Bay temwayaj kòm bon vwazen
1 Jezi te di : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. ” (Mat. 22:39). Li nòmal pou w “ fè byen ” ak moun ki gen menm lafwa avèk ou (Gal. 6:10). Men, èske w pa ta ka laji lanmou w pou vwazinaj ou tou ? Ki fason w ka fè sa ?
2 Fè konnen kiyès ou ye : Èske vwazen w yo konnen w se Temwen ? Si yo poko konn sa, poukisa w pa rann yo yon vizit lè w al nan predikasyon ? Ou ka sezi wè rezilta sa bay ! Oswa si w prefere, ba yo temwayaj enfòmèl. Petèt pandan w ap pase, ou gen dwa wè yo k ap netwaye lakou yo, oswa ou ka rankontre yo nan lari pandan yo pa prese. Pwoche bò kote yo ak yon bèl souri. Chèche pale de kwayans ou. Ba yo adrès Sal Wayòm nan. Di yo sa k ap fèt ladann. Di yo ki lòt moun nan vwazinaj la ki konn asiste reyinyon, e envite yo menm tou pou yo vin asiste. Se pou w gen detèminasyon pou w bay tout moun ou konnen yon temwayaj afon sou bon nouvèl wayòm nan. — Tra. 10:42 ; 28:23.
3 Chèche gen yon konduit modèl : Konduit amikal ou genyen an pale pou ou e sa ka tou ouvri pòt pou w bay temwayaj. Anplis, li ‘ abiye ansèyman Bondye a ’. (Tit 2:7, 10.) Montre w enterese ak vwazen w yo toutbon. Montre w amikal, montre w konpreyansif. Respekte vi prive yo, respekte anviwònman trankil yo genyen. Si yon moun nan vwazinaj la malad, montre w gen konsiderasyon pou li e ofri l pou w ede l. Lè yon fanmi fèk bwote vin abite nan katye a, fè moun nan fanmi sa yo konnen ou kontan genyen yo kòm vwazen. Yon seri aksyon ki fèt avèk jantiyès konsa, fè bèl enpresyon e sa fè Jewova plezi. — Ebre 13:16.
4 Pran swen kay ou : Bon vwazen gen ladann pran swen kay ou yon fason pou l prezantab. Yon kay ak yon lakou ki pwòp e ki byen bèl, bay temwayaj pou kont yo. Men yon kay ki sal oswa ki gen yon seri bagay adwat agoch ki merite jete, depaman ak mesaj Wayòm nan. Donk, li enpòtan anpil pou nou kenbe ni kay nou, ni lakou nou, ni machin nou pwòp e anneta.
5 Lè ou montre w sousye w de moun ki pa nan kongregasyon an, sa pwouve ou gen lanmou pou vwazen w. Ki rezilta sa ka bay ? Ou gen dwa wè “ yo vin bay Bondye glwa nan jou enspeksyon li a, poutèt yo temwen ak je yo bon travay [nou] fè ”. — 1 Pyè 2:12.