk lòt bagay ki fè w sonje moun nan oubyen ekri kèk bagay ou te viv ak moun nan oswa kèk istwa ki fè w sonje l.

      • 10: PRAN TI VAKANS

        Pran tan pou w fè yon lòt bagay menmsi se pou sèlman yon jou oswa yon pati nan jounen an pou w pa ret konsantre sou lapenn nan.

      • 11: EDE LÒT MOUN

        Regade sa k pi enpòtan pou ou lè w fè yon seri bagay pou ede lòt moun, san wete moun ki nan lapenn poutèt moun ou renmen ki mouri a.

      • 12: REFLECHI SOU SA KI PI ENPÒTAN NAN LAVI W

        Sèvi ak sitiyasyon sa a pou w gade sa k enpòtan pou ou toutbon, e si sa nesesè, fè ajisteman nan sa k pi enpòtan pou ou yo.

      An reyalite, pa gen anyen ki ka fè w sispann soufri nèt. Men, anpil moun ki gen moun pa yo ki mouri fè konnen lè yo suiv bonjan konsèy, tankou sa nou jwenn nan atik sa a, sa ede yo jwenn rekonfò. Yon bagay ki sèten, lis sa a pa gen solisyon pou tout soufrans ou nèt, men, si w eseye suiv kèk nan konsèy ki ladan l yo, sa ka soulaje w anpil.

      a Reveye n! pa mande moun pou yo suiv okenn tretman espesyal.

  • Pi bon èd pou moun ki nan gwo lapenn
    Reveye n! — 2018 | No. 3
    • Moun ki nan Paradi a ki pare pou yo akeyi moun yo renmen ki te mouri men ki resisite

      ÈD POU MOUN KI NAN GWO LAPENN

      Pi bon èd pou moun ki nan gwo lapenn

      NAN DÈNYE ANE SA YO, SIJÈ YO PLIS FÈ RECHÈCH SOU LI SE LAPENN SA POTE LÈ YON MOUN GEN MOUN PA L KI MOURI. Vrèmanvre, jan nou te montre sa anvan, byen souvan, pi bon konsèy espè yo bay ale nan menm sans ak sa nou jwenn nan Labib, yon ansyen liv ki gen sajès. Sa montre, konsèy ki nan Bib la pa janm pase mòd. Sepandan, Bib la pa sèlman gen konsèy nou ka fè konfyans, men tou, li gen enfòmasyon nou pa jwenn okenn lòt kote e ki ka rekonfòte moun ki nan lapenn yon fason yo pa t ap janm imajine.

      • Li bay asirans moun nou renmen ki mouri yo pap soufri

        Men sa Bib la di nan Eklezyas 9:5: “Moun ki mouri yo pa konn anyen.” Sòm 146:4 fè konnen “yo sispann panse”. Pou kore sa, Bib la konpare lanmò ak yon bon ti dòmi. — Jan 11:11.

      • Li bay bonjan konviksyon Bondye se lanmou e sa bay rekonfò

        Men sa Bib la di nan Sòm 34:15: “Je Jewovaa sou moun ki jis yo, e zòrèy li ap koute lè y ap mande l pou l ede yo.” Lapriyè pa yon senp tretman n ap suiv pou nou ka santi nou byen oswa pou nou rive gen kontwòl sou panse nou. Okontrè, li ede nou gen yon bon relasyon ak Kreyatè nou an, li menm ki sèvi ak pouvwa l pou l rekonfòte nou.

      • Li bay yon pi bon espwa

        Imajine yon lè kote moun ki nan tonm yo pral retounen viv sou tè a! Bib la pale de moman sa a plizyè fwa. Li esplike jan sa pral ye sou tè a, li di Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri”. — Revelasyon 21:3, 4.

      Anpil nan moun ki kwè nan Jewova, Bondye Bib la pale de li a, gen espwa y ap rewè moun pa yo yo renmen ki mouri, e sa fè yo jwenn anpil fòs pou yo fè fas ak lapenn yo genyen. Pa egzanp, men sa Ann, mari l mouri apre yo te fin gen 65 an maryaj, di: “Bib la ban nou asirans moun nou renmen ki mouri yo pap soufri e Bondye pral resisite tout moun ki nan memwa l. Sa toujou vin nan lespri m chak fwa mwen panse ak mari m ki mouri a, e se sa ki ede m rive fè fas ak gwo eprèv sa a ki te rive nan lavi m!”

      Men sa Tina, nou te deja pale de li nan seri atik sa a, di: “Depi jou Timo mouri a, mwen te santi Bondye soutni m. Mwen te vrèman santi Jewova avè m nan moman difisil sa a mwen te ye a. Epitou, mwen kwè toutbon nan pwomès rezirèksyon nou jwenn nan Bib la. Li ban m fòs pou m kontinye kenbe jiskaske jou a pral rive kote mwen pral wè Timo ankò.”

      Se konsa plizyè milyon moun ki gen konfyans nan Bib la santi yo. Menmsi w santi sa Bib la di yo pa reyèl oswa yo se jis yon rèv, pran yon ti tan pou w chèche wè prèv ki montre jan nou ka fè konsèy ak pwomès ki ladan l yo konfyans. Ou gendwa sezi wè Bib la se pi bon èd pou moun ki nan gwo lapenn.

      POU W APRANN PLIS SOU ESPWA KI GENYEN POU MOUN KI MOURI

      Gade videyo sou menm sijè a sou sit Entènèt nou an jw.org/ht.

      Moun ki nan Paradi a ki pare pou yo akeyi moun yo renmen ki te mouri men ki resisite

      Bib la pwomèt alavni nou pral akeyi moun nou renmen ki mouri.

      NAN KI KONDISYON MOUN KI MOURI YO YE?

      Nan ki kondisyon mò yo ye?

      Ki sa ki rive nou lè nou mouri? Repons Bib la bay la byen klè, li konsole nou e li ban nou fòs.

      Gade anba ribrik BIBLIYOTÈK > VIDEYO (Nan kategori videyo: LABIB)

      ÈSKE W PA TA RENMEN TANDE BON NOUVÈL?

      Èske w pa ta renmen tande bon nouvèl?

      Tèlman gen move nouvèl, ki kote moun ka jwenn bon nouvèl menm?

      Gade anba ribrik SA BIB LA ANSEYE > LAPÈ AK KÈ KONTAN

      a Jewova se non Bondye jan sa parèt nan Bib la.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje