BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/00 p. 8
  • Jwenn lajwa nan sèvis sakre pa w la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jwenn lajwa nan sèvis sakre pa w la
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Lajwa: Yon kalite Bondye ban nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • “ Se pou nou sèvi Jewova avèk jwa ”
    Ministè Wayòm nan — 2003
Ministè Wayòm nan — 2000
km 5/00 p. 8

Jwenn lajwa nan sèvis sakre pa w la

1 Yo te retounen “ ak lajwa ”. Bib la rakonte jan 70 disip yo te santi yo lè yo t ap bay Jezi rapò, apre yo te fin fè yon gran toune predikasyon. Yo te santi yo rejwi jouk nan zantray dèske yo te fè volonte Bondye (Lik 10:17). Ki sa ki kapab ede w jwenn menm lajwa a nan sèvis sakre a ?

2 Yon lespri pozitif : Ou resevwa privilèj nan men Jewova Dye pou w aprann moun kokenn pwogram li genyen an. Grasa predikasyon w ap fè a ou kapab ede yon moun libere anba zak degradan monn sa a epi kase chenn fo relijyon an. Ou kapab ofri moun espwa pou yo viv nan yon monn libere ak hinghang ki antoure nou jodi a. Reflechi sou lajwa Jewova genyen lè w reyisi plante grenn verite a nan yon kè ki byen dispoze. Avèk konfyans, lapriyè pou w mande Jewova pou lespri li mete fwi lajwa a nan ou pandan w ap pouse pou pi devan nan ministè a ak tout kè w.

3 Yon fòmasyon pratik : Seyans enstriksyon Jezi te dirije ak 70 disip yo te sanble ak yon reyinyon sèvis nan tan pa nou an. Li te ba yo fòmasyon defason pou yo ta ka efikas nan ministè yo (Lik 10:1-16). Jounen jodi a, reyinyon sèvis la ba w fòmasyon nan fason pou w abòde moun, nan fason pou w kòmanse konvèsasyon, epi li bay fòmasyon nan jan pou w kòmanse etid biblik ak jan pou w kondi yo. Lè w fè efò ak tèt ou e ou amelyore ladrès ou nan predikasyon, ou pral wè nenpòt sa k te fè w santi ou pa alèz oswa ou te manke kapasite ap diminye. Epi se konfyans ak lajwa k ap ranplase yo.

4 Konsantre w sou lavni : Jezi te goute lajwa nan sèvis sakre pa l la malgre soufrans li te andire. Poukisa ? Paske li te kenbe je l fikse nèt sou benediksyon ak privilèj ki te devan l yo (Ebre 12:2). Ou kapab fè menm jan an pandan w ap fikse lespri w ak kè w sou non Jewova ak sou benediksyon n apral jwenn nan monn nouvo Bondye a. Sa pral ogmante lajwa e sa pral bay ministè w la plis sans.

5 Pi gwo privilèj ou kapab genyen jounen jodi a, se rann Jewova yon sèvis sakre. Se sa k fè se pou w di : “ Nan fè volonte w, o Bondye mwen an, mwen pran plezi.” — Sòm 40:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje