Rezolisyon nou : pousuiv chemen lavi Jewova trase a
1 Yon pwen enpòtan nan asanble “ Chemen Bondye se chemen lavi ”, se rezolisyon nou te adopte nan diskou final la. Li te kòmanse ak deklarasyon sa a : “ Nou [...] dakò ak tout kè nou chemen Bondye se meyè chemen lavi a. ” Apre rezolisyon sa a nou te di “ WI ”. Ann raple kèk pwen enpòtan ki te gen ladann.
2 Rezolisyon nou se pou nou rete pwòp devan Jewova, pou nou pa kite monn nan sal nou. N ap kontinye mete volonte Bondye an premye nan lavi nou. Si nou sèvi ak Labib, Pawòl li, kòm gid nou, sa va ede nou pa vire ni adwat ni agoch, e konsa, n ap demontre chemen Bondye siperyè lontan pase chemen lemonn.
3 An jeneral, monn nan meprize chemen lavi Bondye trase a, e li rekòlte konsekans sa pote (Jeremi 10:23). Kidonk, nou dwe kontinye resevwa ansèyman nan men Jewova, Gran Enstriktè nou an, ki di : “ Men chemen an, mache ladann. ” (Izayi 30:21). Chemen lavi Jewova trase a, jan Ekriti yo prezante li, siperyè nan tout domèn. Pou nou pousuiv chemen sa a, li nesesè pou nou pwofite anplen de tout sa Jewova anseye nou.
4 Pwogram ansèyman siperyè Jewova a : Jewova anseye nou vrè bi lavi a, li di nou ki jan pou nou viv pou nou tire plis pwofi posib. Li anseye nou ki jan pou nou amelyore kalite lavi nou mantalman, moralman, espirityèlman. Li anseye nou ki jan pou nou viv an pè ak frè nou, ak fanmi nou, ak pwochen nou. Li fè sa pa mwayen liv li a, Bib la, e pa mwayen òganizasyon li a.
5 Nan domèn sa a, reyinyon kongregasyon nou gen gran enpòtans. Lè nou asiste e lè nou patisipe nan tout senk reyinyon yo regilyèman, nou resevwa yon fòmasyon konplè kòm minis bon nouvèl la ansanm ak yon enstriksyon byen ekilibre pou lavi kretyen (2 Timote 3:16, 17). Gran Enstriktè nou an ba nou plis ansèyman teyokratik toujou pa mwayen asanble yo ak gran kongrè yo. Objektif nou se ta dwe pa janm manke yon reyinyon oswa yon sesyon nan yon asanble, si sante nou ak sikonstans yo pèmèt nou asiste yo.
6 Annou kontinye pousuiv chemen lavi Bondye trase a avèk zèl nan jou k ap vini yo, pou louwanj Jewova e pou byennèt etènèl nou ! — Izayi 48:17.