BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/99 p. 8
  • ‘ Ki sa m anvizaje fè ? ’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘ Ki sa m anvizaje fè ? ’
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Paran : ki avni ou vle pou pitit ou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Sèvis a plen tan bay kè kontan
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Pran desizyon ki saj pandan w jèn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Fason pou w laji ministè w
    Ministè Wayòm nan — 1999
Ministè Wayòm nan — 1999
km 4/99 p. 8

‘ Ki sa m anvizaje fè ? ’

1 Ou menm jèn k ap pwoche laj pou w vin granmoun tèt ou, ou kapab ap mande ou : ‘ Ki sa m ta dwe fè ak lavi m ? ’ Jèn kretyen yo vle ogmante sèvis y ap bay Jewova nan ministè a. Ki jan w ka fè sa anvan w al pran reskonsablite grandèt ou tankou okipe bezwen materyèl ou ? Repons la kapab pa fasil pou jwenn.

2 Anpil jèn enkyete yo lè y ap gade anfas lonbray demen ak sitiyasyon ekonomik mondyal. Petèt y ap mande : ‘ Eske m dwe pouswiv etid mwen ? Eske m dwe pran sèvis pyonye pèmanan touswit ? ’ Pou yon moun ka pran bon desizyon an li dwe reponn lòt kesyon sa a onètman : ‘ Ki sa ki enterese m plis nan lavi a ? ’ Li dwe egzamine sa k nan kè l.

3 Ki sa ou konsidere kòm bagay prensipal pou ou pandan jenès ou ? Èske ou plis enterese chèche òganize antre lajan, oubyen èske toutbon ou vle itilize lavi w pou fè enterè Wayòm nan vanse ? Yon nivo etid inivèsitè pa garanti pou di w ap jwenn travay deyò a pou sa. Kòm solisyon, anpil jèn rive ranmase bonjan konpetans pou travay nan swiv pwogram aprantisaj, nan swiv kou nan lekòl pwofesyonèl oswa teknik oubyen nan kou entansif ki mande mwens tan ak obligasyon.

4 Kwè Jewova sou pawòl : Yon bagay ki gen anpil enpòtans pou n konsidere se asirans Jewova bay l ap pran swen moun ki bay enterè Wayòm nan premye plas nan lavi yo (Matye 6:33). Se pa yon pwomès anlè. Anpil frè ki te swiv kou Lekòl fòmasyon ministeryèl te gen diplòm inivèsitè anvan yo te aprann laverite. Men ki travay y ap fè kounye a ? Se yon ti ponyen ki fè karyè nan branch yo te aprann. Anpil se pwofesyonèl ki pwokire tèt yo nesesite materyèl pandan yo pyonye. Kòm yo laji aktivite yo nan ministè a, yo resevwa benediksyon ki depase lontan tout sa lajan te ka bay.

5 Pandan w ap deside sa w anvizaje fè lè w fin fè klas ou, peze tout ka yo epi egzamine seryezman entansyon w. Pou jwenn pwennvi byen balanse sou desizyon ou ka pran an, li sijè ki parèt nan Réveillez-vous ! 8 mas 1998, paj 19-21. Pale de sa avèk paran w, ansyen yo, siveyan sikonskripsyon an, oubyen pyonye nan zòn ou an ki gen siksè nan sèvis la. Sa va ede w pran yon desizyon saj sou sa ou anvizaje fè avèk lavi w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje