-
AnonsMinistè Wayòm — 1999 | desanm
-
-
Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa desanm : La connaissance qui mène à la vie éternelle ansanm ak Traduction du monde nouveau. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1986 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki pa gen liv sa yo nan estòk yo kapab ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oswa Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Fevriye : Le secret du bonheur familial. Mas : La connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik.
◼ Ap gen remiz diplòm Lekòl Gileyad 11 mas 2000. Donk jou sa a pèsonn pap ka vizite enstalasyon Sosyete a Bwouklin, Patèsonn ak Wòlkil, nan Nouyòk. Tout moun ki te prevwa fè yon vizit samdi sa a, ta dwe repwograme vizit la pou yon lòt lè ki apwopriye. Jou sa a, yo pap egzekite kòmann piblikasyon pou kongregasyon, e yo pap ni ekspedye ni fè livrezon.
◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 1999 nan kòmann piblikasyon y ap fè an desanm. Volim relye yo ap disponib ann anglè ak an franse. Jiskaske yo disponib e jiskaske yo voye yo, n ap wè “ commande à l’avance ” make sou fakti yo. Volim relye yo se atik pou estoke an ti kantite.
◼ Siveyan prezidan an oswa yon lòt moun li mande sa, dwe verifye kont kongregasyon an premye desanm oubyen osito sa posib apre dat sa a. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap di kongregasyon an sa apre yo fin li dènye rapò sèvis kont lan.
◼ Nan ane 2001, Memoryal la ap fèt dimanch 8 avril apre kouche solèy. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, sa ki oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans pou frè yo gentan fè rezèvasyon oubyen kontra pou yo jwenn yon lokal disponib ak lòt bagay yo bezwen. Ansyen yo dwe antann yo ak moun ki reskonsab la pou pa gen lòt moun k ap fè bri nan lokal la. Konsa Memoryal la ap fèt nan lòd ak lapè. Etandone enpòtans evènman an genyen, lè y ap deziyen yon oratè pou Memoryal la, ansyen yo ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo kòm oratè, olye pou yo annik fè yon woulman oswa sèvi ak menm frè a chak ane. Y ap fè yon eksepsyon si gen yon kretyen wen ki yon ansyen kalifye e ki kapab prezante diskou a.
◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :
Index des publications de la Société Watch Tower 1986-1995 —franse
-
-
Rapò sèvis mwa d outMinistè Wayòm — 1999 | desanm
-
-
Rapò sèvis mwa d out
Mway. Mway. Mway. Mway.
Kantite: Lè Per. Viz. E.B.
Pyon. esp. 175 124,0 15,0 39,8 7,6
Pyon. pèm. 665 62,9 15,7 18,9 4,1
Pyon. oks. 1 152 54,3 13,3 10,4 2,2
Pwokl. 10 078 10,3 2,2 3,1 0,8
TOTAL : 12 070
-
-
Lekòl ministè teyokratik pou lan 2000Ministè Wayòm — 1999 | desanm
-
-
Lekòl ministè teyokratik pou lan 2000
1 Lekòl ministè teyokratik pwouve li se yon pakèt benediksyon pou pèp Jewova a. Pandan 50 ane ki sot pase yo, li ede dè milyon moun devlope kapasite yo kòm oratè piblik e kòm anseyan verite ki nan Bib la (Sòm 145:10-12 ; Mat. 28:19, 20). Èske w kapab wè ki jan Lekòl la te ede w ? Li kapab kontinye ede w an lan 2000 si w patisipe ladann anplen e si w mete konsèy li yo an pratik.
2 N ap jwenn enstriksyon sou patisipasyon yo ak piblikasyon yo pral itilize yo nan premye paj pwogram Lekòl la pou lan 2000. Yo egzaminen ladann : dire pou chak pati, referans pou sijè a, jan pou sijè a prezante ak lòt detay ankò. Silvouplè, pran tan pou n li enstriksyon yo avèk atansyon epi mete yo an pratik.
3 Lekti Labib pou chak semèn : Genyen de pwogram apa pou lekti Labib pou chak semèn nan lis pwogram Lekòl la. Youn se pwogram lekti regilye ki kouvri anviwon senk paj nan Bib la. Pwen biblik enteresan yo baze sou lekti sa a. Lòt pwogram lekti a se yon pwogram siplemantè. Li menm li de fwa pi plis pase pwogram nan. Si nou swiv pwogram sa a, n ap kapab li tout Bib la nèt nan twazan. Byennantandi, gen moun ki kapab li plis pase sa k prevwa nan pwogram siplemantè a, e gen lòt ki pap ka swiv li. Olye pou w konpare tèt ou ak lòt moun, rejwi pito pou sa w ka fè (Gal. 6:4). Lesansyèl se li Pawòl Bondye a chak jou.— Sòm 1:1-3.
4 Pou w enskri nan Lekòl ministè teyokratik la, fòk ou pale ak siveyan Lekòl la. Pran patisipasyon w yo oserye silvouplè, e pa anile yo san nesesite. Apresye Lekòl la tankou yon dispozisyon Jewova ki vin jwenn nou. Byen prepare, familyarize w afon ak sijè w la, epi lè w ap prezante sijè a fè l avèk kè w. Se konsa w ap tire pwofi nan Lekòl san parèy sa a.
-