BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/00 p. 4
  • Èske w apresye pasyans Jewova a ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w apresye pasyans Jewova a ?
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Annou imite pasyans Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Annou aprann gen pasyans menm jan ak Jewova ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Kontinye demontre pasyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Preche ak anseye mande pasyans
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 7/00 p. 4

Èske w apresye pasyans Jewova a ?

1 Si Jewova pa t pasyan pandan 10 an, 20 an ki sot pase yo, oswa pi plis toujou, paske li pèmèt pawòl li atenn plis moun, èske w t ap gen chans aprann laverite ? Ala rekonesan nou rekonesan dèske li te pèmèt anpil lòt moun “ rive nan repantans ” ! Sepandan, gwo jou jijman Jewova a “ ap vini tankou yon vòlè ”. (2 Pyè 3:9, 10.) Se sa ki fè li pa ta bon pou moun mal entèprete pasyans Jewova a, kòmsi se yon reta ki ta genyen pou fen sistèm de choz la rive. — Aba. 2:3.

2 Kè nou fè nou mal pou moun yo : Jewova gen anpil pasyans, e sa depase konpreyansyon nou. Nou pa dwe janm bliye bi pasyans sa a (Yona 4:1-4, 11). Jewova wè nan ki eta deplorab lèzòm ap viv e li gen konpasyon pou yo. Se menm bagay pou Jezi. Piske kè l te fè l mal pou moun li te konn preche yo, li te vle pou travay predikasyon an etann li yon fason pou plis moun ta gen pòtinite jwenn lavi etènèl. — Mat. 9:35-38.

3 Lè gen katastwòf ak dezas ki frape, èske nou pa santi kè nou ap rache pou moun ki pa konn verite a ? Jodi a, tout pandan moun yo ap goumen ak boulvès ki genyen nan monn nan, e tout pandan y ap eseye wè si y a konprann yo, yo lage tankou “ mouton san bèje ” ​(Mak 6:34). Lè nou preche bon nouvèl la avèk zèl, nonsèlman nou konsole moun ki nan bonjan dispozisyon yo, men tou se yon fason pou nou demontre nou apresye pasyans Jewova a. — Tra. 13:48.

4 N ap fè yon travay ijan : Ane pase te gen 323 439 moun ki te batize, e plis pase 14 000 000 moun te asiste Memoryal la. Ala yon bèl posiblite sa ye pou anpil lòt moun chape anba destriksyon ki pral tonbe sou sistèm mechan sa a ! Ki gwosè “ gwo foul ” la ap ye, nou pa konnen (Rev. 7:9). Konbyen tan ankò misyon nou resevwa pou nou preche a ap dire, nou pa konnen. Men Jewova konnen. Bon nouvèl la gen pou l preche nan gou l, “ e apresa lafen an ap vini ”. — Mat. 24:14.

5 Tan ki rete a redui, e jou Bondye a prèt pou rive (1 Kor. 7:29a ; Ebre 10:37). Pa gen dout nan sa, “ delivrans nou an pi pre pase lè nou te vin kwayan an ”. (Wom. 13:11.) Annou bat pou nou pa pase akote bi pasyans Bondye a. Olye de sa, annou preche avèk plis detèminasyon, dekwa pou plis moun ki byen bezwen jistis, ka pwofite de gwo mizèrikòd Jewova a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje